Jeremi 48

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay sou peyi Moab la: -Ala malè pou moun lavil Nebo yo! Yo ravaje lavil la nèt ale. Moun lavil Kiryatayim yo wont! Lènmi anvayi lavil la, yo pran gwo fò a, yo kraze l' ratè! 2 Peyi Moab la pèdi pouvwa li. Nan lavil Esbon yo fè plan pou yo detwi Moab. Yo di: Ann ale, ann disparèt peyi a sou latè! Yo fè lavil Madmèn pe bouch li. Yon gwo lame ap mache pran l'! 3 Moun lavil Owonayim yo ap rele: Men y'ap ravaje nou! Y'ap fè malè sou nou! 4 Yo kraze peyi Moab. Tout pitit li yo ap rele! 5 Se dlo nan je y'ap moute lavil Loukit. Sou tout wout pou desann Owonayim, se gwo rèl pou malè ki rive yo! 6 Y'ap rele: Kouri non, sove lavi nou! Al kache tankou bourik mawon nan dezè a. 7 Ou te mete konfyans ou nan fòs ou ak nan richès ou yo! Ou menm tou, lènmi ap anvayi ou! Y'ap depòte Kemòch, bondye ou la, ansanm ak tout pè li yo ak tout chèf li yo. 8 Malè pral tonbe sou tout lavil nou yo. Yo yonn p'ap chape anba l'. L'ap fini ak sa ki nan fon yo. L'ap ravaje sa ki sou platon yo. Se Seyè a menm ki di sa. 9 Pare yon mab pou mete sou tonm Moab. Talè konsa yo pral detwi l' nèt. Tout lavil peyi Moab yo fin kraze. P'ap gen yon moun rete la ankò. 10 Madichon pou moun ki pote neglijans nan fè travay Seyè a! Madichon pou moun ki derefize touye nan lagè a! 11 Peyi Moab te toujou viv san ankenn danje depi tout tan. Yo pa janm depòte moun li yo. Li te tankou diven yo kite poze nan barik, san yo pa janm vide l' sot nan yon veso mete l' nan yon lòt. Se konsa li pa janm pèdi gou l'. Li pa janm vante. 12 Men lè a rive koulye a, se Seyè a menm ki di sa. Mwen pral voye moun pou yo vide peyi Moab la tankou diven. Yo pral devide veso yo. Yo pral kraze barik yo an miyèt moso. 13 Moun peyi Moab yo pral wont Kemòch, bondye yo a, menm jan moun fanmi Izrayèl yo te wont bondye lavil Betèl ki te tout konfyans yo a. 14 Ki jan nou ka fè di: Nou se vanyan gason, sòlda brave danje ki konn fè lagè? 15 Yo fini ak peyi Moab. Yo anvayi tout lavil li yo. Yo ansasinen tout jenn gason ki pi bon lakay li yo. Se mwen menm Wa a, mwen menm yo rele Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa. 16 Jou pou yo fini ak Moab la ap pwoche. Malè ki pral tonbe sou Moab la pa lwen rive. 17 Nou menm, vwazen l' yo, plenn sò li! Nou tout ki te konnen jan l' te ye a, nou mèt di: Gade jan yo kraze gwo pouvwa li a! Bèl baton kòmandman ki te nan men l' lan disparèt. 18 Nou menm k'ap viv lavil Dibon, desann sou bèl fotèy premye klas nou an. Mete dèyè nou atè nan pousyè a. Paske moun ki te fini ak Moab la ap vin pou nou. L'ap kraze tout gwo fò nou yo. 19 Nou menm k'ap viv lavil Awoyè. Rete sou bò wout la tann. Mande moun k'ap kouri met deyò yo sa ki pase. 20 Y'a reponn ou: Peyi Moab tonbe! Plenn sò li, pete rèl pou li: Yo fè l' wont! Fè tout moun ki rete bò ravin Anon an konnen yo ravaje peyi Moab la. 21 Jou jijman an rive pou lavil yo ki sou platon an: Olon, Jasa ak Mefat, 22 Didon, Nebo ak Bèt-Diblatayim, 23 Kiryatayim, Bèt-Gamoul, Bèt Meyon, 24 Keriyòt, Bozra. Jijman rive sou tout lavil peyi Moab yo, kit sa ki toupre, kit sa ki byen lwen. 25 Yo kraze lògèy moun Moab yo. Yo kraze kouraj yo. Se mwen menm Seyè a ki pale. 26 Seyè a di ankò: -Fè lavil Moab sou, paske li te kenbe tèt avè m'. Se pou Moab woule nan vonmi l'. Li menm tou, se pou yo pase l' nan rizib. 