Ezekyèl 30

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: 2 -Nonm o! Bay mesaj Bondye a! Fè konnen sa Seyè sèl Mèt la voye ou di: -Rele non! Ala yon move jou! 3 Jou a ap pwoche. Wi, dat pou Seyè a aji a ap pwoche vre. Jou sa a, syèl la ap fèmen. Se va yon jou malè pou nasyon yo. 4 Pral gen lagè nan tout peyi Lejip. Gwo lafliksyon pral tonbe sou peyi Letiopi. Anpil moun pral mouri nan peyi Lejip. Yo pral piye peyi a nèt ale. Y'a kraze ata fondasyon kay li yo. 5 Nan lagè sa a, yo pral touye tout sòlda li yo, ki vle di tout moun peyi Letiopi, moun peyi Pout, moun peyi Loud, moun peyi Arabi, moun peyi Koub. Ata moun peyi pa m' lan, Izrayèl, ki t'ap sèvi nan lame Lejip la ap mouri ansanm ak yo tou. 6 Men sa Seyè a di ankò: -Tout moun ki t'ap pran defans peyi Lejip la pral mouri. Gwo bèl lame Lejip la pral disparèt. Wi, depi lavil Migdòl nan nò desann lavil Aswan nan sid, yo tout ap mouri nan lagè. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. 7 Se peyi sa a ki pral pi mal nan tout peyi yo devaste yo. Lavil li yo pral tounen mazi nèt. 8 Lè m'a mete dife nan peyi Lejip, lè tout moun ki t'ap goumen pou li yo va tonbe mouri, lè sa a y'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 9 Lè jou sa a va vini, jou pou yo detwi peyi Lejip la, m'ap voye mesaje nan bato pou y' al pran tèt moun ki t'ap viv kè pòpòz nan peyi Letiopi yo. Moun sa yo pral kraponnen anpil. Wi, jou sa a pa lwen rive. 10 Seyè sèl Mèt la di ankò: Mwen pral sèvi ak Nèbikadneza, wa Babilòn lan, pou m' fini ak richès peyi Lejip la. 11 Wa a va vini ak lame sòlda li yo pou yo ravaje tout peyi a. Se moun Babilòn sa yo ki pi mechan pase tout lòt nasyon. Yo pral atake peyi Lejip avèk nepe yo nan men yo. Pral gen kadav nan tout peyi a. 12 Mwen pral cheche dlo larivyè Nil la, m'ap lage peyi a nan men ansasen. M'ap fè moun lòt nasyon yo ravaje peyi a nèt ansanm ak tou sa ki ladan l'. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 13 Seyè sèl Mèt la di ankò: Mwen pral detwi tout zidòl yo, m'ap disparèt tout fo bondye ki lavil Menmfis yo. p'ap gen pesonn pou gouvènen peyi Lejip la. M'ap fè tout moun nan peyi a pran tranble tèlman y'ap pè. 14 M'ap devaste zòn Patwòs la nan sid peyi a. M'ap mete dife nan lavil Zoan nan nò. M'ap pini lavil Tèb, kapital peyi a. 15 M'ap fè moun lavil Sin yo, lavil ki plen gwo ranpa pou defann peyi a, santi jan mwen konn fache. M'ap detwi tout richès lavil Tèb la. 16 M'ap mete dife nan peyi Lejip. Lavil Sin lan pral nan gwo lapenn. Gwo miray lavil Tèb yo pral fann, y'ap kraze. Dlo pral anvayi tout lavil la. 17 Tout jenn gason lavil Eliopolis ak lavil Boubastis yo ap mouri nan lagè. Y'ap depòte tout rès moun yo. 18 Fènwa pral kouvri lavil Tapanès gwo jounen, lè m'a kraze otorite pouvwa peyi Lejip la. Lè m'a fini ak fòs kouraj ki t'ap fè l' gonfle lestonmak li a, yon gwo nwaj pral kouvri tout peyi Lejip. Yo pral depòte dènye moun li yo. 19 Se konsa mwen pral pini peyi Lejip. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 20 Nan setyèm jou premye mwa, onzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m', li di m' konsa: 21 -Nonm o! Mwen kase ponyèt farawon an, wa Lejip la. Pa gen pesonn ki mete renmèd sou li, pesonn ki mete l' nan fòm pou l' ka pran, pou l' ka gen fòs kenbe nepe nan men l' ankò. 22 Se poutèt sa, koulye a men sa Seyè sèl Mèt la di: M'ap leve dèyè farawon an, wa peyi Lejip la. Mwen pral kase tou de ponyèt li yo, ni sa ki te enganm lan ni sa ki te kase deja a. M'ap fè nepe a soti tonbe nan men l'. 23 Mwen pral gaye moun peyi Lejip yo nan lòt peyi, mwen pral simaye yo nan mitan divès lòt nasyon sou latè. 24 Mwen pral bay ponyèt wa Babilòn lan fòs, m'ap mete nepe pa m' lan nan men l'. M'ap kase tou de ponyèt farawon yo. Li pral rakle, li pral soufri anpil, li pral mouri devan lènmi l' lan. 25 Wi, m'ap bay ponyèt wa Babilòn lan fòs, men m'ap febli ponyèt farawon an. Lè m'a bay wa Babilòn lan nepe pa m' lan, lè l'a lonje l' sou peyi Lejip la, tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a. 26 M'ap gaye moun peyi Lejip yo nan lòt peyi, mwen pral simaye yo nan mitan divès lòt nasyon sou latè. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Ezekyèl 30:2

