Jeremi 8
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Men sa Seyè a di ankò: -Lè sa a, yo pral detere zosman wa Jida yo, zosman chèf li yo, zosman prèt yo, zosman pwofèt yo, zosman tout moun ki te rete lavil Jerizalèm yo. 2 Yo pral kite yo atè a konsa devan solèy la, devan lalin lan, devan zetwal yo ki nan syèl la, paske se bagay sa yo moun sa yo te renmen, se sa yo t'ap sèvi, se sa yo t'ap swiv. Se sa yo t' al mande sa pou yo fè. Se pou yo yo t'ap fè sèvis. Pesonn p'ap ranmase zosman yo pou antere yo. Y'a tounen fimye atè a. 3 Nan move ras sa a, gen yon ti rès moun ki va chape. Mwen pral gaye yo yon bann kote sou latè pou yo rete. Lè sa a, y'a règrèt yo pa t' mouri pito. Se Seyè a ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. 4 W'a di yo pou mwen men pawòl ki soti nan bouch Seyè a: Lè yon moun tonbe, èske li pa leve ankò? Lè yon moun pèdi chemen l', èske li pa tounen kote l' soti a? 5 Poukisa atò, nou menm pèp lavil Jerizalèm, nou vire do ban mwen, epi nou pa vle chanje? Nou kenbe pye zidòl nou yo la tòt. Nou derefize tounen vin jwenn mwen. 6 M' pare zòrèy mwen pou m' tande tout sa n'ap di: Men, pawòl ki soti nan bouch nou pa laverite. Pa gen yonn nan nou ki gen lapenn pou mechanste n'ap fè yo. Pa gen yonn ki di: Kisa m'ap fè la a konsa? Tankou yon chwal k'ap kouri pou al nan lagè, yo pa tande yo pa wè, yo lage kò yo pi fon nan mechanste yo. 7 Ata zwezo yo rele sigòy yo konnen lè pou yo tounen lakay yo. Menm toutrèl, ziwondèl ak valèt, yo konnen lè pou yo vwayaje tounen. Men, nou menm pèp mwen an, nou pa konnen regleman mwen ban nou pou nou swiv yo. 8 Ki jan nou ka fè di nou gen bon konprann, lalwa Seyè a avèk nou? Men dirèktè lalwa yo, se yon bann malonèt. Avèk bèl pawòl yo, yo fè l' di sa li pa di. 9 Nou fè moun ki gen bon konprann yo wont. Yo kraponnen, yo kite moun pran tèt yo. Yo voye pawòl Seyè a jete. Kote bon konprann yo koulye a? 10 Se poutèt sa m'ap pran madanm yo bay lòt moun. M'ap pran jaden yo bay moun k'ap anvayi peyi yo a. Paske yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni pwofèt yo, ni prèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan. 11 Yo pa pran malè ki rive pèp mwen an pou anyen. Y'ap plede di: Tout bagay ap mache byen! Pa gen danje! Epi, manti! Anyen p'ap mache. 12 Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo? Bichi! Yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, yo pral tonbe menm jan lòt yo te tonbe a. Lè m'a pini yo, se va bout yo. Se Seyè a ki di sa. 13 Mwen te soti pou m' te ranmase pèp mwen an tankou moun k'ap ranmase rekòt li. Men, yo te tankou pye rezen san yon rezen ladan l', tankou pye fig frans san yon fig frans ladan l'. Se poutèt sa m' kite etranje pran peyi a nan men yo. 14 Pèp la menm ap di: -Poukisa nou rete bra kwaze konsa? Annou sanble! Ann kouri ale nan lavil ki gen ranpa yo! Se la pou nou mouri. Paske Seyè a, Bondye nou an, kondannen nou pou n' mouri. Li ban nou pwazon pou n' bwè, paske nou antò devan li. 15 Nou t'ap tann li ban nou kè poze ak lasante. Men anyen pa mache. Nou t'ap tann li vin geri nou, men se pè l'ap fè nou pè. 16 Lènmi deja rive nan zòn lavil Dann lan. Nou tande souf chwal yo. Tout tè a ap tranble lè chwal yo ap ranni. Lènmi an ap vini, l'ap detwi peyi a ansanm ak tou sa ki ladan l'. L'ap kraze lavil yo ansanm ak tout moun ki ladan yo. 17 Seyè a di ankò: -Men m'ap lage sèpan dèyè nou, move sèpan nou p'ap ka chame. Y'ap mòde nou. 18 Anyen pa ka soulaje lapenn mwen! Kè m' ap fann! 19 Koute jan pèp mwen an ap rele mande sekou toupatou nan peyi a. Gen lè Seyè a pa sou mòn Siyon an ankò? Gen lè wa Siyon an pa la ankò? Seyè a reponn: -Poukisa nou fè m' fache konsa? N'ap sèvi zidòl, n'ap fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo ki pa vo anyen. 20 Pèp la ap rele: -Sezon chalè a fini. Sezon rekòt la pase. Nou pa sove jouk koulye a! 21 Kè m' ap fann lè m' wè jan y'ap kraze pèp mwen an. M' pa wè sa pou m' fè ankò! M' dekouraje nèt. 22 Pa gen renmèd pou yo nan peyi Galarad? Pa gen dòktè ankò laba a? Poukisa atò pèp mwen an pa ka jwenn lasante?
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jeremi 8:1
Jr 8:1-22. The Jew's Coming Punishment; Their Universal and Incurable Impenitence.
