Jij 20

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Tout pèp Izrayèl la nèt, depi lavil Dann nan nò jouk lavil Bècheba nan sid, pase nan peyi Galarad, tout pèp la nèt kanpe. Yo reyini ansanm devan Seyè a, lavil Mispa. 2 Tout chèf fanmi yo ansanm ak tout lòt chèf pèp Izrayèl la te sanble la devan Seyè a. Te gen katsanmil (0400.000) sòlda apye antou. 3 Moun Benjamen yo vin konnen rès pèp Izrayèl la te moute lavil Mispa. Moun Izrayèl yo mande: -Manyè di nou ki jan bagay lèd sa a fè rive. 4 Moun Levi a, mari fanm yo te sasinen an, reponn: -Mwen te ale lavil Gibeya nan peyi Benjamen an ansanm ak fanm kay mwen pou m' te pase nwit. 5 Mesye lavil Gibeya yo te soti pou vin pran m' nan mitan lannwit lan, yo sènen kay kote m' te ye a. Yo te vle touye m'. Yo fè kadejak sou fanm kay mwen an, epi li mouri. 6 Mwen pran kadav la, mwen koupe l' an moso, epi mwen voye moso yo toupatou nan peyi Izrayèl la, paske moun Benjamen yo te fè yon vye bagay derespektan, yon move bagay nan mitan pèp Izrayèl la. 7 Nou tout isit la se moun pèp Izrayèl la nou ye. Sa nou di nan sa? Sa nou pral fè? 8 Tout pèp la kanpe ansanm, epi yo di: -Pesonn nan nou la a pa pral lakay li, kit li rete lavil, kit li rete andeyò. 9 Men sa nou pral fè: nou pral tire osò pou n' chwazi kèk moun pou al regle moun lavil Gibeya yo. 10 Lèfini n'ap pran yon moun sou dis nan chak branch fanmi yo pou al chache manje pou moun ki pral regle moun lavil Gibeya yo pou vye bagay derespektan yo te fè nan peyi Izrayèl la. 11 Se konsa tout pèp Izrayèl la te mete tèt yo ansanm pou y' al pini moun lavil Gibeya yo. 12 Lòt branch fanmi pèp Izrayèl yo te voye mesaje nan tout peyi moun Benjamen yo pou di yo: -Ki vye krim sa a nou tande ki fèt konsa lakay nou? 13 Koulye a ban nou moun sa yo, bann vòryen lavil Gibeya yo, pou nou ka touye yo, pou n' ka wete move bagay derespektan sa a nan peyi Izrayèl la. Men, moun Benjamen yo pa koute sa lòt moun pèp Izrayèl yo t'ap di yo. Yo rete sou sa yo te fè a. 14 Yo soti toupatou nan tout lavil Benjamen yo, yo sanble lavil Gibeya pou y' al goumen ak rès pèp Izrayèl la. 15 Jou sa a yo konte, yo jwenn te gen vennsimil (026.000) sòlda antou ki te soti nan tout lavil yo, san konte sètsan (0700) sòlda moun lavil Gibeya yo te chwazi. 16 Pami tout sòlda sa yo te gen sètsan (0700) ladan yo ki te bon anpil nan fè lagè. Yo tout te sèvi ak men gòch yo. Yo tout te ka vize yon cheve ak yon wòch, san yo pa janm manke l' yon fwa. 17 Moun pèp Izrayèl yo menm, san konte branch fanmi Benjamen an, te gen katsanmil (0400.000) gason ki te konn goumen. 18 Moun pèp Izrayèl yo leve, y' ale lavil Betèl, y' al mande Seyè a sa pou yo fè. Yo mande l': -Ki branch fanmi nan pèp Izrayèl la ki pou al atake moun Benjamen yo anvan? Seyè a di yo: -Se branch fanmi Jida a. 19 Se konsa, pèp Izrayèl la leve nan denmen maten, y' al pran pozisyon bò lavil Gibeya. 20 Lèfini, yo pati pou y' al goumen ak moun branch fanmi Benjamen yo. Yo pran pozisyon anfas lavil Gibeya. 21 Moun Benjamen yo soti lavil Gibeya. Jou sa a yo desann venndemil (022.000) sòlda nan lame pèp Izrayèl la. 22 Men, lame pèp Izrayèl la reprann fòs, yo pran pozisyon ankò menm kote yo te ye premye jou a pou y' al goumen. 23 Moun pèp Izrayèl yo menm moute Betèl, y' al kriye nan pye Seyè a jouk aswè, epi yo mande Seyè a sa pou yo fè. Yo di l': -Eske se pou n' al goumen ankò kont moun fanmi Benjamen yo, frè nou yo? Seyè a reponn yo: -Wi. Nou mèt ale. 24 Se konsa lame pèp Izrayèl la atake moun Benjamen yo yon dezyèm fwa. 25 Men, moun Benjamen yo soti lavil Gibeya vin kontre ak yo. Fwa sa a yo touye dizwitmil (018.000) solda nan lame pèp Izrayèl la. 26 Lè sa a, ni lame a ni rès pèp Izrayèl la moute lavil Betèl. Yo chita la devan Seyè a ap kriye. Jou sa a, yo rete san manje jouk aswè. Apre sa, yo boule bèt nan dife pou Seyè a, yo fè ofrann pou mande Seyè a padon. 