Eze 30:1-26. Continuation of the Prophecies against Egypt.

Two distinct messages: (1) At Eze 30:1-19, a repetition of Eze 29:1-16, with fuller details of lifelike distinctness. The date is probably not long after that mentioned in Eze 29:17, on the eve of Nebuchadnezzar's march against Egypt after subjugating Tyre. (2) A vision relating directly to Pharaoh and the overthrow of his kingdom; communicated at an earlier date, the seventh of the first month of the eleventh year. Not a year after the date in Eze 29:1, and three months before the taking of Jerusalem by Nebuchadnezzar.

2. Woe worth the day!--that is, Alas for the day!

Ezekyèl 30:3

3. the time of the heathen--namely, for taking vengeance on them. The judgment on Egypt is the beginning of a world-wide judgment on all the heathen enemies of God (Joe 1:15; 2:1, 2; 3:1-21; Ob 15).

Ezekyèl 30:4

4. pain--literally, "pangs with trembling as of a woman in childbirth."

Ezekyèl 30:5

5. the mingled people--the mercenary troops of Egypt from various lands, mostly from the interior of Africa (compare Eze 27:10; Jr 25:20, 24; 46:9, 21).

Chub--the people named Kufa on the monuments [Havernick], a people considerably north of Palestine [Wilkinson]; Coba or Chobat, a city of Mauritania [Maurer].

men of the land that is in league--too definite an expression to mean merely, "men in league" with Egypt; rather, "sons of the land of the covenant," that is, the Jews who migrated to Egypt and carried Jeremiah with them (Jr 42:1-44:30). Even they shall not escape (Jr 42:22; 44:14).

Ezekyèl 30:6

6. from the tower of Syene--(see on Eze 29:10).

Ezekyèl 30:7

7. in the midst of ... countries ... desolate--Egypt shall fare no better than they (Eze 29:10).

Ezekyèl 30:9

9. messengers ... in ships to ... Ethiopians--(Is 18:1, 2). The cataracts interposing between them and Egypt should not save them. Egyptians "fleeing from before Me" in My execution of judgment, as "messengers" in "skiffs" ("vessels of bulrushes," Is 18:2) shall go up the Nile as far as navigable, to announce the advance of the Chaldeans.

as in the day of Egypt--The day of Ethiopia's "pain" shall come shortly, as Egypt's day came.

