Jij 19
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Nan tan sa a pa t' gen wa nan peyi Izrayèl la. Yon jou, yon moun Levi ki te rete nan fon mòn Efrayim yo leve, l' al pran yon fanm, moun lavil Betleyèm nan peyi Jida, pou fanm kay li. 2 Men, fanm lan vin tonbe nan dezòd sou li, epi li kite l', li tounen lakay papa l', lavil Betleyèm nan peyi Jida. Li pase kat mwa la. 3 Lè sa a, mari a leve, l' al dèyè l' pou l' wè si li te ka tounen avè l' ankò. Li te pati ansanm ak yon domestik ak de bourik. Madanm lan te byen resevwa l' lakay papa l'. Lè papa madanm lan wè l', li te byen kontan resevwa l' tou. 4 Bòpè a pran tèt moun Levi a, li fè l' rete pase twa jou avè l'. Mesyedam yo manje, yo bwè, yo pase nwit nan kay la. 5 Sou katriyèm jou a, yo leve granmaten, yo pare zafè yo pou yo pati. Men, papa madanm lan di moun Levi a konsa: -Mete yon bagay nan vant ou anvan. W'a santi ou anfòm. Aprè sa, w'a pati. 6 Mesyedam yo chita, yo manje, epi yo bwè. Apre sa, papa madanm lan di moun Levi a konsa: -Tanpri, pase nwit la ankò isit la. Pran plezi ou non! 7 Nonm lan te leve pou l' pati, men bòpè a sitèlman kenbe la avè l', li tounen pase nwit la la ankò. 8 Sou senkyèm jou a, nan granmaten, li leve pou l' ale. Bòpè a di l' konsa: -Mete kichòy nan vant ou non, monchè. W'a pati pita. Se konsa de mesye yo chita, yo manje. 9 Aprè sa, nonm lan leve pou l' ale ansanm ak fanm kay li ak domestik li a, men bòpè a di l': -Gade solèy pral kouche, tou rete pase nwit lan non. Talè fènwa pral tonbe. Rete non, monchè. Pran plezi ou! Denmen, w'a leve byen bonè pou vwayaj la, w'aprale lakay ou. 10 Men, fwa sa a nonm lan pa t' vle rete pase yon lòt nwit ankò. Li leve, l' ale ansanm ak fanm kay li ak de bourik yo tou sele. Yo rive toupre lavil Jebis ki vle di lavil Jerizalèm. 11 Lè sa a, te konmanse ap fè nwa anpil, domestik la di l' konsa: -Ann fè yon antre nan lavil moun Jebis yo non. N'a pase nwit la la. 12 Men, mèt la di l' konsa: -Non! Nou pa pral antre nan lavil moun lòt nasyon yo, kote pa gen yon moun pèp Izrayèl la menm. N'ap fè wout nou jouk nou rive lavil Gibeya. 13 Ann al pi devan. N'a pase nwit lan lavil Gibeya osinon lavil Rama. 14 Se konsa yo pa rete, y' al fè wout yo. Solèy t'ap fin kouche lè yo rive bò lavil Gibeya, ki nan teritwa moun branch fanmi Benjamen yo. 15 Yo chankre sou wout la, yo vin pase nwit lan lavil Gibeya. Moun Levi a antre nan lavil la, l' al chita sou plas la, men pesonn pa t' envite yo vin pase nwit lan lakay yo. 16 Nan aswè, yon granmoun gason ki t'ap sot nan jaden vin ap antre lakay li. Se te yon moun mòn Efrayim yo li te ye. Li te rete lavil Gibeya. Men, tout moun lavil yo se moun fanmi Benjamen yo te ye. 17 Je granmoun lan al tonbe sou vwayajè yo ki te sou plas la. Li di moun Levi a konsa: -Kote ou prale? Kote ou soti? 18 Moun Levi a reponn li: -Nou soti lavil Betleyèm nan peyi Jida, n'ap vwayaje, nou pral byen lwen nan fon mòn Efrayim yo. Se la mwen rete. Mwen te desann ale Betleyèm, men koulye a m'ap tounen lakay mwen. Pesonn pa envite nou vin pase nwit lan lakay yo. 19 Nou gen manje ak zèb pou bourik nou, nou gen pen ak diven pou mwen, pou fanm kay mwen, ak pou domestik ki ak nou an. Nou pa manke anyen. 