Jeremi 9
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Jan mwen ta renmen wè tèt mwen tounen yon sous dlo, de je m' yo tounen de fontenn k'ap bay dlo, pou m' kriye lajounen kou lannwit, pou moun yo touye nan pèp mwen an! 2 Jan mwen ta renmen jwenn yon ti kote pou m' rete nan mitan dezè a, pou m' manyè kite pèp mwen an, pou m' al byen lwen yo. Yo yonn pa kenbe pawòl yo ak Bondye. Se yon bann trèt yo ye. 3 Yo toujou pare pou bay manti. Se metye yo sa. Se sa ki penmèt yo rive vin chèf nan peyi a. Y'ap fè dezaksyon sou dezaksyon. Yo pa konnen m' ankò. Se Seyè a menm ki di sa. 4 Se pou tout moun veye kò yo ak zanmi yo. Pesonn pa ka fè frè yo konfyans. Paske tout frè vle pase devan pwòp frè yo. Tout moun ap bay zanmi yo kout lang. 5 Yo tout ap woule zanmi yo. Pesonn pa di laverite. Y'ap file lang yo pou bay manti. Y'ap touye tèt yo nan fè mechanste. 6 Y'ap fè britalite sou britalite. Y'ap twonpe moun yonn dèyè lòt. Yo derefize rekonèt mwen. Se Seyè a menm ki di sa. 7 Se poutèt sa, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: -Mwen pral pase yo nan dife pou m' netwaye yo tankou yo fè l' pou lò. Mwen pral sonde yo. Pèp mwen an fè twòp mechanste. Pou jan yo fè mechanste, se sa m' bliye m' p'ap fè yo. 8 Lang yo tankou ponya wouye. Se manti ase ki nan bouch yo. Lè y'ap pale ak zanmi yo, se bèl pawòl ase ki nan bouch yo. Men nan kè yo, se pèlen y'ap pare pou yo. 9 Atò pou m' pa ta pini yo pou tout bagay sa yo? Atò pou m' pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se Seyè a menm ki di sa. 10 Mwen di: -Mwen pral kriye, mwen pral plenn pou mòn yo, mwen pral plenn sò patiraj bèt yo. Paske yo fin boule. Pesonn pa pase la ankò. Ou pa tande bri yon bèt ladan yo. Depi zwezo k'ap vole nan syèl la jouk bèt nan bwa, tout met deyò, y' ale. 11 M'ap fè lavil Jerizalèm tounen yon pil mazi kote chat mawon rete. M'ap fè tout lavil peyi Jida yo tounen dezè san pesonn ladan yo. 12 Mwen mande ki moun gen lespri ase pou konprann sa k'ap rive la a? Ki moun Seyè a te esplike bagay sa yo? Se pou l' fè moun konnen poukisa peyi a fini konsa, poukisa li boule tankou dezè a, poukisa pa gen pesonn ladan l' ankò. 13 Seyè a reponn mwen: -Sa rive konsa paske pèp mwen an pa kenbe tou sa mwen te moutre yo. Yo pa koute m'. Yo pa fè sa m' te di yo fè. 14 Yo fè tèt di pi rèd, yo rete ap sèvi zidòl Baal zansèt yo te fè yo konnen an. 15 Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, m' di: Mwen pral ba yo zèb anmè pou yo manje, mwen pral ba yo dlo anpwazonnen pou yo bwè. 16 Mwen pral gaye yo nan mitan yon bann nasyon ni yo menm ni zansèt yo pa t' janm konnen. Mwen pral voye lènmi fè yo lagè jouk mwen fin touye yo nèt. 17 Men sa Seyè a di ankò: -Kalkile sou sa ki gen pou rive a! Rele medam yo pou yo vin kenbe rèl la pou nou! Voye chache sa ki konn rele yo! Fè yo vini! 18 Pèp la di: Di yo fè vit vin plenn sò nou! Annou kriye, annou fè je nou kouri dlo! 19 Tande rèl moun yo sou mòn Siyon an. -Woy! Woy! Gade jan nou fini! Ala wont nou wont! Se pou nou kite peyi nou an! Yo kraze tout kay nou yo. 20 Mwen di: -Nou menm medam, koute sa Seyè a ap di. Louvri zòrèy nou pou nou tande pawòl k'ap soti nan bouch li. Moutre pitit fi nou yo jan pou yo