Jan 12
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Sis jou anvan fèt Delivrans jwif yo, Jezi tounen Betani kote Laza te rete a. Laza se nonm li te fè leve soti vivan nan lanmò a. 2 Antan l' te la, yo ofri l' manje. Se Mat ki t'ap sèvi manje a. Laza menm te pami moun ki te chita bò tab la avèk Jezi. 3 Lè sa a, Mari pran yon boutèy demi lit plen yon odè ki fèt ak yon fèy yo rele na. Odè sa a te vann byen chè. Li vide tout odè a sou pye Jezi. Apre sa, li siye yo ak cheve li. Tout kay la te plen sant odè a. 4 Yonn nan disip Jezi yo, sa ki tapral trayi l' la, Jida Iskariòt, di konsa: 5 Poukisa yo pa t' vann odè sa a pou twasan (300) goud? Yo ta bay pòv lajan sa a. 6 Li pa t' di sa paske li te vle fè kichòy vre pou pòv yo, men paske se vòlè li te ye. Se li ki te kenbe kès lajan an, li te konn pran nan sa yo te mete ladan li. 7 Men, Jezi di li: Kite l' an repo! Kite l' konsève odè sa a pou jou y'a mete kò m' nan kavo a. 8 Kanta pòv yo, n'a toujou genyen yo avè nou. Men mwen menm, nou p'ap genyen m' tout tan. 9 Yon gwo foul moun vin konnen Jezi te Betani. Y' ale Betani, pa sèlman poutèt Jezi, mentou pou wè Laza Jezi te fè leve soti vivan nan lanmò a. 10 Lè sa a, chèf prèt yo pran desizyon pou yo touye Laza tou, 11 paske, poutèt li, anpil jwif t'ap vire do ba yo, yo t'ap kwè nan Jezi. 12 Nan denmen, tout foul moun ki te vini pou fèt Delivrans jwif yo te vin konnen Jezi t'ap rive lavil Jerizalèm. 13 Lè sa a, yo koupe fèy palmis, yo soti al kontre li. Yo t'ap plede rele: Lwanj pou Bondye. benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la! Wi, benediksyon pou Wa pèp Izrayèl la. 14 Jezi te jwenn yon ti bourik. Li moute chita sou li, jan sa te ekri nan Liv la: 15 Nou pa bezwen pè, nou menm ki nan lavil Siyon an. Gade, men wa nou an ap vini: Li moute yon jenn ti bourik. 16 Disip yo pa t' konprann bagay sa yo lamenm. Men, se jouk apre, lè Jezi te fin moute nan syèl la, yo vin chonje tout bagay sa yo te ekri davans nan Liv la, epi se sa menm ki te rive lè moun yo te fè sa pou li. 17 Te gen anpil moun ki te la avèk Jezi lè l' te rele Laza pou l' te fè l' soti nan kavo a, lè l' te fè l' leve soti vivan nan lanmò a. Yo tout t'ap rakonte sa yo te wè. 18 Se konsa, foul moun yo te vin konnen li te fè mirak sa a. Se poutèt sa yo te vin kontre li. 19 Farizyen yo menm, yonn t'ap di lòt: Nou wè. Nou pa ka fè anyen pou anpeche sa. Gade jan tout moun ap swiv li! 20 Te gen kèk moun peyi Lagrès nan moun ki te vin Jerizalèm pou adore pandan fèt la. 21 Y' al jwenn Filip (ki te moun Betsayda nan peyi Galile), yo di l' konsa: Msye, nou ta renmen wè Jezi. 22 Filip al di Andre sa. Epi yo tou de al di Jezi sa. 23 Jezi reponn yo: Koulye a, lè a rive pou Moun Bondye voye nan lachè a resevwa lwanj ki pou li a. 24 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon grenn mayi ap rete pou kont li toutotan li pa tonbe atè pou l' mouri. Men tou, si l' mouri, l'ap bay anpil grenn. 25 Moun ki renmen lavi l' ap pèdi li. Men moun ki rayi lavi li pandan l' sou latè a, l'ap konsève l' pou lavi ki p'ap janm fini an. 26 Si yon moun ap sèvi m', se pou l' swiv mwen tou. Konsa, tout kote m'a ye, sèvitè mwen va la tou. Papa m' va leve tèt tout moun k'ap sèvi mwen. 27 Men koulye a, kè m' boulvèse. Mwen pa konn sa pou m' di. Mwen ta di: Papa, delivre m' anba sa ki pral rive koulye a. Men, se pou sa menm mwen vini, pou m' pase tan soufrans sa a. 28 Papa o, fè wè pouvwa ou non! Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: Mwen fè wè pouvwa non mwen deja. M'ap fè wè l' ankò. 29 Foul moun ki te la yo tande vwa a. Yo t'ap di: Se yon kout loraj! Gen lòt ki t'ap di: Se yon zanj Bondye ki pale avèk li. 30 Men, Jezi di yo: Se pa pou mwen non vwa a pale, se pou nou menm pou nou ka tande. 31 Koulye a, lè a rive pou yo jije moun ki sou tè sa a. Koulye a, yo pral mete chèf k'ap dominen lemonn lan deyò. 32 Men mwen menm, lè y'a leve m' anlè sou tè a, mwen gen pou m' rale tout moun vin jwenn mwen. 33 (Lè l' di sa, li t'ap moutre yo ki jan li tapral mouri.) 