Egzòd 8

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Apre sa, Seyè a di Moyiz konsa: -Ale kote farawon an. W'a di l': Men sa Seyè a di: Kite pèp mwen an ale pou l' kapab fè sèvis pou mwen. 2 Koute byen. Si ou derefize kite yo ale, mwen pral lage krapo sou tout peyi a pou pini ou. 3 Gwo larivyè a pral plen krapo. Yo pral soti nan larivyè a, y'ap anvayi toupatou, y'ap antre lakay ou, anndan chanm ou, y'ap moute jouk nan kabann ou. Y'ap antre lakay moun pa ou yo, lakay tout pèp ou a, nan fou kote yo fè pen, nan ganmèl kote yo pare pat. 4 Y'ap vole sou ou, sou pèp ou a, sou tout moun pa ou yo. 5 Seyè a di Moyiz: -Di Arawon lonje men li avèk baton l' lan sou larivyè yo, sou kannal yo ak sou m'a dlo yo. Fè krapo moute kouvri peyi Lejip la. 6 Arawon lonje men l' sou tout dlo nan peyi Lejip la. Epi krapo moute kouvri tout peyi a. 7 Men majisyen peyi Lejip yo, avèk maji yo, te rive fè menm bagay la tou. Yo fè krapo moute vin sou peyi Lejip la. 8 Farawon an rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Lapriyè Seyè a, mande l' pou l' chase krapo sa yo soti sou mwen ak sou pèp mwen an. Apre sa, m'a kite pèp ou a ale pou yo ka touye bèt y'ap ofri bay Seyè a. 9 Lè sa a Moyiz di farawon an: -Se ou menm, farawon, ki konnen kilè ou vle pou m' lapriyè Seyè a pou ou, pou moun pa ou yo ansanm ak pèp ou a. Wi, se ou ki pou di m' kilè ou vle pou Seyè a wete krapo sa yo lakay ou ak nan kay pèp ou a, pou yo rete nan larivyè a ase. 10 Farawon an reponn: -W'a fè sa denmen. Moyiz di li: -Sa va pase jan ou di l' la, pou ou sa konnen pa gen Bondye tankou Seyè a, Bondye nou an. 11 Krapo yo pral soti lakay ou, y'a wete kò yo sou ou, sou moun pa ou yo ak sou pèp ou a. Se nan gwo larivyè a ase va gen krapo. 12 Moyiz ak Arawon soti lakay farawon an. Moyiz lapriyè Seyè a ak tout kè l' pou krapo li te voye sou farawon yo. 13 Seyè a fè sa Moyiz te mande l' la: krapo yo mouri toupatou, nan kay, nan lakou, nan jaden. 14 Moun peyi Lejip yo ranmase yo fè gwo pil. Toupatou nan peyi a te santi move ak krapo mouri yo. 15 Lè farawon an wè yo te ba l' yon souf, li konmanse fè tèt di ankò. Li pa koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a. 16 Seyè a di Moyiz konsa: -Di Arawon lonje baton l' lan, frape pousyè tè a. Pousyè a va tounen vèmin nan tout peyi Lejip la. 17 Moyiz ak Arawon fè sa vre. Arawon lonje men li avèk baton an, li frape pousyè tè a. Pousyè a tounen vèmin sou tout moun ak sou tout bèt. Tout pousyè tè a tounen vèmin nan tout peyi Lejip la. 18 Majisyen yo vin ankò ak maji yo pou yo te fè menm bagay la tou. Men, fwa sa a, yo pa t' kapab. vèmin yo te sou tout moun ak sou tout bèt. 19 Majisyen yo di farawon an: -Sa se travay Bondye. Men farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a. 20 Seyè a di Moyiz ankò: -Leve granmaten, ale jwenn farawon an lè li pral larivyè a. W'a di l': men sa Seyè a di: Kite pèp mwen an ale, pou yo ka fè sèvis pou mwen. 21 Si ou pa kite pèp mwen an ale, mwen pral voye mouchavè sou ou, sou moun pa ou yo, sou tout pèp ou a ak nan tout kay yo. Mouchavè pral plen kay moun peyi Lejip yo, yo pral kouvri tout peyi a. 22 Men jou sa a, m'a fè yon bagay pou peyi Gochenn kote pèp mwen an rete a. p'ap gen yon mouchavè la. Konsa, w'a konnen se mwen menm, Seyè a, k'ap travay nan peyi a. 23 m'a veye pou sa k'ap rive pèp ou a pa rive pèp mwen an. Se denmen mwen pral fè mèvèy sa a. 24 Seyè a fè sa vre jan l' te di l' la: yon kantite mouchavè desann sou kay farawon an, sou kay moun pa l' yo ak sou tout peyi a. Mouchavè t'ap devaste tout peyi Lejip la. 25 Lè sa a, farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Nou mèt al ofri bèt pou touye pou Bondye nou an, men n'ap fè l' isit la nan peyi a. 26 Moyiz reponn li: -Li p'ap bon pou nou fè l' konsa, paske moun peyi Lejip yo ka ofiske lè y'a wè ki kalite bèt nou touye pou ofri bay Seyè a, Bondye nou an. Si nou ofri bagay sa yo devan moun peyi Lejip yo, y'a ka touye nou ak kout ròch. 27 Se pou nou mache twa jou nan dezè a. Se la n'a touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an, jan li te di nou an. 28 Farawon an di li: -Bon! M'ap kite nou al touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an, nan dezè a, men se pa pou nou al twò lwen. Lèfini, lapriyè pou mwen tou. 29 Moyiz di l' konsa: -Kou m' soti isit la, mwen pral lapriyè Seyè a. Denmen mouchavè yo ap soti sou ou ansanm ak sou moun pa ou yo ak sou tout pèp la. Yo pral byen lwen. Men, piga ou twonpe nou ankò. Pa refize kite pèp la al ofri bèt pou yo touye bay Seyè a. 30 Moyiz soti lakay farawon an, l' al lapriyè Seyè a. 31 Seyè a fè sa Moyiz te mande l' la. Li fè mouchavè yo soti sou farawon an, sou tout moun pa l' yo ansanm ak sou tout pèp la. Li fè yo ale byen lwen. Pa yon mouchavè pa t' rete. 32 Men, menm jou sa a, farawon an fè tèt di ankò, li pa t' vle kite pèp la ale.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Egzòd 8:1

Ex 8:1-15. Plague of Frogs.