plenn. Y'a moutre zanmi fi yo jan pou yo rele. 21 Lanmò ap pase nan fennèt yo. L'ap antre nan gwo bèl kay nou yo. Li pase men l' pran timoun nan lari, ak jenn gason sou plas mache yo. 22 Seyè a di: -Kadav yo gaye toupatou, tankou fimye yo simen nan jaden, tankou grap diri moun k'ap ranmase rekòt yo kite atè. Pa gen pesonn pou ranmase yo. 23 Piga moun ki gen lespri yo fè grandizè dèske yo gen bon konprann, ni moun ki vanyan yo dèske yo vanyan, ni moun rich yo dèske yo rich. 24 Men si yon moun vle fè grandizè, l'a fè grandizè dèske li konnen m', dèske li konprann mwen. Paske mwen gen bon kè, Mwen fè sa ki dwat ak sa ki kòrèk sou latè. Se bagay sa yo ki fè m' plezi. Se mwen Seyè a ki di sa. 25 Seyè a di ankò: -Yon jou pral rive kote mwen pral regle moun ki pote mak kontra m' lan sou kò yo, men ki pa konnen m' nan kè yo: 26 moun peyi Lejip yo, moun peyi Jida yo, moun peyi Edon yo, moun peyi Amon yo, moun peyi Moab yo, moun ki koupe cheve yo kout epi ki rete nan dezè a. Yo yonn pa kenbe kontra m' lan. Wi, ni moun peyi sa yo ni moun pèp Izrayèl yo, yo yonn pa kenbe kontra m' lan.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jeremi 9:1
Jeremi 9:2
2. lodging-place--a caravanseral for caravans, or companies travelling in the desert, remote from towns. It was a square building enclosing an open court. Though a lonely and often filthy dwelling, Jeremiah would prefer even it to the comforts of Jerusalem, so as to be removed from the pollutions of the capital (Psa 55:7, 8).
Jeremi 9:3
3. bend ... tongues ... for lies--that is, with lies as their arrows; they direct lies on their tongue as their bow (Psa 64:3, 4).
not valiant for ... truth--(Jr 7:28). Maurer translates, "They do not prevail by truth" or faith (Psa 12:4). Their tongue, not faith, is their weapon.
upon ... earth--rather, "in the land."
know not me--(Ho 4:1).
Jeremi 9:4
Jeremi 9:5
5. weary themselves--are at laborious pains to act perversely [Maurer]. Sin is a hard bondage (Ha 2:13).
Jeremi 9:6
Jeremi 9:7
7. melt ... try them--by sending calamities on them.
for how shall I do--"What else can I do for the sake of the daughter of My people?" [Maurer], (Is 1:25; Mal 3:3).
Jeremi 9:8
Jeremi 9:9
Jeremi 9:10
10. Jeremiah breaks in upon Jehovah's threats of wrath with lamentation for his desolated country.
mountains--once cultivated and fruitful: the hillsides were cultivated in terraces between the rocks.
habitations of ... wilderness--rather, "the pleasant herbage (literally, 'the choice parts' of any thing) of the pasture plain." The Hebrew for "wilderness" expresses not a barren desert, but an untilled plain, fit for pasture.
burned up--because no one waters them, the inhabitants being all gone.
none can pass through them--much less inhabit them.
fowl--(Jr 4:25).
Jeremi 9:11
Jeremi 9:12
12. Rather, "Who is a wise man? (that is, Whosoever has inspired wisdom, 2Pe 3:15); let him understand this (weigh well the evils impending, and the causes of their being sent); and he to whom the mouth of the Lord hath spoken (that is, whosoever is prophetically inspired), let him declare it to his fellow countrymen," if haply they may be roused to repentance, the only hope of safety.
