Egzòd 5
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Apre sa, Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l' konsa: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka fè yon fèt pou mwen nan dezè a. 2 Farawon an reponn: -Kilès ki Seyè a pou m' ta swiv lòd li, pou m' kite pèp Izrayèl la ale? Mwen pa konnen Seyè sa a. Mwen p'ap kite pèp Izrayèl la al ankenn kote. 3 Moyiz ak Arawon di l': -Bondye ebre yo te parèt devan nou. Tanpri, kite n al fè yon ti vwayaj nan dezè a. Lè n'a fin mache pandan twa jou, n'a rete pou n' touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an. Si nou pa fè sa, l'a voye move maladi sou nou, osinon l'a fè nou mouri nan lagè. 4 Wa Lejip la di Moyiz ak Arawon: -Poukisa nou vle fè pèp la kite travay li? Tounen nan travay nou! 5 Farawon an di ankò: -Gade. Nou wè jan pèp sa a vin pi plis pase moun peyi a. Koulye a atò, nou ta vle pou yo kite travay yo? 6 Menm jou sa a, farawon an rele moun peyi Lejip ki te chèf kòve yo ansanm ak moun pèp Izrayèl ki te fòmann yo, li ba yo lòd sa a: 7 -Pa janm bay moun sa yo pay ankò pou yo fè brik, jan nou te konn fè l' la. Se yo menm ki pou al ranmase pay yo bezwen. 8 Men, se pou yo founi menm valè brik yo te konn bay anvan an, san manke yonn. Se yon bann parese yo ye. Se poutèt sa y'ap kriye, y'ap di: O wi, ann al ofri bèt pou nou touye bay Bondye nou an. 9 Fè yo travay pi rèd. Pa kite yo poze menm. Konsa yo p'ap gen tan pou yo koute tout radòt moun ap vin di yo. 10 Chèf kòve yo ak fòmann yo vin di pèp la: -Men sa farawon an voye di nou: Li p'ap ban nou pay ankò. 11 Se nou menm ki pou al ranmase pay kote nou ka jwenn. Men, se toujou menm valè brik la pou nou bay. 12 Se konsa, pèp la gaye toupatou nan peyi Lejip ap chache zèb pou fè pay. 13 Chèf kòve yo te dèyè yo tout tan, yo t'ap di yo: -Se pou nou fè menm valè brik chak jou menm jan ak lè yo te konn ban nou pay la. 14 Chèf kòve farawon yo te mete kèk moun pèp Izrayèl pou sèvi fòmann. Ata fòmann sa yo te anba makak tou. Chèf kòve yo t'ap mande yo: -Poukisa ni ayè ni jòdi a, nou pa t' bay menm valè brik nou te konn fè anvan an? 15 Lè sa a, fòmann yo ki te menm ras ak moun pèp Izrayèl yo t al plenyen bay farawon an. Yo di l': -Monwa, poukisa ou fè moun k'ap sèvi ou yo sa? 16 Yo pa ban nou pay ankò. Atousa, se tout tan y'ap mande nou pou nou fè brik. Lèfini, yo mete nou anba makak. Men, se moun pa ou yo ki antò wi, monwa. 17 Farawon an reponn yo: -Se yon bann parese nou ye. Se poutèt sa n'ap di: O wi, kite n al ofri bèt pou nou touye bay Seyè a. 18 Al nan pye travay nou, tande! Yo p'ap ban nou pay ankò. Degaje nou bay menm kantite brik la. 19 Fòmann yo ki te menm ras ak moun pèp Izrayèl yo vin wè yo te nan yon move sitiyasyon lè yo mande yo pou yo fè menm valè brik yo te konn fè a chak jou, san manke yonn. 20 Antan y'ap soti kay farawon an, yo kontre Moyiz ak Arawon ki t'ap tann yo. 21 Yo di yo: -Se pou Seyè a wè sa nou fè la a. Se pou l' pini nou. Paske se nou menm ki lakòz ni farawon an ni moun k'ap sèvi l' yo pa vle wè pèp Izrayèl la. Nou mete yon nepe nan men yo pou yo fini ak pèp la. 22 Lè sa a, Moyiz tounen al jwenn Seyè a ankò, li di l': -Seyè, poukisa w'ap maltrete pèp la konsa? Poukisa ou te voye m'? 23 Depi menm lè mwen t al bò kote farawon an pou m' pale avè l' pou ou a, se maltrete l'ap maltrete pèp ou a. Epi ou pa fè anyen pou delivre pèp la.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Egzòd 5:1
Ex 5:1-23. First Interview with Pharaoh.
