Esdras 6

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Se konsa wa Dariyis bay lòd pou yo fè chache nan tout depo kote yo te sere achiv yo ak trezò yo nan peyi Babilòn. 2 Epi yo jwenn yon woulo papye nan fò Achmeta, yon fòtrès ki te nan pwovens Medi a. Men sa ki te ekri nan woulo papye a: 3 -Nan premye lanne rèy li, wa Siris te bay lòd sa a sou tanp Bondye a nan lavil Jerizalèm: Se pou yo rebati tanp lan pou l' ka sèvi kote yo ka touye bèt ak boule ofrann nan dife pou Bondye. Tanp lan va gen trant mèt wotè, trant mèt lajè. 4 Y'a moute miray yo an bwa ak wòch, yonn sou lòt, twa ranje wòch pou chak ranje bwa. Y'a pran lajan nan kès wa a pou peye tout depans ki va fèt pou travay la. 5 Konsa tou, y'a renmèt yo tout veso an lò ak an ajan Nèbikadneza te pran nan tanp Bondye a lavil Jerizalèm pou l' te pote isit lavil Babilòn, pou tout bagay tounen nan plas yo nan tanp Bondye a lavil Jerizalèm. 6 Lè sa a, wa Dariyis voye repons sa a: -Pou Tatenayi, gouvènè pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, Cheta-Boznayi ak lòt kòlèg yo ki otorite nan Afasak la. Pa pwoche bò tanp lan. 7 Kite yo travay nan tanp Bondye a. Se pou gouvènè pèyi Jida a ak chèf fanmi yo rebati tanp lan sou menm anplasman kote l' te ye anvan an. 8 Okontrè, men ki jan pou nou boule ak chèf fanmi pèp jwif yo nan travay y'ap fè pou rebati tanp Bondye sa a: N'a pran lajan nan kès wa ki nan men nou an, ki vle di nan lajan kontribisyon n'a ranmase nan pwovens la, n'a renmèt yo kòb tout depans y'a fè, san wete senk, pou travay la pa rete. 9 N'a bay prèt Jerizalèm yo tou sa y'a bezwen pou fè ofrann bèt pou yo boule nèt nan dife pou Bondye ki nan syèl la. Chak jou, dapre sa prèt lavil Jerizalèm yo va di nou, n'a ba yo jenn ti towo, belye, ti mouton ansanm ak ble, sèl, diven, lwil y'a bezwen pou boule pou Seyè a. Pa pote okenn neglijans nan sa. 10 Konsa, y'a ka ofri sakrifis santi bon ki va fè Seyè a plezi. Y'a lapriyè pou wa a ak pou pitit li yo. 11 Men yon lòd mwen bay ankò: si yon moun refize fè anyen nan sa m' mande la a, y'a rache yon poto bwa nan kay li, y'a fè yon pwent li, y'a pèse moun lan pak an pak ak li. Pou kay li a menm, y'a fè l' tounen yon pil fatra, poutèt sa li fè a. 12 Se pou Bondye ki chwazi lavil Jerizalèm pou se la yo bati kay li a jete tout wa, kraze tout nasyon ki ta konprann pou yo pa koute lòd mwen bay la a, epi ki ta detwi tanp Bondye a ki lavil Jerizalèm. Se mwen menm, Dariyis, ki bay lòd sa a. Se pou yo fè sa mwen bay lòd fè a san wete san mete. 13 Tatenayi, gouvènè pwovens ki lòt bò larivyè Efrat la, Cheta-Boznayi ak lòt chèf yo fè sa wa Dariyis te bay lòd fè a san wete san mete. 14 Chèf fanmi jwif yo menm rebati tanp lan san pwoblèm, avèk ankourajman Aje, pwofèt Bondye a, ak Zakari, pitit gason Ido a, t'ap ba yo ak mesaj Bondye yo. Se konsa yo fin rebati tanp lan jan Bondye pèp Izrayèl la te ba yo lòd la, ak jan Dariyis, Siris ak Atagzèsès, tou twa wa peyi Pès la, te ba yo lòd la tou. 15 Travay la fini sou twazyèm jou nan mwa Ada a, nan sizyèm lanne rèy wa Dariyis. 16 Lè sa a, tout pèp Izrayèl la, prèt yo, moun Levi yo ak tout rès moun ki te tounen yo fè fèt, yo fè gwo seremoni pou mete tanp lan apa pou sèvis Bondye. 17 Yo ofri san (0100) towo, desan (0200) belye mouton, katsan (0400) ti mouton pou yo touye pou mete tanp lan apa pou sèvis Bondye. Yo ofri tou douz bouk kabrit, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, pou mande Bondye padon pou peche pèp la. 18 Apre sa, yo òganize sèvis tanp Bondye a lavil Jerizalèm. Yo separe prèt yo an divès kategori, yo separe moun Levi yo an divès klas, chak gwoup ak travay pa yo pou yo fè, jan sa ekri nan liv Moyiz la. 19 Katòzyèm jou mwa Nisan an, nan lanne senksankenz (0515), jwif ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a fete fèt Delivrans lan. 20 Yo te fè yon sèl sèvis pou tout prèt yo ansanm ak tout moun Levi yo pou mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Yo tout te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye: yo touye bèt yo te ofri pou fèt Delivrans lan, yo fè yon sèl seremoni pou tout pèp la, pou prèt parèy yo ak pou yo menm tou. 21 Men moun ki te manje manje Delivrans lan. Se te tout jwif ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo ki pa t' janm kite peyi yo men ki te vire do bay vye bagay lòt moun yo t'ap fè nan peyi yo epi ki te vin mete tèt ansanm ak moun ki te tounen yo pou adore Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. 22 Pandan sèt jou, yo fete Fèt Pen san ledven an ak kè kontan. Yo te kontan anpil dèske Seyè a te manyen kè wa peyi Lasiri a, ki te ankouraje yo anpil nan tout gwo travay yo t'ap fè a pou rebati tanp Bondye pèp Izrayèl la.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Esdras 6:1

Ezr 6:1-12. Darius' Decree for Advancing the Building.

