Resansman 1

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Premye jou dezyèm mwa nan dezyèm lanne depi moun pèp Izrayèl yo te soti kite peyi Lejip la, antan yo te nan dezè Sinayi a, Seyè a pale ak Moyiz nan Tant Randevou a. Li di l' konsa: 2 -Se pou ou menm ak Arawon, nou fè yon resansman pou konte tout moun nan pèp Izrayèl la, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi yo. W'a pran non tout gason, yonn apre lòt. 3 N'a konte tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran, depi yo bon pou fè lagè. N'a fè resansman an dapre jan lame a òganize. 4 N'a pran yon chèf nan chak branch fanmi, dapre zansèt yo, pou ede nou. 5 Men non moun ki va ede nou nan resansman an: Nan branch fanmi Woubenn lan, se va Elizou, pitit gason Chedeyou. 6 Nan branch fanmi Simeyon an, se va Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi. 7 Nan branch fanmi Jida a, se va Nakchon, pitit gason Aminadab. 8 Nan branch fanmi Isaka a, se va Netanèl, pitit gason Swa. 9 Nan branch fanmi Zabilon an, se va Eliyab, pitit gason Elon. 10 Nan branch fanmi Efrayim, premye pitit gason Jozèf la, se va Elichama, pitit gason Amiyoud. Nan branch fanmi Manase, dezyèm pitit gason Jozèf la, se va Gamliyèl, pitit gason Pedachou. 11 Nan branch fanmi Benjamen an, se va Abidan, pitit gason Gideyoni. 12 Nan branch fanmi Dann lan, se va Ayezè, pitit gason Amichadayi. 13 Nan branch fanmi Asè a, se va Pagiyèl, pitit gason Okran. 14 Nan branch fanmi Gad la, se va Elyasaf, pitit gason Dewèl. 15 Nan branch fanmi Neftali a, se va Ayira, pitit gason Enan. 16 Se moun sa yo yo te chwazi nan pèp la pou fè travay la. Se yo ki te chèf lakay yo, chèf branch fanmi zansèt yo. 17 Moyiz ak Arawon pran douz mesye Bondye te nonmen yo, 18 yo reyini tout pèp la, premye jou dezyèm mwa a. Yo pran non tout moun dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo. Yo konte tout gason, yonn apre lòt, tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran, 19 dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la. Se nan dezè Sinayi a yo te fè resansman tout pèp la. 20 Se konsa yo konte tout gason nan branch fanmi Woubenn, premye pitit Jakòb la, tou sa ki gen ventan ak tou sa ki pi gran epi ki bon pou fè lagè. Yo pran non yo yonn apre lòt, yo di pitit ki moun yo ye, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo. 21 Yo jwenn karannsimil senksan (046.500) gason pou branch fanmi Woubenn lan. 22 Yo fè menm bagay la tou pou tout lòt branch fanmi yo. Pou branch fanmi Simeyon an, 23 yo jwenn senkantnèfmil twasan (059.300) gason. 24 Pou branch fanmi Gad la, 25 yo jwenn karannsenkmil sisansenkant (045.650) gason. 26 Pou branch fanmi Jida a, 27 yo jwenn swasannkatòzmil sisan (074.600) gason. 28 Pou branch fanmi Isaka a, 29 yo jwenn senkannkatmil katsan (054.400) gason. 30 Pou branch fanmi Zabilon an, 31 yo jwenn senkannsètmil katsan (057.400) gason. 32 Pou branch fanmi Efrayim, premye pitit gason Jozèf la, 33 yo jwenn karantmil senksan (040.500) gason. 34 Pou branch fanmi Manase, dezyèm pitit gason Jozèf la, 35 yo jwenn tranndemil desan (032.200) gason. 36 Pou branch fanmi Benjamen an, 37 yo jwenn trannsenkmil katsan (035.400) gason. 38 Pou branch fanmi Dann lan, 39 yo jwenn swasanndemil sètsan (062.700) gason. 40 Pou branch fanmi Asè a, 41 yo jwenn karanteyenmil senksan (041.500) gason. 42 Pou branch fanmi Neftali a, 43 yo jwenn senkanntwamil katsan (053.400) gason. 44 Se non tout moun sa yo Moyiz ak Arawon te pran lè sa a. Te gen douz chèf, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, ki t'ap ede yo nan travay la. 45 Pou tout branch fanmi yo ansanm, 46 yo jwenn sisantwamil senksansenkant (0603.550) gason. 47 Men yo pa t' fè resansman branch fanmi Levi a ansanm ak lòt branch fanmi yo, 48 paske Seyè a te di Moyiz konsa: 49 -Ou pa bezwen fè resansman branch fanmi Levi a. Ou pa bezwen konte moun fanmi Levi yo ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo. 50 Men, w'a mete moun fanmi Levi yo reskonsab Tant Randevou a ak tou sa ki ladan l' ansanm ak tou sa ki pou li. Se yo ki pou pote l' ansanm ak tou sa ki ladan l'. Se yo ki pou sèvi ladan l' epi yo gen pou yo moute kay yo fè wonn Tant Randevou a. 51 Lè pou Tant Bondye a deplase, se moun fanmi Levi yo ki va demoute l'. Lè yo rive kote pou yo rete a, se moun fanmi Levi yo ki va moute l' tou. Nenpòt lòt moun ki pa nan branch fanmi Levi a epi ki ta pwoche bò tant lan, se pou yo touye l'. 52 Lòt moun pèp Izrayèl yo menm va moute tant yo apa, chak fanmi ansanm bò làbanyè yo, dapre pozisyon yo nan lame a. 53 Men, moun fanmi Levi yo va moute kay yo fè wonn Tant Randevou a pou kòlè Bondye pa tonbe sou pèp Izrayèl la. Se yo menm tou ki la pou veye sou Tant Randevou a. 54 Moun pèp Izrayèl yo te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a. Se konsa yo te fè l' vre.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Resansman 1:1-2