27 Chonje jan nou te konn ap pase pèp Izrayèl la nan rizib. Eske nou te janm bare yo ap fè bann ak vòlò kifè chak fwa n'ap pale sou yo, n'ap souke tèt nou, n'ap di podjab pou yo? 28 Nou menm moun Moab, kite lavil nou yo, al rete nan twou wòch. Fè tankou ranmye ki fè nich yo nan twou bò falèz. 29 Moun Moab yo se moun ki gen lògèy anpil. Nou te konnen jan moun sa yo te gen lògèy, jan yo te awogan. Yo te kwè wa pa kouzen yo, y'ap gonfle lestonmak yo sou moun. 30 Men mwen menm Seyè a, mwen konnen yo te kwè twòp nan tèt yo. Bèl diskou yo t'ap fè yo se te pawòl nan bouch. Tou sa y'ap fè pa vo anyen. 31 Se konsa, m'ap plenn sò moun Moab yo, m'ap rele pou tout peyi Moab yo, pou moun lavil Ki-Erès yo. 32 M'ap kriye pou moun lavil Sibma yo plis pase jan mwen te kriye pou moun lavil Jazè yo. Lavil Sibma te tankou yon gwo pye rezen. Branch li yo travèse lòt bò lanmè Mouri a, yo rive jouk lavil Jazè. Men koulye a, yo ravaje tout rekòt la, yo dechèpiye tout rezen nou te ranmase yo. 33 Pa gen kè kontan ak fèt ankò nan jaden rezen peyi Moab yo. Pa gen yon degout diven ankò nan barik yo. Pa gen yon moun k'ap travay nan moulen pou fè diven. Nou pa tande yon moun ap bay ankourajman. 34 Moun Esbon yo ap rele. Yo tande rèl yo jouk lavil Elealè, jouk lavil Jaaz, depi lavil Zoa jouk lavil Owonayim ak Eglat-Chelichya. Ata ti dlo Nimrim lan gen pou l' cheche. 35 M'ap disparèt moun lavil Moab yo. Se Seyè a menm ki di sa. M'ap touye moun k'ap fè ofrann pou yo boule sou tèt mòn yo, moun k'ap boule lansan pou bondye yo. 36 Se poutèt sa, kè m' ap fè m' mal anpil pou moun Moab yo, pou moun Ki-Erès yo. M'ap plenn sò yo tankou moun k'ap jwe fif nan lantèman. Paske yo pèdi tou sa yo te genyen. 37 Yo tout, yo kale tèt yo, yo koupe tout bab nan figi yo, yo kòche tout men yo ak kouto, yo mare sak nan ren yo. 38 Sou teras anwo tout kay peyi Moab yo, sou tout plas piblik, se plenn moun yo ap plenn. Mwen kraze peyi Moab tankou yon kannari pesonn pa bezwen ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 39 Yo fini ak peyi Moab! Plenn sò li. Moab pèdi pye, li wont. Tout nasyon ki nan vwazinaj li yo ap pase l' nan rizib, yo tout sezi wè sa ki rive l'. 40 Men sa Seyè a di ankò: -Tankou yon malfini, yon lènmi ap plane ak zèl li yo gran louvri sou Moab. 41 Li pran tout lavil yo, li mete men sou tout fò yo. Jou sa a, vanyan sòlda lame Moab yo te pè tankou yon fanm ki gen tranche. 42 Y'ap fini ak peyi Moab la, y'ap touye dènye moun ladan l', paske li te kenbe tèt ak Seyè a. 43 Nou menm moun Moab yo, yo pral ban nou sezisman, y'ap fouye twou pou nou tonbe, y'ap pare pèlen pou nou. Se Seyè a menm ki di sa. 44 Moun k'ap kouri pou sezisman pa pran yo pral tonbe nan twou. Lè y'a kouri soti nan twou a, y'ap pran nan pèlen. Paske dat Seyè a te fikse pou li pini Moab la rive sou li. Se Seyè a menm ki di sa. 45 Moun k'ap kouri met deyò yo rive Esbon tou bouke. Y'ap chache pwoteksyon lavil Esbon, lavil kote wa Siyon t'ap gouvènen an: men yo jwenn li ap boule. Dife a gaye, li rive jouk sou fwontyè a, li moute rive jouk sou tèt mòn lwijanboje yo. 46 Sa fè lapenn pou moun Moab yo! Tout moun ki t'ap sèvi Kèmòch yo fini. Yo pran pitit gason ak pitit fi yo, yo fè yo prizonye, yo depòte yo. 47 Men nan jou k'ap vin apre yo, m'ap mete peyi Moab la kanpe ankò. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. Se tou sa ki pral rive moun Moab yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jeremi 48:1

