Esdras 7
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Kèk tan apre tout evènman sa yo, sou rèy Atagzèsès, wa peyi Pès la, te gen yon nonm yo te rele Esdras ki te soti nan branch fanmi Arawon an. Papa l' te rele Seraja. Seraja te pitit Azarya, Azarya te pitit Ilkija. 2 Ilkija te pitit Chaloum, Chaloum te pitit Zadòk, Zadòk te pitit Achitoub. 3 Achitoub te pitit Amarya, Amarya te pitit Azarya, Azarya te pitit Merajòt. 4 Merajòt te pitit Zeraja, Zeraja te pitit Ouzi, Ouzi te pitit Bouki. 5 Bouki te pitit Abichwa, Abichwa te pitit Fineas, Fineas te pitit Eleaza, Eleaza te pitit Arawon, granprèt la. 6 Esdras te yon nonm save ki te fò anpil nan lalwa Seyè a, lalwa Bondye pèp Izrayèl la te bay Moyiz la. Li t'ap travay ak wa a. Wa a te bay Esdras tou sa li te mande l', paske Seyè a, Bondye li a, t'ap pwoteje l'. Se konsa li kite lavil Babilòn pou l' moute lavil Jerizalèm. 7 Anpil lòt moun nan pèp Izrayèl la, nan prèt yo, nan moun Levi yo, nan sanba yo, nan gad tanp yo ak lòt travayè yo, te pran wout la moute lavil Jerizalèm ansanm ak li. Lè sa a, wa Atagzèsès te nan setyèm lanne rèy li. 8 Yo rive Jerizalèm nan senkyèm mwa setyèm lanne rèy Atagzèsès la. 9 Yo te kite lavil Babilòn premye jou nan premye mwa a. Epi yo rive lavil Jerizalèm premye jou nan senkyèm mwa a, avèk pwoteksyon Bondye. 10 Esdras te pase tout tan li ap etidye lalwa Seyè a. Li t'ap swiv tou sa ki ladan l'. Li t'ap moutre pèp Izrayèl la tout lòd ak tout regleman Seyè a. 11 Men kopi lèt wa Atagzèsès te renmèt Esdras, ki te yon prèt ak yon nonm save. Li te dòktè nan zafè lalwa ak kòmandman Seyè a te bay pèp Izrayèl la. 12 Men lèt Atagzèsès, gran wa a, te ekri bay Esdras, nonm save ki fò nan lalwa Bondye ki nan syèl la! -Koulye a, 13 mwen bay lòd nan tout peyi m'ap gouvènen yo pou tout moun nan pèp Izrayèl la, nan prèt yo osinon nan moun Levi yo, ki vle ale avè ou lavil Jerizalèm, pou yo kite yo ale. 14 Se mwen menm, wa a, ansanm ak sèt konseye m' yo ki voye ou al fè enspeksyon nan peyi Jida a ak nan lavil Jerizalèm pou ou wè ki jan moun yo ap swiv liv lalwa Bondye ki nan men ou lan. 15 W'a pran avè ou ajan ak lò wa a ansanm ak konseye l' yo te fè lide bay pou Bondye pèp Izrayèl la, ki gen tanp li lavil Jerizalèm. 16 W'a pote tou tout ajan ak lò y'a ba ou nan tout pwovens Babilòn lan ansanm ak ofrann pèp la ak prèt yo te fè lide voye paske yo vle fè l' pou kay Bondye a nan lavil Jerizalèm. 17 Konsa, avèk tout ajan sa a w'a achte towo bèf, belye mouton, jenn ti mouton ansanm ak grenn jaden, grenn danre, diven ak lwil ki pou mache ak yo. Epi w'a ofri yo sou lotèl la nan tanp Bondye ou la ki lavil Jerizalèm. 18 Avèk ajan ak lò ki va rete a, ou menm ak frè ou yo, n'a fè sa nou vle avè l', depi sa nou fè a dakò ak volonte Bondye nou an. 19 W'a pran tout veso yo te renmèt ou nan men pou sèvi nan tanp Bondye ou la, w'a mete yo nan tanp lan lavil Jerizalèm, devan lotèl Bondye ou la. 20 Si gen lòt bagay ou bezwen ankò pou tanp Bondye ou la, ou mèt pran nan kès wa a pou achte yo. 21 Mwen menm, wa Atagzèsès, mwen pase lòd bay tout trezorye leta ki nan pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, pou yo bay Esdras, prèt la, nonm save ki fò nan lalwa Bondye ki nan syèl la, tou sa l'a mande yo san pran reta, 22 depi sa l' mande a pa depase an total sanvenmil ons ajan, sisansenkant (0650) barik ble, sisan (0600) galon diven, sisan (0600) galon lwil oliv. Pou disèl la, y'a ba li valè li bezwen. 