THE FOURTH BOOK OF MOSES, CALLED NUMBERS.

Commentary by Robert Jamieson

Nu 1:1-54. Moses Numbering the Men of War.

1-2. on the first day of the second month, &c.--Thirteen months had elapsed since the exodus. About one month had been occupied in the journey; and the rest of the period had been passed in encampment among the recesses of Sinai, where the transactions took place, and the laws, religious and civil, were promulgated, which are contained in the two preceding books. As the tabernacle was erected on the first day of the first month, and the order here mentioned was given on the first day of the second, some think the laws in Leviticus were all given in one month. The Israelites having been formed into a separate nation, under the special government of God as their King, it was necessary, before resuming their march towards the promised land, to put them into good order. And accordingly Moses was commissioned, along with Aaron, to take a census of the people. This census was incidentally noticed (Ex 38:26), in reference to the poll tax for the works of the tabernacle; but it is here described in detail, in order to show the relative increase and military strength of the different tribes. The enumeration was confined to those capable of bearing arms [Nu 1:3], and it was to be made with a careful distinction of the tribe, family, and household to which every individual belonged. By this rule of summation many important advantages were secured: an exact genealogical register was formed, the relative strength of each tribe was ascertained, and the reason found for arranging the order of precedence in march as well as disposing the different tribes in camp around the tabernacle. The promise of God to Abraham [Ge 22:17] was seen to be fulfilled in the extraordinary increase of his posterity, and provision made for tracing the regular descent of the Messiah.

Resansman 1:3

3. Aaron shall number them by their armies--or companies. In their departure from Egypt they were divided into five grand companies (Ex 13:18), but from the sojourn in the wilderness to the passage of the Jordan, they were formed into four great divisions. The latter is here referred to.

Resansman 1:4-18

4-16. with you there shall be a man of every tribe, &c.--The social condition of the Israelites in the wilderness bore a close resemblance to that of the nomad tribes of the East in the present day. The head of the tribe was a hereditary dignity, vested in the oldest son or some other to whom the right of primogeniture was transferred, and under whom were other inferior heads, also hereditary, among the different branches of the tribe. The Israelites being divided into twelve tribes, there were twelve chiefs appointed to assist in taking the census of the people.

Resansman 1:19

19. As the Lord commanded Moses, &c.--The numbering of the people was not an act sinful in itself, as Moses did it by divine appointment; but David incurred guilt by doing it without the authority of God. (See on 2Sa 24:10).

Resansman 1:20-44

20-44. These are those that were numbered--In this registration the tribe of Judah appears the most numerous; and accordingly, as the pre-eminence had been assigned to it by Jacob [Ge 49:8-12], it got the precedence in all the encampments of Israel. Of the two half-tribes of Joseph, who is seen to be "a fruitful bough" [Ge 49:22], that of Ephraim was the larger, as had been predicted. The relative increase of all, as in the two just mentioned, was owing to the special blessing of God, conformably to the prophetic declaration of the dying patriarch. But the divine blessing is usually conveyed through the influence of secondary causes; and there is reason to believe that the relative populousness of the tribes would, under God, depend upon the productiveness of the respective localities assigned to them. [For tabular chart, see on Nu 26:64.]

Resansman 1:45-46

45-46. all they that were numbered were six hundred thousand, &c.--What an astonishing increase from seventy-five persons who went down to Egypt about two hundred fifteen years before [see on Ge 46:8], and who were subjected to the greatest privations and hardships! And yet this enumeration was restricted to men from twenty years and upwards [Nu 1:3]. Including women, children, and old men, together with the Levites, the whole population of Israel, on the ordinary principles of computation, amounted to about 2,400,000.

Resansman 1:47-54

47-54. But the Levites ... were not numbered among them--They were obliged to keep a register of their own. They were consecrated to the priestly office, which in all countries has been exempted customarily, and in Israel by the express authority of God, from military service. The custody of the things devoted to the divine service was assigned to them so exclusively, that "no stranger"--that is, no person, not even an Israelite of any other tribe, was allowed, under penalty of death, to approach these [Nu 16:40]. Hence they encamped round the tabernacle in order that there should be no manifestation of the divine displeasure among the people. Thus the numbering of the people was subservient to the separation of the Levites from those Israelites who were fit for military service, and to the practical introduction of the law respecting the first-born, for whom the tribe of Levi became a substitute [Ex 13:2; Nu 3:12].

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.