Jr 48:1-47. Prophecy against Moab.

It had taken part with the Chaldeans against Judea (2Ki 24:2). Fulfilled by Nebuchadnezzar five years after the destruction of Jerusalem, when also he attacked Egypt (Jr 43:8-13) and Ammon (Jr 49:1-6). [Josephus, Antiquities, 10:9,7]. Jeremiah in this prophecy uses that of Is 15:1-16:14, amplifying and adapting it to his purpose under inspiration, at the same time confirming its divine authority. Isaiah, however, in his prophecy refers to the devastation of Moab by the Assyrian king, Shalmaneser; Jeremiah refers to that by Nebuchadnezzar.

1. Nebo--a mountain and town of Moab; its meaning is "that which fructifies."

Kiriathaim--a city of Moab, consisting of two cities, as the word signifies; originally held by the Emim (Ge 14:5).

Misgab--meaning "elevation." It lay on an elevation.

Jeremi 48:2

2. no more praise--(Is 16:14).

in Heshbon--The foe having taken Heshbon, the chief city of Moab (Jr 48:45), in it devise evil against Moab ("it") saying, Come, &c. Heshbon was midway between the rivers Arnon and Jabbok; it was the residence of Sihon, king of the Amorites, and afterwards a Levitical city in Gad (Nu 21:26). There is a play on words in the Hebrew, "Heshbon, Hashbu." Heshbon means a place of devising or counsel. The city, heretofore called the seat of counsel, shall find other counsellors, namely, those who devise its destruction.

thou shall be cut down ... Madmen--rather, by a play on words on the meaning of madmen ("silence"), Thou shalt be brought to silence, so as well to deserve thy name (Is 15:1). Thou shalt not dare to utter a sound.

Jeremi 48:3

3. Horonaim--the same as the city Avara, mentioned by Ptolemy. The word means "double caves" (Ne 2:10; Is 15:5).

Jeremi 48:4

4. little ones ... cry--heightening the distress of the scene. The foe does not spare even infants.

Jeremi 48:5

5. going up of Luhith ... going down of Horonaim--Horonaim lay in a plain, Luhith on a height. To the latter, therefore, the Moabites would flee with "continual weeping," as a place of safety from the Chaldeans. Literally, "Weeping shall go up upon weeping."

Jeremi 48:6

6. They exhort one another to flee.

heath--or the juniper (see on Jr 17:6). Maurer translates, "Be like one naked in the wilderness." But the sense is, Live in the wilderness like the heath, or juniper; do not "trust in" walls (Jr 48:7) [Grotius]. (Compare Mt 24:16-18).

Jeremi 48:7

7. thy works--namely, fortifications built by thy work. Moab was famous for its fortresses (Jr 48:18). The antithesis is to Jr 48:6, "Be ... in the wilderness," where there are no fortified cities.

thou ... also--like the rest of the surrounding peoples, Judah, &c.

