Levitik 6
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 2 -Si yon moun fè peche, si li fè bagay Seyè a pa vle moun fè, si li bay yon moun pèp Izrayèl parèy li manti sou bagay li te mete an depo lakay li, sou bagay li te ba li kenbe pou li an zanmi, ou ankò si li vòlò l', ou ankò si li twonpe l', 3 ou ankò si li jwenn bagay lòt la te pèdi epi li manti, li sèmante li pa t' jwenn li, pou tout bagay mal sa yo yon moun ka fè, se pou yo fè yon ofrann. 4 Lè yon moun fè yon peche konsa, li koupab, epi se pou l' renmèt sa l' te vòlò a, osinon lajan li te fè sou tèt lòt la, osinon depo yo te ba l' kenbe a, ou ankò bagay pèdi li te jwenn lan, 5 ou ankò sa l' te sèmante li pa t' jwenn lan. Wi, se pou l' renmèt tout plis ven pou san bay mèt bagay la, jou l'ap fè ofrann pou peye pou sa l' te fè ki mal la. 6 Apre sa, l'a pran yon belye nan bèt li yo, yonn ki san ankenn enfimite, l'a mennen l' bay prèt la ki va ofri l' bay Seyè a pou li peye pou sa l' te fè ki mal la. Y'a kalkile pri belye a dapre sa yo gen pou yo peye pou ofrann konsa. 7 Prèt la va fè ofrann lan pou li bay Seyè a. Bondye va padonnen l' nenpòt kisa li te fè li pa t' dwe fè. 8 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' ankò: 9 -Men lòd pou ou pase Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. Men ki jan pou yo fè ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a. Se pou ofrann lan pase tout nwit la ap boule jouk denmen maten sou lotèl la. Se pou dife sou lotèl la pa janm mouri. 10 Nan maten, prèt la va chanje rad sou li, l'a mete yon chemiz fèt ak twal fen blan, ansanm ak yon kalson ki fèt ak menm twal la, l'a wete sann ki rete apre ofrann lan fin boule nèt sou lotèl la, l'a mete l' sou kote lotèl la. 11 Apre sa, l'a chanje rad ankò, l'a mete rad òdinè l' sou li, l'a pote sann lan kote ki rezève pou sa, andeyò lòt bò limit kote moun yo rete a. 12 Fòk dife ki sou lotèl la toujou ap boule. Pa janm kite l' mouri. Chak maten prèt la va mete bwa ladan l', epi l'a ranje ofrann pou boule a sou li, epi l'a boule grès ofrann yo fè pou di Bondye mèsi a. 13 Se pou dife a toujou ap boule sou lotèl la. Pa janm kite l' mouri. 14 Men regleman pou lè n'ap ofri grenn ki soti nan jaden nou. Yonn nan pitit Arawon yo va prezante grenn y'ap ofri a bay Seyè a devan lotèl la. 15 Apre sa, l'a pran yon ponyen farin nan ofrann grenn lan tou melanje ak lwil ansanm ak tout lansan an, l'a boule l' sou lotèl la pou Seyè a pa janm bliye moun ki fè ofrann lan, ki vle di se tout yo ofri bay Seyè a. Sant ofrann yo boule a va fè Seyè a plezi. 16 Arawon ak pitit li yo va manje rès la. Y'a fè pen san ledven avè l', y'a manje pen an yon kote apa pou Seyè a nan lakou Tant Randevou a. 17 Se pou yo kwit pen an san ledven. Se mwenmenm menm ki ba yo pòsyon pa yo nan ofrann y'ap boule nèt pou mwen an. Se yon bagay ki apa nèt pou mwen, tankou yon ofrann yo fè pou peche yo ak ofrann yo fè pou peye pou sa yo te fè ki mal. 18 Nenpòt gason nan branch fanmi Arawon an ka manje l'. Sa se yon prensip k'ap la pou tout tan. Se va pòsyon pa yo nan ofrann grenn y'ap boule pou Seyè a. Si lòt moun manyen yon ofrann grenn yo mete apa pou Seyè a, malè va rive l' poutèt sa. 19 Apre sa, Seyè a pale ak Moyiz, li di l' ankò: 20 -Men ofrann Arawon ak pitit gason l' yo va fè pou Seyè a jou y'ap mete yo apa pou sèvis Bondye a. Jou sa a, y'a pote yon liv farin menm kantite ak sa yo ofri chak jou a, y'a ofri mwatye ladan l' nan maten, lòt mwatye a nan aswè. 21 Y'a melanje lwil ladan l', y'a kwit li sou griy. Apre sa, y'a kraze l' an ti moso tankou lè y'ap fè ofrann grenn ki soti nan jaden yo, y'a ofri l' bay Seyè a. Sant ofrann yo boule a va moute, l'a fè Seyè a plezi. 22 Se yon lòd ki la pou tout tan. Se pou pitit Arawon y'a mete apa pou ranplase Arawon an toujou fè ofrann sa a bay Seyè a. Y'a boule ofrann lan nèt, y'a ofri l' bay Seyè a. 23 Lè yon prèt ap fè yon ofrann grenn pou tèt pa l', se pou yo boule tout nèt nan dife. Yo pa fèt pou yo manje anyen ladan l'. 24 Seyè a pale ak Moyiz, li di l': 25 -Men sa w'a di Arawon ak pitit gason l' yo. Men regleman pou yo swiv lè y'ap fè ofrann pou peche moun fè san yo pa konnen. Y'a touye bèt y'a ofri pou kalite peche sa yo sou bò nò lotèl la, kote yo touye bèt yo ofri pou boule a. Sa se yon ofrann yo mete apa nèt pou Seyè a. 26 Prèt ki va touye bèt la va manje l' kote yo mete apa pou Bondye nan lakou Tant Randevou a. 27 Nenpòt moun osinon nenpòt bagay ki va manyen osinon ki va touche vyann bèt yo mete apa pou Seyè a va tounen yon moun osinon yon bagay yo mete apa pou Bondye tou. Si san bèt la tonbe sou yon rad, w'a lave rad la yon kote ki apa pou Seyè a. 28 Se pou yo kraze tout veso an tè ki te sèvi pou bouyi vyann lan. Men, si se nan yon veso an kwiv yo te bouyi l', se pou yo grate l' byen grate epi lave l' nan gwo dlo. 29 Tout gason nan fanmi prèt yo gen dwa manje nan vyann lan, paske se yon vyann yo mete apa nèt pou Seyè a. 30 Men, si yo pran ti gout nan san bèt la pou yo pote l' anndan Tant Randevou a pou yo sèvi avè l' tankou san bèt yo ofri pou repare sa yon moun fè ki mal, yo pa fèt pou yo manje anyen nan bèt la. Se pou yo boule l' nèt nan dife.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Levitik 6:2-7
Le 6:1-7. Trespass Offering for Sins Done Wittingly.
