Levitik 27
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 2 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo pou mwen: Lè yon moun pran angajman pou l' ofri yon moun bay Seyè a, se nou menm ki pou fikse kantite lajan pou yo bay nan plas moun lan, dapre sistèm yo sèvi nan tanp lan. 3 Men ki jan n'a fè sa: Pou yon gason ki gen ant ventan al swasantan, se va senkant pyès ajan. 4 Pou yon fanm menm laj la, se va trant pyès ajan 5 Pou yon jenn gason ki gen ant senkan al ventan, se va vin pyès ajan. Pou yon jenn fi ki gen menm laj la, se va dis pyès ajan. 6 Pou yon timoun ki gen ant yon mwa al senkan, si se yon gason se va senk pyès ajan. Pou yon ti fi menm laj la, se va twa pyès ajan 7 Pou yon gason ki depase swasantan, se va kenz pyès ajan. Pou yon fanm menm laj la, se va dis pyès ajan. 8 Men, si moun ki te pran angajman an pa gen kont lajan pou peye valè nou mande a, l'a mennen moun li te pwomèt bay la bay prèt la. Prèt la va fè yon lòt pri, dapre sa moun lan ka peye. 9 Si se yon bèt yon moun pran angajman pou l' ofri bay Seyè a, nenpòt kisa l'a bay Seyè a va rete apa nèt pou Seyè a. 10 Li p'ap ka chanje yon move pou yon bon. Li p'ap ka bay yon lòt bèt nan plas sa li te pwomèt la. Si li fè sa, tou de bèt yo, ni sa li te di l'ap bay anvan an, ni sa li ta vle bay nan plas li a, va rete apa pou Seyè a. 11 Men, si bèt li te pran angajman ofri a se yon bèt ki pa ka sèvi ofrann pou Seyè a, l'a mennen bèt la bay prèt la. 12 Prèt la va fè pri bèt la dapre jan l' wè bèt la. Lè l'a fin fè pri bèt la, pri l' mande a, se sa y'a peye pou li. 13 Men, si moun ki te fè ofrann lan ta vle achte bèt la ankò, l'a peye pri prèt la te fikse a plis ven pou san (020%) lavalè. 14 Lè yon moun ap mete kay li apa pou Seyè a, prèt la va fè pri kay la dapre jan l' wè kay la. Lè l'a fin fè pri a, pri l' mande a, se sa pou yo bay. 15 Men, si moun k'ap mete kay la apa pou Seyè a ta vle achte kay la ankò, l'a peye pri prèt la te fikse a, plis ven pou san (020%) lavalè. Epi y'a renmèt li kay li. 16 Si yon moun pran yon pòsyon nan jaden l' epi li mete l' apa pou Seyè a, w'a fè pri pòsyon tè a dapre kantite grenn yo ka simen ladan l'. Pou chak barik grenn lòj yo ka simen, l'a bay dis pyès ajan. 17 Si li fè ofrann lan apre yo fèk fin fete lanne rejwisans lan, se pou l' peye tout pri a nèt. 18 Men, si li fè l' kèk tan apre yo fin fete lanne rejwisans lan, prèt la va kalkile pri a sou kantite lanne ki rete anvan yo fete lanne rejwisans k'ap vini an, konsa l'a desann premye pri li te bay la. 19 Si moun ki mete pòsyon tè a apa pou Seyè a ta vle achte tè a ankò, l'a peye pri yo te bay pou tè a plis ven pou san (020%). Epi tè a va rete pou li. 20 Men, si yo te gen tan vann tè a bay yon lòt moun anvan li menm li te mande achte l' ankò, li p'ap ka achte l' ankò. 21 Yon tè konsa, lè lanne rejwisans lan va rive, pase yo renmèt li nan men premye mèt li, l'ap rete yon bagay apa pou Seyè a, yon jaden pesonn p'ap ka manyen. L'a rete pou prèt yo. 22 Si yon moun pran yon jaden li menm li te achte, yon jaden ki pa jaden eritye, epi li mete l' apa pou Seyè a, 23 prèt la va kalkile pri jaden an sou kantite lanne ki rete anvan yo fete lanne rejwisans k'ap vini an, epi moun lan va peye lajan an menm jou a. Lajan sa a va rete apa nèt pou Seyè a. 24 Lè lanne rejwisans lan va rive, jaden an va tounen pou premye mèt la osinon pou pitit premye mèt la. 25 Y'a fè tout pri yo dapre sistèm lajan yo sèvi nan kote yo mete apa pou Bondye a: yon gwo pyès pou ven ti pyès. 26 Pesonn p'ap ka pran angajman pou yo ofri Seyè a premye pitit mal yon bèt fè paske li deja pou Seyè a. Kit se premye pitit bèf, kit se premye pitit mouton osinon kabrit, se pou Seyè a yo ye. 27 Men, si se premye pitit yon bèt ki pa ka sèvi ofrann pou Seyè a, y'a ka achte l' ankò nan men Seyè a pou pri n'a fikse a, plis ven pou san (020%) lavalè. Men, si moun lan pa vle achte l' ankò pou tèt li, y'a vann yon lòt moun li pou pri n'a fikse a. 28 Tou sa yon moun mete apa nèt pou Seyè a, kit se yon moun, kit se yon bèt, kit se yon jaden, li pa ka vann li ni li pa ka reachte l'. Bagay la fèt pou l' rete la, apa nèt pou Seyè a. Pesonn p'ap ka manyen l'. 29 Si se yon moun yo vle ki pou rete apa nèt pou Seyè a, yo p'ap ka reachte l'. Se touye pou yo touye moun sa a. 30 N'a mete dis pou san (010%) nan tout rekòt jaden nou apa pou Seyè a, li te mèt rekòt jaden nou fè nou menm, osinon rekòt pyebwa ki donnen nan jaden nou. Se pou Seyè a dis pou san sa yo ye. 31 Si yon moun vle achte pou li menm kichòy nan dis pou san (010%) ki pou Seyè a, la peye pri bagay la plis ven pou san (020%) lavalè. 32 Sou chak dis bèt, li te mèt bèf, kabrit osinon mouton n'ap gade, gen yonn ki pou Seyè a. Sa vle di lè n'ap konte bèf nou yo, n'a konte yo pa dis. Konsa, chak fwa nou rive sou dizyèm lan, n'a mete l' apa pou Seyè a. 33 Nou pa bezwen konnen si li bon si li pa bon, ni nou pa bezwen pran yon lòt mete nan plas li. Si nou vle chanje yon bèt, ni sa nou ta vle chanje a, ni sa nou ta renmen bay nan plas li a, tou de va pou Seyè a. Epitou nou p'ap ka reachte yo ankò. 34 Men tout regleman Seyè a te bay Moyiz pou moun pèp Izrayèl yo sou mòn Sinayi a.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Levitik 27:2-8
