Egzòd 9

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Seyè a di Moyiz konsa: -Ale bò kot farawon an, w'a di l': Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka fè sèvis pou mwen. 2 Si ou derefize kite yo ale, si ou kenbe yo toujou, men sak pral rive: 3 M'ap leve men m' sou bèt ou gen nan jaden ou yo: chwal, bourik, chamo, bèf, mouton, kabrit. Yon gwo maladi pral tonbe sou yo. 4 Men m'a veye pou sa ki rive bèt moun peyi Lejip yo pa rive bèt moun pèp Izrayèl yo, pou ankenn bèt moun pèp Izrayèl yo pa mouri. 5 Seyè a fikse jou pou l' fè bagay sa a. Li di se denmen l'ap fè sa nan tout peyi a. 6 Nan denmen vre, Seyè a fè sa l' te di li t'ap fè a: tout bèt moun peyi Lejip yo mouri. Men, pa yonn nan bèt moun Izrayèl yo pa t' mouri. 7 Farawon an voye pran nouvèl sak pase: li vin konnen pa t' gen yonn nan bèt moun Izrayèl yo ki te mouri. Men, farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle kite pèp la ale. 8 Apre sa, Seyè a di Moyiz ak Arawon: -Plen de men nou ak sann dife. Se pou Moyiz voye sann lan jete anlè devan farawon an. 9 Sann lan pral gaye tankou pousyè pou l' kouvri tout peyi Lejip la. Toupatou li pral fè yon kantite bouton leve sou tout moun ak sou tout bèt nan peyi a. Lèfini, bouton yo ap pete, y'ap fè malenng. 10 Yo pran sann dife a, yo parèt devan farawon an. Moyiz voye sann lan jete anlè. Sann lan fè bouton leve sou tout moun ak sou tout bèt. Epi bouton yo pete fè malenng. 11 Ata majisyen yo pa t' kapab parèt devan Moyiz, paske yo te kouvri ak malenng tou tankou tout moun peyi Lejip yo. 12 Men Seyè a te fè farawon an fè tèt di pi rèd. Farawon an pa t' koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di Moyiz la. 13 Seyè a di Moyiz konsa: -Leve granmaten, al parèt devan farawon an. W'a di l': Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka al fè sèvis pou mwen. 14 Paske, fwa sa a, mwen pral voye tout kalite malè mwen konn fè yo sou ou menm menm, sou moun pa ou yo ak sou tout pèp ou a. Konsa, w'a konnen pa gen tankou m' sou tout latè. 15 Si mwen te lonje men m' pou m' te lage lanmò sou ou ansanm ak tout pèp ou a, nou tout nou te disparèt nèt sou latè. 16 Men, mwen kite nou viv pou nou kapab wè pouvwa mwen, pou moun ka nonmen non m' sou tout latè. 17 Men w'ap pran pòz awogan ou avèk pèp mwen an, ou pa vle kite yo ale. 18 Koute! Fwa sa a, denmen mwen pral fè lagrèl tonbe tankou lapli, bagay moun poko janm wè nan peyi Lejip, depi peyi a peyi jouk jounen jòdi a. 19 Koulye a, bay lòd pou yo pran tout bèt nou gen nan jaden ak tout lòt bagay nou gen deyò mete yo anndan kay pou pwoteje yo. Paske, yon gwo lagrèl pral tonbe sou tout moun ak sou tout bèt ki deyò. Yo pral mouri. 20 Te gen kèk moun nan moun pa farawon yo ki te pè lè yo tande sa Seyè a te di. Yo fè tout domestik yo ansanm ak tout bèt yo antre anba kay. 21 Men, gen lòt ki pa t' okipe sa Seyè a te di. Yo kite tout domestik yo ak tout bèt yo deyò. 22 Seyè a di Moyiz konsa: -Leve men ou anlè. Lagrèl pral tonbe sou tout peyi Lejip la, sou tout moun ki deyò, sou tout bèt ak sou tout plant ki nan jaden. 23 Moyiz lonje baton l' lan anlè nan syèl la. Seyè a voye loraj, lagrèl ak zèklè. Loraj la tonbe anpil kote. Wi, Seyè a voye lagrèl sou tout peyi Lejip la. 24 Lagrèl t'ap tonbe, zèklè t'ap fè yanyan nan syèl la. Se te pi gwo kout tan ki te tonbe sou peyi a depi peyi a peyi. 25 Lagrèl tonbe toupatou nan peyi Lejip la. Li tonbe sou tou sa ki te deyò, sou tout moun ak sou tout bèt. Li tonbe sou tout plant ki nan jaden, li kraze tout pyebwa. 26 Se sèl nan peyi Gochenn lan lagrèl la pa t' tonbe. Se la moun pèp Izrayèl yo te rete. 27 Farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo konsa: -Fwa sa a, mwen rekonèt tò mwen. Se Seyè a ki gen rezon. Se mwen menm ak pèp mwen an ki antò. 28 Lapriyè Seyè a pou l' fè loraj la sispann, pou l' fè lagrèl la rete. Mwen pwomèt pou m' kite nou ale. Nou pa bezwen rete ankò. 29 Moyiz di l' konsa: -Soti m' soti lavil la, mwen pral lapriyè nan pye Seyè a. Loraj la va sispann, p'ap gen lagrèl ankò. Konsa w'a konnen tè a se pou Seyè a li ye. 30 Men mwen konnen ni ou menm, ni moun pa ou yo, nou poko ap respekte Seyè a, Bondye a. 31 Tout pye koton swa yo ak tout jaden lòj yo te boule. Lòj la te deja fè grap, koton yo t'ap fleri. 32 Men ble ak pitimi pa t' gate, paske yo toujou an reta sou lòt plant yo. 33 Moyiz soti lakay farawon an, l' al andeyò lavil la. Li lapriyè nan pye Seyè a. Loraj la sispann, lagrèl la rete. pa t' gen lapli ankò. 34 Lè farawon an wè lapli a, lagrèl la ak loraj la sispann, li kontinye fè peche toujou. Li fè tèt di, li menm ansanm ak tout moun pa l' yo. 35 Nan fè tèt di sa a, li pa t' kite moun pèp Izrayèl yo ale, jan Seyè a te fè Moyiz al di l' la.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Egzòd 9:3-5