1. Moses and Aaron went in--As representatives of the Hebrews, they were entitled to ask an audience of the king, and their thorough Egyptian training taught them how and when to seek it.
and told Pharaoh--When introduced, they delivered a message in the name of the God of Israel. This is the first time He is mentioned by that national appellation in Scripture. It seems to have been used by divine direction (Ex 4:2) and designed to put honor on the Hebrews in their depressed condition (He 11:16).
Egzòd 5:2
2. And Pharaoh said, Who is the Lord--rather "Jehovah." Lord was a common name applied to objects of worship; but Jehovah was a name he had never heard of. Pharaoh estimated the character and power of this God by the abject and miserable condition of the worshippers and concluded that He held as low a rank among the gods as His people did in the nation. To demonstrate the supremacy of the true God over all the gods of Egypt, was the design of the plagues.
I know not the Lord, neither will I let Israel go--As his honor and interest were both involved he determined to crush this attempt, and in a tone of insolence, or perhaps profanity, rejected the request for the release of the Hebrew slaves.
Egzòd 5:3
3. The God of the Hebrews hath met with us--Instead of being provoked into reproaches or threats, they mildly assured him that it was not a proposal originating among themselves, but a duty enjoined on them by their God. They had for a long series of years been debarred from the privilege of religious worship, and as there was reason to fear that a continued neglect of divine ordinances would draw down upon them the judgments of offended heaven, they begged permission to go three days' journey into the desert--a place of seclusion--where their sacrificial observances would neither suffer interruption nor give umbrage to the Egyptians. In saying this, they concealed their ultimate design of abandoning the kingdom, and by making this partial request at first, they probably wished to try the king's temper before they disclosed their intentions any farther. But they said only what God had put in their mouths (Ex 3:12, 18), and this "legalizes the specific act, while it gives no sanction to the general habit of dissimulation" [Chalmers].
Egzòd 5:4
4. Wherefore do ye, Moses and Aaron, let the people from their works? &c.--Without taking any notice of what they had said, he treated them as ambitious demagogues, who were appealing to the superstitious feelings of the people, to stir up sedition and diffuse a spirit of discontent, which spreading through so vast a body of slaves, might endanger the peace of the country.
Egzòd 5:6
6. Pharaoh commanded--It was a natural consequence of the high displeasure created by this interview that he should put additional burdens on the oppressed Israelites.
taskmasters--Egyptian overseers, appointed to exact labor of the Israelites.
officers--Hebrews placed over their brethren, under the taskmasters, precisely analogous to the Arab officers set over the Arab Fellahs, the poor laborers in modern Egypt.
Egzòd 5:7
7. Ye shall no more give the people straw to make brick--The making of bricks appears to have been a government monopoly as the ancient bricks are nearly all stamped with the name of a king, and they were formed, as they are still in Lower Egypt, of clay mixed with chopped straw and dried or hardened in the sun. The Israelites were employed in this drudgery; and though they still dwelt in Goshen and held property in flocks and herds, they were compelled in rotation to serve in the brick quarries, pressed in alternating groups, just as the fellaheen, or peasants, are marched by press gangs in the same country still.
let them go and gather straw for themselves--The enraged despot did not issue orders to do an impracticable thing. The Egyptian reapers in the corn harvest were accustomed merely to cut off the ears and leave the stalk standing.
Egzòd 5:8
8. tale--an appointed number of bricks. The materials of their labor were to be no longer supplied, and yet, as the same amount of produce was exacted daily, it is impossible to imagine more aggravated cruelty--a perfect specimen of Oriental despotism.
Egzòd 5:12
12. So the people were scattered--It was an immense grievance to the laborers individually, but there would be no hindrance from the husbandmen whose fields they entered, as almost all the lands of Egypt were in the possession of the crown (Ge 47:20).
Egzòd 5:13-19
13-19. And the taskmasters hasted them ... officers ... beaten--As the nearest fields were bared and the people had to go farther for stubble, it was impossible for them to meet the demand by the usual tale of bricks. "The beating of the officers is just what might have been expected from an Eastern tyrant, especially in the valley of the Nile, as it appears from the monuments, that ancient Egypt, like modern China, was principally governed by the stick" [Taylor]. "The mode of beating was by the offender being laid flat on the ground and generally held by the hands and feet while the chastisement was administered" [Wilkinson]. (De 25:2). A picture representing the Hebrews on a brick field, exactly as described in this chapter, was found in an Egyptian tomb at Thebes.
Egzòd 5:20-21
20-21. they met Moses ... The Lord look upon you, and judge--Thus the deliverer of Israel found that this patriotic interference did, in the first instance, only aggravate the evil he wished to remove, and that instead of receiving the gratitude, he was loaded with the reproaches of his countrymen. But as the greatest darkness is immediately before the dawn, so the people of God are often plunged into the deepest affliction when on the eve of their deliverance; and so it was in this case.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
