Levitik 4
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 2 -Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Si yon moun fè yon peche san li pa konnen, si li pa swiv lòd Seyè a bay epi li fè sa l' pa t' dwe fè, men sa pou yo fè l': 3 Si se granprèt la ki fè yon peche konsa epi ki lakòz tout pèp la ap sibi chatiman, granprèt la va mennen yon ti towo bèf san ankenn enfimite, l'a ofri l' bay Seyè a pou peche l' la. 4 L'a mennen towo a devan pòt Tant Randevou a, l'a mete men l' sou tèt towo a, epi l'a touye l' la devan Seyè a. 5 Apre sa, granprèt la va pran ti gout nan san towo a, l'a pote l' anba Tant Randevou a, 6 l'a tranpe dwèt li nan san an, epi l'a voye san an sèt fwa devan rido kote ki apa pou Seyè a. 7 Apre sa, l'a pran ti gout nan san an, l'a mete l' sou kat kòn lotèl lansan an ki anndan Tant Randevou a. L'a vide rès san an nan pye lotèl kote yo boule bèt yo ofri yo, ki bò pòt kote yo antre nan tant lan. 8 Apre sa, l'a wete tout grès ki nan towo yo te ofri pou peche a. Y'a wete tout grès ki vlope tripay la, 9 de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a. 10 L'a wete yo menm jan yo fè sa lè y'ap fè ofrann bèt pou di Bondye mèsi. Prèt la va boule tout grès la sou lotèl ki la pou boule kalite ofrann bèt sa yo. 11 Men, l'a pran po towo a ansanm ak tout vyann lan, tèt la, pye yo, tout tripay la avèk tout poupou a ladan l'. 12 Wi, l'a pran tout rès towo a, l'a fè yo pote l' andeyò limit kote yo rete a. Lè y'a rive kote ki rezève pou jete sann lotèl yo, y'a fè yon dife bwa, y'a boule rès towo a sou li. Wi, kote yo jete sann dife a, se la pou yo boule vyann towo a. 13 Si se tout pèp Izrayèl la ki fè peche san yo pa fè espre, si yo antò devan Bondye paske, san yo pa konnen, yo fè yon bagay Seyè a te ba yo lòd pou yo pa fè, 14 lè y'a vin wè yo te fè yon peche, y'a mennen yon jenn towo, y'a ofri l' bay Bondye pou l' ka wete peche yo a. Y'a mennen l' devan Tant Randevou a. 15 Lè y'a rive la, chèf fanmi pèp Izrayèl yo va mete men yo sou tèt towo a, epi y'a touye l' la devan lotèl Seyè a. 16 Granprèt la va pran ti gout nan san towo a, l'a pote l' anndan Tant Randevou a. 17 L'a tranpe dwèt li nan san an sèt fwa, l'a voye l' sèt fwa sou devan rido kote ki apa pou Seyè a. 18 Apre sa, l'a pran ti gout nan san an, l'a mete l' sou kat kòn lotèl ki devan Seyè a, anndan Tant Randevou a. L'a vide rès san an nan pye lotèl kote yo boule bèt yo ofri yo, lotèl ki bò pòt kote yo antre nan tant lan. 19 Apre sa, l'a pran tout grès towo a, l'a boule l' sou lotèl la. 20 Menm sa li gen pou l' fè pou towo li ta ofri pou pwòp peche li fè, l'a fè l' pou towo sa a tou. Konsa, prèt la va fè ofrann bèt pou peche pèp la te fè san yo pa konnen an, epi Bondye va padonnen peche yo a. 21 Lèfini, l'a pran rès towo a, l'a pote l' andeyò limit kote yo rete a, l'a boule l' menm jan li gen pou l' boule towo li ta ofri pou pwòp peche li fè. Se sa yo rele ofrann bèt yo fè pou wete peche tout pèp la te fè san li pa konnen. 22 Si se yon chèf ki fè peche, ki rive antò devan Bondye li a paske, san li pa fè espre, li pa swiv yonn nan lòd Seyè a te bay la, 23 rive li rive konnen sa l' fè a pa bon, se pou l' mennen yon ti bouk kabrit ki pa gen ankenn enfimite, l'a ofri l' pou yo touye l' bay Seyè a. 24 L'a mete men l' sou tèt kabrit la, l'a touye l' sou bò nò lotèl la, kote yo konn touye bèt yo ofri pou boule nèt pou Seyè a. Se sa yo rele yon ofrann bèt pou wete peche moun fè san yo pa konnen. 25 Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri pou peche a, l'a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, l'a vide rès san an nan pye lotèl la. 26 Apre sa, l'a boule tout grès la sou lotèl la, menm jan yo fè l' pou grès bèt yo ofri pou di Bondye mèsi a. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche chèf la te fè san li pa konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa. 27 Si se nenpòt lòt moun nan pèp la ki fè peche san li pa fè espre, ki vle di li antò paske li fè yon bagay Seyè a te bay lòd pa fè men li fè l' san l' pa konnen, 28 rive moun sa a rive konnen sa l' fè a pa bon, se pou l' mennen yon fenmèl kabrit ki pa gen ankenn enfimite, l'a ofri l' pou yo touye l' bay Seyè a pou peche li a. 29 L'a mete men l' sou tèt kabrit la, l'a touye l' sou bò nò lotèl la, kote yo konn touye bèt yo ofri pou boule nèt pou Seyè a. 30 Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri a, l'a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, l'a vide rès san an nan pye lotèl la. 31 Lèfini, l'a wete tout grès la, menm jan yo fè l' pou bèt yo ofri pou di Bondye mèsi a, y'a boule l' sou lotèl la pou fè Bondye plezi ak bon sant li. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche moun lan te fè san li pa t' konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa. 32 Si se yon ti mouton moun lan ap ofri pou wete peche li fè a, se yon ti fenmèl ki pa gen ankenn enfimite pou l' mennen. 33 L'a mete men l' sou tèt bèt li ofri pou wete peche li a, l'a touye l' sou bò nò lotèl la, kote yo konn touye bèt yo ofri pou boule nèt pou Seyè a. 34 Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri a, l'a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, epi l'a vide rès san an nan pye lotèl la. 35 Apre sa, l'a wete tout grès la, menm jan yo fè l' pou mouton yo ofri pou di Bondye mèsi a, l'a boule l' sou lotèl la ansanm ak lòt ofrann y'ap boule pou Seyè a. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche moun lan te fè san l' pa t' konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Levitik 4:2
Le 4:1, 2. Sin Offering of Ignorance.
