Jenèz 42

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Lè Jakòb vin konnen te gen ble pou vann nan peyi Lejip, li di pitit li yo: -Poukisa nou chita konsa yonn ap gade lòt, de bra kwaze? 2 Mwen tande y'ap vann ble nan peyi Lejip. Desann non, al achte ble pou nou ka viv pou nou pa mouri grangou. 3 Se konsa, dis nan frè Jozèf yo desann nan peyi Lejip, y al achte ble. 4 Men Jakòb pa t' voye Benjamen, lòt frè Jozèf menm manman avè l' la, avèk yo paske li te pè pou malè pa t' rive l'. 5 Grangou a te rèd nan peyi Kanaran an tou. Se konsa, pitit Izrayèl yo te vwayaje ansanm ak lòt moun ki tapral achte ble tou. 6 Se Jozèf ki t'ap gouvènen sou tout peyi Lejip la. Se nan men l' moun te konn soti toupatou vin achte manje. Frè Jozèf yo rive, yo bese tèt yo byen ba jouk atè pou di l' bonjou. 7 Lè Jozèf wè frè l' yo, li rekonèt yo. Men li pran pòz pa konnen yo. Li pale rèd ak yo. Li di: -Ki bò nou soti? Yo reponn: -Nou soti peyi Kanaran, nou vin achte manje. 8 Jozèf te rekonèt frè l' yo, men yo menm yo pa t' rekonèt li. 9 Le sa a Jozèf vin chonje rèv li te fè sou frè l' yo. Li di yo: -Nou se yon bann espyon. Nou vin isit la pou n' chache konnen pwen fèb peyi a. 10 Yo reponn li: -Non, mèt. Nou se moun pa ou, se manje nou vin achte isit la. 11 Nou tout nou se pitit yon sèl papa. Nou p'ap ba ou manti, se pa espyon nou ye. 12 Jozèf di yo: -Se pa vre. Nou vin isit la pou n' chache konnen pwen fèb peyi a. 13 Yo di l': -Nou se douz frè, pitit yon sèl papa nan peyi Kanaran. Dènye a rete ak papa nou. Gen yonn nan nou ki disparèt. 14 Jozèf reponn yo: -Nou wè mwen gen rezon lè m' di se yon bann espyon nou ye. 15 Men ki bò mwen pral kenbe nou: M'ap fè sèman sou tèt farawon an, nou p'ap soti isit la tout tan nou pa fè ti frè nou an vini isit la. 16 Voye yonn nan nou al chache l'. Lòt yo ap rete nan prizon. Se konsa, m'a wè nou pa t'ap bay manti. Si se pa sa, mwen fè sèman sou tèt farawon an, se espyon nou ye. 17 Li fè fèmen yo tout nan prizon pandan twa jou. 18 Sou twazyèm jou a, Jozèf di yo: -Men sa pou n' fè, si nou vle sove lavi nou: Mwen menm mwen se moun ki respekte Bondye. 19 Si nou konnen nou p'ap bay manti se pou yonn nan nou rete fèmen nan prizon kote yo te fèmen nou an. Lòt yo mèt pote ble a ale pou fanmi nou yo ka manje. 