Egzòd 6

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Seyè a di Moyiz konsa: -Se koulye a ou pral wè sa m' pral fè farawon an. Mwen pral fè l' santi fòs ponyèt mwen. Vle pa vle, l'ap kite yo ale. Wi, m'ap fòse l' sitèlman, se mete l'ap mete yo deyò nan peyi l' a. 2 Bondye pale ak Moyiz, li di l': -Se mwen menm ki Seyè a. 3 Mwen te fè Abraram, Izarak ak Jakòb konnen m' sou non Bondye ki gen tout pouvwa a. Mwen pa t' fè yo konnen m' sou lòt non mwen an, ki vle di: Seyè a. 4 Mwen te pase yon kontra ak yo, mwen te pwomèt pou m' te ba yo peyi Kanaran an, peyi kote yo te viv tankou etranje a. 5 Koulye a, mwen tande jan pèp Izrayèl la ap plenn. Moun peyi Lejip yo fè yo tounen esklav. Mwen vin chonje kontra mwen te pase ak yo a. 6 Men sa ou pral di moun pèp Izrayèl yo: Se mwen menm menm ki Seyè a. M'ap ban nou libète nou, m'ap wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a. M'ap delivre nou anba esklavaj kote yo mete nou an. M'ap lonje bra m' pou m' delivre nou, pou pini moun peyi Lejip yo byen pini. 7 M'ap adopte nou pou pèp mwen, mwen menm m'a Bondye nou. N'a konnen se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, ki ban nou libète nou, ki wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a. 8 Apre sa, m'ap mennen nou tounen nan peyi mwen te sèmante m'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la. Se mwen menm Seyè a k'ap ban nou peyi sa a pou l' rele nou chèmèt. 9 Moyiz di pèp Izrayèl la sa, men yo pa t' vle kwè l', paske yo te about. Esklavaj la te peze lou sou yo. 10 Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa: 11 -Ale bò kote farawon an, wa Lejip la. Di l' konsa pou l' kite pèp Izrayèl la soti kite peyi l' la. 12 Men, Moyiz di Seyè a: -Ata pèp Izrayèl la pa t' koute m', atò se farawon an ki ta koute m'? Mwen tou pa konn pale. 13 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon. Li ba yo lòd pale ak pèp Izrayèl la ansanm ak farawon an, wa Lejip la, pou fè yo konnen yo tou de te resevwa lòd fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip. 14 Men non chèf fanmi pèp Izrayèl yo: Woubenn, premye pitit Izrayèl la. Se li ki papa Enòk, Palou, Ezwon ak Kami. Se tout fanmi Woubenn lan sa. 15 Apre li vin Simeyon. Men non pitit Simeyon yo: Jemwèl, Jamen, Arad, Jaken, Taoska ak Sayil, yon pitit li te fè ak yon fanm moun peyi Kanaran. Se tout fanmi Simeyon yo sa. 16 Apre li vin Levi. Men non pitit Levi yo ak tout pitit yo: Gèchon, Keyat ak Merari. Levi te viv santrannsetan (0137 an). 17 Men pitit Gèchon yo ak tout fanmi yo: Libni ak Chimeyi. 18 Men pitit Keyat yo: Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl. Keyat te viv antou santranntwazan (0133 an). 19 Men pitit Merari yo: Makli ak Mouchi. Se tout branch fanmi Levi yo sa ansanm ak pitit yo. 20 Amram te marye ak Jokebèd, ki matant li bò papa. Jokebèd te fè Arawon ak Moyiz pou li. Amram te viv antou santrannsetan (0137 an). 21 Men pitit Jizeya yo: Kore, Nefèg ak Zikri. 22 Men pitit Ouzyèl yo: Mikayèl, Elsafan ak Sitri. 23 Arawon te marye ak Elicheba, pitit fi Aminadab, sè Nakchon. Elicheba te fè Nadab, Abiyou, Eleaza ak ltama pou Arawon. 24 Men non pitit Kore yo: Asi, Elkana ak Abyazaf. Se tout fanmi Kore yo sa. 25 Eleaza, pitit Arawon an, te marye ak yonn nan pitit fi Poutyèl yo, ki te fè Fineas pou li. Men non tout chèf fanmi Levi yo ak tout moun pa yo. 26 Se menm Arawon sa a ansanm ak Moyiz Seyè a te di: Fè pitit Izrayèl yo soti kite peyi Lejip la, gwoup pa gwoup. 27 Se yo menm tou ki t al di farawon an, wa Lejip la, pou l' fè pèp Izrayèl la soti kite Lejip. Wi, se Arawon sa a avèk Moyiz sa a ki te fè tou sa. 28 Lè Seyè a te pale ak Moyiz nan peyi Lejip la, men sa li te di l': 29 -Se mwen menm ki Seyè a! Tou sa mwen di ou la a, se pou ou rapòte l' bay farawon an, wa Lejip la. 30 Men Moyiz koupe pawòl nan bouch Seyè a, li di l': -Pawòl pa vin nan bouch mwen fasil. Ou kwè farawon an pral chita tande m'?