20 Lè sa a granmoun lan di: -Pòt kay mwen louvri pou nou! Se mwen menm k'ap ba ou tou sa ou bezwen. Sèlman pa rete pase nwit lan la sou plas la. 21 Se konsa li mennen yo lakay li, li bay bèt yo zèb. Mesyedam yo menm lave pye yo, epi yo manje, yo bwè. 22 Yo t'ap koze yonn ak lòt lè kèk mesye lavil la, yon bann vòryen, vin sènen kay la. Yo pran frape nan pòt la. Yo pale ak granmoun ki te mèt kay la, yo di l' konsa: -Fè nonm ki lakay ou a soti vin jwenn nou pou nou ka kouche avè l'. 23 Mèt kay la soti al jwenn yo, li di yo konsa: -Non, mezanmi! Tanpri, pa fè vye bagay lèd sa a. Nonm lan se lakay mwen li ye. Pa vin fè bagay sal sa a. 24 Bon, gade! Mwen gen yon jenn pitit fi, li menm li gen yon fanm kay. Mwen pral fè yo soti vin jwenn nou. Nou mèt kouche ak yo. Nou mèt fè sa nou vle ak yo. Men, pa vin fè ankenn vye bagay derespektan ak nonm lan. 25 Men, mesye yo pa t' vle koute l'. Lè sa a, moun Levi a pran fanm kay li a, li fè l' soti al jwenn yo deyò a. Tout mesye yo kouche avè l', yo fè tout kalite bagay avè l' pandan tout nwit lan. Solèy t'apral leve lè yo kite l'. 26 Lè bajou kase, fanm lan trennen jouk li rive devan papòt kay kote mari l' te ye a. Li rete atè a jouk solèy fin leve. 27 Nan maten, mari a leve, li louvri pòt pou l' soti. Li fè sa pou l' al fè wout li, li wè fanm kay li a blayi atè a devan kay la, ak de men l' yo lonje sou papòt la. 28 Li di: -Leve non! Ann ale! Men, fanm lan pa reponn li. Li pran kadav la, li mete l' detravè sou bourik li, epi li pati, l' al lakay li. 29 Lè l' rive lakay li, li pran yon kouto, li koupe kadav fanm kay li a fè douz moso, epi li voye yon moso nan chak branch fanmi peyi Izrayèl la. 30 Chak moun ki te wè sa di konsa: -Nou pa janm wè bagay konsa! Bagay konsa pa janm rive nan mitan nou depi lè pèp Izrayèl la kite peyi Lejip rive jounen jòdi a. Annou kalkile byen kisa nou pral fè pou sa. Sa nou di nan sa?
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jij 19:1
Jud 19:1-15. A Levite Going to Bethlehem to Fetch His Wife.
1. it came to pass in those days--The painfully interesting episode that follows, together with the intestine commotion the report of it produced throughout the country, belongs to the same early period of anarchy and prevailing disorder.
a certain Levite ... took to him a concubine--The priests under the Mosaic law enjoyed the privilege of marrying as well as other classes of the people. It was no disreputable connection this Levite had formed; for a nuptial engagement with a concubine wife (though, as wanting in some outward ceremonies, it was reckoned a secondary or inferior relationship) possessed the true essence of marriage; it was not only lawful, but sanctioned by the example of many good men.
Jij 19:2
2. his concubine ... went away from him unto her father's house--The cause of the separation assigned in our version rendered it unlawful for her husband to take her back (De 24:4); and according to the uniform style of sentiment and practice in the East, she would have been put to death, had she gone to her father's family. Other versions concur with Josephus, in representing the reason for the flight from her husband's house to be, that she was disgusted with him, through frequent brawls.