20 Men, ti frè nou an, sa ki pi piti a, se pou nou mennen l' ban mwen, pou nou ka moutre m' nou pa t' ban m' manti. Konsa, yo p'ap touye nou. Yo tonbe dakò sou sa. 21 Yonn t'ap di lòt: -Nou wè. Nou peye sa nou te fè frè nou an pase. Se vre wi. Nou te fè mal lè nou te fè frè nou an pase tout sa nou te fè l' la. Nou te wè ki jan sa te fè l' lapenn anpil, lè li t'ap mande nou fè l' gras. Men, nou pa t' vle koute l'. Se poutèt sa nou nan tout traka sa a. 22 Woubenn di yo: -Mwen te di nou pa fè tibway la anyen, men nou pa t' vle koute m'. Koulye a se lanmò tibway la n'ap peye. 23 Jozèf te konprann tout sa yo t'ap di a. Men yo pa t' konn sa paske te gen yon moun ki t'ap tradwi pou yo lè yo t'ap pale avè l'. 24 Jozèf soti kote yo te ye a, li al kriye. Lèfini li tounen, li pale ak yo, li pran Simeyon, li fè yo mete l' nan chenn, la devan yo tout. 25 Jozèf te bay lòd pou yo te plen sak yo avèk ble, pou yo te mete lajan yo chak nan sak yo ankò, lèfini pou yo ba yo manje pou yo manje sou wout la. Se sa yo te fè vre. 26 Frè yo menm chaje bourik yo ak ble yo te achte a, yo pati. 27 Lè yo rive kote yo t'ap pase nwit la a, yonn ladan yo louvri sak li pou l' te ka bay bourik li manje. Li jwenn lajan li te bay la nan sak la. 28 Li di frè l' yo. -Yo renmèt mwen lajan m' lan wi. Men li nan sak mwen an. Kè yo kase. Yo t'ap tranble kou fèy bwa tèlman yo te pè. Yonn t'ap di lòt: -Kisa Bondye fè nou konsa? 29 Lè yo rive kay Jakòb, papa yo, nan peyi Kanaran, yo rakonte l' tout sa ki te pase. Yo di l': 30 -Nèg k'ap gouvènen peyi a pale rèd ak nou. Li pran nou pou espyon. 31 Nou di l' nou p'ap ba l' manti, se pa espyon nou ye. 32 Se douz frè nou ye, pitit yon sèl papa. Yonn nan nou disparèt, dènye a rete ak papa nou nan peyi Kanaran. 33 Men chèf peyi a di nou: Men ki jan m'ap konnen si nou p'ap ban m' manti: Kite yonn nan frè nou yo isit la avèk mwen. Pran sa nou bezwen pou fanmi nou. Nou mèt ale. Mennen lòt ti frè nou an ban mwen. 34 Lè sa a, m'a konnen se pa espyon nou ye, nou pa t'ap ban m' manti. m'a renmèt nou frè nou an. m'a kite nou trafike nan peyi a. 35 Lè yo vide sak yo, chak moun jwenn ti sakit lajan li te bay la nan bouch sak li ankò. Lè yo wè sa, yon sèl lapè pran yo ansanm ak papa yo. 36 Lè sa a Jakòb, papa yo, di: -N'ap wete tout pitit mwen yo nan men m'. Jozèf disparèt, Simeyon pa la ankò. Koulye a, nou vle pran m' Benjamen. Se mwen menm k'ap pote tout chaj la. 37 Woubenn di papa l' konsa: -Papa, ou mèt touye de pitit gason m' yo, si m' pa mennen Benjamen tounen ba ou. Ou mèt renmèt mwen li nan men, m'ap mennen l' tounen ba ou. 38 Men Jakòb te di: -Pitit gason m' lan p'ap fè yon pa. Frè li a fin mouri. Se li menm sèl ki rete nan pitit manman l' yo. Si pou yon malè ta rive l' nan vwayaj nou pral fè a, m'a mouri. Mwen fin granmoun, lapenn sa a va twòp pou mwen, la fin pote m' ale.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jenèz 42:1

