Jan 11
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Te gen yon nonm yo te rele Laza ki tonbe malad. Li te rete Betani, yon ti bouk kote Mari t'ap viv ansanm ak Mat, sè l' la. 2 (Mari sa a, se te fanm ki te vide odè sou pye Seyè a, epi ki te siye yo ak cheve li. Laza, nonm ki te malad la, se te frè li.) 3 De sè yo voye yon moun bò kot Jezi pou di li: Seyè, zanmi ou lan malad. 4 Lè Jezi tande nouvèl la, li di: Maladi Laza a p'ap touye li. Tou sa rive pou fè moun wè pouvwa Bondye. Se ak maladi sa a Bondye pral fè wè pouvwa Pitit li a. 5 Jezi te renmen Mat, Mari, sè l' la, ansanm ak Laza. 6 Apre li fin pran nouvèl maladi Laza a, li rete de jou ankò kote l' te ye a. 7 Apre sa, li di disip li yo: Ann tounen nan Jide. 8 Disip li yo reponn li: Mèt, pa gen lontan jwif yo t'ap chache touye ou ak kout wòch, epi koulye a ou vle tounen laba a ankò? 9 Jezi di yo: Gen douzè de tan nan yon jounen, pa vre? Si yon moun ap mache lajounen, li p'ap bite, paske li wè limyè k'ap klere tè a. 10 Men, si yon moun ap mache lannwit, l'ap kase pye l', paske li pa gen limyè nan li. 11 Lè Jezi fin di yo sa, li di ankò: Laza, zanmi nou an, ap dòmi. Mwen pral leve li. 12 Disip yo reponn li: Mèt, si l'ap dòmi, li pral geri. 13 Jezi te vle di yo Laza te mouri, men disip yo te konprann se dòmi Laza t'ap dòmi tankou tout moun konn fè. 14 Lè sa a, Jezi di yo klè: Laza mouri. 15 Poutèt nou, mwen byen kontan mwen pa t' la. Konsa n'a kwè. Ann al jwenn li. 16 Lè sa a, Toma (yo te rele Jimo a) di lòt disip yo: Ann ale tou ansanm ak Mèt la pou n' ka mouri ansanm avè li. 17 Lè Jezi rive, li jwenn Laza te gen tan antere depi kat jou. 18 Betani te yon ti bouk toupre lavil Jerizalèm, twa kilomèt konsa, pa plis. 19 Anpil jwif te vin lakay Mat ak Mari pou konsole yo ak lanmò frè yo a. 20 Lè Mat vin konnen Jezi t'ap vini, li pati, li al kontre li. Men, Mari te rete chita nan kay la. 21 Mat di Jezi konsa: Mèt, si ou te la, frè m' lan pa ta mouri non. 22 Men, mwen konn sa: menm koulye a, Bondye va ba ou nenpòt kisa ou mande li. 23 Jezi di li: Frè ou la va leve vivan ankò. 24 Mat reponn li: Wi, mwen konn sa. Li gen pou l' leve vivan ankò nan dènye jou a, lè tout moun mouri yo va leve. 25 Jezi di li: Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri. 26 Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa? 27 Mat reponn li: Wi, Seyè, mwen kwè ou se Kris la, Pitit Bondye. Ou se moun ki te gen pou vini sou latè a. 28 Lè Mat fin di sa, l' al rele Mari, sè l' la, li di l' nan zòrèy: Mèt la la wi. Li mande pou ou vin jwenn li. 29 Tande Mari tande sa, li leve, li kouri al jwenn Jezi. 30 (Jezi pa t' ankò antre nan bouk la. Li te rete kote Mat te kontre l' la.) 31 Jwif yo ki te nan kay la avèk Mari pou konsole l', lè yo wè l' leve soti, yo swiv li. Yo te konprann li tapral kriye bò kavo a. 32 Lè Mari rive kote Jezi te ye a, wè li wè l', li lage kò l' atè nan pye l', li di l' konsa: Seyè, si ou te la, frè m' lan pa ta mouri. 