2-7. If a soul sin, and commit a trespass against the Lord--This law, the record of which should have been joined with the previous chapter, was given concerning things stolen, fraudulently gotten, or wrongfully kept. The offender was enjoined to make restitution of the articles to the rightful owner, along with a fifth part out of his own possessions. But it was not enough thus to repair the injury done to a neighbor and to society; he was required to bring a trespass offering, as a token of sorrow and penitence for having hurt the cause of religion and of God. That trespass offering was a ram without blemish, which was to be made on the altar of burnt offerings, and the flesh belonged to the priests. This penalty was equivalent to a mitigated fine; but being associated with a sacred duty, the form in which the fine was inflicted served the important purpose of rousing attention to the claims and reviving a sense of responsibility to God.
Levitik 6:9
Le 6:8-13. The Law of the Burnt Offering.
9. Command Aaron and his sons, saying, This ... law of the burnt offering--In this passage Moses received instructions to be delivered to the priests respecting their official duties, and first the burnt offering--Hebrew, "a sacrifice, which went up in smoke." The daily service consisted of two lambs, one offered in the morning at sunrise, the other in the evening, when the day began to decline. Both of them were consumed on the altar by means of a slow fire, before which the pieces of the sacrifice were so placed that they fed it all night. At all events, the observance of this daily sacrifice on the altar of burnt offering was a daily expression of national repentance and faith. The fire that consumed these sacrifices had been kindled from heaven at the consecration of the tabernacle [Le 9:24], and to keep it from being extinguished and the sacrifices from being burned with common fire, strict injunctions are here given respecting not only the removal of the ashes [Le 6:10, 11], but the approaching near to the fireplace in garments that were not officially "holy."
Levitik 6:14-18
Le 6:14-18. The Law of the Meat Offering.
14-18. this is the law of the meat offering--Though this was a provision for the priests and their families, it was to be regarded as "most holy"; and the way in which it was prepared was: on any meat offerings being presented, the priest carried them to the altar, and taking a handful from each of them as an oblation, he salted and burnt it on the altar; the residue became the property of the priests, and was the food of those whose duty it was to attend on the service. They themselves as well as the vessels from which they ate were typically holy, and they were not at liberty to partake of the meat offering while they labored under any ceremonial defilement.
Levitik 6:20
Le 6:19-23. The High Priest's Meat Offering.
20. This is the offering of Aaron, and of his sons--the daily meat offering of the high priest; for though his sons are mentioned along with him, it was probably only those of his descendants who succeeded him in that high office that are meant. It was to be offered, one half of it in the morning and the other half in the evening--being daily laid by the ministering priest on the altar of burnt offering, where, being dedicated to God, it was wholly consumed. This was designed to keep him and the other attendant priests in constant remembrance, that though they were typically expiating the sins of the people, their own persons and services could meet with acceptance only through faith, which required to be daily nourished and strengthened from above.
Levitik 6:25-28
Le 6:21-30. The Law of the Sin Offering.
25-28. This is the law of the sin offering--It was slain, and the fat and inwards, after being washed and salted, were burnt upon the altar. But the rest of the carcass belonged to the officiating priest. He and his family might feast upon it--only, however, within the precincts of the tabernacle; and none else were allowed to partake of it but the members of a priestly family--and not even they, if under any ceremonial defilement. The flesh on all occasions was boiled or sodden, with the exception of the paschal lamb, which was roasted [Ex 12:8, 9]; and if an earthen vessel had been used, it being porous and likely to imbibe some of the liquid particles, it was to be broken; if a metallic pan had been used it was to be scoured and washed with the greatest care, not because the vessels had been defiled, but the reverse--because the flesh of the sin offering having been boiled in them, those vessels were now too sacred for ordinary use. The design of all these minute ceremonies was to impress the minds, both of priests and people, with a sense of the evil nature of sin and the care they should take to prevent the least taint of its impurities clinging to them.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
