Jan 18
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Lè Jezi fin pale konsa, li pati avèk disip li yo, li al lòt bò ti ravin Sedwon an. Te gen yon jaden la. Jezi antre nan jaden an avèk disip li yo. 2 Jida, nonm ki te gen pou trayi l' la, te konnen ti kote sa a tou paske Jezi te konn vin la anpil fwa ak disip li yo. 3 Se konsa, Jida al nan jaden an. Li te gen yon kolonn sòlda ansanm ak kèk gad avè li. Se chèf prèt yo ak gwoup farizyen yo ki te voye yo avè li. Yo tout te gen zam, yo t'ap pote fannal ak gwo chandèl tou limen. 4 Jezi menm ki te konnen sa ki te pou rive l' la, mache sou yo, li mande yo: Ki moun n'ap chache? 5 Yo reponn li: Jezi, nonm Nazarèt la. Jezi di yo: Se mwen. Jida, nonm ki t'ap trayi l' la, te la avèk yo. 6 Lè Jezi di yo: Se mwen, yo renka kò yo dèyè, yo tonbe atè. 7 Lè sa a, Jezi mande yo ankò: Ki moun n'ap chache? Yo di l': Jezi, nonm Nazarèt la. 8 Jezi reponn yo: Mwen pa deja di nou se mwen menm. Si se mwen n'ap chache, kite lòt mesye sa yo al fè wout yo. 9 Se konsa pawòl li te di a rive vre: Nan tout moun ou te ban mwen yo, Papa, yonn menm pa pèdi. 10 Simon Pyè te gen yon nepe sou li, li rale l', li frape domestik granprèt la, li sote zòrèy dwat li. (Yo te rele domestik la Malkis.) 11 Men, Jezi di Pyè konsa: Mete nepe ou la nan djenn li. Eske se pa pou m' bwè gode soufrans Papa a ban m' bwè a? 12 Kolonn sòlda yo, kòmandan an ansanm ak gad jwif yo mete men sou Jezi, yo mare li. 13 Premye kote yo mennen l', se kay An. An te bòpè Kayif ki te granprèt pou lanne a. 14 Se Kayif sa a ki te bay jwif yo konsèy sa a: Li pi bon pou nou si yon sèl moun mouri pou tout pèp la! 15 Simon Pyè te swiv Jezi ansanm ak yon lòt disip. Disip sa a te yon konesans granprèt la. Se konsa li te antre anmenmtan ak Jezi nan lakou granprèt la. 16 Pyè menm te rete deyò, bò pòt la. Lè sa a, lòt disip la, ki te yon konesans granprèt la, soti deyò, li pale ak fanm ki t'ap veye pòt la, li fè Pyè antre. 17 Sèvant ki t'ap veye pòt la di Pyè konsa: Ou menm tou, ou se yonn nan disip nonm sa a. Pyè reponn li: Non. Mwen pa disip nonm sa a. 18 Domestik yo ak gad yo te limen dife, yo tout te kanpe bò dife a, yo t'ap chofe kò yo paske te fè frèt. Pyè te kanpe la avèk yo, li t'ap chofe kò l' tou. 19 Granprèt la poze Jezi keksyon sou disip li yo ak sou sa l' t'ap moutre yo. 20 Jezi reponn li: Mwen te pale an piblik pou tout moun tande. Se nan sinagòg yo ak nan tanp lan, kote tout jwif yo sanble, se la mwen toujou moutre sa pou m' te moutre a. Mwen pa janm di anyen an kachèt. 21 Poukisa w'ap keksyonnen m' konsa? Mande moun ki te tande m' yo sa m' te di yo. Yo menm yo konnen sa m' te di. 22 Antan Jezi t'ap di pawòl sa yo, yon gad ki te kanpe la bò kote l' ba l' yon souflèt. Li di li: Se konsa w'ap reponn granprèt la? 23 Jezi reponn li: Si m' pale mal, moutre moun yo sa m' di ki mal la a. Men, si m' pale byen, poukisa ou frape mwen? 24 Apre sa, An voye Jezi tou mare ale lakay Kayif, granprèt la. 25 Pandan tout tan sa a, Simon Pyè te kanpe la ap chofe dife. Yo di li: Ou menm tou, ou se yon disip nonm sa a. Men, Pyè demanti sa, li di: Non. Mwen pa disip nonm sa a. 26 Yonn nan domestik granprèt la ki te fanmi nonm Pyè te koupe zòrèy la, di konsa: Eske mwen pa t' wè ou nan jaden an avè li? 27 Pyè di ankò se pa vre. Lamenm yon kòk chante. 