Ezekyèl 31
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Nan premye jou twazyèm mwa onzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: 2 -Nonm o! Pale ak farawon an, wa peyi Lejip la, ansanm ak tout pèp li a. Di yo. -Jan ou gen pouvwa sa a, Kisa mwen ta di ou sanble la a! 3 Bon. Ou tankou yon pye sèd nan peyi Liban avèk gwo bèl branch li yo plen fèy ki bay gwo lonbraj, yon pyebwa byen wo ak tèt li pèdi nan nwaj yo. 4 Lapli tonbe fè l' pouse Rivyè anba tè fè l' grandi. Gwo dlo pete nan tout rasin li yo. Yo fè kannal wouze tout pyebwa nan zòn lan. 5 Paske li te jwenn anpil dlo, li te grandi, li vin pi wo pase tout lòt pyebwa yo. Branch li pran fòs, yo vin byen long. 6 Tout kalite zwezo te vin fè nich nan branch li yo. Se anba branch li yo bèt nan bwa vin miba. Se nan lonbraj li anpil nasyon vin chita. 7 Se te yon bèl pyebwa byen wo, ak branch li yo byen long. Rasin li yo te desann byen fon nan dlo anba tè a. 8 Nan jaden Bondye a, pa t' gen pye sèd tankou l'. Okenn pye pichpen pa t' gen branch tankou pa l' yo. Okenn pye sikren pa t' gen ti branch konsa. Nan jaden Bondye a, pa t' gen bèl pyebwa tankou l'. 9 Mwen te fè l' byen bèl ak anpil branch. Nan jaden Edenn lan, jaden Bondye a, tout pyebwa te anvye sò l'. 10 Koulye a, men sa Seyè sèl Mèt la di: Paske li te grandi byen wo a, paske tèt li te pèdi nan nwaj yo, li kite lògèy vire tèt li. 11 Se poutèt sa, mwen voye l' jete, mwen lage l' nan men gwo chèf tout nasyon yo pou fè l' peye tout mechanste l' yo. 12 Yon bann moun lòt nasyon vini. Mechan pase yo pa genyen. Yo koupe pyebwa a, yo lage l' atè. Ti branch li yo gaye sou tout mòn yo ak nan fon yo. Gwo branch li yo kase, yo tonbe nan tout ravin nan peyi a. Moun lòt nasyon ki t'ap viv nan lonbraj li yo, tout met deyò, yo kite l' pou kont li. 13 Zwezo vini poze sou rès pyebwa ki atè a. Bèt nan bwa ap mache sou tout branch li yo. 14 Konsa, depi jòdi a, yon pyebwa te mèt wouze byen wouze, li p'ap janm rive wotè sa a ankò. Li p'ap janm grandi pou tèt li rive pèdi nan nwaj yo ankò. Yon pyebwa te mèt byen wouze li p'ap rive wotè sa a ankò pou l'ap gonfle lestonmak li sou mwen. Tout pyebwa yo gen pou mouri tankou moun, yo gen pou yo desann al jwenn moun ki deja anba tè yo. 15 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Jou pyebwa a desann nan peyi kote mò yo ye a, m'ap fè dlo anba tè a kouvri l' nèt, pou tout moun ka nan lapenn. M'ap fè dlo larivyè yo sispann koule. M' p'ap kite ankenn dlo koule nan kannal. M'ap voye yon gwo fènwa sou mòn peyi Liban yo. Tout rakbwa nan zòn lan pral deperi poutèt li. 16 Lè mwen voye l' jete nan peyi kote mò yo ye a, bri li fè lè l'ap tonbe a fè tout nasyon yo tranble. Tout pyebwa nan jaden Edenn, tout pi bèl pyebwa nan peyi Liban, pyebwa ki te byen wouze yo men ki te desann ale deja nan peyi kote mò yo ye a pral kontan tonbe li tonbe a. 17 Y'ap desann ansanm avè l' nan peyi kote mò yo ye a pou y' al jwenn sa ki te mouri nan lagè anvan yo. Lè sa a, tout moun ki t'ap viv nan lonbraj li yo pral gaye nan mitan tout lòt nasyon yo. 18 Nan tout pyebwa jaden Edenn yo, kilès ki te bèl, kilès ki te wo tankou ou? Men koulye a, tankou tout lòt pyebwa jaden an, ou pral desann ale nan peyi ki anba tè a. Ou pral jwenn moun ki pa pote mak kontra Bondye a, moun ki mouri nan lagè yo. Se sa k'ap rive farawon an ansanm ak tout pèp li a. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki pale.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Ezekyèl 31:1
Eze 31:1-18. The Overthrow of Egypt Illustrated by That of Assyria.
Not that Egypt was, like Assyria, utterly to cease to be, but it was, like Assyria, to lose its prominence in the empire of the world.
1. third month--two months later than the prophecy delivered in Eze 30:20.
