Jeremi 49

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Men sa Seyè a di sou moun peyi Amon yo: -Gen lè pa gen gason ankò nan peyi Izrayèl la? Pa gen moun pou defann tè zansèt yo a? Poukisa yo kite se moun k'ap sèvi Milkòm yo ki pran pòsyon tè fanmi Gad la pou yo? Poukisa se moun Amon yo ki rete nan lavil yo? 2 Se sa ki fè men jou a ap rive. Se mwen menm Seyè a k'ap pale la a. Mwen pral fè moun ki rete Raba, kapital peyi Amon an, tande bri lagè. Lavil la pral tounen yon pil wòch. Yo pral boule ti bouk li yo ratè. Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo va reprann tè ki te pou yo a. 3 Nou menm moun lavil Esbon, plenn sò nou! Lavil Ayi fini! Medam lavil Raba yo, mare ren nou! Mete rad sak sou nou! Rele! Pran lari pou nou! Y'ap depòte Milkòm, bondye nou an, ansanm ak tout pè li yo ak tout chèf li yo! 4 Poukisa n'ap fè grandizè konsa? Jan nou te kontan fon nou yo! Men fon yo tonbe. Bann moun tèt di, nou te mete konfyans nou nan richès nou. Nou t'ap di: Pa gen moun ki ka penmèt yo atake nou! 5 Mwen pral fè yon sèl laperèz pran nou. Se mwen menm sèl mèt la, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa. Mwen pral fè tout vwazen nou yo fè nou tranble. Yo pral gaye nou. Chak moun pral kouri ale sou bò pa yo. P'ap gen pesonn pou fè yo sanble ankò. 6 Men apre sa, m'ap mete peyi Amon an kanpe ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 7 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di sou peyi Edon: -Pa gen moun ki gen bon konprann ankò lavil Teman an? Moun lespri yo pa konn sa pou yo di. Yo pèdi tout konprann yo! 8 Nou menm moun lavil Dedan, vire do nou, kouri ale! Fè twou pou kache kò nou! Mwen pral fini ak moun Ezaou yo, paske lè pou m' regle ak yo a rive. 9 Lè moun ap ranmase rekòt rezen, yo toujou kite dèyè pou moun k'ap vin grapiye yo. Lè vòlò antre lakay moun lannwit, yo annik pran sa yo bezwen. 10 Men mwen menm, mwen pral kite moun Ezaou yo toutouni. Mwen pral fè moun konnen tout kachèt li yo. Konsa, nanpwen kache pou yo ankò. Tout ras moun Edon yo, tout fanmi yo ak tout moun nan vwazinaj yo pral disparèt. 11 Pa gen pesonn k'ap rete pou di: Kite timoun ki san papa yo avè m'. M'a okipe yo. Vèv nou yo mèt konte sou mwen. 12 Men sa Seyè a di ankò: -Ata moun ki pa merite pou m' pini yo pral gen pou yo bwè gode chatiman an nèt ale. Se nou menm atò pou yo pa ta pini! Non. Yo p'ap pini nou? Se pou nou bwè nan gode chatiman an tou. 13 Se mwen menm, Seyè a, k'ap pale: Mwen fè sèman sou tèt mwen, m'ap fè lavil Bozra tounen yon dezè, yon pil vye mazi. Moun ap pase l' nan betiz, y'ap sèvi ak non l' pou bay madichon. Tout ti bouk nan vwazinaj li yo pral tounen yon pil vye mazi pou tout tan. 14 Jeremi di ankò: -Mwen te tande mesaj Seyè a bay la. Li te voye mesaje nan tout nasyon yo pou di yo sanble tout lame yo pou yo mache pran Edon, pou y' al goumen avè l'. 15 Seyè a pral fè peyi a vin tou fèb nan mitan nasyon yo. Pesonn p'ap respekte nou. 16 Se awogans ou ki fè ou pèdi tèt ou. Pa gen moun ki pè ou jan ou kwè l' la. Ou rete sou tèt gwo wòch yo, byen wo nan mòn yo. Ou te mèt bati kay ou byen wo tankou nich malfini, m'ap fè ou desann. Se Seyè a menm ki di sa. 17 Seyè a di ankò: Se konsa peyi Edon an pral tounen yon dezè k'ap bay gwo lapenn. Tout moun k'ap pase bò la pral pran sezisman, y'ap pè. 18 Gwo malè sa ki te rive lavil Sodòm ak Gomò ansanm ak tout ti bouk nan vwazinaj yo, se malè sa a k'ap rive Edon tou. P'ap gen yon moun nan peyi a ankò. Pesonn p'ap rete la. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 19 Tankou yon lyon k'ap soti nan rakbwa bò larivyè Jouden an pou l' ale kote bèt yo ye nan savann yo, mwen menm Seyè a, m'ap vini, m'ap fè moun yo kouri kite peyi a anvan yo bat je yo. Lè sa a, se moun m'a chwazi a m'a mete pou gouvènen peyi a. Ki moun ki tankou m'? Ki moun ki ka koresponn avè m'? Ki chèf ki ka kenbe tèt avè m'? 20 Konsa, koute sa mwen soti pou m' fè moun Edon yo, sa mwen fè lide fè moun lavil Teman yo. Sèten, ata timoun yo, yo pral trennen pot ale. Yo pral devaste tout peyi a devan je yo. 21 Lè peyi Edon an tonbe, l'ap fè yon kokennchenn bri, latè ap tranble. Y'ap tande rèl moun yo jouk bò lanmè Wozo yo. 22 Tankou malfini k'ap plonje ak zèl li yo gran louvri, lènmi pral atake Bozra. Jou sa yo, vanyan sòlda peyi Edon yo pral pè tankou fanm ki gen tranche. 23 Men sa Seyè a di sou peyi Damas la: -Moun lavil Amat ak moun lavil Apad yo gen kè kase paske yo tande move nouvèl. Tankou lanmè, yo boulvèse, yo pa ka rete an plas. 24 Moun Damas yo fèb, yo kouri met deyò. Yo pè, yon sèl tranbleman pran yo. Yo nan lapenn, yo gen kè kase tankou fanm ki gen tranche. 25 Gade lavil tout moun te konnen an, lavil kote tout moun te gen kè kontan an! Pa gen yon moun ladan l'. 26 Jou sa a, y'ap touye jenn gason nou yo nan tout lari. Tout sòlda yo pral mouri. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. 27 M'ap mete dife nan miray Damas yo. Dife a ap boule palè wa Bennadad la. 28 Moun branch fanmi Keda yo ak chèf lavil Azò yo te pèdi batay la devan Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Men mesaj Seyè a bay sou yo: -Leve non! Ann mache pran Keda! Piye moun bò solèy leve yo. 29 Pran tant yo, kabrit yo, mouton yo, rido tant yo ansanm ak tout lòt bagay ki nan tant yo. Pran chamo yo. Di byen fò nan zòrèy yo: Kote ou pase tout moun pè. 30 Nou menm moun lavil Azò, kouri met deyò, al kache kò nou nan twou! Se mwen menm Seyè a ki di sa. Paske Nèbikadneza, wa Babilòn lan, fè lide pou l' kraze nou. Li soti pou l' fini ak nou. 31 Men sa Seyè a di ankò: Leve non! Ann al atake yon nasyon ki santi yo t' alèz san ankenn danje sou tèt yo! Pa gen pòtay nan lavil yo, ni ba fè pou fèmen yo. Yo la konsa san ankenn pwoteksyon. 32 Yo pral pran tout chamo yo, yo pral separe tout kabrit ak mouton yo. Wi, m'ap gaye yo nan tout direksyon, bann moun sa yo ki koupe cheve yo kout. Kote yo pase m'ap fè malè tonbe sou yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 33 M'ap fè zòn Azò a tounen yon dezè pou tout tan, kote bèt nan bwa rete. Pesonn p'ap rete ladan l' ankò. Ankenn moun p'ap viv la. 34 Men mesaj Seyè a te bay pwofèt Jeremi sou peyi Elam. Lè sa a, Sedesyas te fèk moute wa nan peyi Jida. 35 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: -Mwen pral touye tout sòlda peyi Elam ki gen ladrès pou sèvi ak banza yo. Se yo menm ki te fè tout fòs peyi a. 36 M'ap fè van leve nan tout direksyon pou soufle sou peyi Elam lan. M'ap gaye yo nan tout direksyon sou latè. M'ap mete tout moun li yo deyò. p'ap gen peyi sou latè kote ou p'ap jwenn yo. 37 M'ap fè moun Elam yo tranble devan lènmi yo, devan moun ki soti pou touye yo. M'ap fè gwo kòlè, m'ap voye gwo malè sou yo, m'ap lage yon gwo lame dèyè yo jouk m'a fini nèt ak yo. 38 M'ap disparèt wa yo a ansanm ak tout lòt chèf yo. Se la m'ap mete fotèy mwen an. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 39 Men, nan jou k'ap vini apre sa yo, m'ap mete peyi Elam lan kanpe ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jeremi 49:1