1. the Lord spake unto Moses, Go unto Pharaoh--The duration of the first plague for a whole week must have satisfied all that it was produced not by any accidental causes, but by the agency of omnipotent power. As a judgment of God, however, it produced no good effect, and Moses was commanded to wait on the king and threaten him, in the event of his continued obstinacy, with the infliction of a new and different plague. As Pharaoh's answer is not given, it may be inferred to have been unfavorable, for the rod was again raised.

Egzòd 8:2

2. I will smite all thy borders with frogs--Those animals, though the natural spawn of the river, and therefore objects familiar to the people, were on this occasion miraculously multiplied to an amazing extent, and it is probable that the ova of the frogs, which had been previously deposited in the mire and marshes, were miraculously brought to perfection at once.

Egzòd 8:3

3. bedchamber ... bed--mats strewed on the floor as well as more sumptuous divans of the rich.

ovens--holes made in the ground and the sides of which are plastered with mortar.

kneading-troughs--Those used in Egypt were bowls of wicker or rush work. What must have been the state of the people when they could find no means of escape from the cold, damp touch and unsightly presence of the frogs, as they alighted on every article and vessel of food!

Egzòd 8:5-6

5-6. Stretch forth thine hand with thy rod over the streams, &c. The miracle consisted in the reptiles leaving their marshes at the very time he commanded them.

Egzòd 8:7

7. the magicians did so with their enchantments--required no great art to make the offensive reptiles appear on any small spot of ground. What they undertook to do already existed in abundance all around. They would better have shown their power by removing the frogs.

Egzòd 8:8-15

8-15. Pharaoh called, ... Intreat the Lord, that he may take away the frogs from me--The frog, which was now used as an instrument of affliction, whether from reverence or abhorrence, was an object of national superstition with the Egyptians, the god Ptha being represented with a frog's head. But the vast numbers, together with their stench, made them an intolerable nuisance so that the king was so far humbled as to promise that, if Moses would intercede for their removal, he would consent to the departure of Israel, and in compliance with this appeal, they were withdrawn at the very hour named by the monarch himself. But many, while suffering the consequences of their sins, make promises of amendment and obedience which they afterwards forget; and so Pharaoh, when he saw there was a respite, was again hardened [Ex 8:15].

Egzòd 8:16

Ex 8:16-19. Plague of Lice.

16. smite the dust of the land, &c.--Aaron's rod, by the direction of Moses, who was commanded by God, was again raised, and the land was filled with gnats, mosquitoes--that is the proper meaning of the original term. In ordinary circumstances they embitter life in Eastern countries, and therefore the terrible nature of this infliction on Egypt may be imagined when no precautions could preserve from their painful sting. The very smallness and insignificance of these fierce insects made them a dreadful scourge. The magicians never attempted any imitation, and what neither the blood of the river nor the nuisance of the frogs had done, the visitation of this tiny enemy constrained them to acknowledge "this is the finger of God"--properly "gods," for they spoke as heathens.

Egzòd 8:20-24

Ex 8:20-32. Plague of Flies.

20-24. Rise up early ... Pharaoh; lo, he cometh forth to the water, &c.--Pharaoh still appearing obdurate, Moses was ordered to meet him while walking on the banks of the Nile and repeat his request for the liberation of Israel, threatening in case of continued refusal to cover every house from the palace to the cottage with swarms of flies--while, as a proof of the power that accomplished this judgment, the land of Goshen should be exempted from the calamity. The appeal was equally vain as before, and the predicted evil overtook the country in the form of what was not "flies," such as we are accustomed to, but divers sorts of flies (Psa 78:45), the gad fly, the cockroach, the Egyptian beetle, for all these are mentioned by different writers. They are very destructive, some of them inflicting severe bites on animals, others destroying clothes, books, plants, every thing. The worship of flies, particularly of the beetle, was a prominent part of the religion of the ancient Egyptians. The employment of these winged deities to chastise them must have been painful and humiliating to the Egyptians while it must at the same time have strengthened the faith of the Israelites in the God of their fathers as the only object of worship.

Egzòd 8:25-32

25-32. Pharaoh called for Moses, ... Go ye, sacrifice to your God in the land, &c.--Between impatient anxiety to be freed from this scourge and a reluctance on the part of the Hebrew bondsmen, the king followed the course of expediency; he proposed to let them free to engage in their religious rites within any part of the kingdom. But true to his instructions, Moses would accede to no such arrangement; he stated a most valid reason to show the danger of it, and the king having yielded so far as to allow them a brief holiday across the border, annexed to this concession a request that Moses would entreat with Jehovah for the removal of the plague. He promised to do so, and it was removed the following day. But no sooner was the pressure over than the spirit of Pharaoh, like a bent bow, sprang back to its wonted obduracy, and, regardless of his promise, he refused to let the people depart.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.