28 Apre sa, soti kay Kayif, yo mennen Jezi nan palè Gouvènè a. Se te granmtimaten. Men, jwif yo pa t' antre nan palè a. Yo pa t' vle mete tèt yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye yo. Sa ta ka anpeche yo manje manje Delivrans lan. 29 Se poutèt sa, Pilat, gouvènè a, te blije soti vin jwenn yo deyò a. Li mande yo: Kisa nou di nonm sa a fè? 30 Yo reponn li: Si nonm sa a pa t' yon malfektè, nou pa ta mennen l' ba ou. 31 Pilat di yo: Poukisa nou pa pran l' nou menm, pou nou jije l' dapre lalwa nou? Jwif yo reponn li: Nou pa gen dwa touye pesonn. 32 Se konsa pawòl Jezi te di lè l' t'ap fè konnen jan l' tapral mouri a, tapral rive vre. 33 Lè sa a, Pilat antre nan palè a, li rele Jezi, li mande li: Eske se wa jwif yo ou ye? 34 Jezi reponn li: Eske ou di sa paske ou fè lide sa a ou menm, osinon èske se lòt moun ki di ou sa? 35 Pilat reponn li: Eske se jwif mwen ye, mwen menm? Se pwòp moun peyi ou ansanm ak chèf prèt yo ki mennen ou ban mwen? Kisa ou fè? 36 Jezi reponn: Nan peyi kote m' wa a, se pa tankou peyi ki sou latè. Si gouvènman peyi kote m' wa a te tankou gouvènman peyi ki sou latè, sèvitè m' yo ta goumen pou mwen. Yo pa ta kite m' tonbe nan men jwif yo. Non. Nan peyi kote m' wa a, se pa tankou peyi ki sou latè. 37 Lè sa a, Pilat di li: Si se konsa, ou se wa vre? Jezi reponn li: Se ou ki di li. Wi, se wa mwen ye. Mwen fèt pou m' di verite a jan li ye a. Wi, se pou sa menm mwen vin sou latè. Tout moun ki patizan laverite ap koute vwa mwen. 38 Pilat reponn li: Laverite? Kisa l' ye? Lè l' fin di sa, Pilat soti ankò, li al jwenn jwif yo. Li di yo: Mwen pa wè rezon pou m' kondannen nonm sa a. 39 Dapre koutim nou genyen, mwen toujou lage yon prizonye pou fèt Delivrans lan ban nou. Eske nou ta vle m' lage wa jwif yo ban nou? 40 Lè sa a, yo tout pran rele: Non. Nou pa vle li. Se Barabas nou vle! Barabas sa a te yon bandi.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jan 18:1-3
Joh 18:1-13. Betrayal and Apprehension of Jesus.
1-3. over the brook Kedron--a deep, dark ravine, to the northeast of Jerusalem, through which flowed this small storm brook or winter torrent, and which in summer is dried up.
where was a garden--at the foot of the Mount of Olives, "called Gethsemane; that is, olive press (Mt 26:30, 36).
Jan 18:4-9
4-9. Jesus ... knowing all things that should come--were coming.
upon him, went forth--from the shade of the trees, probably, into open view, indicating His sublime preparedness to meet His captors.
Whom seek ye?--partly to prevent a rush of the soldiery upon the disciples [Bengel]; and see Mr 14:51, 52, as showing a tendency to this: but still more as part of that courage and majesty which so overawed them. He would not wait to be taken.
Jan 18:10-11
10-11. Then Simon Peter, having a sword, drew it, and smote the high priest's servant, and cut off his right ear. The servant's name was Malchus--None of the other Evangelists mention the name either of the ardent disciple or of his victim. John being "known to the high priest" (Joh 18:15), the mention of the servant's name by him is quite natural, and an interesting mark of truth in a small matter. As to the right ear, specified both here and in Luke (Lu 22:50), the man was "likely foremost of those who advanced to seize Jesus, and presented himself in the attitude of a combatant; hence his right side would be exposed to attack. The blow of Peter was evidently aimed vertically at his head" [Webster and Wilkinson].
Jan 18:12
12. Then the band ... took Jesus--but not till He had made them feel that "no man took His life from Him, but that He laid it down of Himself."