Jr 49:1-39. Predictions as to Ammon, Idumea, Damascus, Kedar, Hazor, and Elam.

The event of the prophecy as to Ammon preceded that as to Moab (see on Jr 49:3); and in Eze 21:26-28, the destruction of Ammon is subjoined to the deposition of Zedekiah.

1. Hath Israel ... no heir?--namely, to occupy the land of Gad, after it itself has been carried away captive by Shalmaneser. Ammon, like Moab, descended from Lot, lay north of Moab, from which it was separated by the river Arnon, and east of Reuben and Gad (Jos 13:24, 25) on the same side of Jordan. It seized on Gad when Israel was carried captive. Judah was by the right of kindred the heir, not Ammon; but Ammon joined with Nebuchadnezzar against Judah and Jerusalem (2Ki 24:2) and exulted over its fall (Psa 83:4-7, 8; Zep 2:8, 9). It had already, in the days of Jeroboam, in Israel's affliction, tried to "enlarge its border" (2Ki 14:26; Am 1:1, 13).

their king--(Am 1:15); referring to Melchom, their tutelary idol (Zep 1:5); and so the Septuagint reads it here as a proper name (1Ki 11:5, 33; 2Ki 23:13). The Ammonite god is said to do what they do, namely, occupy the Israelite land of Gad. To Jehovah, the theocratic "King" of Israel, the land belonged of right; so that their Molech or Melchom was a usurper-king.

his people--the people of Melchom, "their king." Compare "people of Chemosh," Jr 48:46.

Jeremi 49:2

2. Rabbah--"the great," metropolis of Ammon (2Sa 12:26-30). Its destruction is foretold also in Eze 25:5; Am 1:14, 15.

her daughters--the towns and villages, dependencies of the metropolis (Jos 15:45).

shall ... be heir--shall possess those who possessed him. The full accomplishment of this is still future; partially fulfilled under the Maccabees (1 Maccabees 5:6).

Jeremi 49:3

3. Heshbon ... Ai--Nebuchadnezzar, coming from the north, first attacked Ammon, then its brother and neighbor, Moab. As Ai of Ammon had already suffered destruction, Heshbon of Moab being near it might well fear the same fate.

hedges--Their cities being destroyed, the outcasts have no place of shelter save behind the "hedges" of vineyards and gardens; or else the enclosures of their villages.

their king--Melchom, the idol, as the mention of "his priests" shows (compare Jr 48:7).

Jeremi 49:4

4. thy flowing valley--rather, "thy valley shall flow," namely with the blood of the slain; in sad contrast to their "valleys" in which they had heretofore "gloried," as flowing with milk and honey [Grotius]. Or else, as Margin, "shall flow away."

backsliding--apostate from Jehovah, the God of their father Lot, to Molech.

treasures--her resources for resisting the foe.

Who shall, &c.--Who can come ... (Jr 21:13).

Jeremi 49:5

5. every man right forth--whithersoever chance may lead him (Jr 46:5; Ge 19:17); straight before him, onwards at random (Am 4:3).

none ... gather up him, &c.--There shall be none to gather together the wandering fugitives, so as to care for them and restore them to their own homes.

Jeremi 49:6

6. (Compare Jr 48:47). For the sake of "righteous" Lot their progenitor. Partially fulfilled under Cyrus; in gospel times more fully.

Jeremi 49:7

7. Concerning Edom--a distinct prophecy, copied in part from Obadiah, but with the freedom of one himself inspired and foretelling a later calamity. Obadiah's was fulfilled probably in Sennacherib's time (compare Is 34:5; Am 1:11); Jeremiah's about the same time as his preceding prophecies (Jr 49:12; Eze 25:12).

wisdom--for which the Arabs and the people of Teman (a city of Edom) in particular, were famed (Ge 36:15; 1Ki 4:30; see Job, everywhere; Ob 8).

vanished--literally, "poured out," that is, exhausted (compare Is 19:3, Margin) [Maurer]. Or, as the kindred Ethiopic word means, "worn out" [Ludovicus De Dieu].

Jeremi 49:8

8. turn--namely, your backs in flight.

dwell deep--in deep defiles and caves [Grotius], which abound in Idumea. Others refer it to the Arab custom of retiring into the depth of the desert when avoiding an offended foe (Jr 49:30).

Dedan--a tribe bordering on and made subject by Idumea; descended from Jokshan, son of Abraham and Keturah (Ge 25:1-3).

Esau--The naming of Edom's progenitor, reprobated by God, recalls the remembrance of the old curse on him for his profanity, both his sin and its punishment being perpetuated in his descendants (He 12:16, 17).

Jeremi 49:9

9. (Ob 5). Grape gatherers, yea even thieves, leave something behind them; but the Chaldeans will sweep Idumea clean of everything.