Chemosh--the tutelary god of Moab (Nu 21:29; Jud 11:24; 1Ki 11:7; 2Ki 23:13). When a people were vanquished, their gods also were taken away by the victors (Jr 43:12).

Jeremi 48:8

8. the valley ... shall perish--that is, those dwelling in the valley.

Jeremi 48:9

9. Give wings, &c.--(Psa 55:6). Unless it get wings, it cannot escape the foe. "Wings," the Hebrew root meaning is a "flower" (Job 14:2); so the flower-like plumage of a bird.

Jeremi 48:10

10. work of ... Lord--the divinely appointed utter devastation of Moab. To represent how entirely this is God's will, a curse is pronounced on the Chaldeans, the instrument, if they do it negligently (Margin) or by halves (Jud 5:23); compare Saul's sin as to Amalek (1Sa 15:3, 9), and Ahab's as to Syria (1Ki 20:42).

Jeremi 48:11

11. settled on ... lees--(See on Is 25:6; Zep 1:12). As wine left to settle on its own lees retains its flavor and strength (which it would lose by being poured from one vessel into another), so Moab, owing to its never having been dislodged from its settlements, retains its pride of strength unimpaired.

emptied from vessel, &c.--To make it fit for use, it used to be filtered from vessel to vessel.

scent--retaining the image: the bouquet or perfume of the wine.

Jeremi 48:12

12. wanderers--rather, "pourers out," retaining the image of Jr 48:11, that is, the Chaldeans who shall remove Moab from his settlements, as men pour wine from off the lees into other vessels. "His vessels" are the cities of Moab; the broken "bottles" the men slain [Grotius]. The Hebrew and the kindred Arabic word means, "to turn on one side," so as to empty a vessel [Maurer].

Jeremi 48:13

13. ashamed--have the shame of disappointment as to the hopes they entertained of aid from Chemosh, their idol.

Beth-el--(1Ki 12:27, 29)--that is, the golden calf set up there by Jeroboam.

Jeremi 48:15

15. gone up ... gone down--in antithesis.

out of her cities--Rather, "Moab ... and her cities are gone up," namely, pass away in the ascending smoke of their conflagration (Jos 8:20, 21; Jud 20:40). When this took place, the young warriors would go down from the burning citadels only to meet their own slaughter [Grotius]. English Version is somewhat favored by the fact that "gone out" is singular, and "cities" plural. The antithesis favors Grotius.

Jeremi 48:16

16. near--to the prophet's eye, though probably twenty-three years elapsed between the utterance of the prophecy in the fourth year of Jehoiakim (2Ki 24:2) and its fulfilment in the fifth year of Nebuchadnezzar.

Jeremi 48:17

17. bemoan--Not that Moab deserves pity, but this mode of expression pictures more vividly the grievousness of Moab's calamities.

all ye that know his name--those at a greater distance whom the fame of Moab's "name" had reached, as distinguished from those "about him," that is, near.

strong staff ... rod--Moab is so called as striking terror into and oppressing other peoples (Is 9:4; 14:4, 5); also because of its dignity and power (Psa 110:2; Zec 11:7).

Jeremi 48:18

18. (Is 47:1).

dost inhabit--now so securely settled as if in a lasting habitation.

thirst--Dibon, being situated on the Arnon, abounded in water (Is 15:9). In sad contrast with this, and with her "glory" in general, she shall be reduced not only to shame, but to the want of the commonest necessaries ("thirst") in the arid wilderness (Jr 48:6).

Jeremi 48:19

19. Aroer--on the north bank of the Arnon, a city of Ammon (De 2:36; 3:12). As it was on "the way" of the Moabites who fled into the desert, its inhabitants "ask" what is the occasion of Moab's flight, and so learn the lot that awaits themselves (compare 1Sa 4:13, 16).

Jeremi 48:20

20. Answer of the fleeing Moabites to the Ammonite inquirers (Jr 48:19; Is 16:2). He enumerates the Moabite cities at length, as it seemed so incredible that all should be so utterly ruined. Many of them were assigned to the Levites, while Israel stood.

in Arnon--the north boundary between Moab and Ammon (Jr 48:19; Nu 21:13).