Ge 42:1-38. Journey into Egypt.

1. Now when Jacob saw that there was corn in Egypt--learned from common rumor. It is evident from Jacob's language that his own and his sons' families had suffered greatly from the scarcity; and through the increasing severity of the scourge, those men, who had formerly shown both activity and spirit, were sinking into despondency. God would not interpose miraculously when natural means of preservation were within reach.

Jenèz 42:5

5. the famine was in the land of Canaan--The tropical rains, which annually falling swell the Nile, are those of Palestine also; and their failure would produce the same disastrous effects in Canaan as in Egypt. Numerous caravans of its people, therefore, poured over the sandy desert of Suez, with their beasts of burden, for the purchase of corn; and among others, "the sons of Israel" were compelled to undertake a journey from which painful associations made them strongly averse.

Jenèz 42:6

6. Joseph was the governor--in the zenith of his power and influence.

he it was that sold--that is, directed the sales; for it is impossible that he could give attendance in every place. It is probable, however, that he may have personally superintended the storehouses near the border of Canaan, both because that was the most exposed part of the country and because he must have anticipated the arrival of some messengers from his father's house.

Joseph's brethren came, and bowed down themselves before him--His prophetic dreams [Ge 37:5-11] were in the course of being fulfilled, and the atrocious barbarity of his brethren had been the means of bringing about the very issue they had planned to prevent (Is 60:14; Re 3:9, last clause).

Jenèz 42:7-8

7-8. Joseph saw his brethren, and he knew them, ... but they knew not him--This is not strange. They were full-grown men--he was but a lad at parting. They were in their usual garb--he was in his official robes. They never dreamt of him as governor of Egypt, while he had been expecting them. They had but one face; he had ten persons to judge by.

made himself strange unto them, and spake roughly--It would be an injustice to Joseph's character to suppose that this stern manner was prompted by any vindictive feelings--he never indulged any resentment against others who had injured him. But he spoke in the authoritative tone of the governor in order to elicit some much-longed-for information respecting the state of his father's family, as well as to bring his brethren, by their own humiliation and distress, to a sense of the evils they had done to him.

Jenèz 42:9-14

9-14. Ye are spies--This is a suspicion entertained regarding strangers in all Eastern countries down to the present day. Joseph, however, who was well aware that his brethren were not spies, has been charged with cruel dissimulation, with a deliberate violation of what he knew to be the truth, in imputing to them such a character. But it must be remembered that he was sustaining the part of a ruler; and, in fact, acting on the very principle sanctioned by many of the sacred writers, and our Lord Himself, who spoke parables (fictitious stories) to promote a good end.

Jenèz 42:15

15. By the life of Pharaoh--It is a very common practice in Western Asia to swear by the life of the king. Joseph spoke in the style of an Egyptian and perhaps did not think there was any evil in it. But we are taught to regard all such expressions in the light of an oath (Mt 5:34; Jas 5:12).

Jenèz 42:17-24

17-24. put them ... into ward three days--Their confinement had been designed to bring them to salutary reflection. And this object was attained, for they looked upon the retributive justice of God as now pursuing them in that foreign land. The drift of their conversation is one of the most striking instances on record of the power of conscience [Ge 42:21, 22].

Jenèz 42:25-28

25-28. Joseph commanded to fill their sacks with corn, and to restore every man's money--This private generosity was not an infringement of his duty--a defrauding of the revenue. He would have a discretionary power--he was daily enriching the king's exchequer--and he might have paid the sum from his own purse.

Jenèz 42:35

35. as they emptied their sacks, that, behold, every man's ... money was in his sack--It appears that they had been silent about the money discovery at the resting-place, as their father might have blamed them for not instantly returning. However innocent they knew themselves to be, it was universally felt to be an unhappy circumstance, which might bring them into new and greater perils.

Jenèz 42:36

36. Me have ye bereaved--This exclamation indicates a painfully excited state of feeling, and it shows how difficult it is for even a good man to yield implicit submission to the course of Providence. The language does not imply that his missing sons had got foul play from the hands of the rest, but he looks upon Simeon as lost, as well as Joseph, and he insinuates it was by some imprudent statements of theirs that he was exposed to the risk of losing Benjamin also.

Jenèz 42:37

37. Reuben spake, ... Slay my two sons, if I bring him not to thee--This was a thoughtless and unwarrantable condition--one that he never seriously expected his father would accept. It was designed only to give assurance of the greatest care being taken of Benjamin. But unforeseen circumstances might arise to render it impossible for all of them to preserve that young lad (Jas 4:13), and Jacob was much pained by the prospect. Little did he know that God was dealing with him severely, but in kindness (He 12:7, 8), and that all those things he thought against Him were working together for his good.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.