Ezayi 57

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Moun k'ap mache dwat yo ap fin mouri nan peyi a, sa pa fè pesonn anyen. Moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo ap fin disparèt, pesonn pa wè sa. Mechanste fè moun k'ap mache dwat yo disparèt. 2 Moun ki t'ap mache dwat yo ale kote yo jwenn kè poze, yo kouche nan tonm yo. 3 Nou menm ki p'ap fè anyen san konsilte zetwal, pwoche vini! Se yon bann moun ki vire do bay Bondye nou ye. N'ap sèvi zidòl, nou tankou moun k'ap fè adiltè, k'ap viv nan dezòd. 4 Ki moun n'ap pase nan betiz la a? Ki moun n'ap pale mal konsa? Sou ki moun n'ap fè grimas konsa? Se yon bann moun ki pa janm kenbe pawòl yo, yon bann moun k'ap bay manti nou ye. 5 N'ap fè sèvis pou zidòl nan jaden nou. Nou kouche ak fanm anba pye bwadchenn, anba tout raje. Nou bay timoun nou pou yo touye pou zidòl yo nan twou wòch nan bafon yo. 6 Nou pran kèk gwo wòch galèt nan ravin yo sèvi nou Bondye. Se yo ki tout nou. Nou fè ofrann grenn jaden ak ofrann diven pou yo vide sou yo. Nou konprann bagay konsa ka fè m' plezi! 7 Nou moute sou yon gwo mòn byen wo pou n' al kouche ak fanm, pou n' al touye bèt nou ofri bay zidòl yo. 8 Nou mete wòch zidòl nou yo dèyè pòtay nou, nan papòt lakay nou. Nou vire do ban mwen, nou mete nou toutouni, nou moute sou gwo kabann byen laj nou, nou kouche ak medam, chwal zidòl yo, nou peye pou sa. Nou pran kont plezi nou ak je nou kole sou wòch zidòl yo. 9 Nou mete odè sou nou, nou pati al fè sèvis pou Molòk. Nou mete tout kalite odè sou nou. Nou voye mesaje byen lwen al chache zidòl pou nou. Nou voye yo jouk nan peyi kote mò yo ye a. 10 Nou fatige kò nou ap vwayaje, men nou pa janm kite! Nou mete nan tèt nou zidòl yo ap ban nou fòs pou nou pa janm bouke. 11 Seyè a di: Kilès bondye sa yo ki t'ap ban nou kè sote, ki t'ap fè nou pè konsa, kifè ou bay tout manti sa yo? Kilès sa a ki fè nou bliye m' konsa? Nou pa chonje reve m'. Eske se paske mwen rete mwen pa di anyen kifè nou sispann gen krentif pou mwen? 12 M'ap denonse tou sa n'ap plede fè pou sove tèt nou. Nou kwè l'ap bon pou nou, men sa p'ap sèvi nou anyen. 13 Lè n'a rele mande sekou, se pou tout zidòl nou yo vin sove nou si yo kapab! Yon senp ti van ap pote yo ale, yon ti briz van ap pati ak yo. Men, moun ki mete konfyans yo nan mwen va rete nan peyi a, y'a rete sou mòn ki apa pou mwen an. 14 Lè sa a, Seyè a di: -Pare wout la pou pèp la tounen vin jwenn mwen. Mete ranblè. Wete tout bagay k'ap bare wout la devan pèp mwen an. 15 Se mwen menm Bondye ki anwo nèt nan syèl la, Bondye ki la pou tout tan an, Bondye ki apa nèt la. Men sa mwen di: mwen rete yon kote ki anwo nèt, yon kote ki apa pou mwen nèt. Men mwen kanpe la avèk moun ki soumèt yo devan m', avèk moun ki gen lapenn tout bon pou sa yo fè ki mal, pou m' ka remoute kouraj yo, pou m' ba yo konfyans ankò. 16 Mwen pa vle nan diskit tout tan ak yo, mwen pa vle rete ankòlè tout tan pou moun mwen bay lavi yo pa pèdi kouraj. 17 Wi, mwen te fache anpil sou yo paske yo te gen move lanvi nan kè yo. Mwen te fè kòlè, mwen te pini yo, mwen te lage yo, paske yo t'ap fè tèt di, yo t'ap fè sa yo pi pito. 18 Mwen te wè tou sa yo t'ap fè, men m'ap geri yo. Mwen pral pran men yo pou m' mennen yo sou bon chemen an. M'a remoute kouraj sa ki nan lapenn yo. 19 M'a di yo: Kè poze pou nou tout ki lwen, kè poze pou nou tout ki pre. M'a mete lwanj nan bouch yo, m'ap ba yo tout kè poze, m'ap geri yo. 20 Men, mechan yo tankou lanmè ki boulvèse. Lanm lanmè yo ap bat san rete, y'ap jete kras ak labou sou rivaj la. 21 Bondye mwen an di: Pa gen kè poze pou mechan yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Ezayi 57:1

