Levitik 7
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Men regleman pou yo swiv lè moun ap fè ofrann pou peye pou sa yo te fè ki mal. Ofrann sa yo se ofrann y'a mete apa nèt pou Seyè a. 2 Y'a touye bèt pou ofrann sa a sou bò nò lotèl la, kote yo touye bèt yo ofri pou boule yo. Y'a voye san an sou kat bò lotèl la. 3 Y'a wete tout pati sa yo: ke a, grès ki vlope tripay yo, 4 de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm avèk mas grès ki sou fwa a, l'a ofri yo sou lotèl la pou Seyè a. 5 Prèt la va boule tout pati sa yo sou lotèl la, tankou ofrann yo boule pou Seyè a. Se sa yo rele yon ofrann pou repare sa yo te fè ki mal. 6 Tout gason nan fanmi prèt yo kapab manje ladan l'. Se pou yo manje l' kote yo mete apa pou Bondye a, paske se yon ofrann ki apa nèt pou Bondye. 7 Ofrann pou peye pou sa yo te fè ki mal la, se menm bagay ak ofrann pou peche yon moun fè san l' pa konnen. Se menm regleman an pou tou de: vyann lan va rete pou prèt ki fè ofrann lan. 8 Po bèt y'a ofri pou boule pou Bondye a va rete pou prèt ki fè ofrann lan. 9 Tout ofrann fèt ak grenn ki soti nan jaden, kit yo te kwit nan fou, kit yo te kwit sou platin osinon sou griy, y'a rete pou prèt ki te ofri yo bay Bondye a. 10 Men, lè se yon ofrann grenn ki soti nan jaden ki fèt tou kri, kit li melanje avèk lwil, kit li chèch, se pou tout pitit Arawon yo li ye, se pou yo separe l' bay yo tout. 11 Men regleman pou yo swiv lè yon moun ap fè ofrann bay Bondye pou di l' mèsi: 12 Si yon moun ap fè ofrann pou di Bondye mèsi, l'a ofri yon bèt pou yo touye epi ansanm avè l' l'a pote gwo pen fèt ak farin san ledven melanje ak lwil oliv, pen plat san ledven avèk lwil oliv pase sou li, epitou gato fèt ak flè farin melanje ak lwil oliv. 13 Konsa tou, l'a ofri avèk bèt pou yo touye a pen kwit ak ledven. 14 L'a pran yonn nan chak kalite pen yo, l'a ofri yo espesyalman bay Seyè a. Pen sa yo va rete pou prèt ki va pran san bèt la pou voye sou lotèl la. 15 Kanta vyann bèt la, se pou yo manje tout menm jou yo te touye l' la. Yo pa fèt pou yo kite anyen pou denmen maten. 16 Si yon moun pote yon ofrann pou di Bondye mèsi, paske li te vle kenbe yon ve li te fè, ou ankò paske li vle fè yon ofrann konsa, yo pa bezwen manje tout vyann ofrann lan menm jou a. Men yo gen dwa kite rès pou denmen. 17 Men vyann ki rete pou twazyèm jou a, se pou yo boule yo. 18 Si yo manje anyen nan ofrann lan sou twazyèm jou a, Bondye p'ap asepte ofrann moun lan. Ofrann lan p'ap sèvi l' anyen. Se yon vyann fezande, moun ki manje l' va peye pou sa l' fè a. 19 Si yon bagay ki pa bon pou fè sèvis Bondye tonbe sou vyann lan, yo pa ka manje l' non plis. Se pou yo boule l' nan dife. Tout moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a ka manje nan vyann lan. 20 Si yon moun ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a manje nan vyann yo ofri bay Seyè a, se pou yo mete l' deyò nèt nan mitan pèp Bondye a. 21 Si yon moun manje nan vyann yo ofri bay Seyè a apre li fin manyen yon bagay ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, kit se yon moun, kit se yon bèt, kit se nenpòt lòt bagay, se pou yo mete l' deyò nèt nan mitan pèp Bondye a. 22 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' ankò: 23 -Men sa pou di moun pèp Izrayèl yo: Piga nou janm manje grès bèf, grès kabrit osinon grès mouton. 24 Nou pa fèt pou nou manje grès bèt ki rete konsa li mouri mò natirèl li, ni grès bèt yon bèt nan bwa touye, men nou gen dwa sèvi ak grès la pou nou fè nenpòt lòt bagay nou vle. 25 Lè yon moun manje grès yon zannimo yo te ofri pou boule pou Seyè a, se pou yo mete l' deyò nèt nan mitan pèp Bondye a. 26 Nenpòt ki kote nou ye, piga nou janm manje san zwazo, ni san ankenn lòt bèt. 27 Si yon moun rive manje san nenpòt ki bèt, se pou yo mete l' deyò nèt nan mitan pèp Bondye a. 28 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 29 -Men sa w'a di moun pèp Izrayèl yo. Lè yon moun ap fè yon ofrann pou di Bondye mèsi, se pou l' pran yon pòsyon ladan l' ki va sèvi tankou yon ofrann espesyal pou Seyè a. 30 L'a pote l' ak men l' pou yo boule l' pou Seyè a. L'a pote grès bèt la ansanm ak tout pwatrin lan pou yo ka balanse yo tankou yon ofrann devan Seyè a. 31 Prèt la va boule grès la sou lotèl la. Men pwatrin lan va rete pou Arawon ak pitit li yo. 32 N'a pran jigo dwat bèt li te ofri pou di Bondye mèsi a, n'a bay prèt la li pou li prezante l' tankou yon ofrann devan Seyè a. 33 Konsa, prèt ki ofri san an ak grès bèt yo te touye pou di Bondye mèsi a va resevwa jigo dwat la pou tèt pa l'. 