Jenèz 43
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Grangou t'ap bat pi rèd nan peyi Kanaran an. 2 Lè fanmi Jakòb yo te fin manje ble yo te pote soti nan peyi Lejip la, Jakòb di pitit li yo: -Tounen al chache manje pou nou ankò non. 3 Jida reponn li: -Nonm lan te byen avèti nou pou nou pa parèt devan l' si nou pa vin ak ti frè nou an. 4 Si ou vle kite ti frè nou an vin ak nou, nou v al achte manje pou ou. 5 Si ou pa vle kite l' ale, n'ap rete, paske msye a te tout di nou: piga nou parèt devan l' ankò si nou pa vin ak ti frè nou an. 6 Izrayèl di: -Sa nou te bezwen di l' nou te gen yon ti frè fè? Poukisa nou fè m' sa? 7 Yo reponn li: -Msye a t'ap poze nou keksyon sou nou ak sou fanmi nou. Li mande nou si papa nou la toujou, si nou gen lòt frè, se pou n' te reponn li. Kouman pou n' ta fè konnen li tapral mande nou pou nou mennen ti frè nou an ba li? 8 Jida di Izrayèl, papa l', konsa: -Kite tibway la ale ak nou. Konsa n'a leve, n'a pati. Konsa ni ou menm, ni nou menm, ni timoun nou yo p'ap mouri grangou. 9 Se nan men m' li ye, se mwen menm ki pou rann ou kont pou li. Si m' pa mennen l' tounen ba ou, si m' pa tounen avè l' la devan ou, se mwen menm k'ap pote fòt la devan ou jouk mwen mouri. 10 Si nou pa t' pran tout reta sa a, koulye a nou ta gen tan ale nou tounen de fwa deja. 11 Lè sa a, Izrayèl, papa yo, di: -Bon. Si se konsa sa ye, men sa pou n' fè: n'ap pran pi bon danre ki gen nan peyi a, n'ap mete nan sak nou, n'ap pote fè nonm lan kado: gonm santi bon, siwo myèl, lansan, lami, pistach ak nwa. 12 Lèfini, n'a pran de fwa valè lajan nou bezwen, paske fòk nou renmèt lajan yo te mete nan bouch sak ble yo tou. Ou pa janm konnen, yo ka pa t' wè sa. 13 Pran frè nou an, tounen kote msye a. 14 M'ap mande Bondye ki gen tout pouvwa a pou l' fè nonm lan aji byen ak nou, pou l' ka renmèt nou ni lòt frè nou an, ni Benjamen. Pou mwen menm, si se pou m' pèdi pitit mwen yo, mwen mèt pèdi yo. 15 Se konsa mesye yo pran kado yo, de fwa valè lajan yo te bezwen ansanm ak Benjamen, yo leve, yo desann peyi Lejip kote yo parèt devan Jozèf. 16 Lè Jozèf wè Benjamen ak yo, li rele chèf domestik li a, li di l': -Mennen mesye sa yo lakay mwen. Touye yon bèt, kwit li, paske mesye sa yo ap manje avè m' midi a. 17 Chèf domestik la fè sa Jozèf te di l' fè a, li mennen mesye yo lakay li. 18 Men, lè mesye yo wè yo t'ap mennen yo lakay Jozèf, yo te pè anpil. Yo t'ap di: -Se poutèt lajan nou te jwenn nan sak nou yo dènye fwa a kifè y'ap mennen nou bò isit la. Yo pral kenbe nou, yo pral bat nou, y'ap fè nou tounen esklav. Lèfini y'ap pran bourik nou yo. 19 Se konsa, antan yo rive nan papòt kay la, yo pwoche bò chèf domestik la, 20 yo di l': -Eskize nou wi, mèt. Nou te vin isit la yon fwa deja pou n' te achte manje. 21 Lè n'ap tounen lakay nou, nou rive yon kote nou t'ap poze pou pase nwit, nou louvri sak nou yo, nou jwenn tout lajan an nan bouch sak yo, byen konte. Nou pote l' tounen wi. 22 Nou pote lòt lajan tout pou n' ka achte manje. Nou pa konnen ki moun ki te mete lajan an nan sak nou yo ankò. 23 Domestik anchèf la di yo: -Pa okipe bagay konsa. Nou pa bezwen pè. Se Bondye nou an, Bondye papa nou an, ki mete richès sa a pou nou nan sak yo. Mwen te resevwa premye lajan an. Lèfini, li mennen Simeyon vin jwenn yo. 24 Chèf domestik la mennen mesye yo lakay Jozèf. Li ba yo dlo pou yo lave pye yo, li bay bourik yo manje. 25 Mesye yo menm pare kado yo pou lè Jozèf va vin jwenn yo midi, paske yo te vin konnen yo tapral manje avè l'. 