Jan 17
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Apre Jezi fin pale konsa, li leve je l' anlè nan syèl la, li di: O Papa, lè a rive. Fè yo wè bèl pouvwa Pitit la, pou Pitit la ka fè yo wè bèl pouvwa ou la tou. 2 Ou te ba l' otorite sou tout moun pou l' te kapab bay tout moun ou ba li yo lavi ki p'ap janm fini an. 3 Lavi ki p'ap janm fini an, se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye tout bon an, ansanm ak moun ou voye a: Jezikri. 4 Mwen te fè yo wè bèl pouvwa ou sou tè sa a. Mwen fè tou sa ou te ban m' fè. 5 Koulye a, Papa, ban mwen bèl pouvwa devan je ou, menm pouvwa mwen te genyen lè m' te avè ou la depi anvan ou te kreye tout bagay. 6 Moun ou te mete apa nan lemonn pou mwen yo, mwen fè yo konnen ki moun ou ye. Se pou ou yo te ye. Se ou menm ki te ban mwen yo. Epi yo kenbe pawòl ou. 7 Koulye a, yo konnen tou sa ou ban mwen se nan men ou yo soti. 8 Paske mwen ba yo pawòl ou te ban mwen an. Yo resevwa li. Yo rekonèt mwen soti tout bon bò kote ou, yo kwè se ou ki voye m' vre. 9 M'ap lapriyè pou yo. Mwen p'ap lapriyè pou moun lemonn yo, men pou moun ou ban mwen yo, paske se pou ou yo ye. 10 Tou sa m' genyen se pou ou, tou sa ou genyen se pou mwen. Pouvwa mwen parèt aklè nan yo. 11 Mwen pa nan lemonn lan ankò. Men yo menm, yo nan lemonn lan toujou. Mwen menm, m'ap vin jwenn ou. Papa, ou menm ki apa, pwoteje yo pa pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an, pou yo ka fè yon sèl menm jan ou fè yon sèl avèk mwen. 12 Pandan m' te la avèk yo, mwen te pwoteje yo ak pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an. Mwen te pwoteje yo: yo yonn pa t' pèdi, esepte nonm ki pou te pèdi a, pou sa ki te ekri nan Liv la rive vre. 13 Koulye a, m'ap vin jwenn ou. M'ap pale konsa pandan m' sou latè a, pou jan kè m' kontan an se konsa pou kè yo ka kontan tou nèt ale. 14 Mwen te ba yo pawòl ou; lemonn rayi yo paske yo menm yo pa moun lemonn, menm jan mwen menm mwen pa moun lemonn. 15 Mwen pa mande ou pou wete yo nan lemonn lan, men pou ou pwoteje yo anba Satan. 16 Yo pa moun lemonn, menm jan mwen pa moun lemonn. 17 Fè yo viv pou ou nèt gremesi verite a. Pawòl ou se verite a. 18 Mwen voye yo nan lemonn lan menm jan ou te voye m' nan lemonn lan. 19 Se pou yo m'ap viv jan ou vle l' la, pou yo menm tou yo ka viv jan ou vle l' la, gremesi verite a. 20 Se pa pou yo sèlman m'ap lapriyè, men pou tout moun ki va mete konfyans yo nan mwen lè y'a tande mesaj la. 21 M'ap lapriyè pou yo tout fè yon sèl. Papa, se pou yo tout fè yonn ansanm ak nou, menm jan ou menm ou nan mwen, mwen menm mwen nan ou. Se pou yo tout fè yon sèl pou moun ki nan lemonn yo ka kwè se ou ki te voye mwen. 22 Mwen te ba yo menm pouvwa ou te ban mwen an, pou yo tout te ka fè yonn menm jan ou fè yon sèl avè m' tou: 23 mwen nan yo, ou nan mwen, pou yo tout fè yon sèl nèt ale, pou moun ki nan lemonn yo ka rive rekonèt se ou ki te voye m', pou yo ka rive konnen ou renmen yo menm jan ou renmen m' lan. 24 Papa, se ou ki te ban mwen yo. Mwen ta vle pou yo toujou avè m' kote m' prale a, pou yo ka wè pouvwa mwen, pouvwa ou te ban mwen an, paske ou te renmen m' depi lontan anvan ou te kreye tout bagay. 25 O Papa, ou menm ki fè tout bagay byen, moun ki nan lemonn yo pa konnen ou. Men mwen menm, mwen konnen ou. Moun sa yo konnen se ou ki te voye mwen. 26 Mwen te fè yo konnen ki moun ou ye. M'ap kontinye fè sa toujou, pou kalite renmen ou gen pou mwen an ka nan yo, pou mwen menm mwen ka nan yo tou.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jan 17:1-3
Joh 17:1-26. The Intercessory Prayer.
(See on Joh 14:1). Had this prayer not been recorded, what reverential reader would not have exclaimed, Oh, to have been within hearing of such a prayer as that must have been, which wound up the whole of His past ministry and formed the point of transition to the dark scenes which immediately followed! But here it is, and with such signature of the Lips that uttered it that we seem rather to hear it from Himself than read it from the pen of His faithful reporter.
1-3. These words spake Jesus, and lifted up his eyes--"John very seldom depicts the gestures or looks of our Lord, as here. But this was an occasion of which the impression was indelible, and the upward look could not be passed over" [Alford].
Father, the hour is come--(See on Joh 13:31, 32).
glorify thy Son--Put honor upon Thy Son, by countenancing, sustaining, and carrying Him through that "hour."
Jan 17:4-5
4-5. I have glorified thee on the earth--rather, "I glorified" (for the thing is conceived as now past).
I have finished--I finished.
the work which thou gavest me to do--It is very important to preserve in the translation the past tense, used in the original, otherwise it might be thought that the work already "finished" was only what He had done before uttering that prayer; whereas it will be observed that our Lord speaks throughout as already beyond this present scene (Joh 17:12, &c.), and so must be supposed to include in His "finished work" the "decease which He was to accomplish at Jerusalem."
Jan 17:6-8
6-8. From praying for Himself He now comes to pray for His disciples.
I have manifested--I manifested.
thy name--His whole character towards mankind.
to the men thou gavest me out of the world--(See on Joh 6:37-40).
Jan 17:9-14
9-14. I pray for them--not as individuals merely, but as representatives of all such in every succeeding age (see on Joh 17:20).
not for the world--for they had been given Him "out of the world" (Joh 17:6), and had been already transformed into the very opposite of it. The things sought for them, indeed, are applicable only to such.
Jan 17:15-19
15-19. I pray not that thou shouldest take them out of the world--for that, though it would secure their own safety, would leave the world unblessed by their testimony.
but ... keep them from the evil--all evil in and of the world.
Jan 17:20-23
20-23. Neither pray I for these alone--This very important explanation, uttered in condescension to the hearers and readers of this prayer in all time, is meant not merely of what follows, but of the whole prayer.
them also which shall believe--The majority of the best manuscripts read "which believe," all future time being viewed as present, while the present is viewed as past and gone.
Jan 17:24-26
24-26. Father, I will--The majesty of this style of speaking is quite transparent. No petty criticism will be allowed to fritter it away in any but superficial or perverted readers.
be with me where I am--(See on Joh 14:3).
that they may behold my glory which thou hast given me--(See on Joh 17:5). Christ regards it as glory enough for us to be admitted to see and gaze for ever upon His glory! This is "the beatific vision"; but it shall be no mere vision, for "we shall be like Him, because we shall see Him as He is" (1Jo 3:2).
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
