Jenèz 18

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Seyè a parèt devan Abraram bò pye bwadchenn Manmre yo. Abraram te chita nan papòt kay li, lè ki te fè pi cho nan lajounen an. 2 Abraram leve je l', li rete konsa li wè twa mesye kanpe devan li toupre pyebwa yo. Wè li wè yo, li leve nan papòt la, li kouri al jwenn yo, li bese tèt li jouk atè pou l' di yo bonjou. 3 Li di. Mèt, tanpri. Pa pase devan lakay mwen san ou pa fè yon ti rete. Se sèvitè ou mwen ye. 4 Kite m' mande yo pote ti gout dlo pou lave pye ou. Lèfini, w'a pran yon ti repo anba pyebwa sa a. 5 'a pote yon ti manje pou ou soutni kè ou pou ou reprann fòs pou ou ka kontinye vwayaj ou. Ou rive lakay mwen, mwen la pou m' sèvi ou. Yo reponn li: -Dakò. Ou mèt fè jan ou di a. 6 Abraram kouri lakay li, li ale jwenn Sara. Li di l' konsa. Fè vit. Pran trant liv farin bon kalite, mouye l', fè pen. 7 Apre sa, Abraram kouri al nan bann bèt li yo, li pran yon jenn ti bèf byen gra, li bay yonn nan domestik li yo li pou li prese al kòche l'. 8 Apre sa, li pran fwomaj, li pran lèt fre, li mete yo ansanm ak vyann yo te pare a, li sèvi mesye yo. Pandan yo t'ap manje, Abraram te kanpe bò kote yo anba pyebwa a. 9 Lèfini, yo mande l'. Kote Sara, madanm ou? Li reponn. Li la wi, anndan kay la. 10 Yonn nan vizitè yo di l'. Mwen gen pou m' tounen isit la, lè konsa lanne k'ap vini an. Lè sa a, Sara, madanm ou, ap gen tan gen yon pitit gason. Sara menm te kanpe nan papòt la dèyè Abraram, li t'ap koute. 11 Abraram ak Sara te fin vye granmoun. Yo te antre nan laj. Sara te sispann gen lalen li. 12 Sara tonbe ri nan kè l', li t'ap di. Koulye a, kalite jan m' fin vye a, ou kwè lide m' ta sou gason toujou! Epitou, mari mwen, mèt mwen, fin granmoun! 13 Seyè a di Abraram. Sa ki gen la a pou Sara ri konsa, pou l'ap di nan kè l'. Eske mwen kapab fè pitit ankò, jan m' fin vye a? 14 Bon. Eske gen kichòy ki twòp la a pou Mèt la fè? Sou dat mwen fikse a, m'a tounen pase wè ou ankò. Lè sa a, Sara va gen yon pitit gason. 15 Sara te pè, li t'ap plede, li t'ap di. Mwen pa t' ri non! Men Seyè a di l'. Men wi, machè, ou te ri. 16 Mesye yo leve, yo pati, yo mete tèt sou Sodòm. Yo rive kote yo te ka voye je yo gade anba pou wè Sodòm. Abraram menm t'ap mache ak yo. Li t'ap kondi yo mete pi devan sou wout la. 17 Seyè a di nan kè l'. Mwen pa kapab kache Abraram sa m' pral fè a. 18 Pitit pitit li yo pral tounen yon gwo nasyon ki va gen pouvwa. Gremesi Abraram, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. 19 Mwen te chwazi l' pou l' te pase pitit li yo ak tout rès fanmi l' k'ap vin apre li yo lòd pou yo mache nan chemen Seyè a met devan yo, pou yo fè sa ki kòrèk ak sa ki dwat devan Bondye. Se konsa m'a fè pou li tout sa mwen te pwomèt li a. 20 Apre sa, Seyè a di. Se pa ti kras bagay y'ap di sou moun Sodòm ak moun Gomò, paske peche moun sa yo lou anpil. 21 M'ap desann pou m' wè ak je mwen si sa y'ap di sou yo a se vre. Si se pa vre, m'a konnen. 22 Mesye yo pati, yo mete tèt sou Sodòm. Men, Seyè a te rete ak Abraram. 23 Abraram pwoche bò kote Seyè a, li mande l'. Eske se vre ou pral touye inonsan yo ansanm ak koupab yo? 24 Si gen senkant moun inonsan nan lavil la, èske w'ap detwi tout lavil la? Eske ou p'ap fè pa lavil la poutèt senkant inonsan sa yo? 25 Aa! Pou di w'ap fè inonsan peri ak koupab? Se pa posib. Ou pa ka fè sa. Se lenjistis pou inonsan gen menm sò ak koupab. Non, sa pa ka fèt. Bondye k'ap jije tout moun sou tè a pa ka nan fè lenjistis. 26 Seyè a reponn. Si mwen jwenn senkant inonsan nan lavil Sodòm, m'ap fè pa tout lavil la, poutèt senkant inonsan sa yo. 27 Abraram pale ankò, li di. Eskize m' wi! Seyè, si m' penmèt mwen pale ankò. Se moun ase mwen ye, mwen pa gen dwa di ou anyen. 28 Men, si se karannsenk moun inonsan sèlman ou jwenn, èske ou pral detwi tout lavil la paske manke senk pou fè senkant lan? Seyè a reponn. Si mwen jwenn karannsenk inonsan sèlman, mwen p'ap detwi lavil la. 29 Abraram pale ankò, li di. Ou pa janm konnen, ka gen karant inonsan ase? Seyè a reponn. Si gen karant inonsan, mwen p'ap detwi lavil la. 30 Abraram di. Tanpri, Seyè, pa fache sou mwen non. M'ap di ou yon ti mo ankò. Ou pa janm konnen, ou ka jwenn trant inonsan ase nan lavil la. Seyè a reponn. Si mwen jwenn trant, m'ap fè pa lavil la. 31 Abraram di. Eskize m' wi, Seyè, si m' penmèt mwen pale toujou. Men, sipoze ou jwenn vin inonsan sèlman? Seyè a reponn li. Si mwen jwenn vin inonsan, m'ap fè pa lavil la. 32 Abraram di ankò. Tanpri, Seyè, pa fache sou mwen non. M'ap di yon dènye mo. Si ou jwenn dis inonsan ase? Seyè a reponn li. Si mwen jwenn dis inonsan, m'ap fè pa lavil la. 33 Apre li fin pale ak Abraram, Seyè a al fè wout li. Abraram menm tounen lakay li.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jenèz 18:1