Le 27:1-18. Concerning Vows.
2-8. When a man shall make a singular vow, &c.--Persons have, at all times and in all places, been accustomed to present votive offerings, either from gratitude for benefits received, or in the event of deliverance from apprehended evil. And Moses was empowered, by divine authority, to prescribe the conditions of this voluntary duty.
the persons shall be for the Lord, &c.--better rendered thus:--"According to thy estimation, the persons shall be for the Lord." Persons might consecrate themselves or their children to the divine service, in some inferior or servile kind of work about the sanctuary (1Sa 3:1). In the event of any change, the persons so devoted had the privilege in their power of redeeming themselves; and this chapter specifies the amount of the redemption money, which the priest had the discretionary power of reducing, as circumstances might seem to require. Those of mature age, between twenty and sixty, being capable of the greatest service, were rated highest; young people, from five till twenty, less, because not so serviceable; infants, though devotable by their parents before birth (1Sa 1:11), could not be offered nor redeemed till a month after birth; old people were valued below the young, but above children; and the poor--in no case freed from payment, in order to prevent the rash formation of vows--were rated according to their means.
Levitik 27:9-13
9-13. if it be a beast, whereof men bring an offering unto the Lord--a clean beast. After it had been vowed, it could neither be employed in common purposes nor exchanged for an equivalent--it must be sacrificed--or if, through some discovered blemish, it was unsuitable for the altar, it might be sold, and the money applied for the sacred service. If an unclean beast--such as an ass or camel, for instance, had been vowed, it was to be appropriated to the use of the priest at the estimated value, or it might be redeemed by the person vowing on payment of that value, and the additional fine of a fifth more.
Levitik 27:14-15
14-15. when a man shall sanctify his house to be holy unto the Lord, &c.--In this case, the house having been valued by the priest and sold, the proceeds of the sale were to be dedicated to the sanctuary. But if the owner wished, on second thought, to redeem it, he might have it by adding a fifth part to the price.
Levitik 27:16-24
16-24. if a man shall sanctify unto the Lord some aprt of a field of his possession, &c.--In the case of acquired property in land, if not redeemed, it returned to the donor at the Jubilee; whereas the part of a hereditary estate, which had been vowed, did not revert to the owner, but remained attached in perpetuity to the sanctuary. The reason for this remarkable difference was to lay every man under an obligation to redeem the property, or stimulate his nearest kinsman to do it, in order to prevent a patrimonial inheritance going out from any family in Israel.
Levitik 27:26-27
Levitik 27:28-29
28-29. no devoted thing, that a man shall devote unto the Lord of all that he hath, ... shall be sold or redeemed--This relates to vows of the most solemn kind--the devotee accompanying his vow with a solemn imprecation on himself not to fail in accomplishing his declared purpose.
Levitik 27:30-33
30-33. all the tithe of the land, whether of the seed of the land--This law gave the sanction of divine authority to an ancient usage (Ge 14:20; 28:22). The whole produce of the land was subjected to the tithe tribute--it was a yearly rent which the Israelites, as tenants, paid to God, the owner of the land, and a thank offering they rendered to Him for the bounties of His providence. (See Pr 3:9; 1Co 9:11; Ga 6:6).
Levitik 27:34
34. These are the commandments, &c.--The laws contained in this book, for the most part ceremonial, had an important spiritual bearing, the study of which is highly instructive (Ro 10:4; He 4:2; 12:18). They imposed a burdensome yoke (Ac 15:10), but yet in the infantine age of the Church formed the necessary discipline of "a schoolmaster to Christ" [Ga 3:24].
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