23 Se pou ou sèten yo bay tou sa Bondye ki nan syèl la mande pou tanp li a, san manke anyen, pou Bondye pa janm fache sou mwen, ni sou pitit ki va gouvènen peyi a apre m'. 24 Epi m' fè nou konnen yo pa gen dwa fè ni prèt yo, ni moun Levi yo, ni sanba yo, ni gad tanp yo, ni domestik yo, ni okenn lòt moun k'ap sèvi nan tanp Bondye a, peye okenn taks, okenn kontribisyon ni okenn dwa lese pase. 25 Ou menm menm, Esdras, avèk bon konprann Bondye ba ou a, w'a chwazi majistra ak jij pou gouvènen tout moun pèp Izrayèl yo k'ap viv dapre lalwa Bondye ou la, nan pwovens lòt bò larivyè Lefrat la. Si genyen ki pa konnen lalwa a, se pou ou fè yo aprann li. 26 Tout moun ki pa mache dapre lalwa Bondye ou la osinon dapre lòd wa a bay la, se pou yo san pitye pou yo lè y'ap pini yo pou sa yo fè a. Sa pou yo touye y'a touye. Sa pou yo depòte y'a depòte. Sa pou yo fè peye amann y'a fè peye amann. Sa pou yo mete nan prizon y'a mete nan prizon! 27 Lè sa a, Esdras di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye zansèt nou yo! Li mete nan tèt wa a lide pou l' fè tout bèl bagay sa yo pou tanp Seyè a lavil Jerizalèm. 28 Li fè m' jwenn favè devan wa a, devan konseye l' yo ak tout lòt gwo zotobre k'ap travay ak wa a. Li te ban m' kouraj, mwen te rive sanble tout chèf fanmi pèp Izrayèl la pou yo pati avè mwen!
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Esdras 7:1-2
Ezr 7:1-10. Ezra Goes Up to Jerusalem.
1-2. in the reign of Artaxerxes--the Ahasuerus of Esther.
Ezra the son of Seraiah--that is, grandson or great-grandson. Seraiah was the high priest put to death by Nebuchadnezzar at Riblah (2Ki 25:18). A period of one hundred thirty years had elapsed between that catastrophe and the journey of Ezra to Jerusalem. As a grandson of Seraiah, namely, Jeshua, who held the office of high priest, had accompanied Zerubbabel in the first caravan of returning exiles, Ezra must have been in all probability a grandson, descended, too, from a younger son, the older branch being in possession of the pontificate.
Esdras 7:6
6. This Ezra ... was a ready scribe in the law of Moses--The term "scribe" does not mean merely a penman, nor even an attorney well versed in forms of law and skilled in the method of preparing public or private deeds. He was a rabbi, or doctor, learned in the Mosaic law, and in all that related to the civil and ecclesiastical polity and customs of the Hebrew people. Scribes of this description possessed great authority and influence (compare Mt 23:25; Mr 12:28).
the king granted him all his request--left Babylon entrusted with an important commission to be executed in Jerusalem. The manner in which he obtained this office is minutely related in a subsequent passage. Here it is noticed, but with a pious acknowledgment of the divine grace and goodness which disposed the royal mind in favor of Ezra's patriotic objects. The Levites, &c., did not go at that time, but are mentioned here by anticipation.