34 Foul moun yo reponn li: Nan Liv lalwa nou an, nou wè Kris la gen pou l' viv pou tout tan. Ki jan ou ka di se pou yo leve Moun Bondye voye nan lachè a anlè? Kilès ki Moun Bondye voye nan lachè a? 35 Jezi reponn yo: Nou gen limyè a la avè nou, men pa pou lontan. Mache pandan nou gen limyè a pou fènwa pa bare nou. Moun k'ap mache nan fènwa pa konnen kote l' prale. 36 Mete konfyans nou nan limyè a pandan nou genyen l' lan, pou nou kapab moun limyè a. Apre li fin di yo pawòl sa yo, Jezi wete kò l', li al kache byen lwen. 37 Atout li te fè tout mirak sa yo devan yo, yo pa t' kwè nan li. 38 Se konsa, pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre: Bondye, kilès ki te kwè mesaj nou te bay la? Ki moun ki te rekonet travay Bondye a nan sa ki rive a? 39 Non. Yo pa t' kapab kwè, paske men sa Ezayi te di ankò: 40 Bondye bouche tou de je yo. li fèmen lespri yo, pou yo pa wè nan je yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' ta geri yo. 41 Ezayi te di sa paske li te wè pouvwa Jezi, epi li pale sou li. 42 Malgre sa, menm pami chèf jwif yo, anpil moun te kwè nan Jezi. Men, akòz farizyen yo, yo pa t' kite moun wè sa pou yo pa t' mete yo deyò nan sinagòg la. 43 Yo te pito lwanj ki soti nan men lèzòm pase lwanj ki soti nan men Bondye. 44 Jezi pale byen fò, li di: Moun ki kwè nan mwen, se pa nan mwen sèlman li kwè, men li kwè nan moun ki voye m' lan tou. 45 Moun ki wè m', li wè moun ki voye m' lan tou. 46 Mwen menm, mwen se limyè sou latè. Tout moun ki kwè nan mwen p'ap rete nan fènwa. 47 Lè yon moun tande pawòl mwen yo, si l' pa kenbe yo, se pa mwen k'ap kondannen li. Paske, mwen vin pou delivre moun, mwen pa vin pou kondannen yo. 48 Men, moun ki refize kwè nan mwen, ki pa asepte pawòl mwen yo, li jwenn ak sa k'ap kondannen l' lan: Pawòl mwen te di yo, se yo menm k'ap kondannen l' lè dènye jou a va rive. 49 Se pa pawòl pa m' m'ap pale la a. Men, Papa ki voye m' lan, se li menm ki ban m' lòd sa pou m' di ak sa pou m' pale. 50 Mwen menm, mwen konnen tout kòmandman l' yo bay lavi ki p'ap janm fini an. Se sak fè sa m'ap di a, m'ap di l' jan Papa m' te ban m' lòd la.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jan 12:1-8
Joh 12:1-11. The Anointing at Bethany.
(See on Mt 26:6-13).
1-8. six days before the passover--that is, on the sixth day before it; probably after sunset on Friday evening, or the commencement of the Jewish sabbath preceding the passover.
Jan 12:9-11
9-11. Crowds of the Jerusalem Jews hastened to Bethany, not so much to see Jesus, whom they knew to be there, as to see dead Lazarus alive; and this, issuing in their accession to Christ, led to a plot against the life of Lazarus also, as the only means of arresting the triumphs of Jesus (see Joh 12:19)--to such a pitch had these chief priests come of diabolical determination to shut out the light from themselves, and quench it from the earth!
Joh 12:12-19. Christ's Triumphal Entry into Jerusalem.
(See on Mt 21:1-9; and Lu 19:29-36).
Jan 12:12
12. On the next day--the Lord's day, or Sunday (see on Joh 12:1); the tenth day of the Jewish month Nisan, on which the paschal lamb was set apart to be "kept up until the fourteenth day of the same month, when the whole assembly of the congregation of Israel were to kill it in the evening" (Ex 12:3, 6). Even so, from the day of this solemn entry into Jerusalem, "Christ our Passover" was virtually set apart to be "sacrificed for us" (1Co 5:7).
Jan 12:16
16. when Jesus was glorified, then remembered they that these things were written of him, &c.--The Spirit, descending on them from the glorified Saviour at Pentecost, opened their eyes suddenly to the true sense of the Old Testament, brought vividly to their recollection this and other Messianic predictions, and to their unspeakable astonishment showed them that they, and all the actors in these scenes, had been unconsciously fulfilling those predictions.
Jan 12:20-22
Joh 12:20-36. Some Greeks Desire to See Jesus--The Discourse and Scene Thereupon.