Jeremi 9:13
13. Answer to the "for what the land perisheth" (Jr 9:12).
Jeremi 9:14
Jeremi 9:15
Jeremi 9:16
16. nor their fathers have known--alluding to Jr 9:14, "Their fathers taught them" idolatry; therefore the children shall be scattered to a land which neither their fathers nor they have known.
send a sword after them--Not even in flight shall they be safe.
Jeremi 9:17
Jeremi 9:18
18. (Jr 14:17).
Jeremi 9:19
Jeremi 9:20
20. Yet--rather, "Only" [Henderson]. This particle calls attention to what follows.
teach ... daughters wailing--The deaths will be so many that there will be a lack of mourning women to bewail them. The mothers, therefore, must teach their daughters the science to supply the want.
Jeremi 9:21
21. death ... windows--The death-inflicting soldiery, finding the doors closed, burst in by the windows.
to cut off ... children from ... streets--Death cannot be said to enter the windows to cut off the children in the streets, but to cut them off, so as no more to play in the streets without (Zec 8:5).
Jeremi 9:22
22. saith the Lord--continuing the thread of discourse from Jr 9:20.
dung--(Jr 8:2).
handful ... none ... gather them--implying that the handful has been so trodden as to be not worth even the poor gleaner's effort to gather it. Or the Eastern custom may be referred to: the reaper cuts the grain and is followed by another who gathers it. This grain shall not be worth gathering. How galling to the pride of the Jews to hear that so shall their carcasses be trodden contemptuously under foot!
Jeremi 9:23
23. wisdom--political sagacity; as if it could rescue from the impending calamities.
might--military prowess.
Jeremi 9:24
24. Nothing but an experimental knowledge of God will save the nation.
understandeth--theoretically; in the intellect.
knoweth--practically: so as to walk in My ways (Jr 22:16; Job 22:21; 1Co 1:31).
loving kindness--God's mercy is put in the first and highest place, because without it we should flee from God in fear and despair.
judgment ... righteousness--loving-kindness towards the godly; judgment towards the ungodly; righteousness the most perfect fairness in all cases [Grotius]. Faithfulness to His promises to preserve the godly, as well as stern execution of judgment on the ungodly, is included in "righteousness."
in the earth--contrary to the dogma of some philosophers, that God does not interfere in terrestrial concerns (Psa 58:11).
in these ... I delight--as well in doing them as in seeing them done by others (Mi 6:8; 7:18).
Jeremi 9:25
25. with the uncircumcised--rather, "all that are circumcised in uncircumcision" [Henderson]. The Hebrew is an abstract term, not a concrete, as English Version translates, and as the pious "circumcised" is. The nations specified, Egypt, Judah, &c., were outwardly "circumcised," but in heart were "uncircumcised." The heathen nations were defiled, in spite of their literal circumcision, by idolatry. The Jews, with all their glorying in their spiritual privileges, were no better (Jr 4:4; De 10:16; 30:6; Ro 2:28, 29; Col 2:11). However, Eze 31:18; 32:19, may imply that the Egyptians were uncircumcised; and it is uncertain as to the other nations specified whether they were at that early time circumcised. Herodotus says the Egyptians were so; but others think this applies only to the priests and others having a sacred character, not to the mass of the nation; so English Version may be right (Ro 2:28, 29).
Jeremi 9:26
26. Egypt--put first to degrade Judah, who, though in privileges above the Gentiles, by unfaithfulness sank below them. Egypt, too, was the power in which the Jews were so prone to trust, and by whose instigation they, as well as the other peoples specified, revolted from Babylon.
in the utmost corners--rather, "having the hair shaven (or clipped) in angles," that is, having the beard on the cheek narrowed or cut: a Canaanitish custom, forbidden to the Israelites (Le 19:27; 21:5). The Arabs are hereby referred to (compare Jr 25:23; 49:32), as the words in apposition show, "that dwell in the wilderness."
uncircumcised ... uncircumcised in the heart--The addition of "in the heart" in Israel's case marks its greater guilt in proportion to its greater privileges, as compared with the rest.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