Ezekyèl 31:2
2. Whom art thou like--The answer is, Thou art like the haughty king of Assyria; as he was overthrown by the Chaldeans, so shalt thou be by the same.
Ezekyèl 31:3
3. He illustrates the pride and the consequent overthrow of the Assyrian, that Egypt may the better know what she must expect.
cedar in Lebanon--often eighty feet high, and the diameter of the space covered by its boughs still greater: the symmetry perfect. Compare the similar image (Eze 17:3; Da 4:20-22).
with a shadowing shroud--with an overshadowing thicket.
top ... among ... thick boughs--rather [Hengstenberg], "among the clouds." But English Version agrees better with the Hebrew. The top, or topmost shoot, represents the king; the thick boughs, the large resources of the empire.
Ezekyèl 31:4
4. waters ... little rivers--the Tigris with its branches and "rivulets," or "conduits" for irrigation, the source of Assyria's fertility. "The deep" is the ever flowing water, never dry. Metaphorically, for Assyria's resources, as the "conduits" are her colonies.
Ezekyèl 31:5
5. when he shot forth--because of the abundant moisture which nourished him in shooting forth. But see Margin.
Ezekyèl 31:6
Ezekyèl 31:8
8. cedars ... could not hide him--could not outtop him. No other king eclipsed him.
were not like--were not comparable to.
garden of God--As in the case of Tyre (Eze 28:13), the imagery, that is applied to the Assyrian king, is taken from Eden; peculiarly appropriate, as Eden was watered by rivers that afterwards watered Assyria (Ge 2:10-14). This cedar seemed to revive in itself all the glories of paradise, so that no tree there outtopped it.
Ezekyèl 31:9
9. I ... made him--It was all due to My free grace.
Ezekyèl 31:10
10. thou ... he--The change of persons is because the language refers partly to the cedar, partly to the person signified by the cedar.
Ezekyèl 31:11
11. Here the literal supersedes the figurative.
shall surely deal with him--according to his own pleasure, and according to the Assyrian's (Sardanapalus) desert. Nebuchadnezzar is called "the mighty one" (El, a name of God), because he was God's representative and instrument of judgment (Da 2:37, 38).
Ezekyèl 31:12
12. from his shadow--under which they had formerly dwelt as their covert (Eze 31:6).
Ezekyèl 31:13
13. Birds and beasts shall insult over his fallen trunk.
Ezekyèl 31:14
14. trees by the waters--that is, that are plentifully supplied by the waters: nations abounding in resources.
stand up in their height--that is, trust in their height: stand upon it as their ground of confidence. Fairbairn points the Hebrew differently, so as for "their trees," to translate, "(And that none that drink water may stand) on themselves, (because of their greatness)." But the usual reading is better, as Assyria and the confederate states throughout are compared to strong trees. The clause, "All that drink water," marks the ground of the trees' confidence "in their height," namely, that they have ample sources of supply. Maurer, retaining the same Hebrew, translates, "that neither their terebinth trees may stand up in their height, nor all (the other trees) that drink water."
Ezekyèl 31:15
15. covered the deep--as mourners cover their heads in token of mourning, "I made the deep that watered the cedar" to wrap itself in mourning for him. The waters of the deep are the tributary peoples of Assyria (Re 17:15).
fainted--literally, were "faintness" (itself); more forcible than the verb.
Ezekyèl 31:16
16. hell--Sheol or Hades, the unseen world: equivalent to, "I cast him into oblivion" (compare Is 14:9-11).
shall be comforted--because so great a king as the Assyrian is brought down to a level with them. It is a kind of consolation to the wretched to have companions in misery.
Ezekyèl 31:17
17. his arm, that dwelt under his shadow--those who were the helpers or tool of his tyranny, and therefore enjoyed his protection (for example, Syria and her neighbors). These were sure to share her fate. Compare the same phrase as to the Jews living under the protection of their king (La 4:20); both alike "making flesh their arm, and in heart departing from the Lord" (Jr 17:5).
Ezekyèl 31:18
18. Application of the parabolic description of Assyria to the parallel case of Egypt. "All that has been said of the Assyrian consider as said to thyself. To whom art thou so like, as thou art to the Assyrian? To none." The lesson on a gigantic scale of Eden-like privileges abused to pride and sin by the Assyrian, as in the case of the first man in Eden, ending in ruin, was to be repeated in Egypt's case. For the unchangeable God governs the world on the same unchangeable principles.
thou shall lie in ... uncircumcised--As circumcision was an object of mocking to thee, thou shall lie in the midst of the uncircumcised, slain by their sword [Grotius]. Retribution in kind (Eze 28:10).
This is Pharaoh--Pharaoh's end shall be the same humiliating one as I have depicted the Assyrian's to have been. "This" is demonstrative, as if he were pointing with the finger to Pharaoh lying prostrate, a spectacle to all, as on the shore of the Red Sea (Ex 14:30, 31).
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
