Jozye 9
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Nouvèl bagay sa yo rive nan zòrèy tout wa ki t'ap gouvènen lòt bò larivyè Jouden an sou solèy kouche, nan mòn yo, nan plenn yo, sou tout rivaj lanmè Mediterane a, jouk peyi Liban sou bò nò. Te gen wa moun Et yo, wa moun Amori yo, wa moun Kanaran yo, wa moun Ferezi yo, wa moun Evi yo ak wa moun Jebis yo. 2 Yo tout yo mete tèt ansanm pou yo goumen kont Jozye ak pèp Izrayèl la. 3 Lè moun peyi Gabawon yo vin konnen kisa Jozye te fè moun Jeriko yo ak moun Ayi yo, 4 yo di yo pral pran li nan plan. Yo leve, yo fè pwovizyon, yo chaje bourik yo avèk yon bann vye sak ak veso fèt ak po bèt pou mete diven. Veso yo te tou kreve, yo te pyese nan tout kò yo. Moun Gabawon yo pati. 5 Yo te menm rive mete vye sapat rapyese nan pye yo ak vye rad chire sou yo. Yo pran pen rasi kraze an miyèt moso, yo pote pou manje yo. 6 Yo pati, yo vin jwenn Jozye nan kan Gilgal la. Yo pale ak li ansanm ak mesye pèp Izrayèl yo, yo di yo konsa: -Nou soti nan yon peyi ki byen lwen isit la. Ann pase yon kontra yonn ak lòt non! 7 Men, mesye pèp Izrayèl yo di moun Evi yo konsa: -Pou di se pa toupre la a nou rete? Ki jan nou ta vle pou nou pase kontra ak nou? 8 Moun Evi yo di Jozye: -Se sèvi nou vin sèvi ou! Jozye mande yo: -Men, ki moun nou ye menm? Ki bò nou soti? 9 Yo reponn li: -Mèt, nou soti nan yon peyi byen lwen, paske nou tande pale ki moun Seyè a, Bondye ou la, ye. Nou pran nouvèl tou sa li fè nan peyi Lejip, 10 ak tou sa li fè de wa moun Amori yo ki t'ap gouvènen lòt bò larivyè Jouden an: Siyon, wa peyi Esbon an ak Og, wa peyi Bazan an, ki te rete lavil Astawòt. 11 Lè sa a, chèf nou yo ak tout moun ki rete nan peyi nou an di nou fè pwovizyon pou n' al vwayaje al kontre moun sa yo. N'a di yo konsa men nou vin sèvi yo. Tanpri, pase yon kontra ak nou. 12 Gade pen nou rete. Yo te tou cho jou nou pati vin kontre nou an. Men, koulye a, gade jan yo rasi, jan yo tounen ti miyèt. 13 Lè nou te plen veso diven sa yo, yo te tou nèf. Gade koulye a jan yo plen twou. Gade jan rad nou ak sapat nou fini tèlman nou mache anpil. 14 Chèf pèp Izrayèl yo pran nan sa yo te pote a, san yo pa mande Seyè a sa li di nan sa. 15 Jozye pase yon kontra ak yo pou yo viv byen yonn ak lòt, li fè kontra ak yo pou li pa touye yo. Chèf pèp Izrayèl yo fè sèman yo p'ap fè yo anyen. 16 Twa jou apre yo te fin siyen kontra a, moun pèp Izrayèl yo vin konnen moun sa yo te rete toupre a, nan mitan peyi Izrayèl la. 17 Moun pèp Izrayèl yo leve, yo pati dèyè yo. Sou twa jou, yo rive nan lavil kote moun sa yo te rete a. Se te lavil Gabawon, lavil Kefira, lavil Beewòt ak Keryat-Jearim. 18 Men, moun pèp Izrayèl yo pa t' ka touye yo, paske chèf moun Izrayèl yo te fè sèman ba yo nan non Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, yo p'ap fè yo anyen. Lè sa a, tout pèp Izrayèl la t'ap bougonnen sou do chèf yo pou sa. 19 Men, chèf yo reyini tout moun, yo di yo: -Depi nou fè sèman ba yo nan non Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, nou pa gen dwa manyen yo. 20 Konsa, poutèt sèman nou te fè a, se pou nou kite yo viv. Paske, si nou fè yo anyen, Bondye va pini nou. 21 Wi, se pou yo viv. Men, n'a pran yo pou fann bwa, pou bwote dlo pou nou jan chèf yo te di a. 22 Jozye fè chache moun Gabawon yo, li mande yo: -Poukisa nou ban nou gwo manti sa a? Nou di nou rete byen lwen, epi se la a, nan mitan nou, nou moun. 23 Poutèt sa, madichon ap tonbe sou nou. N'ap toujou sèvi nou domestik. Depi jòdi a, se nou menm ki pou fann bwa, ki pou bwote dlo nou bezwen pou kay Bondye nou an. 24 Yo reponn: -Mèt, nou te fè sa paske nou te vin konnen se tout