Jeremi 48:22

22. Beth-diblathaim--"the house of Diblathaim": Almon-diblathaim (Nu 33:46); "Diblath" (Eze 6:13); not far from Mount Nebo (Nu 33:46, 47).

Jeremi 48:23

23. Beth-gamul--meaning "the city of camels."

Beth-meon--"the house of habitation": Beth-baalmeon (Jos 13:17). Now its ruins are called Miun.

Jeremi 48:24

24. Kerioth--(Jos 15:25; Am 2:2).

Bozrah--(See on Is 34:6); at one time under the dominion of Edom, though belonging originally to Moab (Ge 36:33; Is 63:1). Others think the Bozrah in Edom distinct from that of Moab. "Bezer" (Jos 21:36).

Jeremi 48:25

25. horn--the emblem of strength and sovereignty: it is the horned animal's means of offense and defense (Psa 75:5, 10; La 2:3).

Jeremi 48:26

26. drunken--(see on Jr 13:12; Jr 25:17). Intoxicated with the cup of divine wrath, so as to be in helpless distraction.

magnified ... against ... Lord--boasted arrogantly against God's people, that whereas Israel was fallen, Moab remained flourishing.

wallow in ... vomit--following up the image of a drunken man, that is, shall be so afflicted by God's wrath as to disgorge all his past pride, riches, and vainglory, and fall in his shameful abasement.

he also ... derision--He in his disaster shall be an object of derision to us, as we in ours have been to him (Jr 48:27). Retribution in kind.

Jeremi 48:27

27. (Zep 2:8).

a derision--The Hebrew has the article: referring to Jr 48:26, "Was not Israel (the whole nation) the object of derision to thee?" Therefore, Moab is to suffer as formerly for its exultation over the calamity (2Ki 17:6) of the ten tribes under the Assyrian Shalmaneser (Is 15:1-16:14), so now for its exultation over the fall of Judah, under the Chaldean Nebuchadnezzar. God takes up His people's cause as His own (Ob 10-13).

was he ... among thieves--(Jr 2:26). Proverbial. What did Israel do to deserve such derision? Was he detected in theft, that thou didst so exult over him in speaking of him? Though guilty before God, Israel was guiltless towards thee.

since--"since ever" thou didst begin speaking of him.

skippedst for joy--at Israel's calamity [Calvin]; or, "thou didst shake thy head" in "derision" [Maurer].

Jeremi 48:28

28. Doves often have their nests in the "sides" of caverns. No longer shalt thou have cities to shelter thee: thou shalt have to flee for shelter to caves and deserts (Psa 55:6, 8; So 2:14).

Jeremi 48:29

29. pride--(Is 16:6, 7). Moab was the trumpeter of his own fame. Jeremiah adds "loftiness and arrogancy" to Isaiah's picture, so that Moab had not only not been bettered by the chastisement previously endured as foretold by Isaiah, but had even become worse; so that his guilt, and therefore his sentence of punishment, are increased now. Six times Moab's pride (or the synonyms) are mentioned, to show the exceeding hatefulness of his sin.

Jeremi 48:30

30. I know--Moab's "proud arrogancy" (Jr 48:29) or "wrath," against My people, is not unknown to Me.

it shall not be so--The result shall not be so as he thinks: his lies shall not so effect what he aims at by them. Calvin translates, "his lies are not right (that is, his vauntings are vain because God will not give them effect); they shall not do so" as they project in their minds, for God will set at naught their plans.

Jeremi 48:31

31. I will cry ... for ... Moab--Not that it deserves pity, but the prophet's "crying" for it vividly represents the greatness of the calamity.

Kir-heres--Kir-hareseth, in Is 16:7; see on Is 16:7. It means "the city of potters," or else "the city of the sun" [Grotius]. Here "the men of Kir-heres" are substituted for "the foundations of Kir-hareseth," in Is 16:7. The change answers probably to the different bearing of the disaster under Nebuchadnezzar, as compared with that former one under Shalmaneser.