33 Jezi wè jan li t'ap kriye ansanm ak jwif yo ki te vin avè l' yo, sa te fè l' mal anpil, kè l' t'ap fann. 34 Li mande yo: Ki bò nou antere li? Yo reponn li: Seyè, vin wè non. 35 Jezi kriye. 36 Lè sa a, jwif yo di: Gade jan li te renmen l' non! 37 Men, te gen kèk nan yo ki t'ap di: Li menm ki louvri je avèg yo, li pa t' kapab anpeche Laza mouri? 38 Sa te fè Jezi pi mal ankò. li al bò kavo a. Se te yon gwòt avèk yon wòch yo te mete devan bouch li. 39 Jezi di yo: Wete wòch la. Mat, sè mò a, di l' konsa: Seyè, li dwe kòmanse santi deja, sa fè kat jou depi l' nan kavo a. 40 Jezi reponn li: Mwen pa deja di ou: Si ou kwè, wa wè pouvwa Bondye? 41 Se konsa, yo wete wòch la. Jezi leve je l' anlè nan syèl la, li di: Mèsi, Papa, dèske ou te tande mwen. 42 Mwen menm, mwen konnen ou toujou tande m', men se poutèt moun sa yo ki bò kote m' lan m'ap di ou sa, pou yo sa kwè se ou menm ki voye mwen. 43 Lè l' fin di pawòl sa yo, li rele byen fò: Laza, soti deyò! 44 Mò a soti, de pye l' ak de men l' yo tou mare ak bann twal, figi l' tou vlope nan yon moso twal. Jezi di yo: Demare l' non, kite l' ale. 45 Nan jwif ki te vin kay Mari yo epi ki te wè sa Jezi te fè a, anpil te kwè nan li. 46 Men, gen ladan yo ki al jwenn farizyen yo. Yo rakonte yo sa Jezi te fè. 47 Farizyen yo menm ansanm ak chèf prèt yo reyini Gran Konsèy la. Yo mande: Kisa n'ap fè? Nonm sa a ap fè anpil mirak. 48 Si nou pa fè l' sispann, tout moun pral kwè nan li. Talè konsa, otorite women yo va antre nan koze a, y'a detwi ni tanp nou an ni peyi nou an. 49 Te gen yonn ladan yo ki te rele Kayif. Se li menm ki te granprèt pou lanne a. Li di yo: Gen lè nou pa konprann anyen! 50 Nou pa wè li pi bon pou nou si yon sèl moun mouri pou pèp la. Konsa tout peyi a va sove. 51 (Kayif pa te di sa konsa non. Men, li te granprèt pou lanne a, konsa li t'ap fè konnen davans ki jan Jezi te dwe mouri pou tout jwif ki nan peyi a. 52 Epi, pa sèlman pou jwif yo, men tou pou l' te sanble tout pitit Bondye ki gaye yo nan yon sèl kò.) 53 Se depi jou sa a otorite jwif yo pran desizyon pou yo touye Jezi. 54 Se poutèt sa tou Jezi te sispann fè ale vini nan mitan jwif yo an piblik. Li mete kò l' yon kote toupre dezè a, nan yon vil yo rele Efrayim. Se la li te rete ak disip li yo. 55 Fèt Delivrans jwif yo te prèt pou rive. Anpil moun soti toupatou nan peyi a, yo moute Jerizalèm anvan fèt la pou yo te ka fè sèvis pou mete yo nan kondisyon pou yo sèvi Bondye. 56 Yo t'ap chache Jezi. Antan yo tout te nan tanp lan, yonn t'ap mande lòt: Sa nou di? Ou kwè l'ap vin nan fèt la? 57 Chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo te bay lòd sa a: Si yon moun te konnen kote Jezi te ye, se pou l' fè yo konnen pou yo ka arete li.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jan 11:1
Joh 11:1-46. Lazarus Raised from the Dead--The Consequences of This.
1. of Bethany--at the east side of Mount Olivet.
the town of Mary and her sister Martha--thus distinguishing it from the other Bethany, "beyond Jordan." (See on Joh 1:28; Joh 10:40).