1. The victorious Babylonians were about to violate the sanctuaries of the dead in search of plunder; for ornaments, treasures, and insignia of royalty were usually buried with kings. Or rather, their purpose was to do the greatest dishonor to the dead (Is 14:19).
Jeremi 8:2
2. spread ... before the sun, &c.--retribution in kind. The very objects which received their idolatries shall unconcernedly witness their dishonor.
loved ... served ... after ... walked ... sought ... worshipped--Words are accumulated, as if enough could not be said fully to express the mad fervor of their idolatry to the heavenly host (2Ki 23:5).
nor ... buried--(Jr 22:19).
Jeremi 8:3
Jeremi 8:4
Jeremi 8:5
Jeremi 8:6
6. spake not aright--that is, not so as penitently to confess that they acted wrong. Compare what follows.
every one ... his course--The Keri reads "course," but the Chetib, "courses." "They persevere in the courses whatever they have once entered on." Their wicked ways were diversified.
horse rusheth--literally, "pours himself forth," as water that has burst its embankment. The mad rapidity of the war horse is the point of comparison (Job 39:19-25).
Jeremi 8:7
7. The instinct of the migratory birds leads them with unfailing regularity to return every spring from their winter abodes in summer climes (So 2:12); but God's people will not return to Him even when the winter of His wrath is past, and He invites them back to the spring of His favor.
in the heaven--emphatical. The birds whose very element is the air, in which they are never at rest, yet show a steady sagacity, which God's people do not.
times--namely, of migrating, and of returning.
my people--This honorable title aggravates the unnatural perversity of the Jews towards their God.
Jeremi 8:8
8. law ... with us--(Ro 2:17). Possessing the law, on which they prided themselves, the Jews might have become the wisest of nations; but by their neglecting its precepts, the law became given "in vain," as far as they were concerned.
scribes--copyists. "In vain" copies were multiplied. Maurer translates, "The false pen of the scribes hath converted it [the law] into a lie." See Margin, which agrees with Vulgate.
Jeremi 8:9
9. dismayed--confounded.
what wisdom--literally, "the wisdom of what?" that is, "wisdom in what respect?" the Word of the Lord being the only true source of wisdom (Psa 119:98-100; Pr 1:7; 9:10).
Jeremi 8:10-12
10-12. Repeated from Jr 6:12-15. See a similar repetition, Jr 8:15; Jr 14:19.
inherit--succeed to the possession of them.
Jeremi 8:13
13. surely consume--literally, "gathering I will gather," or "consuming I will consume."
no grapes ... nor figs--(Joe 1:7; Mt 21:19).
things that I have given ... shall pass away--rather, "I will appoint to them those who shall overwhelm (pass over) them," that is, I will send the enemy upon them [Maurer]. English Version accords well with the context; Though their grapes and figs ripen, they shall not be allowed to enjoy them.
Jeremi 8:14
14. assemble--for defense.
let us be silent--not assault the enemy, but merely defend ourselves in quiet, until the storm blow over.
put us to silence--brought us to that state that we can no longer resist the foe; implying silent despair.
water of gall--literally, "water of the poisonous plant," perhaps the poppy (Jr 9:15; 23:15).
Jeremi 8:15
15. Repeated (Jr 14:19).
We looked for--owing to the expectations held out by the false prophets.
health--healing; that is, restoration from adversity.
Jeremi 8:16
16. his horses--the Chaldean's.
was heard--the prophetical past for the future.
from Dan--bordering on Phoenicia. This was to be Nebuchadnezzar's route in invading Israel; the cavalry in advance of the infantry would scour the country.
strong ones--a poetical phrase for steeds, peculiar to Jeremiah (Jr 47:3; compare Jr 4:13, 29; 6:23).
Jeremi 8:17
Jeremi 8:18
18. (Is 22:4). The lamentation of the prophet for the impending calamity of his country.
against sorrow--or, with respect to sorrow. Maurer translates, "Oh, my exhilaration as to sorrow!" that is, "Oh, that exhilaration ('comfort', from an Arabic root, to shine as the rising sun) would shine upon me as to my sorrow!"
in me--within me.
Jeremi 8:19
19. The prophet in vision hears the cry of the exiled Jews, wondering that God should have delivered them up to the enemy, seeing that He is Zion's king, dwelling in her (Mi 3:11). In the latter half of the verse God replies that their own idolatry, not want of faithfulness on His part, is the cause.
because of them that dwell in a far country--rather, "from a land of distances," that is, a distant land (Is 39:3). English Version understands the cry to be of the Jews in their own land, because of the enemy coming from their far-off country.
strange vanities--foreign gods.
Jeremi 8:20
20. Proverbial. Meaning: One season of hope after another has passed, but the looked-for deliverance never came, and now all hope is gone.
Jeremi 8:21
21. black--sad in visage with grief (Joe 2:6).
Jeremi 8:22
22. balm--balsam; to be applied to the wounds of my people. Brought into Judea first from Arabia Felix, by the queen of Sheba, in Solomon's time [Josephus, Antiquities, 8.2]. The opobalsamum of Pliny; or else [Bochart] the resin drawn from the terebinth. It abounded in Gilead, east of Jordan, where, in consequence, many "physicians" established themselves (Jr 46:11; 51:8; Ge 37:25; 43:11).
health ... recovered--The Hebrew is literally, "lengthening out ... gone up"; hence, the long bandage applied to bind up a wound. So the Arabic also [Gesenius].
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