Jij 19:3-4
3-4. And her husband arose, and went after her, to speak friendly unto her--Hebrew, "speak to her heart," in a kindly and affectionate manner, so as to rekindle her affection. Accompanied by a servant, he arrived at the house of his father-in-law, who rejoiced to meet him, in the hope that a complete reconciliation would be brought about between his daughter and her husband. The Levite, yielding to the hospitable importunities of his father-in-law, prolonged his stay for days.
Jij 19:8
8. tarried--with reluctance.
until afternoon--literally, "the decline of the day." People in the East, who take little or nothing to eat in the morning, do not breakfast till from ten to twelve A.M., and this meal the hospitable relative had purposely protracted to so late a period as to afford an argument for urging a further stay.
Jij 19:9
9. the day draweth toward evening--Hebrew, "the pitching time of day." Travellers who set out at daybreak usually halt about the middle of the afternoon the first day, to enjoy rest and refreshment. It was, then, too late a time to commence a journey. But duty, perhaps, obliged the Levite to indulge no further delay.
Jij 19:10-12
10-12. the man ... departed, and came over against Jebus--The note, "which is Jerusalem," must have been inserted by Ezra or some later hand. Jebus being still, though not entirely (Jud 1:8) in the possession of the old inhabitants, the Levite resisted the advice of his attendant to enter it and determined rather to press forward to pass the night in Gibeah, which he knew was occupied by Israelites. The distance from Beth-lehem to Jerusalem is about six miles. The event showed that it would have been better to have followed the advice of his attendant--to have trusted themselves among aliens than among their own countrymen.
Jij 19:13
13. in Gibeah, or in Ramah--The first of these places was five miles northeast, the other from four to five north of Jerusalem.
Jij 19:15
15. when he went in, he sat him down in a street of the city--The towns of Palestine at this remote period could not, it seems, furnish any establishment in the shape of an inn or public lodging-house. Hence we conclude that the custom, which is still frequently witnessed in the cities of the East, was then not uncommon, for travellers who were late in arriving and who had no introduction to a private family, to spread their bedding in the streets, or wrapping themselves up in their cloaks, pass the night in the open air. In the Arab towns and villages, however, the sheik, or some other person, usually comes out and urgently invites the strangers to his house. This was done also in ancient Palestine (Ge 18:4; 19:2). That the same hospitality was not shown in Gibeah seems to have been owing to the bad character of the people.
Jij 19:16
Jud 19:16-21. An Old Man Entertains Him at Gibeah.
16. there came an old man from his work out of the field at even, which was also of mount Ephraim--Perhaps his hospitality was quickened by learning the stranger's occupation, and that he was on his return to his duties at Shiloh.
Jij 19:19-20
19-20. there is no want of any thing--In answering the kindly inquiries of the old man, the Levite deemed it right to state that he was under no necessity of being burdensome on anyone, for he possessed all that was required to relieve his wants. Oriental travellers always carry a stock of provisions with them; and knowing that even the khans or lodging-houses they may find on their way afford nothing beyond rest and shelter, they are careful to lay in a supply of food both for themselves and their beasts. Instead of hay, which is seldom met with, they used chopped straw, which, with a mixture of barley, beans, or the like, forms the provender for cattle. The old man, however, in the warmth of a generous heart, refused to listen to any explanation, and bidding the Levite keep his stocks for any emergency that might occur in the remainder of his journey, invited them to accept of the hospitalities of his house for the night.
Jij 19:22-24
Jud 19:22-28. The Gibeahites Abuse His Concubine to Death.
22-24. certain sons of Belial beset the house--The narrative of the horrid outrage that was committed; of the proposal of the old man; the unfeeling, careless, and in many respects, inexplicable conduct of the Levite towards his wife, disclose a state of morality that would have appeared incredible, did it not rest on the testimony of the sacred historian. Both men ought to have protected the women in the house, even though at the expense of their lives, or thrown themselves on God's providence. It should be noted, however, that the guilt of such a foul outrage is not fastened on the general population of Gibeah.
Jij 19:29
29. divided her ... into twelve pieces--The want of a regular government warranted an extraordinary step; and certainly no method could have been imagined more certain of rousing universal horror and indignation than this terrible summons of the Levite.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