Jan 11:2
2. It was that Mary who anointed the Lord with ointment, &c.--This, though not recorded by our Evangelist till Joh 12:3, was so well known in the teaching of all the churches, according to our Lord's prediction (Mt 26:13), that it is here alluded to by anticipation, as the most natural way of identifying her; and she is first named, though the younger, as the more distinguished of the two. She "anointed THE Lord," says the Evangelist--led doubtless to the use of this term here, as he was about to exhibit Him illustriously as the Lord of Life.
Jan 11:3-5
3-5. his sisters sent unto him, saying, Lord, he whom thou lovest is sick--a most womanly appeal, yet how reverential, to the known affection of her Lord for the patient. (See Joh 11:5, 11). "Those whom Christ loves are no more exempt than others from their share of earthly trouble and anguish: rather are they bound over to it more surely" [Trench].
Jan 11:6
6. When he heard he was sick, he abode two days still ... where he was--at least twenty-five miles off. Beyond all doubt this was just to let things come to their worst, in order to display His glory. But how trying, meantime, to the faith of his friends, and how unlike the way in which love to a dying friend usually shows itself, on which it is plain that Mary reckoned. But the ways of divine are not as the ways of human love. Often they are the reverse. When His people are sick, in body or spirit; when their case is waxing more and more desperate every day; when all hope of recovery is about to expire--just then and therefore it is that "He abides two days still in the same place where He is." Can they still hope against hope? Often they do not; but "this is their infirmity." For it is His chosen style of acting. We have been well taught it, and should not now have the lesson to learn. From the days of Moses was it given sublimely forth as the character of His grandest interpositions, that "the Lord will judge His people and repent Himself for His servants"--when He seeth that their power is gone (De 32:36).
Jan 11:7-10
7-10. Let us go into Judea again--He was now in Perea, "beyond Jordan."
Jan 11:11-16
11-16. Our friend Lazarus sleepeth; but I go that I may wake him out of sleep--Illustrious title! "Our friend Lazarus." To Abraham only is it accorded in the Old Testament, and not till after his death, (2Ch 20:7; Is 41:8), to which our attention is called in the New Testament (Jas 2:23). When Jesus came in the flesh, His forerunner applied this name, in a certain sense, to himself (Joh 3:29); and into the same fellowship the Lord's chosen disciples are declared to have come (Joh 15:13-15). "The phrase here employed, "our friend Lazarus," means more than "he whom Thou lovest" in Joh 11:3, for it implies that Christ's affection was reciprocated by Lazarus" [Lampe]. Our Lord had been told only that Lazarus was "sick." But the change which his two days' delay had produced is here tenderly alluded to. Doubtless, His spirit was all the while with His dying, and now dead "friend." The symbol of "sleep" for death is common to all languages, and familiar to us in the Old Testament. In the New Testament, however, a higher meaning is put into it, in relation to believers in Jesus (see on 1Th 4:14), a sense hinted at, and clearly, in Psa 17:15 [Luthardt]; and the "awaking out of sleep" acquires a corresponding sense far transcending bare resuscitation.
Jan 11:17-19
17-19. when Jesus came, he found that he had lain in the grave four days--If he died on the day the tidings came of his illness--and was, according to the Jewish custom, buried the same day (see Jahn's Archæology, and Joh 11:39; Ac 5:5, 6, 10)--and if Jesus, after two days' further stay in Perea, set out on the day following for Bethany, some ten hours' journey, that would make out the four days; the first and last being incomplete [Meyer].
Jan 11:20-22
20-22. Martha, as soon as she heard that Jesus was coming, went and met him--true to the energy and activity of her character, as seen in Lu 10:38-42. (See on Lu 10:38-42).
but Mary sat ... in the house--equally true to her placid character. These undesigned touches not only charmingly illustrate the minute historic fidelity of both narratives, but their inner harmony.
Jan 11:23-27
23-27. Jesus saith unto her, Thy brother shall rise again--purposely expressing Himself in general terms, to draw her out.
