Jenèz 17
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Le Abram rive sou katrevendisnevan laj, Seyè a parèt devan l', li di l' konsa. Mwen se Bondye ki gen tout pouvwa a. Se pou ou toujou fè sa m' di ou fè. Se pou ou mennen yon vi san repwòch. 2 M'ap pase yon kontra avè ou, m'ap ba ou anpil anpil pitit pitit. 3 Lè sa a, Abram mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. Bondye pale avè l' ankò, li di l'. 4 -Men kontra m'ap pase avè ou la. W'ap zansèt moun anpil nasyon. 5 Yo p'ap rele ou Abram ankò. Men y'a rele ou Abraram, paske m'ap fè ou tounen zansèt moun anpil nasyon. 6 M'ap ba ou anpil anpil pitit pitit. Y'ap tounen kantite nasyon. Anpil wa ap soti nan ras ou. 7 M'ap kenbe kontra m' lan avè ou, avèk tout ras ou. De pitit an pitit, se va yon kontra k'ap la pou tout tan. Se mwen k'ap Bondye ou, se mwen k'ap Bondye pitit pitit ou yo tou. 8 Ou wè tè kote ou rete tankou moun vini koulye a? Mwen gen pou m' ba ou l' ansanm ak tout pitit pitit ou yo. tout peyi Kanaran an ap rele ou pa ou pou tout tan. Wi, se mwen menm k'ap Bondye yo tout. 9 Bondye di Abraram. Men ou menm ansanm ak tout ras ou, de pitit an pitit, se pou nou dakò pou nou kenbe kontra a avèk mwen. 10 Men sa pou ou menm ansanm ak tout pitit ou yo pou nou dakò fè: se pou tout gason nan mitan nou sikonsi. 11 Depi koulye a, se pou nou sikonsi tout gason. Se pou sa sèvi yon siy pou moutre gen yon kontra ki pase ant nou menm avè m'. 12 Se pou nou sikonsi tout gason wit jou apre yo fèt, li te mèt pitit moun lakay la, osinon pitit moun lòt nasyon ou pran pou travay lakay ou. 13 Wi, se pou yo tout yo sikonsi, kit yo fèt lakay ou, kit yo fèt nan peyi etranje. Se va yon mak nan kò nou pou fè wè kontra mwen pase avèk nou an, se yon kontra ki la pou tout tan. 14 Si yon gason pa sikonsi, se pou yo disparèt li nan ras la, paske li pa t' kenbe kontra mwen fè ak nou an. 15 Apre sa, Bondye di Abraram. Sarayi, madanm ou, p'ap rele Sarayi ankò. Men depi jòdi a y'a rele l' Sara. 16 M'ap beni madanm ou, m'ap fè l' ba ou yon pitit gason. M'ap beni l', m'ap fè l' tounen manman moun anpil nasyon. Anpil nan pitit pitit li yo va wa. 17 Abraram mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. Men, li tonbe ri lè l' chonje jan l' fin granmoun. Li t'ap di nan kè l'. Eske yon nonm ki gen santan ka fè pitit ankò? Eske Sara, yon fanm ki gen katrevendizan, ka vin ansent? 18 Li di Bondye. Tanpri, beni Izmayèl. Pa kite l' mouri! 19 Men Bondye di l'. Non, se Sara madanm ou, ki gen pou fè yon pitit gason pou ou. W'a rele l' Izarak. M'ap kenbe kontra mwen avèk li, ansanm ak pitit pitit li yo. Pa bliye. Se va yon kontra k'ap la pou tout tan. 20 Ou mande m' pou m' pwoteje Izmayèl pou ou! M'ap fè l' pou ou! M'ap beni l', m'ap ba li anpil pitit ak anpil pitit pitit. Gen douz chèf k'ap soti nan fanmi li. M'ap fè pitit li yo tounen yon gwo nasyon. 21 Men, m'ap kenbe kontra mwen an avèk Izarak, pitit gason Sara pral fè pou ou a. L'ap fèt lanne k'ap vini an, lè konsa. 22 Lè Bondye fin pale avèk Abraram, li kite l', li moute nan syèl. 23 Jou sa a Abraram pran Izmayèl, pitit gason li an, ak tout gason ki t'ap travay lakay li, kit yo te fèt nan kay la, kit se moun lòt nasyon li te pran pou sèvi l', li sikonsi yo tout menm jou a, jan Bondye te pase l' lòd la. 24 Abraram poutèt pa l' te gen katrevendiznèvan lè l' te sikonsi. 25 Izmayèl, pitit gason l' lan, te gen trèzan lè l' te sikonsi. 26 Yo tout de, yo sikonsi yo menm jou 27 ansanm ak tout domestik ki te lakay li, kit yo te fèt la, kit se achte li te achte yo nan men moun lòt nasyon yo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jenèz 17:1
Ge 17:1-27. Renewal of the Covenant.