34 Pwatrin bèt la, se yon ofrann espesyal y'a annik balanse devan Seyè a. Jigo dwat la, se yon ofrann y'a annik prezante devan Seyè a. Se Seyè a menm ki wete moso sa yo nan ofrann pèp la va fè a pou li bay prèt yo. Sa se bagay moun Izrayèl yo dwe toujou bay prèt yo. Se va yon regleman pou tout tan tout tan. 35 Se pòsyon sa yo pou yo pran nan ofrann yo fè pou boule pou Seyè a pou yo te bay Arawon ak pitit li yo, depi jou yo te mete yo apa pou sèvi prèt pou Seyè a. 36 Jou sa a, se Seyè a menm ki te bay pèp Izrayèl la lòd pou yo bay prèt yo pòsyon sa yo nan ofrann lan. Sa se yon regleman pou pèp Izrayèl la toujou swiv de pitit an pitit. 37 Men regleman pou yo swiv lè y'ap fè ofrann pou yo boule pou Seyè a, lè y'ap fè ofrann grenn ki soti nan jaden yo, lè y'ap fè ofrann pou peche moun fè san yo pa konnen, ofrann pou peye pou sa yo fè ki mal, ofrann pou lè y'ap mete prèt yo apa pou Bondye, ofrann pou di Bondye mèsi. 38 Se Seyè a menm ki te bay Moyiz regleman sa yo, sou mòn Sinayi nan mitan dezè a, jou li te mande moun pèp Izrayèl yo pou yo fè ofrann ba li.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Levitik 7:1
Le 7:1-27. The Law of the Trespass Offering.
1. Likewise this is the law of the trespass offering--This chapter is a continuation of the laws that were to regulate the duty of the priests respecting the trespass offerings. The same regulations obtained in this case as in the burnt offerings--part was to be consumed on the altar, while the other part was a perquisite of the priests--some fell exclusively to the officiating minister, and was the fee for his services; others were the common share of all the priestly order, who lived upon them as their provision, and whose meetings at a common table would tend to promote brotherly harmony and friendship.
Levitik 7:8
8. the priest shall have to himself the skin of the burnt offering which he hath offered--All the flesh and the fat of the burnt offerings being consumed, nothing remained to the priest but the skin. It has been thought that this was a patriarchal usage, incorporated with the Mosaic law, and that the right of the sacrificer to the skin of the victim was transmitted from the example of Adam (see on Ge 3:21).
Levitik 7:11-14
11-14. this is the law of the sacrifice of peace offerings--Besides the usual accompaniments of other sacrifices, leavened bread was offered with the peace offerings, as a thanksgiving, such bread being common at feasts.
Levitik 7:15-17
15-17. the flesh of the sacrifice of his peace offerings ... shall be eaten the same day that it is offered--The flesh of the sacrifices was eaten on the day of the offering or on the day following. But if any part of it remained till the third day, it was, instead of being made use of, to be burned with fire. In the East, butcher-meat is generally eaten the day it is killed, and it is rarely kept a second day, so that as a prohibition was issued against any of the flesh in the peace offerings being used on the third day, it has been thought, not without reason, that this injunction must have been given to prevent a superstitious notion arising that there was some virtue or holiness belonging to it.
Levitik 7:18
18. if any of the flesh of the sacrifice ... be eaten at all on the third day, it shall not be accepted, neither ... imputed--The sacrifice will not be acceptable to God nor profitable to him that offers it.
Levitik 7:20
20. cut off from his people--that is, excluded from the privileges of an Israelite--lie under a sentence of excommunication.
Levitik 7:21
21. abominable unclean thing--Some copies of the Bible read, "any reptile."
Levitik 7:22-27
22-27. Ye shall eat no manner of fat--(See on Le 3:17).
Levitik 7:29-34
Le 7:28-38. The Priests' Portion.
29-34. He that offereth the sacrifice of his peace offerings unto the Lord--In order to show that the sacrifice was voluntary, the offerer was required to bring it with his own hands to the priest. The breast having been waved to and fro in a solemn manner as devoted to God, was given to the priests; it was assigned to the use of their order generally, but the right shoulder was the perquisite of the officiating priest.
Levitik 7:35-38
35-38. This is the portion of the anointing of Aaron--These verses contain a general summing up of the laws which regulate the privileges and duties of the priests. The word "anointing" is often used as synonymous with "office" or "dignity." So that the "portion of the anointing of Aaron" probably means the provision made for the maintenance of the high priest and the numerous body of functionaries which composed the sacerdotal order.
in the day when he presented them to minister unto the Lord, &c.--that is, from the day they approached the Lord in the duties of their ministry.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