26 Lè Jozèf antre lakay li, yo pote kado yo ba li, yo bese tèt yo jouk atè devan li. 27 Jozèf mande yo kouman yo ye. Apre sa, li di yo: -Granmoun nou te pale m' lan, papa nou an, ban m' nouvèl li non? Li la toujou? Li byen? 28 Yo reponn li: -Granmoun lan la wi, l'ap debat. Li byen mèsi. Yo tonbe ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan li. 29 Lè Jozèf fè sa li wè Benjamen, frè menm manman menm papa avè l' la, li di: -Eske se ti frè nou an sa, ti frè nou t'ap pale m' lan? Bondye beni ou, pitit mwen. 30 Lè sa a, Jozèf kouri soti byen vit, paske kè l' t'ap fè l' mal pou frè l' yo. Dlo vin nan je l', li antre nan chanm li, li kriye kont li. 31 Apre sa, li lave figi l', li soti, li kenbe pou li pa kriye ankò, epi li bay lòd sèvi manje a. 32 Yo te sèvi yon tab apa pou Jozèf, yon tab apa pou frè l' yo ak yon lòt tab apa pou moun peyi Lejip ki t'ap manje ansanm ak yo tou, paske pou moun peyi Lejip yo, se ta yon wont pou yo chita manje sou menm tab ak ebre yo. 33 Frè Jozèf yo te chita anfas li. Yo te mete yo chita dapre laj yo, depi pi gran an jouk pi piti. Lè yo wè sa, yo te sezi, yonn gade lòt. 34 Jozèf te fè yo pran manje sou tab li pote ba yo. Benjamen te resevwa senk fwa plis pase lòt yo. Yo manje, yo bwè, yo fete ansanm avè l'.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jenèz 43:1-7
Introduction
The famine continuing, Jacob desires his sons to go again to Egypt and buy some food, Gen 43:1, Gen 43:2. Judah shows the necessity of Benjamin's accompanying them, without whom it would be useless to return to Egypt, Gen 43:3-5. Jacob expostulates with him, Gen 43:6. Judah replies, and offers to become surety for Benjamin, Gen 43:7-10. Jacob at last consenting and desires them to take a present with them for the governor of Egypt; and double money, that which they had brought back in their sacks' mouth, and the price of the load they were now to bring; and, having prayed for them, sends them away, Gen 43:11-15. They arrive in Egypt, and are brought to Joseph's house to dine with him, at which they are greatly alarmed, Gen 43:16-18. They speak to the steward of Joseph's house concerning the money returned in their sacks, Gen 43:19-22. He gives them encouragement, Gen 43:23, Gen 43:24. Having made ready the present, they bring it to Joseph when he came home to dine, Gen 43:25, Gen 43:26. He speaks kindly to them, and inquires concerning their health, and that of their father, Gen 43:27, Gen 43:28. Joseph is greatly affected at seeing his brother Benjamin, Gen 43:29-31. They dine with him, and are distinguished according to their seniority; but Benjamin receives marks of peculiar favor, Gen 43:32-34.
Jenèz 43:8
Verse 8
Send the lad with me - As the original is not ילד yeled, from which we have derived our word lad, but נער naar, it would have been better had our translators rendered it by some other term, such as the youth, or the young man, and thus the distinction in the Hebrew would have been better kept up. Benjamin was at this time at least twenty-four years of age, some think thirty, and had a family of his own. See Gen 46:21.
That we may live, and not die - An argument drawn from self-preservation, what some have termed the first law of nature. By your keeping Benjamin we are prevented from going to Egypt; if we go not to Egypt we shall get no corn; if we get no corn we shall all perish by famine; and Benjamin himself, who otherwise might live, must, with thee and the whole family, infallibly die.
Jenèz 43:9-10
Verse 9
Let me bear the blame for ever - וחטאתי לך כל הימים - re vechatathi lecha col haiyamim, then shall I sin against thee all my days, and consequently be liable to punishment for violating my faith.