1. Abram ... ninety years old and nine--thirteen years after the birth of Ishmael [Ge 16:16]. During that interval he had enjoyed the comforts of communion with God but had been favored with no special revelation as formerly, probably on account of his hasty and blameable marriage with Hagar.
the Lord appeared--some visible manifestation of the divine presence, probably the Shekinah or radiant glory of overpowering effulgence.
I am the Almighty God--the name by which He made Himself known to the patriarchs (Ex 6:3), designed to convey the sense of "all-sufficient" (Psa 16:5, 6; 73:25).
walk ... and ... perfect--upright, or sincere (Psa 51:6) in heart, speech, and behavior.
Jenèz 17:3
3. Abram fell on his face--the attitude of profoundest reverence assumed by Eastern people. It consists in the prostrate body resting on the hands and knees, with the face bent till the forehead touches the ground. It is an expression of conscious humility and profound reverence.
Jenèz 17:4
4. my covenant is with thee--Renewed mention is made of it as the foundation of the communication that follows. It is the covenant of grace made with all who believe in the Saviour.
Jenèz 17:5
5. but thy name shall be Abraham--In Eastern countries a change of name is an advertisement of some new circumstance in the history, rank, or religion of the individual who bears it. The change is made variously, by the old name being entirely dropped for the new, or by conjoining the new with the old; or sometimes only a few letters are inserted, so that the altered form may express the difference in the owner's state or prospects. It is surprising how soon a new name is known and its import spread through the country. In dealing with Abraham and Sarai, God was pleased to adapt His procedure to the ideas and customs of the country and age. Instead of Abram, "a high father," he was to be called Abraham, "father of a multitude of nations" (see Re 2:17).
Jenèz 17:8
Jenèz 17:10
10. Every man child among you shall be circumcised--This was the sign in the Old Testament Church as baptism is in the New, and hence the covenant is called "covenant of circumcision" (Ac 7:8; Ro 4:11). The terms of the covenant were these: on the one hand Abraham and his seed were to observe the right of circumcision; and on the other, God promised, in the event of such observance, to give them Canaan for a perpetual possession, to be a God to him and his posterity, and that in him and his seed all nations should be blessed.
Jenèz 17:15-16
15-16. As for Sarai ... I will ... give thee a son also of her--God's purposes are gradually made known. A son had been long ago promised to Abraham. Now, at length, for the first time he is informed that it was to be a child of Sarai.
Jenèz 17:17
17. Abraham fell upon his face, and laughed--It was not the sneer of unbelief, but a smile of delight at the improbability of the event (Ro 4:20).
Jenèz 17:18
18. O that Ishmael might live before thee--natural solicitude of a parent. But God's thoughts are not as man's thoughts [Is 55:8].
Jenèz 17:19-20
19-20. The blessings of the covenant are reserved for Isaac, but common blessings were abundantly promised to Ishmael; and though the visible Church did not descend from his family, yet personally he might, and it is to be hoped did, enjoy its benefits.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