27 Lèfini, yo mande Seyè a ankò sa pou yo fè. Lè sa a, Bwat Kontra Bondye a te lavil Betèl. 28 Se Fineas, pitit gason Eleaza, pitit pitit Arawon an, ki te reskonsab pou fè sèvis devan Bwat Kontra a. Yo di Seyè a: -Eske se pou n' al goumen ankò kont moun Benjamen yo, frè nou yo, osinon èske se pou n' rete sou sa nou fè a? Seyè a reponn yo: -Nou mèt al goumen. Paske denmen m'ap lage yo nan men nou. 29 Moun Izrayèl yo mete kèk sòlda kache toupatou bò lavil Gibeya a. 30 Apre sa, sou twazyèm jou a, yo moute al goumen ak lame moun Benjamen yo. Yo pran pozisyon ankò devan lavil Gibeya a jan yo te fè l' anvan an. 31 Moun Benjamen yo soti vin kontre ak lame a. Yo kite lavil la byen lwen dèyè yo. Tankou lòt fwa yo, yo konmanse desann gason nan lame a, yo touye trant sòlda konsa, ni sou wout ki moute lavil Betèl la, ni sou wout ki mennen lavil Gibeya a pa mòn. 32 Moun Benjamen yo t'ap di: -Nou bat yo ankò, tankou lòt fwa yo. Men, moun pèp Izrayèl yo t'ap di: -Ann kouri devan yo sou wout andeyò yo pou yo ka kite lavil la byen lwen dèyè yo. 33 Lè sa a, lame pèp Izrayèl la kouri kite tout kote yo te gaye yo, yo sanble bò Baal-Tama. Men mesye ki te kache yo kouri soti kote yo te ye a, dèyè gwo wòch ki te bò lavil Gibeya a. 34 Dimil (010.000) bon sòlda yo te chwazi nan lame pèp Izrayèl la al kontre ak moun Gibeya yo. Batay la te rèd mare. Men, moun Benjamen yo pa t' ankò konprann batay la tapral vire mal pou yo. 35 Seyè a fè pèp Izrayèl la bat lame moun Benjamen yo byen bat jou sa a. Lame pèp Izrayèl la te desann vennsenkmil san (025.100) sòlda nan moun Benjamen yo. 36 Se lè sa a, moun Benjamen yo vin wè yo t'ap pèdi batay la vre. Moun pèp Izrayèl yo menm t'ap fè bak devan moun Benjamen yo paske yo t'ap konte sou mesye ki te anbiske kò yo bò lavil Gibeya a. 37 Mesye sa yo kouri soti nan kachèt yo, yo desann sou lavil Gibeya a, yo gaye nan tout lavil la, yo touye dènye moun yo jwenn ladan l'. 38 Moun Izrayèl yo te gen dizon ak mesye ki te kache yo pou yo te bay yon siyal ak lafimen. Lè yo wè gwo nwaj lafimen an ap moute soti nan lavil la, 39 moun Izrayèl yo vire fè fas kare ak moun Benjamen yo. Lè sa a, moun Benjamen yo te gen tan touye trant moun konsa nan mitan yo. Yonn t'ap di lòt konsa: -Wi, nou bat yo fwa sa a tankou anvan an. 40 Lamenm siyal la parèt. Nwaj lafimen an konmanse moute soti nan lavil la. Moun Benjamen yo vire gade dèyè, yo sezi wè dife te pete toupatou nan lavil la. 41 Moun Izrayèl yo menm te vire tounen sou yo. Lè sa a, laperèz fè moun Benjamen yo pèdi tèt yo, paske yo te vin konprann bagay la tapral pase mal pou yo. 42 Yo pran kouri pou moun Izrayèl yo, yo pran wout dezè a pou yo. Men, li te twò ta, yo pa t' ka chape ankò. Yo pran nan mitan de kan, lame moun Izrayèl la yon bò ak sòlda ki t'ap soti lavil la lòt bò. Yo tout mouri. 43 Moun Izrayèl yo kouri dèyè yo san rete, yo touye yo yonn apre lòt jouk yo rive yon kote anfas Gibeya bò solèy leve. 44 Yo touye dizwitmil (018.000) moun nan pi bon sòlda moun Benjamen yo. 45 Lòt yo menm kouri ale nan dezè a bò wòch Rimon an. Yo touye senkmil (05.000) ladan yo sou wout yo. Yo kouri dèyè rès la jouk Gideyon. Yo touye demil (02.000) ladan yo. 46 Jou sa a, yo te touye vennsenkmil (025.000) moun antou nan branch fanmi Benjamen an. Epi tout te bon sòlda ki te konn goumen. 47 Men, gen sisan (0600) nan moun ki te kouri al nan dezè a, bò Wòch Rimon an, ki rete kache pandan kat mwa. 48 Moun Izrayèl yo menm tounen dèyè lòt moun Benjamen yo. Yo touye depi se gason, bèt ak tout lòt moun ki te nan lavil yo. Yo mete dife nan tout lavil yo jwenn sou wout yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jij 20:1-2

Jud 20:1-7. The Levite, in a General Assembly, Declares His Wrong.