Jan 18:13-14
13. And led him away--"In that hour," says Matthew (Mt 26:55, 56), and probably now, on the way to judgment, when the crowds were pressing upon Him, "said Jesus to the multitudes, Are ye come out as against a thief, with swords and staves, for to take Me"--expressive of the indignity which He felt to be thus done to Him--"I sat daily with you in the temple, and ye laid no hold on Me. But this" (adds Lu 22:53) "is your hour and the power of darkness." Matthew continues--"But all this was done that the scriptures of the prophets might be fulfilled. Then all the disciples forsook Him and fled" (Mt 26:56)--thus fulfilling His prediction (Mr 14:27; Joh 16:32).
Joh 18:13-27. Jesus before Annas and Caiaphas--Fall of Peter.
13-14. And led him away to Annas first--(See on Lu 3:2, and Mt 26:57). (Also see on Mr 14:53.)
Jan 18:15-18
15-18. Simon Peter followed Jesus--Natural though this was, and safe enough, had he only "watched and prayed that he enter not into temptation," as his Master bade him (Mt 26:41), it was, in his case, a fatal step.
and ... another disciple--Rather, "the other disciple"--our Evangelist himself, no doubt.
known unto the high priest--(See on Joh 18:10).
went in with Jesus into the palace of the high priest.
Jan 18:19-21
19-21. The high priest ... asked Jesus of his disciples, and of his doctrine--probably to entrap Him into some statements which might be used against Him at the trial. From our Lord's answer it would seem that "His disciples" were understood to be some secret party. (Also see on Mr 14:54.)
Jan 18:22
Jan 18:23
23. If I have spoken, &c.--"if I spoke" evil, in reply to the high priest. (Also see on Mr 14:54.)
if well--He does not say "If not" evil, as if His reply were merely unobjectionable: "well" seems to challenge more than this as due to His remonstrance This shows that Mt 5:39 is not to be taken to the letter.
Jan 18:24-27
24-27. Now Annas had sent him bound unto Caiaphas--Our translators so render the words, understanding that the foregoing interview took place before Caiaphas; Annas, declining to meddle with the case, having sent Him to Caiaphas at once. But the words here literally are, "Annas sent Him [not 'had sent Him'] to Caiaphas"--and the "now" being of doubtful authority. Thus read, the verse affords no evidence that He was sent to Caiaphas before the interview just recorded, but implies rather the contrary. We take this interview, then, with some of the ablest interpreters, to be a preliminary and non-official one with Annas, at an hour of the night when Caiaphas' Council could not convene; and one that ought not to be confounded with that solemn one recorded by the other Evangelists, when all were assembled and witnesses called. But the building in which both met with Jesus appears to have been the same, the room only being different, and the court, of course, in that case, one. (Also see on Mr 14:54.)
Jan 18:28
28. Then led they Jesus from Caiaphas to the hall of judgment--but not till "in the morning the chief priests held a consultation with the elders and scribes and the whole council against Him to put Him to death, and bound Him" (Mt 27:1; and see on Mr 15:1). The word here rendered "hall of judgment" is from the Latin, and denotes "the palace of the governor of a Roman province."
they themselves went not into the judgment hall lest they should be defiled--by contact with ceremonially unclean Gentiles.
but that they might eat the passover--If this refer to the principal part of the festival, the eating of the lamb, the question is, how our Lord and His disciples came to eat it the night before; and, as it was an evening meal, how ceremonial defilement contracted in the morning would unfit them for partaking of it, as after six o'clock it was reckoned a new day. These are questions which have occasioned immense research and learned treatises. But as the usages of the Jews appear to have somewhat varied at different times, and our present knowledge of them is not sufficient to clear up all difficulties, they are among the not very important questions which probably will never be entirely solved.
Jan 18:29-32
29-32. Pilate went out to them, and said, What accusation bring ye against this man?--State your charge.
Jan 18:33-38
33-38. Pilate ... called Jesus, and said ... Art thou the King of the Jews?--In Lu 23:2 they charge our Lord before Pilate with "perverting the nation, and forbidding to give tribute to Cæsar, saying that He Himself is Christ a king." Perhaps this was what occasioned Pilate's question.
Jan 18:39
39. But ye have a custom that I should release one unto you at the passover, &c.--See on Mr 15:7-11. "On the typical import of the choice of Christ to suffer, by which Barabbas was set free, see the sixteenth chapter of Leviticus, particularly Le 16:5-10, where the subject is the sin offering on the great day of atonement" [Krafft in Luthardt].
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
