Egzòd 27

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 W'a fè yon lòtèl an bwa zakasya. L'a kare kare. L'a mezire sèt pye sis pous longè sou sèt pye sis pous lajè ak kat pye sis pous wotè. 2 W'a travay kat kòn sou kat kwen lòtèl la. Se pou kòn yo fè yon sèl pyès ak lòtèl la. Apre sa, w'a kouvri tout ak kwiv. 3 Pou lòtèl la, w'a fè pèl, kivèt, fouchèt, recho ak plato pou resevwa sann. Tout bagay sa yo va fèt an kwiv. 4 Pou lòtèl la toujou, w'a fè yon griyaj an kwiv, tankou griy yo sèvi pou griye vyann. W'a mete kat gwo bag an kwiv nan kat pwent griyaj la. 5 W'a mete griyaj la anba rebò lòtèl la, pou l' soti anba rive mwatye wotè lòtèl la. 6 W'a fè baton an bwa zakasya ki va sèvi manch pou lòtèl la. W'a kouvri yo an kwiv. 7 W'a pase manch yo nan gwo bag yo. Manch yo va sou chak bò lòtèl la lè y'ap pote l'. 8 Lòtèl la va fèt an planch. Anndan li va rete tou vid. W'a fè l' dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan. 9 W'a fè yon galeri wonn kay la. Sou bò sid la, w'a moute yon seri rido fèt ak lèz twal fen blan tise byen sere, sou senkant mèt longè pou bò sa a. 10 Pou kenbe rido yo, va gen ven poto an kwiv chita sou ven sipò an kwiv tou. Men, kwòk ki sou poto yo ak trenng ki pou soutni rido yo va fèt an ajan. 11 Menm jan an tou, sou bò nò a va gen yon seri rido fèt ak lèz twal sou senkant mèt longè pou bò sa a, avèk ven poto an kwiv chita sou ven sipò an kwiv tou. Kwòk yo ak trenng yo va fèt an ajan. 12 Sou bò lwès la, va gen yon galeri tou. W'a moute yon seri rido sou vennsenk mèt longè ak dis poto chita sou dis sipò. 13 Sou bò lès la, galeri a va gen swasannkenz pye lajè. 14 Sou bò gòch pòt antre a, y'a moute rido sou yon longè vennde pye sis pous avèk twa poto chita sou twa sipò. 15 Sou bò dwat la tou, y'a moute rido sou yon longè vennde pye sis pous avèk twa poto chita sou twa sipò. 16 Pou pòt antre a menm, va gen yon rido trant pye longè, fèt ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere, dekore avèk bodri. Se kat poto chita sou kat sipò ki pou soutni rido a. 17 Tout poto ki fè wonn galeri a va gen trenng fèt an ajan, kwòk fèt an ajan ak sipò fèt an kwiv. 18 Galeri a va gen sansenkant pye longè, swasannkenz pye lajè ak sèt pye sis pous wotè. Rido yo va fèt ak twal fen blan tise byen sere. Sipò yo va fèt an kwiv. 19 Tout bagay ki la pou sèvi nan tant lan, tout pikèt pou tant lan ak pou galeri a, tou sa gen pou fèt an kwiv. 20 W'a pase pèp Izrayèl la lòd pou yo pote ba ou pi bon kalite lwil oliv ki genyen pou lanp yo. Konsa, lanp lan va toujou ka rete limen. 21 Se Arawon ak pitit li yo ki va mete lwil nan lanp sa a, ki nan Tant Randevou a pa deyè rido a, devan Bwat Kontra a. Se la gwo lanp lan va limen devan Seyè a depi aswè jouk maten. Se pou moun Izrayèl yo swiv lòd sa a pou tout tan, de pitit an pitit.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Egzòd 27:1-2

Ex 27:1-21. Altar for Burnt Offering.

1-2. altar of shittim wood--The dimensions of this altar which was placed at the entrance of the sanctuary were nearly three yards square, and a yard and a half in height. Under the wooden frame of this chest-like altar the inside was hollow, and each corner was to be terminated by "horns"--angular projections, perpendicular or oblique, in the form of horns. The animals to be sacrificed were bound to these (Psa 118:27), and part of the blood was applied to them.

Egzòd 27:3

3. shovels--fire shovels for scraping together any of the scattered ashes.

basons--for receiving the blood of the sacrifice to be sprinkled on the people.

fleshhooks--curved, three-pronged forks (1Sa 2:13, 14).

fire-pans--A large sort of vessel, wherein the sacred fire which came down from heaven (Le 9:24) was kept burning, while they cleaned the altar and the grate from the coals and ashes, and while the altar was carried from one place to another in the wilderness [Patrick, Spencer, Le Clerc].

Egzòd 27:4

4. a grate of network of brass--sunk latticework to support the fire.

four brazen rings--by which the grating might be lifted and taken away as occasion required from the body of the altar.

Egzòd 27:5

5. put it under the compass of the altar beneath--that is, the grating in which they were carried to a clean place (Le 4:12).

Egzòd 27:6-7

6-7. staves ... rings--Those rings were placed at the side through which the poles were inserted on occasions of removal.

Egzòd 27:9-19

9-19. the court of the tabernacle--The enclosure in which the edifice stood was a rectangular court, extending rather more than fifty yards in length and half that space in breadth, and the enclosing parapet was about three yards or half the height of the tabernacle. That parapet consisted of a connected series of curtains, made of fine twined linen yarn, woven into a kind of network, so that the people could see through; but that large curtain which overhung the entrance was of a different texture, being embroidered and dyed with variegated colors, and it was furnished with cords for pulling it up or drawing it aside when the priests had occasion to enter. The curtains of this enclosure were supported on sixty brazen pillars which stood on pedestals of the same metal, but their capitals and fillets were of silver, and the hooks on which they were suspended were of silver also.

Egzòd 27:20-21

20-21. pure oil olive beaten--that is, such as runs from the olives when bruised and without the application of fire.

for the light ... Aaron and his sons--were to take charge of lighting it in all time coming.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.