Jeremi 49:10

10. Edom became politically extinct after the time of the Romans.

uncovered his secret places--where he hid himself (Jr 49:8) and his treasures (Is 45:3). I have caused that nothing should be so hidden as that the conqueror should not find it.

brethren--Ammon.

neighbours--the Philistines.

Jeremi 49:11

11. Thy fatherless and widows must rest their hope in God alone, as none of the adult males shall be left alive, so desperate will be the affairs of Edom. The verse also, besides this threat, implies a promise of mercy to Esau in God's good time, as there was to Moab and Ammon (Jr 49:6; Jr 48:47); the extinction of the adult males is the prominent idea (compare Jr 49:12).

Jeremi 49:12

12. (Compare Jr 25:15, 16, 29).

they whose judgment was not to drink of the cup--the Jews to whom, by virtue of the covenant relation, it did not belong to drink the cup. It might have been expected that they would be spared. He regards not the merits of the Jews, for they were as bad or worse than others: but the grace and adoption of God; it is just and natural ("judgment") that God should pardon His sons sooner than aliens [Calvin].

Jeremi 49:13

13. Bozrah--(See on Jr 48:24).

Jeremi 49:14

14. (Ob 1-3).

ambassador ... unto the heathen--a messenger from God to stir up the Chaldeans against Edom.

Jeremi 49:15

15. David and Joab had already humbled Edom (2Sa 8:14).

Jeremi 49:16

16. terribleness--the terror which thou didst inspire into others.

deceived thee--rendered thee proudly confident, as if none would dare to assail thee.

dwellest in ... rock--Petra, the chief of Idumea, was cut in the rocks; its ruins are very remarkable. The whole south of Idumea abounds in cave dwellings and rocks.

though ... nest ... eagle--(Job 39:27; Ob 3, 4). The eagle builds its nest in the highest craggy eyry.

Jeremi 49:18

18. (Jr 50:40; De 29:23; Am 4:11).

no man shall abide there--that is, of the Idumeans. The Romans had a garrison there.

Jeremi 49:19

19. he--Nebuchadnezzar, or Nebuzara-dan; the name would at once suggest itself to the minds of the hearers (Jr 48:40; 46:18).

swelling--as a lion which the overflow of the Jordan forced out of his lair on the banks, to ascend the neighboring heights [Calvin]. See as to the translation, "pride of the Jordan," see on Jr 12:5.

habitation of ... strong--the fastnesses of Idumea (compare Nu 24:21). Maurer translates, "An ever verdant (literally, 'perennial') pasturage," that is, Idumea heretofore having enjoyed uninterrupted tranquillity; so in Jr 49:20 the image is retained, the Idumeans being compared to "a flock," and their king to "a shepherd," in this verse, and the enemy to "a lion" (compare Jr 50:17-19). English Version accords more with the Hebrew.

suddenly--"in the twinkling of an eye," as the Hebrew implies.

him ... her--I will make Nebuzara-dan enter Idumea, and then, having in the twinkling of an eye effected the conquest, go away speedily: elsewhere. Instead of "but," translate, "for." Grotius translates, "run upon her," or "to her," instead of "run away from her." Maurer understands it, "I will make him (the Idumean) run away from her" (that is, from his own land); the similar change of reference of the pronouns (Jr 50:44) favors this.

who is a chosen man, &c.--God calls the choicest warriors to Him, to set "over" the work of devastating Idumea. God will surely execute His purpose, for He can call forth from all sides the agents He chooses.

who is like me?--(Ex 15:11).

who will appoint me the time?--namely, for entering into a trial in judgment with Me (see Margin). Image from law courts (Job 9:19).

shepherd--leader of the Idumeans; following up the previous image, "a lion"; no Idumean shepherd shall withstand the lion sent by Jehovah (Job 41:10), or save the Idumean flock.

Jeremi 49:20

20. least of the flock--the weakest and humblest of the Chaldean host. Compare Jr 6:3, where the hostile leaders and their hosts are called "shepherds and their flocks."

draw ... out--"shall drag them away captive" [Grotius]; shall drag them to and fro, as a lion (Jr 49:19) does feeble sheep [Maurer].

with them--that is, the habitation which they possess.

Jeremi 49:21

21. was heard in--that is, shall be heard at.

Red Sea--a considerable distance from Idumea; though the district at the Elantic bay of the Red Sea originally belonged to Idumea, and the sea itself was called from Edom, that is, "red" (Ge 25:30, Margin). Others translate, "the weedy sea" (Margin), and derive the name, "Red Sea," from its red weeds; the former view is preferable.