2. If a soul shall sin through ignorance against any of the commandments of the Lord--a soul--an individual. All sins may be considered, in a certain sense, as committed "through ignorance," error, or misapprehension of one's true interests. The sins, however, referred to in this law were unintentional violations of the ceremonial laws,--breaches made through haste, or inadvertency of some negative precepts, which, if done knowingly and wilfully, would have involved a capital punishment.
do against any of them--To bring out the meaning, it is necessary to supply, "he shall bring a sin offering."
Levitik 4:3
Le 4:3-35. Sin Offering for the Priest.
3. If the priest that is anointed do sin--that is, the high priest, in whom, considering his character as typical mediator, and his exalted office, the people had the deepest interest; and whose transgression of any part of the divine law, therefore, whether done unconsciously or heedlessly, was a very serious offense, both as regarded himself individually, and the influence of his example. He is the person principally meant, though the common order of the priesthood was included.
according to the sin of the people--that is, bring guilt on the people. He was to take a young bullock (the age and sex being expressly mentioned), and having killed it according to the form prescribed for the burnt offerings, he was to take it into the holy place and sprinkle the atoning blood seven times before the veil, and tip with the crimson fluid the horns of the golden altar of incense, on his way to the court of the priests,--a solemn ceremonial appointed only for very grave and heinous offenses, and which betokened that his sin, though done in ignorance, had vitiated all his services; nor could any official duty he engaged in be beneficial either to himself or the people, unless it were atoned for by blood.
Levitik 4:11
11. the skin of the bullock, and all his flesh--In ordinary circumstances, these were perquisites of the priests. But in the expiation necessary for a sin of the high priest, after the fat of the sacrifice was offered on the altar, the carcass was carried without the camp [Le 4:12], in order that the total combustion of it in the place of ashes might the more strikingly indicate the enormity of the transgression, and the horror with which he regarded it (compare He 13:12, 13).
Levitik 4:13-21
13-21. if the whole congregation of Israel sin through ignorance--In consequence of some culpable neglect or misapprehension of the law, the people might contract national guilt, and then national expiation was necessary. The same sacrifice was to be offered as in the former case, but with this difference in the ceremonial, that the elders or heads of the tribes, as representing the people and being the principal aggressors in misleading the congregation, laid their hands on the head of the victim. The priest then took the blood into the holy place, where, after dipping his finger in it seven times, he sprinkled the drops seven times before the veil. This done, he returned to the court of the priests, and ascending the altar, put some portion upon its horns; then he poured it out at the foot of the altar. The fat was the only part of the animal which was offered on the altar; for the carcass, with its appurtenances and offals, was carried without the camp, into the place where the ashes were deposited, and there consumed with fire.
Levitik 4:22-26
22-26. When a ruler hath sinned, and done somewhat through ignorance against any of the commandments--Whatever was the form of government, the king, judge, or subordinate, was the party concerned in this law. The trespass of such a civil functionary being less serious in its character and consequences than that either of the high priest or the congregation, a sin offering of inferior value was required--"a kid of the goats"; and neither was the blood carried into the sanctuary, but applied only to the altar of burnt offering; nor was the carcass taken without the camp; it was eaten by the priests-in-waiting.
Levitik 4:27-34
27-34. if any one of the common people sin through ignorance--In this case the expiatory offering appointed was a female kid, or a ewe-lamb without blemish; and the ceremonies were exactly the same as those observed in the case of the offending ruler [Le 4:22-26]. In these two latter instances, the blood of the sin offering was applied to the altar of burnt offering--the place where bloody sacrifices were appointed to be immolated. But the transgression of a high priest, or of the whole congregation, entailing a general taint on the ritual of the tabernacle, and vitiating its services, required a further expiation; and therefore, in these cases, the blood of the sin offering was applied to the altar of incense [Le 4:6, 17].
Levitik 4:35
35. it shall be forgiven him--None of these sacrifices possessed any intrinsic value sufficient to free the conscience of the sinner from the pollution of guilt, or to obtain his pardon from God; but they gave a formal deliverance from a secular penalty (He 9:13, 14); and they were figurative representations of the full and perfect sin offering which was to be made by Christ.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