Esdras 7:8
8. he came to Jerusalem in the fifth month--that is, corresponding to the end of our July or beginning of our August. As he left Babylon on the Jewish New Year's Day (Ezr 7:9), the journey must have occupied not less than four months (a long period), but it was necessary to move at a slow pace and by short, easy stages, as he had to conduct a large caravan of poor people, including women, children, and all their household gear (see on Ezr 8:24).
Esdras 7:10
10. Ezra had prepared his heart to seek the law of the Lord, &c.--His reigning desire had been to study the divine law--its principles, institutions, privileges, and requirements; and now from love and zeal, he devoted himself, as the business of his life, to the work of instructing, reforming, and edifying others.
Esdras 7:11
Ezr 7:11-26. Gracious Commission of Artaxerxes.
11. this is the copy of the letter that the king Artaxerxes gave--The measure which this document authorized, and the remarkable interest in the Jews displayed in it, were most probably owing to the influence of Esther, who is thought to have been raised to the high position of queen a few months previous to the departure of Ezra [Hales]. According to others, who adopt a different chronology, it was more probably pressed upon the attention of the Persian court by Ezra, who, like Daniel, showed the prophecies to the king; or by some leading Jews on his accession, who, seeing the unsettled and disordered state of the colony after the deaths of Zerubbabel, Jeshua, Haggai, and Zechariah, recommended the appointment of a commission to reform abuses, suppress disorder, and enforce the observance of the law.
Esdras 7:12
12. Artaxerxes, king of kings--That title might have been assumed as, with literal truth, applicable to him, since many of the tributary princes of his empire still retained the name and authority of kings. But it was a probably a mere Orientalism, denoting a great and powerful prince, as the heaven of heavens signified the highest heaven, and vanity of vanities, the greatest vanity. This vainglorious title was assumed by the kings of Assyria, from whom it passed to the sovereigns of Persia.
unto Ezra the priest, a scribe of the law of the God of heaven--The appointment of Ezra to this influential mission was of the highest importance to the Hebrew people, as a large proportion of them were become, in a great measure, strangers both to the language and the institutions of their forefathers.
Esdras 7:14
14. sent of the king, and of his seven counsellors--This was the fixed number of the privy council of the kings of Persia (Es 1:10, 14). The document describes, with great clearness and precision, the nature of Ezra's commission and the extent of power and prerogatives with which he was invested. It gave him authority, in the first place, to organize the colony in Judea and institute a regular government, according to the laws of the Hebrew people, and by magistrates and rulers of their own nation (Ezr 7:25, 26), with power to punish offenders by fines, imprisonment, exile, or death, according to the degree of their criminality. Secondly, he was empowered to carry a large donation in money, partly from the royal treasury and partly raised by voluntary contributions among his countrymen, to create a fund out of which to make suitable provision for maintaining the regular worship of God in Jerusalem (Ezr 7:16, 17). Thirdly, the Persian officers in Syria were commanded to afford him every assistance by gifts of money within a certain specified limit, in carrying out the objects of his patriotic mission (Ezr 7:21).
Esdras 7:22-24
22-24. an hundred talents of silver--£22,000 according to the rate of the silver talent of Babylon. Fourthly, Artaxerxes gave his royal sanction in the establishment of the divine law, which exempted priests and Levites from taxation or tribute and confirmed to them the exclusive right to officiate in the sacred services of the sanctuary. And, finally, in the expression of the king's desire for the divine blessing upon the king and his government (Ezr 7:23), we see the strong persuasion which pervaded the Persian court, and had been produced by the captivity of the Hebrew people, as to the being and directing providence of the God they worshipped. It will be observed, however, that the commission related exclusively to the rebuilding of the temple--not of the walls. The Samaritans (Ezr 4:20-22) had succeeded in alarming the Persian court by their representations of the danger to the empire of fortifying a city notorious for the turbulent character of its inhabitants and the prowess of its kings.
Esdras 7:27
27. Blessed be the Lord God of our fathers--This devout thanksgiving is in unison with the whole character of Ezra, who discerns the hand of God in every event, and is always ready to express a pious acknowledgment for the divine goodness.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