Is 57:1-21. The Peaceful Death of the Righteous Few: the Ungodliness of the Many: a Believing Remnant Shall Survive the General Judgments of the Nation, and Be Restored by Him Who Creates Peace.

In the midst of the excesses of the unfaithful watchmen (Is 56:10, 11, 12), most of the few that are godly perish: partly by vexation at the prevailing ungodliness; partly by violent death in persecution: prophetical of the persecuting times of Manasseh, before God's judgments in causing the captivity in Babylon; and again those in the last age of the Church, before the final judgments on the apostasy (2Ki 21:16; Mt 23:29-35, 37; Re 11:17). The Hebrew for "perisheth," and "is taken away," expresses a violent death (Mi 7:2).

1. no man layeth it to heart--as a public calamity.

merciful men--rather, godly men; the subjects of mercy.

none considering--namely, what was the design of Providence in removing the godly.

from the evil--Hebrew, from the face of the evil, that is, both from the moral evil on every side (Is 56:10-12), and from the evils about to come in punishment of the national sins, foreign invasions, &c. (Is 56:9; 57:13). So Ahijah's death is represented as a blessing conferred on him by God for his piety (1Ki 14:10-13; see also 2Ki 22:20).

Ezayi 57:2

2. Or, "he entereth into peace"; in contrast to the persecutions which he suffered in this world (Job 3:13, 17). The Margin not so well translates, "he shall go in peace" (Psa 37:37; Lu 2:29).

rest--the calm rest of their bodies in their graves (called "beds," 2Ch 16:14; compare Is 14:18; because they "sleep" in them, with the certainty of awakening at the resurrection, 1Th 4:14) is the emblem of the eternal "rest" (He 4:9; Re 14:13).

each one walking in ... uprightness--This clause defines the character of those who at death "rest in their beds," namely, all who walk uprightly.

Ezayi 57:3

3. But ... ye--In contrast to "the righteous" and their end, he announces to the unbelieving Jews their doom.

sons of the sorceress--that is, ye that are addicted to sorcery: this was connected with the worship of false gods (2Ki 21:6). No insult is greater to an Oriental than any slur cast on his mother (1Sa 20:30; Job 30:8).

seed of the adulterer--Spiritual adultery is meant: idolatry and apostasy (Mt 16:4).

Ezayi 57:4

4. sport yourselves--make a mock (Is 66:5). Are ye aware of the glory of Him whom you mock, by mocking His servants ("the righteous," Is 57:1)? (2Ch 36:16).

make ... wide mouth--(Psa 22:7, 13; 35:21; La 2:16).

children of transgression, &c.--not merely children of transgressors, and a seed of false parents, but of transgression and falsehood itself, utterly unfaithful to God.

Ezayi 57:5

5. Enflaming yourselves--burning with lust towards idols [Gesenius]; or else (compare Margin), in the terebinth groves, which the Hebrew and the parallelism favor (see on Is 1:29) [Maurer].

under ... tree--(2Ki 17:10). The tree, as in the Assyrian sculptures, was probably made an idolatrous symbol of the heavenly hosts.

slaying ... children--as a sacrifice to Molech, &c. (2Ki 17:31; 2Ch 28:3; 33:6).

in ... valleys--the valley of the son of Hinnom. Fire was put within a hollow brazen statue, and the child was put in his heated arms; kettle drums (Hebrew, toph) were beaten to drown the child's cries; whence the valley was called Tophet (2Ch 33:6; Jr 7:3).

under ... clifts--the gloom of caverns suiting their dark superstitions.