20-22. Greeks--Not Grecian Jews, but Greek proselytes to the Jewish faith, who were wont to attend the annual festivals, particularly this primary one, the Passover.
The same came therefore to Philip ... of Bethsaida--possibly as being from the same quarter.
saying, Sir, we would see Jesus--certainly in a far better sense than Zaccheus (Lu 19:3). Perhaps He was then in that part of the temple court to which Gentile proselytes had no access. "These men from the west represent, at the end of Christ's life, what the wise men from the east represented at its beginning; but those come to the cross of the King, even as these to His manger" [Stier].
Jan 12:23-26
23-26. Jesus answered them, The hour is come that the Son of man should be glorified--that is, They would see Jesus, would they? Yet a little moment, and they shall see Him so as now they dream not of. The middle wall of partition that keeps them out from the commonwealth of Israel is on the eve of breaking down, "and I, if I be lifted up from the earth, shall draw all men unto Me"; I see them "flying as a cloud, and as doves to their cotes"--a glorious event that will be for the Son of man, by which this is to be brought about. It is His death He thus sublimely and delicately alluded to. Lost in the scenes of triumph which this desire of the Greeks to see Him called up before His view, He gives no direct answer to their petition for an interview, but sees the cross which was to bring them gilded with glory.
Jan 12:27-28
27-28. Now is my soul troubled--He means at the prospect of His death, just alluded to. Strange view of the Cross this, immediately after representing it as the hour of His glory! (Joh 12:23). But the two views naturally meet, and blend into one. It was the Greeks, one might say, that troubled Him. Ah! they shall see Jesus, but to Him it shall be a costly sight.
and what shall I say?--He is in a strait betwixt two. The death of the cross was, and could not but be, appalling to His spirit. But to shrink from absolute subjection to the Father, was worse still. In asking Himself, "What shall I say?" He seems as if thinking aloud, feeling His way between two dread alternatives, looking both of them sternly in the face, measuring, weighing them, in order that the choice actually made might be seen, and even by himself the more vividly felt, to be a profound, deliberate, spontaneous election.
Father, save me from this hour--To take this as a question--"Shall I say, Father, save me," &c.--as some eminent editors and interpreters do, is unnatural and jejune. It is a real petition, like that in Gethsemane, "Let this cup pass from Me"; only whereas there He prefaces the prayer with an "If it be possible," here He follows it up with what is tantamount to that--"Nevertheless for this cause came I unto this hour." The sentiment conveyed, then, by the prayer, in both cases, is twofold: (1) that only one thing could reconcile Him to the death of the cross--its being His Father's will He should endure it--and (2) that in this view of it He yielded Himself freely to it. What He recoils from is not subjection to His Father's will: but to show how tremendous a self-sacrifice that obedience involved, He first asks the Father to save Him from it, and then signifies how perfectly He knows that He is there for the very purpose of enduring it. Only by letting these mysterious words speak their full meaning do they become intelligible and consistent. As for those who see no bitter elements in the death of Christ--nothing beyond mere dying--what can they make of such a scene? and when they place it over against the feelings with which thousands of His adoring followers have welcomed death for His sake, how can they hold Him up to the admiration of men?
Jan 12:29-33
29-33. The people therefore that stood by, said, It thundered; others, An angel spake to him--some hearing only a sound, others an articulate, but to them unintelligible voice.
Jan 12:34
34. We have heard out of the law--the scriptures of the Old Testament (referring to such places as Psa 89:28, 29; 110:4; Da 2:44; 7:13, 14).
that Christ--the Christ "endureth for ever."
and how sayest thou, The Son of Man must be lifted up, &c.--How can that consist with this "uplifting?" They saw very well both that He was holding Himself up as the Christ and a Christ to die a violent death; and as that ran counter to all their ideas of the Messianic prophecies, they were glad to get this seeming advantage to justify their unyielding attitude.
Jan 12:35-36
35-36. Yet a little while is the light with you. Walk while ye have the light, &c.--Instead of answering their question, He warns them, with mingled majesty and tenderness, against trifling with their last brief opportunity, and entreats them to let in the Light while they have it in the midst of them, that they themselves might be "light in the Lord." In this case, all the clouds which hung around His Person and Mission would speedily be dispelled, while if they continued to hate the light, bootless were all His answers to their merely speculative or captious questions. (See on Lu 13:23).
Jan 12:37-41
37-41. It is the manner of this Evangelist alone to record his own reflections on the scenes he describes; but here, having arrived at what was virtually the close of our Lord's public ministry, he casts an affecting glance over the fruitlessness of His whole ministry on the bulk of the now doomed people.
though he had done so many miracles--The word used suggests their nature as well as number.
Jan 12:42-43
Jan 12:44-50
44-50. Jesus cried--in a loud tone, and with peculiar solemnity. (Compare Joh 7:37).
and said, He that believeth on me, &c.--This seems to be a supplementary record of some weighty proclamations, for which there had been found no natural place before, and introduced here as a sort of summary and winding up of His whole testimony.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