Jeremi 48:32

32. with the weeping--with the same weeping as Jazer, now vanquished, wept with for the destruction of its vines. The same calamity shall befall thee, Sibmah, as befell Jazer. The Hebrew preposition here is different from that in Is 16:9, for which reason Maurer translates, "with more than the weeping of Jazer." English Version understands it of the continuation of the weeping; after they have wept for Jazer, fresh subject of lamentation will present itself for the wasting of the vine-abounding Sibmah.

plants ... gone over ... sea of Jazer--As the Septuagint reads "cities of Jazer," and as no traces of a lake near Jazer are found, the reading of English Version is doubtful. Retaining the present reading, we avoid the difficulty by translating [Grotius], "Thy plants (that is, citizens: alluding to the 'vine') are gone over the sea (that is, shall be transported beyond the sea to Cyprus, and such distant lands subject to Babylon; and this, too, in summertime), whereas Jazer (that is, the men of Jazer) reached the sea" (shore only, but are not transported beyond the sea); so that worse shall befall thee than befalls Jazer.

spoiler--Nebuzara-dan.

Jeremi 48:33

33. the plentiful field--rather, "Carmel": as the parallel "land of Moab" requires, though in Is 16:10, it is "the plentiful field." Joy is taken away as from the nearer regions (Canaan and Palestine), so from the farther "land of Moab"; what has happened to Judah shall befall Moab, too (Jr 48:26, 27) [Maurer]. However, Moab alone seems to be spoken of here; nor does the parallelism forbid "plentiful field" answering to "Moab." English Version is therefore better.

shouting--repeated; as at the conclusion of the vintage, men sing over and over again the same cry of joy. A shouting shall be heard, but not the joyous shouting of laborers treading the grapes, but the terrible battle cry of the foe.

Jeremi 48:34

34. From the cry of Heshbon, &c.--Those who fly from Heshbon on its capture shall continue the cry even as far as Elealeh ... . There will be continued cries in all quarters, from one end to the other, everywhere slaughter and wasting.

as an heifer of three years old--Moab heretofore not having known foreign yoke, and in its full strength, is compared to an heifer of three years old, never yet yoked, nor as yet worn out with many birth-givings (compare Note, see on Is 15:5).

waters ... of Nimrim--that is, the well-watered and therefore luxuriant pastures of Nimrim.

desolate--The Hebrew is stronger: not merely shall be "desolate," but desolation itself multiplied: plural, "desolations." The most fertile tracts shall be dried up.

Jeremi 48:35

35. him that offereth--namely, whole burnt offerings as the Hebrew requires [Grotius]. Compare the awful burnt offering of the king of Moab (2Ki 3:27).

high places--(Is 16:12).

Jeremi 48:36

36. (See on Is 15:7; Is 16:11).

like pipes--a plaintive instrument, therefore used at funerals and in general mourning.

riches ... gotten--literally, the abundance ... that which is over and above the necessaries of life. Grotius translates, "They who have been left remaining shall perish"; they who have not been slain by the enemy shall perish by disease and famine.

Jeremi 48:37

37. (See on Jr 47:5; Is 15:2, 3).

upon all ... hands--that is, arms, in which such cuttings used to be made in token of grief (compare Zec 13:6).

Jeremi 48:38

38. vessel ... no pleasure--(See on Jr 22:28); a vessel cast aside by the potter as refuse, not answering his design.

Jeremi 48:39

39. it--Moab.

How ... how--prodigious, yet sure to happen.

turned the back--not daring to show her face.

derision ... dismaying to all--a derision to some; a dismaying to others in beholding such a judgment of God, fearing a like fate for themselves.

Jeremi 48:40

40. he--Nebuzara-dan, the captain of Nebuchadnezzar.

as ... eagle--not to bear them "on eagles' wings" (Ex 19:4; De 32:11, 12), as God does His people, but to pounce on them as a prey (Jr 49:22; De 28:49; Ha 1:8).

Jeremi 48:41

41. as ... woman in ... pangs--(Is 13:8).

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.