Jeremi 49:23

23. Prophecy as to Damascus, &c. (Is 17:1; 10:9). The kingdom of Damascus was destroyed by Assyria, but the city revived, and it is as to the latter Jeremiah now prophesies. The fulfilment was probably about five years after the destruction of Jerusalem by Nebuchadnezzar [Josephus, Antiquities, 10.9,7].

Hamath is confounded--at the tidings of the overthrow of the neighboring Damascus.

on the sea--that is, at the sea; the dwellers there are alarmed. Other manuscripts read, "like the sea." "There is anxiety (restless) as is the sea: they cannot quiet it," that is, it cannot be quieted (Is 57:20).

it--Whatever dwellers are there "cannot be quiet."

Jeremi 49:25

25. city of praise--The prophet, in the person of a citizen of Damascus deploring its calamity, calls it "the city of praise," that is, celebrated with praises everywhere for its beauty (Jr 33:9; 51:41). "How is it possible that such a city has not been left whole--has not been spared by the foe?" Compare left, Lu 17:35, 36. So Israel "left" standing some of the Canaanite cities (Jos 11:13).

of my joy--that is, in which I delighted.

Jeremi 49:26

26. Therefore--that is, Since Damascus is doomed to fall, therefore, &c.

Jeremi 49:27

27. palaces of Ben-hadad--that palace from which so many evils and such cruelty to Israel emanated; thus implying the cause of Damascus' overthrow. Not the Ben-hadad of 2Ki 13:3; Am 1:4; it was a common name of the Syrian kings (compare 1Ki 15:18; meaning "son of Hadad," the idol).

Jeremi 49:28

28. Kedar--son of Ishmael (Ge 25:13). The Kedarenes led a wandering predatory life in Arabia-Petræa, as the Bedouin Arabs (2Ch 21:16, 17; Psa 120:5). Kedar means "blackness" (So 1:5).

Hazor--not the city in Palestine, but a district in Arabia-Petræa. "Kingdoms" refer to the several combinations of clans, each under its own sheik.

men of the east--Kedar and Hazor were east of Judea (Jud 6:3; Job 1:3).

Jeremi 49:29

29. tents--in which they dwelt, from which they are called Scenites, that is, tent dwellers.

curtains--namely, with which the tents were covered (Jr 4:20; 10:20; Psa 104:2).

they shall cry unto them, Fear, &c.--The foe, on crying, Fear ..., shall discomfit them (the Kedarenes) by their mere cry.

Jeremi 49:30

30. (See on Jr 49:8). No conqueror would venture to follow them into the desert.

Jeremi 49:31

31. wealthy--rather, "tranquil" (1Ch 4:40).

neither gates nor bars--The Arabs, lying out of the track of the contending powers of Asia and Africa, took no measures of defense and had neither walled cities nor gates (Eze 38:11). They thought their scanty resources and wilderness position would tempt no foe.

alone--separated from other nations, without allies; and from one another scattered asunder. So as to Israel's isolation (Nu 23:9; De 33:28; Mi 7:14).

Jeremi 49:32

32. camels--their chief possessions; not fields or vineyards.

in utmost ... corners--who seemed least likely to be dispersed. Or else, "having the hair shaven (or clipped) in angles" (Jr 9:26; 25:23) [Grotius].

calamity from all sides--which will force even those in "corners" to "scatter" themselves.

Jeremi 49:33

33. (Mal 1:3).

Jeremi 49:34

34. Elam--part of Susiana, west of Persia proper, but used to designate Persia in general. Elam proper, or Elymais, nearer Judea than Persia, is probably here meant; it had helped Nebuchadnezzar against Judea; hence its punishment. It may have been idolatrous, whereas Persia proper was mainly monotheistic.

Jeremi 49:35

35. bow--Elam was famed for its bowmen (Is 22:6).

chief of their might--in opposition to "bow," that is, bowmen, who constituted their main strength.

Jeremi 49:36

36. four winds, &c.--Nebuchadnezzar's army containing soldiers from the four quarters.

Jeremi 49:37

37. consumed--as a distinct nation (Da 8:2-27). Fulfilled under Alexander and his successors.

Jeremi 49:38

38. I will show Myself King by My judgments there, as though My tribunal were erected there. The throne of Cyrus, God's instrument, set up over Media, of which Elam was a part, may be meant [Grotius]; or rather, that of Nebuchadnezzar (Jr 43:10). Then the restoration of Elam (Jr 49:39) will refer partly to that which took place on the reduction of Babylon by Cyrus, prince of Persia and Media.

Jeremi 49:39

39. latter days--The full restoration belongs to gospel times. Elamites were among the first who heard and accepted it (Ac 2:9).

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.