bon Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay Moyiz, sèvitè l' la, lòd pou li ba yo tout peyi sa a, pou li touye tout pèp ki rete ladan l' pou fè plas pou yo. Konsa, lè nou vin konnen nou t'ap pwoche bò kote nou rete a, nou te pè anpil pou nou pa t' mouri. Se sa ki fè nou te fè sa. 25 Koulye a, nou nan men ou! W'a fè sa ou vle ak nou, jan ou santi ou dwe fè l' la. 26 Se konsa Jozye delivre yo anba men moun pèp Izrayèl yo, li pa kite yo touye yo. 27 Depi jou sa a, Jozye mete yo la pou fann bwa, pou bwote dlo pou pèp Izrayèl la ak pou lotèl Seyè a. Jouk jòdi a, se sa y'ap fè tout kote Seyè a chwazi pou yo adore l' la.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jozye 9:1
Jos 9:1-27. The Kings Combine against Israel.
1. all the kings which were on this side--that is, the western side of Jordan.
in the hills, and in ther valleys, and in all the coasts of the great sea--This threefold distinction marks out very clearly a large portion of Canaan. The first designates the hill country, which belonged afterwards to the tribes of Judah and Ephraim: the second, all the low country from Carmel to Gaza; and the third, the shores of the Mediterranean, from the Isthmus of Tyre to the plain of Joppa. (As for the tribes mentioned, see on Nu 13:29).
heard thereof--that is, of the sacking of Jericho and Ai, as well as the rapid advance of the Israelites into the interior of the country.
Jozye 9:2
2. they gathered themselves together, to fight with Joshua and with Israel, with one accord--Although divided by separate interests and often at war with each other, a sense of common danger prompted them to suspend their mutual animosities, that by their united forces they might prevent the land from falling into the hands of foreign masters.
Jozye 9:3-15
Jos 9:3-15. The Gibeonites Obtain a League by Craft.
3-15. when the inhabitants of Gibeon heard--This town, as its name imports, was situated on a rocky eminence, about six miles northwest from Jerusalem, where the modern village of El Jib now stands. It was the capital of the Hivites, and a large important city (Jos 10:2). It seems to have formed, in union with a few other towns in the neighborhood, a free independent state (Jos 9:17) and to have enjoyed a republican government (Jos 9:11).
Jozye 9:16-17
16-17. at the end of three days ... they heard that they were their neighbours, and that they dwelt among them--This information was obtained in their further progress through the country; for as Jos 9:17 should be rendered, "when the children of Israel journeyed, they came to their cities." Gibeon was about eighteen or twenty miles from Gilgal.
Jozye 9:18-27
18-27. the children of Israel smote them not--The moral character of the Gibeonites' stratagem was bad. The princes of the congregation did not vindicate either the expediency or the lawfulness of the connection they had formed; but they felt the solemn obligations of their oath; and, although the popular clamor was loud against them, caused either by disappointment at losing the spoils of Gibeon, or by displeasure at the apparent breach of the divine commandment, they determined to adhere to their pledge, "because they had sworn by the Lord God of Israel." The Israelitish princes acted conscientiously; they felt themselves bound by their solemn promise; but to prevent the disastrous consequences of their imprudent haste, they resolved to degrade the Gibeonites to a servile condition as a means of preventing their people from being ensnared into idolatry, and thus acted up, as they thought, to the true spirit and end of the law.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