Ezekyèl 30:10

10. the multitude--the large population.

Ezekyèl 30:12

12. rivers--the artificial canals made from the Nile for irrigation. The drying up of these would cause scarcity of grain, and so prepare the way for the invaders (Is 19:5-10).

Ezekyèl 30:13

13. Noph--Memphis, the capital of Middle Egypt, and the stronghold of "idols." Though no record exists of Nebuchadnezzar's "destroying" these, we know from Herodotus and others, that Cambyses took Pelusium, the key of Egypt, by placing before his army dogs, cats, &c., all held sacred in Egypt, so that no Egyptian would use any weapon against them. He slew Apis, the sacred ox, and burnt other idols of Egypt.

no more a prince--referring to the anarchy that prevailed in the civil wars between Apries and Amasis at the time of Nebuchadnezzar's invasion. There shall no more be a prince of the land of Egypt, ruling the whole country; or, no independent prince.

Ezekyèl 30:14

14. Pathros--Upper Egypt, with "No" or Thebes its capital (famed for its stupendous buildings, of which grand ruins remain), in antithesis to Zoan or Tanis, a chief city in Lower Egypt, within the Delta.

Ezekyèl 30:15

15. Sin--that is, Pelusium, the frontier fortress on the northeast, therefore called "the strength (that is, the key) of Egypt." It stands in antithesis to No or Thebes at the opposite end of Egypt; that is, I will afflict Egypt from one end to the other.

Ezekyèl 30:16

16. distresses daily--Maurer translates, "enemies during the day," that is, open enemies who do not wait for the covert of night to make their attacks (compare Jr 6:4; 15:8). However, the Hebrew, though rarely, is sometimes rendered (see Psa 13:2) as in English Version.

Ezekyèl 30:17

17. Aven--meaning "vanity" or "iniquity": applied, by a slight change of the Hebrew name, to On or Heliopolis, in allusion to its idolatry. Here stood the temple of the sun, whence it was called in Hebrew, Beth-shemesh (Jr 43:13). The Egyptian hieroglyphics call it, Re Athom, the sun, the father of the gods, being impersonate in Athom or Adam, the father of mankind.

Pi-beseth--that is, Bubastis, in Lower Egypt, near the Pelusiac branch of the Nile: notorious for the worship of the goddess of the same name (Coptic, Pasht), the granite stones of whose temple still attest its former magnificence.

these cities--rather, as the Septuagint, "the women," namely, of Aven and Pi-beseth, in antithesis to "the young men." So in Eze 30:18, "daughters shall go into captivity" [Maurer].

Ezekyèl 30:18

18. Tehaphnehes--called from the queen of Egypt mentioned in 1Ki 11:19. The same as Daphne, near Pelusium, a royal residence of the Pharaohs (Jr 43:7, 9). Called Hanes (Is 30:4).

break ... the yokes of Egypt--that is, the tyrannical supremacy which she exercised over other nations. Compare "bands of their yoke" (Eze 34:7).

a cloud--namely, of calamity.

Ezekyèl 30:20

20. Here begins the earlier vision, not long after that in the twenty-ninth chapter, about three months before the taking of Jerusalem, as to Pharaoh and his kingdom.

Ezekyèl 30:21

21. broken ... arm of Pharaoh--(Psa 37:17; Jr 48:25). Referring to the defeat which Pharaoh-hophra sustained from the Chaldeans, when trying to raise the siege of Jerusalem (Jr 37:5, 7); and previous to the deprivation of Pharaoh-necho of all his conquests from the river of Egypt to the Euphrates (2Ki 24:7; Jr 46:2); also to the Egyptian disaster in Cyrene.

Ezekyèl 30:22

22. arms--Not only the "one arm" broken already (Eze 30:21) was not to be healed, but the other two should be broken. Not a corporal wound, but a breaking of the power of Pharaoh is intended.

cause ... sword to fall out of ... hand--deprive him of the resources of making war.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.