Jenèz 43:11
Verse 11
Carry down the man a present - From the very earliest times presents were used as means of introduction to great men. This is particularly noticed by Solomon: A man's gift maketh room for him, and bringeth him before great men, Pro 18:16. But what was the present brought to Joseph on this occasion? After all the labor of commentators, we are obliged to be contented with probabilities and conjecture. According to our translation, the gifts were balm, honey, spices, myrrh, nuts, and almonds.
Balm - צרי tsori is supposed to signify resin in general, or some kind of gum issuing from trees.
Honey - דבש debash has been supposed to be the same as the rob of grapes, called in Egypt dibs. Others think that honey, in the common sense of the term, is to be understood here: we know that honey was plentiful in Palestine.
Spices - נכאת nechoth is supposed to mean gum storax, which might be very valuable on account of its qualities as a perfume.
Myrrh - לט lot, supposed by some to mean stacte; by others to signify an ointment made of myrrh.
Nuts - בטנים botnim, by some rendered pistachio nuts, those produced in Syria being the finest in the world; by others, dates; others, walnuts; others, pine apples; others, the nuts of the terebinth tree.
Almonds - שקדים shekedim, correctly enough translated, and perhaps the only article in the collection of which we know any thing with certainty. It is generally allowed that the land of Canaan produces the best almonds in the east; and on this account they might be deemed a very acceptable present to the governor of Egypt. Those who wish to see this subject exhausted must have recourse to the Physica Sacra of Scheuehzer.
Jenèz 43:12-13
Verse 12
Double money - What was returned in their sacks, and what was farther necessary to buy another load.
Jenèz 43:14-15
Verse 14
This verse may be literally translated thus: - "And God, the all-sufficient, shall give you tender mercies before the man, and send to you your other brother, and Benjamin; and I, as I shall be childless, so I shall be childless." That is, I will submit to this privation, till God shall restore my children. It appears that this verse is spoken prophetically; and that God at this time gave Jacob a supernatural evidence that his children should be restored.
Jenèz 43:16-17
Verse 16
Slay, and make ready - טבח טבח teboach tebach, slay a slaying, or make a great slaughter - let preparations be made for a great feast or entertainment. See a similar form of speech, Pro 9:2 (note); 1Sam 25:11 (note); and Gen 31:54 (note).
Jenèz 43:18-19
Verse 18
And the men were afraid - A guilty conscience needs no accuser. Every thing alarms them; they now feel that God is exacting retribution, and they know not what the degrees shall be, nor where it shall stop.
Fall upon us - התגלל עלינו hithgolel alainu, roll himself upon us. A metaphor taken from wrestlers; when a man has overthrown his antagonist, he rolls himself upon him, in order to keep him down.
And our asses - Which they probably had in great number with them; and which, if captured, would have been a great loss to the family of Jacob, as such cattle must have constituted a principal part of its riches.
Jenèz 43:20-22
Verse 20
O sir, we came indeed - to buy food - There is a frankness now in the conduct of Joseph's brethren that did not exist before; they simply and honestly relate the whole circumstance of the money being found in their sacks on their return from their last journey. Afflictions from the hand of God, and under his direction, have a wonderful tendency to humble the soul. Did men know how gracious his designs are in sending such, no murmur would ever be heard against the dispensations of Divine Providence.
Jenèz 43:23
Verse 23
And he said - The address of the steward in this verse plainly proves that the knowledge of the true God was in Egypt. It is probable that the steward himself was a Hebrew, and that Joseph had given him intimation of the whole affair; and though he was not at liberty to reveal it, yet he gives them assurances that the whole business would issue happily.
I had your money - כספכם בא אלי caspechem ba elai, your money comes to me. As I am the steward, the cash for the corn belongs to me. Ye have no reason to be apprehensive of any evil; the whole transaction is between myself and you; receive therefore the money as a present from the God of your father, no matter whose hands he makes use of to convey it. The conduct of the steward, as well as his words, had a great tendency to relieve their burdened minds.
Jenèz 43:24-26
Verse 24
Brought the men into Joseph's house, etc. - This is exactly the way in which a Hindoo receives a guest. As soon as he enters, one of the civilities is the presenting of water to wash his feet. So indispensable is this, that water to wash the feet makes a part of the offering to an image.
