Egzòd 26
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 N'a fè tant kote pou Bondye rete a ak dis lèz twal fen blan tise byen sere, ansanm ak lenn koulè ble, violèt ak wouj. W'a fè yo bwode bèl pòtre zanj cheriben byen fèt sou tout twal la. 2 Chak lèz twal va gen katòz mèt longè, de mèt lajè. Yo tout va menm gwosè. 3 N'a koud lèz yo ansanm, senk yon bò, senk yon lòt bò. 4 Lè w'a fin koud senk premye lèz yo ansanm, w'a fè pasan ak kòdon ble sou tout bòdi senk premye lèz yo. W'a fè menm jan an tou ak senk lòt lèz yo. 5 W'a fè senkant pasan nan premye lèz premye gwoup la, ak senkant pasan nan dènye lèz dezyèm gwoup la. W'a fè yo koresponn de pa de. 6 W'a fè senkant ti kwòk an lò ki va sèvi pou kole de gwoup lèz yo yonn ak lòt pou yo fè yon sèl tant. 7 W'a fè onz lèz twal ak pwal kabrit pou fè yon gwo tant pou kouvri kay Bondye a. 8 Chak lèz va gen kenz mèt longè ak de mèt lajè. Yo tout va menm gwosè. 9 W'a pran senk ladan yo, w'a koud yo ansanm. Apre sa, w'a pran lòt sis yo, w'a koud yo ansanm tou. W'a pliye sizyèm lèz la an de sou devan tant lan. 10 W'a mete senkant pasan sou bòdi premye lèz premye gwoup la, ak senkant pasan sou bòdi dènye lèz dezyèm gwoup la. 11 W'a fè senkant ti kwòk an kwiv, w'a pase yo nan pasan yo pou kole de gwoup lèz yo ansanm pou fè yon sèl tant. 12 Mwatye lèz ki an plis la va bat sou dèyè kay Bondye a pou kouvri l'. 13 Menm jan an tou, lèz ki sou kote yo pral gen yon pye edmi k'ap depase. Sa ki an plis la pral desann sou bò kay Bondye a pou kouvri l'. 14 W'a fè yon kouvèti ak po belye pou tant lan. W'a tenn li wouj. Apre sa, w'a fè yon lòt kouvèti ak po bazann pou kouvri tant Bondye a. 15 W'a pran bwa zakasya pou fè planch ankadreman pou soutni tant Bondye a. 16 Chak ankadreman va gen kenz pye longè sou vensèt pous lajè. 17 Yo chak va gen de bout depase ki va penmèt yo kole yonn ak lòt. 18 Lè w'ap fè ankadreman yo, w'a fè ven pou bò sid la. 19 W'a fè karant sipò an ajan pou ale anba ankadreman yo, de sipò anba chak ankadreman. Se ladan yo bout ki depase yo va chita. 20 Konsa tou, w'a fè ven ankadreman pou bò nò a 21 ak karant sipò an ajan, de pou chak ankadreman. 22 W'a fè sis ankadreman pou dèyè tant Bondye a, sou bò lwès la, 23 ak de ankadreman pou chak kwen ki sou dèyè tant Bondye a. 24 Ankadreman kwen yo va mare yonn ak lòt pa anba. y'a bout-a-bout depi anba jouk anwo kote gwo bag la. Se konsa w'a moute de ankadreman k'ap fè kwen yo. 25 Konsa, va gen wit ankadreman avèk sèz sipò an ajan, de sipò anba chak ankadreman. 26 W'a fè travès ak bwa zakasya, senk pou ankadreman sou bò sid tant Bondye a, 27 senk pou ankadreman sou bò nò a, senk pou ankadreman ki sou bò lwès la, pa dèyè. 28 Travès mitan an, k'ap pase nan ren ankadreman yo, va soti nan yon bout pou ale nan yon lòt bout. 29 W'a kouvri tout kò ankadreman yo ak lò. W'a moute gwo bag an lò sou yo pou kenbe travès yo. W'a kouvri travès yo ak lò tou. 30 W'a fè tant lan dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan. 31 W'a fè yon rido ak bon twal koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. y'a bwode bèl pòtre zanj cheriben byen fèt sou tout rido a. 32 W'a pann rido a sou kat poto an bwa zakasya. Poto yo va kouvri ak lò. y'a gen kwòk an lò moute sou yo. y'a chita sou kat sipò an ajan. 33 Mete rido a anba kwòk ki nan twati tant lan. W'a mete Bwat Kontra a dèyè rido a. Rido a va separe kote ki apa apa nèt pou Bondye sèlman an ak rès tant Bondye a. 34 W'a mete kouvèti a sou Bwat Kontra ki nan kote ki apa apa nèt pou Bondye a. 35 W'a mete tab la pa deyò rido a. Mete gwo lanp sèt branch lan sou bò sid tant lan, an fas tab la. Tab la menm va sou bò nò a. 36 Konsa tou, w'a fè yon rido an bon twal ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. Rido a va sèvi pou fèmen kote yo pase pou antre nan tant lan. y'a fè bèl bodri sou tout rido a. 37 Pou kenbe rido a, w'a fè senk poto an bwa zakasya, w'a kouvri yo ak lò, w'a moute ti kwòk an lò sou yo. y'a chita sou senk sipò an kwiv.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Egzòd 26:1
Ex 26:1-37. Ten Curtains
1. cunning work--that is, of elegant texture, richly embroidered. The word "cunning," in old English, is synonymous with "skilful."
Egzòd 26:2
2. length--Each curtain was to be fifteen yards in length and a little exceeding two in breadth.
Egzòd 26:3
3. The five curtains shall be coupled together one to another, &c.--so as to form two grand divisions, each eleven yards wide.
Egzòd 26:6
6. taches--clasps; supposed in shape, as well as in use, to be the same as hooks and eyes.
Egzòd 26:7-13
7-13. curtains of goats' hair--These coarse curtains were to be one more in number than the others, and to extend a yard lower on each side, the use of them being to protect and conceal the richer curtains.
Egzòd 26:14
14. a covering ... of rams' skins dyed red--that is, of Turkey red leather. [See on Ex 39:34.]
Egzòd 26:15-30
15-30. thou shalt make boards ... rear up the tabernacle according to the fashion ... which was showed thee--The tabernacle, from its name as well as from its general appearance and arrangements, was a tent; but from the description given in these verses, the boards that formed its walls, the five (cross) bars that strengthened them, and the middle bar that "reached from end to end," and gave it solidity and compactness, it was evidently a more substantial fabric than a light and fragile tent, probably on account of the weight of its various coverings as well as for the protection of its precious furniture.
Egzòd 26:36
36. an hanging for the door of the tent--Curtains of rich and elaborate embroidery, made by the women, are suspended over the doors or entrances of the tents occupied by Eastern chiefs and princes. In a similar style of elegance was the hanging finished which was to cover the door of this tabernacle--the chosen habitation of the God and King of Israel. It appears from Ex 26:12, 22, 23, that the ark and mercy seat were placed in the west end of the tabernacle, and consequently the door or entrance fronted the east, so that the Israelites in worshipping Jehovah, turned their faces towards the west; that they might be thus figuratively taught to turn from the worship of that luminary which was the great idol of the nations, and to adore the God who made it and them [Hewlett].
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