1-2. all ... the congregation was gathered as one man--In consequence of the immense sensation the horrid tragedy of Gibeah had produced, a national assembly was convened, at which "the chief of all the people" from all parts of the land, including the eastern tribes, appeared as delegates.

Mizpeh--the place of convention (for there were other Mizpehs), was in a town situated on the confines of Judah and Benjamin (Jos 15:38; 18:26). Assemblies were frequently held there afterwards (1Sa 7:11; 10:17); and it was but a short distance from Shiloh. The phrase, "unto the Lord," may be taken in its usual sense, as denoting consultation of the oracle. This circumstance, together with the convention being called "the assembly of the people of God," seems to indicate, that amid the excited passions of the nation, those present felt the profound gravity of the occasion and adopted the best means of maintaining a becoming deportment.

Jij 20:3

3. Now the children of Benjamin heard that the children of Israel were gone up to Mizpeh--Some suppose that Benjamin had been passed over, the crime having been perpetrated within the territory of that tribe [Jud 19:16]; and that, as the concubine's corpse had been divided into twelve pieces [Jud 19:29]--two had been sent to Manasseh, one respectively to the western and eastern divisions. It is more probable that Benjamin had received a formal summons like the other tribes, but chose to treat it with indifference, or haughty disdain.

Jij 20:4-7

4-7. the Levite, the husband of the woman that was slain, answered and said--The injured husband gave a brief and unvarnished recital of the tragic outrage, from which it appears that force was used, which he could not resist. His testimony was doubtless corroborated by those of his servant and the old Ephraimite. There was no need of strong or highly colored description to work upon the feelings of the audience. The facts spoke for themselves and produced one common sentiment of detestation and vengeance.

Jij 20:8-13

Jud 20:8-17. Their Decree.

8-13. all the people arose as one man--The extraordinary unanimity that prevailed shows, that notwithstanding great disorders had broken out in many parts, the people were sound at the core; and remembering their national covenant with God, they now felt the necessity of wiping out so foul a stain on their character as a people. It was resolved that the inhabitants of Gibeah should be subjected to condign punishment. But the resolutions were conditional. For as the common law of nature and nations requires that an inquiry should be made and satisfaction demanded, before committing an act of hostility or vengeance, messengers were despatched through the whole territory of Benjamin, demanding the immediate surrender or execution of the delinquents. The request was just and reasonable; and by refusing it the Benjamites virtually made themselves a party in the quarrel. It must not be supposed that the people of this tribe were insensible or indifferent to the atrocious character of the crime that had been committed on their soil. But their patriotism or their pride was offended by the hostile demonstration of the other tribes. The passions were inflamed on both sides; but certainly the Benjamites incurred an awful responsibility by the attitude of resistance they assumed.

Jij 20:14-17

14-17. the children of Benjamin gathered themselves together out of the cities unto Gibeah--Allowing their valor to be ever so great, nothing but blind passion and unbending obstinacy could have impelled them to take the field against their brethren with such a disparity of numbers.

Jij 20:18-28

Jud 20:18-28. The Israelites Lose Forty Thousand.

18-28. the children of Israel arose, and went up to the house of God--This consultation at Shiloh was right. But they ought to have done it at the commencement of their proceedings. Instead of this, all their plans were formed, and never doubting, it would seem, that the war was just and inevitable, the only subject of their inquiry related to the precedency of the tribes--a point which it is likely was discussed in the assembly. Had they asked counsel of God sooner, their expedition would have been conducted on a different principle--most probably by reducing the number of fighting men, as in the case of Gideon's army. As it was, the vast number of volunteers formed an excessive and unwieldy force, unfit for strenuous and united action against a small, compact, and well-directed army. A panic ensued, and the confederate tribes, in two successive engagements, sustained great losses. These repeated disasters (notwithstanding their attack on Benjamin had been divinely authorized) overwhelmed them with shame and sorrow. Led to reflection, they became sensible of their guilt in not repressing their national idolatries, as well as in too proudly relying on their superior numbers and the precipitate rashness of this expedition. Having humbled themselves by prayer and fasting, as well as observed the appointed method of expiating their sins, they were assured of acceptance as well as of victory. The presence and services of Phinehas on this occasion help us to ascertain the chronology thus far, that the date of the occurrence must be fixed shortly after the death of Joshua.

Jij 20:29-48

Jud 20:29-48. They Destroy All the Benjamites, Except Six Hundred.

29-48. And Israel set liers-in-wait round about Gibeah--A plan was formed of taking that city by stratagem, similar to that employed in the capture of Ai [Jos 8:9].

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.