Ge 18:1-8. Entertainment of Angels.

1. the Lord appeared--another manifestation of the divine presence, more familiar than any yet narrated; and more like that in the fulness of time, when the Word was made flesh.

plains of Mamre--rather, terebinth or oak of Mamre; a tall-spreading tree or grove of trees.

sat in the tent door--The tent itself being too close and sultry at noon, the shaded open front is usually resorted to for the air that may be stirring.

Jenèz 18:2

2. lift up his eyes ... and, lo, three men--Travellers in that quarter start at sunrise and continue till midday when they look out for some resting-place.

he ran to meet them--When the visitor is an ordinary person, the host merely rises; but if of superior rank, the custom is to advance a little towards the stranger, and after a very low bow, turn and lead him to the tent, putting an arm round his waist, or tapping him on the shoulder as they go, to assure him of welcome.

Jenèz 18:3

3. My Lord, if now I have found favor--The hospitalities offered are just of the kind that are necessary and most grateful, the refreshment of water, for feet exposed to dust and heat by the sandals, being still the first observed among the pastoral people of Hebron.

Jenèz 18:5

5. for therefore are ye come--No questions were asked. But Abraham knew their object by the course they took--approaching directly in front of the chief sheik's tent, which is always distinguishable from the rest and thus showing their wish to be his guests.

Jenèz 18:6

6. Abraham hastened ... unto Sarah ... make cakes upon the hearth--Bread is baked daily, no more than is required for family use, and always by the women, commonly the wife. It is a short process. Flour mixed with water is made into dough, and being rolled out into cakes, it is placed on the earthen floor, previously heated by a fire. The fire being removed, the cakes are laid on the ground, and being covered over with hot embers, are soon baked, and eaten the moment they are taken off.

Jenèz 18:7

7. Abraham ran unto the herd, and fetched a calf--Animal food is never provided, except for visitors of a superior rank when a kid or lamb is killed. A calf is still a higher stretch of hospitality, and it would probably be cooked as is usually done when haste is required--either by roasting it whole or by cutting it up into small pieces and broiling them on skewers over the fire. It is always eaten along with boiled corn swimming in butter or melted fat, into which every morsel of meat, laid upon a piece of bread, is dipped, before being conveyed by the fingers to the mouth.

Jenèz 18:8

8. milk--A bowl of camel's milk ends the repast.

he stood by them under the tree--The host himself, even though he has a number of servants, deems it a necessary act of politeness to stand while his guests are at their food, and Abraham evidently did this before he was aware of the real character of his visitors.

Jenèz 18:10

Ge 18:9-15. Reproof of Sarah. An inquiry about his wife, so surprising in strangers, the subject of conversation, and the fulfilment of the fondly cherished promise within a specified time, showed Abraham that he had been entertaining more than ordinary travellers (He 13:2).

10. Sarah heard it in the tent door, which was behind him--The women's apartment is in the back of the tent, divided by a thin partition from the men's.

Jenèz 18:12

12. Therefore Sarah laughed within herself--Long delay seems to have weakened faith. Sarah treated the announcement as incredible, and when taxed with the silent sneer, she added falsehood to distrust. It was an aggravated offense (Ac 5:4), and nothing but grace saved her (Ro 9:18).

Jenèz 18:16

Ge 18:16-22. Disclosure of Sodom's Doom.

16. the men rose ... Abraham went with them--It is customary for a host to escort his guests a little way.

Jenèz 18:17

17. the Lord said, Shall I hide--The chief stranger, no other than the Lord, disclosed to Abraham the awful doom about to be inflicted on Sodom and the cities of the plain for their enormous wickedness.

Jenèz 18:21

21. I will go down ... and see--language used after the manner of men. These cities were to be made examples to all future ages of God's severity; and therefore ample proof given that the judgment was neither rash nor excessive (Eze 18:23; Jr 18:7).

Jenèz 18:23

Ge 18:23-33. Abraham's Intercession.

23. Abraham drew near, and said, &c.--The scene described is full of interest and instruction--showing in an unmistakable manner the efficacy of prayer and intercession. (See also Pr 15:8; Jas 5:16). Abraham reasoned justly as to the rectitude of the divine procedure (Ro 3:5, 6), and many guilty cities and nations have been spared on account of God's people (Mt 5:13; 24:22).

Jenèz 18:33

33. the Lord ... left communing ... and Abraham returned unto his place--Why did Abraham cease to carry his intercessions farther? Either because he fondly thought that he was now sure of the cities being preserved (Lu 13:9), or because the Lord restrained his mind from further intercession (Jr 7:16; 11:14). But there were not ten "righteous persons." There was only one, and he might without injustice have perished in the general overthrow (Ec 9:2). But a difference is sometimes made, and on this occasion the grace of God was manifested in a signal manner for the sake of Abraham. What a blessing to be connected with a saint of God!

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.