Ezayi 57:6

6. The smooth stones, shaped as idols, are the gods chosen by thee as thy portion (Psa 16:5).

meat offering--not a bloody sacrifice, but one of meal and flour mingled with oil. "Meat" in Old English meant food, not flesh, as it means now (Le 14:10).

Should I receive comfort--rather, "Shall I bear these things with patience?" [Horsley].

Ezayi 57:7

7. Upon ... high mountain ... bed--image from adultery, open and shameless (Eze 23:7); the "bed" answers to the idolatrous altar, the scene of their spiritual unfaithfulness to their divine husband (Eze 16:16, 25; 23:41).

Ezayi 57:8

8. "Remembrance," that is, memorials of thy idolatry: the objects which thou holdest in remembrance. They hung up household tutelary gods "behind the doors"; the very place where God has directed them to write His laws "on the posts and gates" (De 6:9; 11:20); a curse, too, was pronounced on putting up an image "in a secret place" (De 27:15).

discovered thyself--image from an adulteress.

enlarged ... bed--so as to receive the more paramours.

made ... covenant--with idols: in open violation of thy "covenant" with God (Ex 19:5; 23:32). Or, "hast made assignations with them for thyself" [Horsley].

thy bed ... their bed--The Jews' sin was twofold; they resorted to places of idolatry ("their bed"), and they received idols into the temple of God ("thy bed").

where--rather, "ever since that" [Horsley]. The Hebrew for "where" means "room" (Margin), a place; therefore, translate, "thou hast provided a place for it" (for "their bed"), namely, by admitting idolatrous altars in thy land [Barnes]; or "thou choosest a (convenient) place for thyself" in their bed [Maurer] (Is 56:5).

Ezayi 57:9

9. the king--the idol which they came to worship, perfumed with oil, like harlots (Jr 4:30; Eze 23:16, 40). So "king" means idol (Am 5:26; Zep 1:5); (malcham meaning "king") [Rosenmuller]. Rather, the king of Assyria or Egypt, and other foreign princes, on whom Israel relied, instead of on God; the "ointment" will thus refer to the presents (Ho 12:1), and perhaps the compliances with foreigners' idolatries, whereby Israel sought to gain their favor [Lowth] (Is 30:6; Eze 16:33; 23:16; Ho 7:11).

send ... messengers far off--not merely to neighboring nations, but to those "far off," in search of new idols, or else alliances.

even unto hell--the lowest possible degradation.

Ezayi 57:10

10. greatness of ... way--the length of thy journey in seeking strange gods, or else foreign aid (Jr 2:23, 24). Notwithstanding thy deriving no good from these long journeys (so, "send ... far off," Is 57:9), thou dost not still give up hope (Jr 2:25; 18:12).

hast found ... life of ... hand--for "thou still findest life (that is, vigor) enough in thy hand" to make new idols [Maurer], or to seek new alliance ("hand" being then taken for strength in general).

grieved--rather, "therefore thou art not weak" [Maurer]; inasmuch as having "life in thy hand," thou art still strong in hope.

Ezayi 57:11

11. Israel wished not to seem altogether to have denied God. Therefore they "lied" to Him. God asks, Why dost thou do so? "Whom dost thou fear? Certainly not Me; for thou hast not remembered Me." Translate, "seeing that thou hast not remembered Me."

laid it to ... heart--rather, "nor hast Me at heart"; hast no regard for Me; and that, because I have been long silent and have not punished thee. Literally, "Have I not held My peace, and that for long? and so thou fearest Me not" (Psa 50:21; Ec 8:11). It would be better openly to renounce God, than to "flatter Him" with lies of false professions (Psa 78:36) [Ludovicus De Dieu]. However, Is 51:12, 13 favors English Version of the whole verse; God's "silent" long-suffering, which was intended to lead them to repentance, caused them "not to fear Him" (Ro 2:4, 5).