Jan 11:28-32
28-32. The Master is come and calleth for thee--The narrative does not give us this interesting detail, but Martha's words do.
Jan 11:33-38
33-38. When Jesus ... saw her weeping, and the Jews ... weeping ... he groaned in the spirit--the tears of Mary and her friends acting sympathetically upon Jesus, and drawing forth His emotions. What a vivid and beautiful outcoming of His "real" humanity! The word here rendered "groaned" does not mean "sighed" or "grieved," but rather "powerfully checked his emotion"--made a visible effort to restrain those tears which were ready to gush from His eyes.
and was troubled--rather, "troubled himself" (Margin); referring probably to this visible difficulty of repressing His emotions.
Jan 11:39-44
39-44. Jesus said, Take ye away the stone--spoken to the attendants of Martha and Mary; for it was a work of no little labor [Grotius]. According to the Talmudists, it was forbidden to open a grave after the stone was placed upon it. Besides other dangers, they were apprehensive of legal impurity by contact with the dead. Hence they avoided coming nearer a grave than four cubits [Maimonides in Lampe]. But He who touched the leper, and the bier of the widow of Nain's son, rises here also above these Judaic memorials of evils, every one of which He had come to roll away. Observe here what our Lord did Himself, and what He made others do. As Elijah himself repaired the altar on Carmel, arranged the wood, cut the victim, and placed the pieces on the fuel, but made the by-standers fill the surrounding trench with water, that no suspicion might arise of fire having been secretly applied to the pile (1Ki 18:30-35); so our Lord would let the most skeptical see that, without laying a hand on the stone that covered His friend, He could recall him to life. But what could be done by human hand He orders to be done, reserving only to Himself what transcended the ability of all creatures.
Martha, the sister of ... the dead--and as such the proper guardian of the precious remains; the relationship being here mentioned to account for her venturing gently to remonstrate against their exposure, in a state of decomposition, to eyes that had loved him so tenderly in life.
Lord, by this time he stinketh, for he hath been dead four days--(See on Joh 11:17). It is wrong to suppose from this (as Lampe and others do) that, like the by-standers, she had not thought of his restoration to life. But the glimmerings of hope which she cherished from the first (Joh 11:22), and which had been brightened by what Jesus said to her (Joh 11:23-27), had suffered a momentary eclipse on the proposal to expose the now sightless corpse. To such fluctuations all real faith is subject in dark hours. (See, for example, the case of Job).
Jan 11:45-46
45-46. many ... which ... had seen ... believed ... But some ... went ... to the Pharisees and told them what Jesus had done--the two classes which continually reappear in the Gospel history; nor is there ever any great work of God which does not produce both. "It is remarkable that on each of the three occasions on which our Lord raised the dead, a large number of persons was assembled. In two instances, the resurrection of the widow's son and of Lazarus, these were all witnesses of the miracle; in the third (of Jairus' daughter) they were necessarily cognizant of it. Yet this important circumstance is in each case only incidentally noticed by the historians, not put forward or appealed to as a proof of their veracity. In regard to this miracle, we observe a greater degree of preparation, both in the provident arrangement of events, and in our Lord's actions and words than in any other. The preceding miracle (cure of the man born blind) is distinguished from all others by the open and formal investigation of its facts. And both these miracles, the most public and best attested of all, are related by John, who wrote long after the other Evangelists" [Webster and Wilkinson].
Jan 11:47-54
47-54. What do we? for this man doeth many miracles--"While we trifle, 'this man,' by His 'many miracles,' will carry all before Him; the popular enthusiasm will bring on a revolution, which will precipitate the Romans upon us, and our all will go down in one common ruin." What a testimony to the reality of our Lord's miracles, and their resistless effect, from His bitterest enemies!
Jan 11:55-57
55-57. passover ... at hand ... many went ... up ... before the passover, to purify themselves--from any legal uncleanness which would have disqualified them from keeping the feast. This is mentioned to introduce the graphic statement which follows.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