1. Darius the king--This was Darius Hystaspes. Great and interesting light has been thrown on the history of this monarch and the transaction of his reign, by the decipherment of the cuneatic inscriptions on the rocks at Behistun.

in the house of the rolls, where the treasures were laid up in Babylon--An idea of the form of this Babylonian register house, as well as the manner of preserving public records within its repositories, can be obtained from the discoveries at Nineveh. Two small chambers were discovered in the palace of Koyunjik, which, from the fragments found in them, Mr. Layard considers "as a house of the rolls." After reminding his readers that the historical records and public documents of the Assyrians were kept on tablets and cylinders of baked clay, many specimens of which have been found, he goes on to say, "The chambers I am describing appear to have been a depository in the palace of Nineveh for such documents. To the height of a foot or more from the floor they were entirely filled with them; some entire, but the greater part broken into many fragments, probably by the falling in of the upper part of the building. They were of different sizes; the largest tablets were flat, and measured about nine inches by six and a half inches; the smaller were slightly convex, and some were not more than an inch long, with but one or two lines of writing. The cuneiform characters on most of them were singularly sharp and well-defined, but so minute in some instances as to be almost illegible without a magnifying glass. These documents appear to be of various kinds. The documents that have thus been discovered in the house of rolls' at Nineveh probably exceed all that have yet been afforded by the monuments of Egypt, and when the innumerable fragments are put together and transcribed, the publication of these records will be of the greatest importance to the history of the ancient world" [Nineveh and Babylon].

Esdras 6:2

2. Achmetha--long supposed to be the capital of Greater Media (the Ecbatana of classical, the Hamadan of modern times), [is] at the foot of the Elwund range of hills, where, for its coolness and salubrity, Cyrus and his successors on the Persian throne established their summer residence. There was another city, however, of this name, the Ecbatana of Atropatene, and the most ancient capital of northern Media, and recently identified by Colonel Rawlinson in the remarkable ruins of Takht-i-Soleiman. Yet as everything tends to show the attachment of Cyrus to his native city, the Atropatenian Ecbatana, rather than to the stronger capital of Greater Media, Colonel Rawlinson is inclined to think that he deposited there, in his fortress, the famous decree relating to the Jews, along with the other records and treasures of his empire [Nineveh and Persepolis].

Esdras 6:8-10

8-10. of the king's goods, even of the tribute beyond the river ... expenses be given unto these men--The decree granted them the privilege of drawing from his provincial treasury of Syria, to the amount of whatever they required for the furthering of the work and providing sacrifice for the service of the temple, that the priests might daily pray for the health of the king and the prosperity of the empire.

Esdras 6:11-12

11-12. whosoever shall alter this word--The warning was specially directed against the turbulent and fanatical Samaritans. The extremely favorable purport of this edict was no doubt owing in some measure to the influence of Cyrus, of whom Darius entertained a high admiration, and whose two daughters he had married. But it proceeded still more from the deep impressions made even on the idolatrous people of that country and that age, as to the being and providence of the God of Israel.

Esdras 6:13-15

Ezr 6:13-15. The Temple Finished.

13-15. Then Tatnai ... did speedily--A concurrence of favorable events is mentioned as accelerating the restoration of the temple and infusing a new spirit and energy into the workmen, who now labored with unabating assiduity till it was brought to a completion. Its foundation was laid in April, 536 B.C. (Ezr 3:8-10), and it was completed on February 21, 515 B.C., being twenty-one years after it was begun [Lightfoot].

Esdras 6:16

Ezr 6:16-18. Feasts of the Dedication.

16. the children of Israel ... kept the dedication ... with joy--The ceremonial was gone through with demonstrations of the liveliest joy. The aged who had wept at the laying of the foundation [Ezr 3:12] were most, if not all of them, now dead; and all rejoiced at the completion of this national undertaking.

Esdras 6:17

17. twelve he-goats--as at the dedication of the tabernacle (Nu 7:87; 8:17).

Esdras 6:18

18. they set the priests in their divisions, and the Levites in their courses ... as it is written in the book of Moses--Although David arranged the priests and Levites in courses according to their families, it was Moses who assigned to the priests and Levites their rights and privileges, their stations and several duties.

Esdras 6:21

Ezr 6:19-22. And of the Passover.

21. all such as had separated themselves ... from the filthiness of the heathen of the land--that is, who had given satisfactory evidence of being true proselytes by not only renouncing the impure worship of idolatry, but by undergoing the rite of circumcision, a condition indispensable to a participation of the passover.

Esdras 6:22

22. kept the feast ... with joy: for the Lord ... turned the heart of the king of Assyria unto them--that is, king of the Persian empire, which now included the possessions, and had surpassed the glory, of Assyria. The favorable disposition which Darius had evinced towards the Jews secured them peace and prosperity and the privileges of their own religion during the rest of his reign. The religious joy that so remarkably characterized the celebration of this feast, was testified by expressions of lively gratitude to God, whose overruling power and converting grace had produced so marvellous a change in the hearts of the mighty potentates, and disposed them, pagans though they were, to aid the cause and provide for the worship of the true God.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.