Ex 9:1-7. Murrain of Beasts.

3-5. Behold, the hand of the Lord is upon thy cattle--A fifth application was made to Pharaoh in behalf of the Israelites by Moses, who was instructed to tell him that, if he persisted in opposing their departure, a pestilence would be sent among all the flocks and herds of the Egyptians, while those of the Israelites would be spared. As he showed no intention of keeping his promise, he was still a mark for the arrows of the Almighty's quiver, and the threatened plague of which he was forewarned was executed. But it is observable that in this instance it was not inflicted through the instrumentality or waving of Aaron's rod, but directly by the hand of the Lord, and the fixing of the precise time tended still further to determine the true character of the calamity (Jr 12:4).

Egzòd 9:6

6. all the cattle of Egypt died--not absolutely every beast, for we find (Ex 9:19, 21) that there were still some left; but a great many died of each herd--the mortality was frequent and widespread. The adaptation of this judgment consisted in Egyptians venerating the more useful animals such as the ox, the cow, and the ram; in all parts of the country temples were reared and divine honors paid to these domesticated beasts, and thus while the pestilence caused a great loss in money, it also struck a heavy blow at their superstition.

Egzòd 9:7

7. Pharaoh sent ... there was not one of the cattle of the Israelites dead--The despatch of confidential messengers indicates that he would not give credit to vague reports, and we may conclude that some impression had been made on his mind by that extraordinary exemption, but it was neither a good nor a permanent impression. His pride and obstinacy were in no degree subdued.

Egzòd 9:8

Ex 9:8-17. Plague of Boils.

8. Take to you handfuls of ashes, &c.--The next plague assailed the persons of the Egyptians, and it appeared in the form of ulcerous eruptions upon the skin and flesh (Le 13:20; 2Ki 20:7; Job 2:7). That this epidemic did not arise from natural causes was evident from its taking effect from the particular action of Moses done in the sight of Pharaoh. The attitude he assumed was similar to that of Eastern magicians, who, "when they pronounce an imprecation on an individual, a village, or a country, take the ashes of cows' dung (that is, from a common fire) and throw them in the air, saying to the objects of their displeasure, such a sickness or such a curse shall come upon you" [Roberts].

Egzòd 9:10

10. Moses took ashes from the furnace--Hebrew, "brick-kiln." The magicians, being sufferers in their own persons, could do nothing, though they had been called; and as the brick-kiln was one of the principal instruments of oppression to the Israelites [De 4:20; 1Ki 8:51; Jr 11:4], it was now converted into a means of chastisement to the Egyptians, who were made to read their sin in their punishment.

Egzòd 9:18

Ex 9:18-35. Plague of Hail.

18. I will cause it to rain a very grievous hail, &c.--The seventh plague which Pharaoh's hardened heart provoked was that of hail, a phenomenon which must have produced the greatest astonishment and consternation in Egypt as rain and hailstones, accompanied by thunder and lightning, were very rare occurrences.

such as hath not been in Egypt--In the Delta, or lower Egypt, where the scene is laid, rain occasionally falls between January and March--hail is not unknown, and thunder sometimes heard. But a storm, not only exhibiting all these elements, but so terrific that hailstones of immense size fell, thunder pealed in awful volleys, and lightning swept the ground like fire, was an unexampled calamity.

Egzòd 9:20-21

20-21. He that feared the word of the Lord ... regarded not, &c.--Due premonition, it appears, had been publicly given of the impending tempest--the cattle seem to have been sent out to graze, which is from January to April, when alone pasturage can be obtained, and accordingly the cattle were in the fields. This storm occurring at that season, not only struck universal terror into the minds of the people, but occasioned the destruction of all--people and cattle--which, in neglect of the warning, had been left in the fields, as well as of all vegetation [Ex 9:25]. It was the more appalling because hailstones in Egypt are small and of little force; lightning also is scarcely ever known to produce fatal effects; and to enhance the wonder, not a trace of any storm was found in Goshen [Ex 9:26].

Egzòd 9:27-35

27-35. Pharaoh sent, and called for Moses and Aaron, and said unto them, I have sinned--This awful display of divine displeasure did seriously impress the mind of Pharaoh, and, under the weight of his convictions, he humbles himself to confess he has done wrong in opposing the divine will. At the same time he calls for Moses to intercede for cessation of the calamity. Moses accedes to his earnest wishes, and this most awful visitation ended. But his repentance proved a transient feeling, and his obduracy soon became as great as before.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.