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Egzòd 6:1

Ex 6:1-13. Renewal of the Promise.

1. the Lord said unto Moses--The Lord, who is long-suffering and indulgent to the errors and infirmities of His people, made allowance for the mortification of Moses as the result of this first interview and cheered him with the assurance of a speedy and successful termination to his embassy.

Egzòd 6:2

2. And God spake unto Moses--For his further encouragement, there was made to him an emphatic repetition of the promise (Ex 3:20).

Egzòd 6:3

3. I ... God Almighty--All enemies must fall, all difficulties must vanish before My omnipotent power, and the patriarchs had abundant proofs of this.

but by my name, &c.--rather, interrogatively, by My name Jehovah was I not known to them? Am not I, the Almighty God, who pledged My honor for the fulfilment of the covenant, also the self-existent God who lives to accomplish it? Rest assured, therefore, that I shall bring it to pass. This passage has occasioned much discussion; and it has been thought by many to intimate that as the name Jehovah was not known to the patriarchs, at least in the full bearing or practical experience of it, the honor of the disclosure was reserved to Moses, who was the first sent with a message in the name of Jehovah, and enabled to attest it by a series of public miracles.

Egzòd 6:9-11

9-11. Moses spake so unto the children of Israel--The increased severities inflicted on the Israelites seem to have so entirely crushed their spirits, as well as irritated them, that they refused to listen to any more communications (Ex 14:12). Even the faith of Moses himself was faltering; and he would have abandoned the enterprise in despair had he not received a positive command from God to revisit the people without delay, and at the same time renew their demand on the king in a more decisive and peremptory tone.

Egzòd 6:12

12. how then shall ... who am of uncircumcised lips?--A metaphorical expression among the Hebrews, who, taught to look on the circumcision of any part as denoting perfection, signified its deficiency or unsuitableness by uncircumcision. The words here express how painfully Moses felt his want of utterance or persuasive oratory. He seems to have fallen into the same deep despondency as his brethren, and to be shrinking with nervous timidity from a difficult, if not desperate, cause. If he had succeeded so ill with the people, whose dearest interests were all involved, what better hope could he entertain of his making more impression on the heart of a king elated with pride and strong in the possession of absolute power? How strikingly was the indulgent forbearance of God displayed towards His people amid all their backwardness to hail His announcement of approaching deliverance! No perverse complaints or careless indifference on their part retarded the development of His gracious purposes. On the contrary, here, as generally, the course of His providence is slow in the infliction of judgments, while it moves more quickly, as it were, when misery is to be relieved or benefits conferred.

Egzòd 6:14-15

Ex 6:14-30. The Genealogy of Moses.

14-15. These be the heads of their fathers' houses--chiefs or governors of their houses. The insertion of this genealogical table in this part of the narrative was intended to authenticate the descent of Moses and Aaron. Both of them were commissioned to act so important a part in the events transacted in the court of Egypt and afterwards elevated to so high offices in the government and Church of God, that it was of the utmost importance that their lineage should be accurately traced. Reuben and Simeon being the oldest of Jacob's sons, a passing notice is taken of them, and then the historian advances to the enumeration of the principal persons in the house of Levi [Ex 6:16-19].

Egzòd 6:20

20. Amram took him Jochebed his father's sister to wife--The Septuagint and Syriac versions render it "his cousin."

Egzòd 6:23

23. Elisheba--that is, Elizabethan. These minute particulars recorded of the family of Aaron, while he has passed over his own, indicate the real modesty of Moses. An ambitious man or an impostor would have acted in a different manner.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.