Jij 13

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Moun pèp Izrayèl yo te rekonmanse ankò ap fè sa ki mal nan je Seyè a. Seyè a lage yo nan men moun Filisti yo pandan karantan. 2 Te gen yon nonm yo te rele Manoak. Se te moun lavil Zora, li te fè pati branch fanmi Dann lan. Madanm li pa t' janm ka fè pitit. 3 Zanj Seyè a parèt devan madanm lan, li di l' konsa: -Ou pa t' janm ka fè pitit, pa vre? Men ou pral vin ansent, ou pral fè yon pitit gason. 4 Piga ou janm bwè diven, ni ankenn lòt bweson ki pou fè ou sou. Nitou, piga ou manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje. 5 Paske ou pral ansent, ou pral fè yon pitit gason. Piga ou janm koupe cheve nan tèt li, paske depi nan vant manman l', se yon gason k'ap viv apa pou Bondye tankou nazirit yo l'ap ye. Se li menm ki pral konmanse travay pou delivre pèp Izrayèl la anba men moun Filisti yo. 6 Apre sa, madanm lan antre al di mari l': -Yon moun Bondye te vin bò kote m'. Lè mwen gade l', pou jan li te fè m' pè a ou ta di yon mesaje Bondye. Mwen pa mande l' kote l' soti, ni li pa ban m' non li. 7 Li di m' konsa: Ou pral ansent, ou pral fè yon pitit gason. Piga ou janm bwè diven, ni ankenn lòt bweson ki pou fè ou sou. Ni piga ou manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje. Paske pitit gason ou lan pral viv apa pou Bondye tankou nazirit yo depi nan vant manman l' jouk jou li mouri. 8 Lè sa a, Manoak lapriyè Seyè a, li di: -Tanpri, Mèt mwen, fè moun Bondye ou te voye a vin bò kote nou ankò pou l' ka di nou sa pou nou fè pou ti gason ki pral fèt la. 9 Bondye fè sa Manoak te mande l' la vre. Epi mesaje Bondye a vin bò kote madanm lan ki te chita nan yon jaden. Manoak, mari a, pa t' avè l'. 10 Madanm lan prese kouri al bay mari l' nouvèl la. Li di li konsa: -Men moun ki te vin bò kote m' lòt jou a parèt devan m' ankò. 11 Manoak leve, li swiv madanm li. L' al jwenn nonm lan, epi li di l': -Se ou menm ki te pale ak madanm sa a? Li reponn: -Wi, se mwen. 12 -Manoak di l': -Bon. Lè tou sa ou di yo va rive, kijan pou m' elve ti pitit la? Kisa pou l' fè ak sa pou l' pa fè? 13 Mesaje Seyè a di Manoak konsa: -Se pou madanm ou fè tou sa mwen di l' fè a. 14 Piga li janm manje anyen ki fèt avèk rezen. Piga li janm bwè diven ni ankenn lòt bweson ki pou fè l' sou. Piga li janm manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje. Se pou li fè tou sa mwen mande l' fè a. 15 Manoak di mesaje Seyè a: -Tanpri, poko ale. Kite nou kwit yon jenn ti kabrit pou ou. 16 Mesaje Seyè a di Manoak konsa: -Menm si mwen rete mwen p'ap manje manje w'ap ban mwen an. Men si ou vle, touye yon ti kabrit, boule l' nan dife tankou yon ofrann pou Seyè a. Manoak pa t' ankò konnen si se te yon mesaje Seyè a ki te devan l'. 17 Manoak di mesaje Seyè a: -Di nou ki jan ou rele pou nou ka fè lwanj pou ou lè pawòl ou di yo va rive vre. 18 Mesaje Seyè a di l': -Poukisa nou vle konnen non m'? Non m' se yon mèvèy. 19 Manoak pran jenn ti kabrit la ak kèk grenn jaden, li mete yo sou lotèl wòch la, li ofri yo pou Seyè a ki fè yon mèvèy devan Manoak ak madanm li ki te rete la ap gade. 20 Pandan flanm dife yo t'ap soti sou lotèl la moute nan syèl la, Manoak ak madanm li wè mesaje Seyè a moute nan syèl la nan flanm dife a. Lè yo wè sa, yo lage kò yo fas atè. 21 Manoak ak madanm li pa janm wè mesaje Bondye a ankò. Se lè sa a, Manoak vin konprann se te yon mesaje Seyè a ki te parèt devan yo a. 22 Lè sa a, Manoak di madanm li: -Nou pral mouri, paske nou wè Bondye! 23 Madanm lan di l': -Si Seyè a te vle touye nou, li pa ta asepte ofrann nou fè pou li yo. Li pa ta fè nou wè tout bagay sa yo, ni li pa ta fè nou tande tout pawòl sa yo. 24 Apre sa, madanm lan fè yon pitit gason, li rele l' Samson. Pitit la grandi, Seyè a te beni l'. 25 Epi lespri Seyè a konmanse travay nan li antan li te nan kan moun Dann yo, ant Soreja ak Echtawòl.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jij 13:1