Jenèz 43:27-28
Verse 27
And he asked them of their welfare - This verse may be thus translated: "And he asked them concerning their prosperity; and he said, is your father prosperous, the old man who ye told me was alive? And they said, Thy servant our father prospers; he is yet alive."
Jenèz 43:29-31
Verse 29
He lifted up his eyes, and saw his brother Benjamin - They were probably introduced to him successively; and as Benjamin was the youngest, he would of course be introduced last.
God be gracious unto thee, my son! - A usual salutation in the east from the aged and superiors to the younger and inferiors, which, though very emphatic and expressive in ancient times, in the present day means no more than "I am your humble servant," or "I am exceedingly glad to see you;" words which among us mean-just nothing. Even in David's time they seem to have been, not only devoid of meaning, but to be used as a cloak for the basest and most treacherous designs: They bless with their mouths, but they curse inwardly. Hence Joab salutes Amasa, kisses him with apparent affection, and stabs him in the same moment! The case of Judas, betraying the Son of man with a kiss, will not be forgotten.
Jenèz 43:32
Verse 32
They set on for him by himself, etc. - From the text it appears evident that there were three tables, one for Joseph, one for the Egyptians, and one for the eleven brethren.
The Egyptians might not eat bread with the Hebrews - There might have been some political reason for this, with which we are unacquainted; but independently of this, two may be assigned. 1. The Hebrews were shepherds; and Egypt had been almost ruined by hordes of lawless wandering bandits, under the name of Hycsos, or King-shepherds, who had but a short time before this been expelled from the land by Amasis, after they had held it in subjection for 259 years, according to Manetho, committing the most wanton cruelties. 2. The Hebrews sacrificed those animals which the Egyptians held sacred, and fed on their flesh. The Egyptians were in general very superstitious, and would have no social intercourse with people of any other nation; hence we are informed that they would not even use the knife of a Greek, because they might have reason to suspect it had cut the flesh of some of those animals which they held sacred. Among the Hindoos different castes will not eat food cooked in the same vessel. If a person of another caste touch a cooking vessel, it is thrown away. Some are of opinion that the Egyptian idolatry, especially their worship of Apis under the figure of an ox, was posterior to the time of Joseph; ancient monuments are rather against this opinion, but it is impossible to decide either way. The clause in the Alexandrian Septuagint stands thus, Βδελυγμα γαρ εστιν τοις Αιγυπτιοις [πας ποιμην προβατων,] "For [every shepherd] is an abomination to the Egyptians;" but this clause is probably borrowed from Gen 46:34, where it stands in the Hebrew as well as in the Greek. See Clarke on Gen 46:34 (note).
Jenèz 43:33
Verse 33
The first-born according to his birthright - This must greatly astonish these brethren, to find themselves treated with so much ceremony, and at the same time with so much discernment of their respective ages.
Jenèz 43:34
Verse 34
Benjamin's mess was five times so much as any of theirs - Sir John Chardin observes that "in Persia, Arabia, and the Indies, there are several houses where they place several plates in large salvers, and set one of these before each person, or before two or three, according to the magnificence of each house. This is the method among the Hindoos; the dishes are not placed on the table, but messes are sent to each individual by the master of the feast or by his substitute. The great men of the state are always served by themselves, in the feasts that are made for them; and with greater profusion, their part of each kind of provision being always Double, Treble, or a Larger proportion of each kind of meat." The circumstance of Benjamin's having a mess Five times as large as any of his brethren, shows the peculiar honor which Joseph designed to confer upon him. See several useful observations on this subject in Harmer's Observ., vol. ii., p. 101, etc., Edit. 1808.
1. The scarcity in Canaan was not absolute; though they had no corn, they had honey, nuts, almonds, etc. In the midst of judgment, God remembers mercy. If there was scarcity in Canaan, there was plenty in Egypt; and though his providence had denied one country corn, and accumulated it in the other, his bounty had placed in the former money enough to procure it from the latter. How true is the saying, "It is never ill with any but it might be worse!" Let us be deeply thankful to God that we have any thing, seeing we deserve no good at his hands.
2. If we examine our circumstances closely, and call to remembrance the dealings of God's providence towards us, we shall find that we can sing much both of mercy and of judgment. For one day of absolute unavoidable want, we shall find we had three hundred and sixty-four, if not of fullness, yet of a competency. Famines, though rarely happening, are everywhere recorded; innumerable years of abundance are scarcely ever registered! Such is the perverseness and ingratitude of man!
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