Ezayi 57:12

12. declare--I will expose publicly thy (hypocritical) righteousness. I will show openly how vain thy works, in having recourse to idols, or foreign alliances, shall prove (Is 57:3).

Ezayi 57:13

13. When thou criest--In the time of thy trouble.

companies--namely, of idols, collected by thee from every quarter; or else, of foreigners, summoned to thy aid.

wind ... carry ... away--(Job 21:18; Mt 7:27).

vanity--rather, "a breath" [Lowth].

possess ... land ... inherit--that is, the literal land of Judea and Mount Zion; the believing remnant of Israel shall return and inherit the land. Secondarily, the heavenly inheritance, and the spiritual Zion (Is 49:8; Psa 37:9, 11; 69:35, 36; Mt 5:5; He 12:22). "He that putteth his trust in Me," of whatever extraction, shall succeed to the spiritual patrimony of the apostate Jew [Horsley].

Ezayi 57:14

14. shall say--The nominative is, "He that trusteth in Me" (Is 57:13). The believing remnant shall have every obstacle to their return cleared out of the way, at the coming restoration of Israel, the antitype to the return from Babylon (Is 35:8; 40:3, 4; 62:10, 11).

Cast ... up--a high road before the returning Jews.

stumbling-block--Jesus had been so to the Jews, but will not be so then any longer (1Co 1:23); their prejudices shall then be taken out of the way.

Ezayi 57:15

15. The pride and self-righteousness of the Jews were the stumbling block in the way of their acknowledging Christ. The contrition of Israel in the last days shall be attended with God's interposition in their behalf. So their self-humiliation, in Is 66:2, 5, 10, &c., precedes their final prosperity (Zec 12:6, 10-14); there will, probably, be a previous period of unbelief even after their return (Zec 12:8, 9).

Ezayi 57:16

16. For--referring to the promise in Is 57:14, 15, of restoring Israel when "contrite" (Ge 6:3; 8:21; Psa 78:38, 39; 85:5; 103:9, 13, 14; Mi 7:18). God "will not contend for ever" with His people, for their human spirit would thereby be utterly crushed, whereas God's object is to chasten, not to destroy them (La 3:33, 34; Mi 7:8, 9). With the ungodly He is "angry every day" (Psa 7:11; Re 14:11).

spirit ... before me--that is, the human spirit which went forth from Me (Nu 16:22), answering to "which I have made" in the parallel clause.

Ezayi 57:18

18. Rather, "I have seen his ways (in sin), yet will I heal him," that is, restore Israel spiritually and temporally (Jr 33:6; 3:22; Ho 14:4, 5) [Horsley].

I will ... restore comforts unto him and to his mourners--However, the phrase, "his mourners," favors English Version; "his ways" will thus be his ways of repentance; and God's pardon on "seeing" them answers to the like promise (Is 61:2, 3; Jr 31:18, 20).

Ezayi 57:19

19. fruit of ... lips--that is, thanksgivings which flow from the lips. I make men to return thanks to Me (Ho 14:2; He 13:15).

Peace, peace--"perfect peace" (see Is 26:3, Margin; Joh 14:27). Primarily, the cessation of the troubles now afflicting the Jews, as formerly, under the Babylonian exile. More generally, the peace which the Gospel proclaims both to Israel "that is near," and to the Gentiles who are "far off" (Ac 2:39; Ep 2:17).

Ezayi 57:20

20. when it cannot rest--rather, "for it can have no rest" (Job 15:20, &c.; Pr 4:16, 17). English Version represents the sea as occasionally agitated; but the Hebrew expresses that it can never be at rest.

Ezayi 57:21

21. (Is 48:22; 2Ki 9:22).

my God--The prophet, having God as his God, speaks in the person of Israel, prophetically regarded as having now appropriated God and His "peace" (Is 11:1-3), warning the impenitent that, while they continue so, they can have no peace.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.