Jud 13:1. Israel Serves the Philistines Forty Years.

1. the Lord delivered them into the hand of the Philistines forty years--The Israelites were represented (Jud 10:6, 7) as having fallen universally into a state of gross and confirmed idolatry, and in chastisement of this great apostasy, the Lord raised up enemies that harassed them in various quarters, especially the Ammonites and Philistines. The invasions and defeat of the former were narrated in the two chapters immediately preceding this; and now the sacred historian proceeds to describe the inroads of the latter people. The period of Philistine ascendency comprised forty years, reckoning from the time of Elon till the death of Samson.

Jij 13:2

Jud 13:2-10. An Angel Appears to Manoah's Wife.

2. Zorah--a Danite town (Jos 15:33) lying on the common boundary of Judah and Dan, so that it was near the Philistine border.

Jij 13:3

3. the angel of the Lord--The messenger of the covenant, the divine personage who made so many remarkable appearances of a similar kind already described.

Jij 13:5

5. thou shalt conceive, and bear a son--This predicted child was to be a Nazarite. The mother was, therefore, for the sake of her promised offspring, required to practice the rigid abstinence of the Nazarite law (see on Nu 6:2).

he shall begin to deliver Israel out of the hand of the Philistines--a prophecy encouraging to a patriotic man; the terms of it, however, indicated that the period of deliverance was still to be distant.

Jij 13:6-8

6-8. then Manoah entreated the Lord--On being informed by his wife of the welcome intimation, the husband made it the subject of earnest prayer to God. This is a remarkable instance, indicative of the connection which God has established between prayer and the fulfilment of His promises.

Jij 13:11

Jud 13:11-14. The Angel Appears to Manoah.

11. Art thou the man that spakest unto the woman?--Manoah's intense desire for the repetition of the angel's visit was prompted not by doubts or anxieties of any kind, but was the fruit of lively faith, and of his great anxiety to follow out the instructions given. Blessed was he who had not seen, yet had believed.

Jij 13:15

Jud 13:15-23. Manoah's Sacrifice.

15. Manoah said unto the angel ..., I pray thee, let us detain thee, until we shall have made ready a kid--The stranger declined the intended hospitality and intimated that if the meat were to be an offering, it must be presented to the Lord [Jud 13:6]. Manoah needed this instruction, for his purpose was to offer the prepared viands to him, not as the Lord, but as what he imagined him to be, not even an angel (Jud 13:16), but a prophet or merely human messenger. It was on this account, and not as rejecting divine honors, that he spoke in this manner to Manoah. The angel's language was exactly similar to that of our Lord (Mt 19:17).

Jij 13:17-20

17-20. Manoah said unto the angel ..., What is thy name?--Manoah's request elicited the most unequivocal proofs of the divinity of his supernatural visitor--in his name "secret" (in the Margin, "wonderful"), and in the miraculous flame that betokened the acceptance of the sacrifice.

Jud 13:24, 25. Samson Born.

Jij 13:24

24. the woman bare a son, and called his name Samson--The birth of this child of promise, and the report of the important national services he was to render, must, from the first, have made him an object of peculiar interest and careful instruction.

Jij 13:25

25. the Spirit of the Lord began to move him at times--not, probably, as it moved the prophets, who were charged with an inspired message, but kindling in his youthful bosom a spirit of high and devoted patriotism.

Eshtaol--the free city. It, as well as Zorah, stood on the border between Judah and Dan.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.