Egzòd 23
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Piga nou fè manti sou frè parèy nou. Lè n'ap sèvi temwen, piga nou bay manti pou ede yon mechan. 2 Pa konprann pou nou fè sa ki mal paske nou wè se sa tout moun ap fè. Lè n'ap sèvi temwen nan yon pwose, piga nou pran pati pou bò ki gen plis moun lan lè nou konnen se yo ki antò. 3 Konsa tou, lè gen pwose, se pa paske yon moun pòv pou nou pran pati pou li. 4 Si nou pa byen ak yon moun, epi nou jwenn bèf li osinon bourik li ki kase kòd, se pou nou mennen l' ba li. 5 Si nou pa byen ak yon moun, epi nou wè bourik li kouche anba yon chay, pa vire do nou kite l' pou kont li. Se pou nou ede l' fè bourik la kanpe. 6 Lè yon malere nan pwose, pa anpeche yo fè l' jistis. 7 Evite fè manti sou moun pou akize yo. Moun inonsan ak moun ki nan dwa yo, piga nou fè touye yo, paske mwen p'ap padonnen moun ki fè bagay konsa. 8 Lè n'ap sèvi temwen nan yon kòz, pa pran lajan anba nan men moun, paske lajan konsa bouche je nou, li fè nou pa wè kote jistis la ye. Li fè moun ki pa antò a pèdi kòz li. 9 Piga nou aji mal ak moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a. Paske, nou menm tou, yon lè, nou te etranje nan peyi Lejip, kifè nou konnen sa ki rele viv nan lòt peyi. 10 Pandan sizan n'a travay tè a, epi n'a ranmase sa li bay. 11 Men, sou setyèm lanne a, n'a kite tè a poze. Menm si li bay kichòy, nou p'ap ranmase anyen sou li. N'a kite rekòt la pou pòv malere yo. Rès la va rete pou bèt nan bwa manje. N'a fè menm bagay la tou pou jaden rezen ak jaden oliv nou yo. 12 N'a travay sis jou. Men setyèm jou a, n'a sispann travay, n'a pran repo. Konsa, bèf nou yo ak bourik nou yo, moun k'ap sèvi avèk nou yo ansanm ak etranje ki lakay nou yo va ka pran repo tou. 13 Se pou nou swiv tou sa mwen sot di nou la a. Pa lapriyè lòt bondye, piga mwen tande non yo soti nan bouch nou. 14 Twa fwa chak lanne, n'a fè fèt pou mwen. 15 N'a fè fèt Pen san ledven yo. Jan mwen te ban nou lòd la, n'a manje pen san ledven pandan sèt jou nan epòk yo fikse nan mwa Abib la. Paske se nan mwa sa a nou te soti kite peyi Lejip. Lè sa a, nou p'ap gen dwa parèt devan m' de men vid. 16 Apre sa, n'a fete fèt Premye Rekòt la lè nou fèk konmanse rekòlte grenn nou simen nan jaden nou yo. N'a fete fèt Dènye Rekòt la menm vè fen lanne a, lè n'ap fin rekòlte tou sa ki nan jaden nou yo. 17 Twa fwa chak lanne, tout gason nan pèp la va parèt devan mwen menm Seyè a, Bondye a. 18 Lè n'ap touye yon bèt pou mwen, piga nou ofri san an ansanm ak pen ki fèt ak ledven. Piga nou sere grès bèt la tout lannwit jouk denmen maten. 19 N'a pran pi bèl fwi nan premye rekòt jaden nou, n'a pote yo bay Seyè a, Bondye nou an, lakay li, Piga ou kwit yon ti kabrit nan lèt manman li. 20 Men m'ap voye yonn nan zanj mwen yo devan nou pou pwoteje nou sou wout la, pou l' fè nou rive san danje kote mwen pare pou nou an. 21 Veye kò nou devan li. Koute sa l'ap di nou. Pa kenbe tèt avè l'. Si nou fè sa, li p'ap padonnen nou sa paske se nan non mwen l'ap fè tou sa l'ap fè a. 22 Men, si nou koute sa li di nou, si nou fè tou sa mwen di nou fè, m'ap rayi moun ki rayi nou, mwen p'ap vle wè moun ki pa vle wè nou. 23 Zanj mwen an va mache devan nou, l'ap mennen nou nan peyi moun Amori yo, peyi moun Et yo, peyi moun Ferezi yo, peyi moun Kanaran yo, peyi moun Evi yo ak peyi moun Jebis yo. M'ap detwi yo tout. 24 Piga nou mete ajenou devan bondye lòt nasyon yo. Piga nou janm sèvi yo. Pa fè menm jan ak moun lòt nasyon yo. Se pou nou detwi bondye yo nèt, se pou nou kraze tout moniman yo fè pou yo. 25 Se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, pou nou sèvi. M'ap beni nou, m'ap ban nou manje pou n' manje, dlo pou nou bwè. Mwen p'ap kite maladi tonbe sou nou. 26 Nan peyi nou an p'ap gen fanm k'ap fè foskouch, ni fanm ki p'ap ka fè pitit. M'ap kite nou viv jouk nou fin granmoun. 27 M'ap fè tout moun pè nou. Kote nou pase, m'ap fè moun pèdi tèt yo. M'ap fè tout lènmi nou yo pran rak devan nou. 28 m'a voye gwo gèp devan nou, y'a fè moun Evi yo, moun Kanaran yo ak moun Et yo kouri byen lwen nou. 29 Mwen p'ap fè yo ale tout ansanm yon sèl kou, yon sèl lanne, pou peyi a pa tounen savann, pou bèt nan bwa yo pa vin twòp pou nou. 30 Men, piti piti m'ap mete yo deyò, jouk n'a gen plis moun pou nou ka pran tout peyi a pou nou. 31 M'ap fè fwontyè peyi nou an konmanse depi sou lanmè Wouj la rive jouk sou lanmè Mediterane, depi sou dezè a al bat sou larivyè Lefrat la. M'ap lage tout moun nan peyi a anba men nou, n'ap chase yo met deyò devan nou. 32 Piga nou pase ankenn kontra ak moun sa yo, ni ak bondye yo. 33 Se pa pou yo rete nan peyi nou an, pou yo pa ankouraje nou fè peche kont mwen. Si nou sèvi bondye moun sa yo, sa ka yon malè pou nou.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Egzòd 23:1
Ex 23:1-33. Laws concerning Slander, &c.
1. put not thine hand--join not hands.
Egzòd 23:2
2. decline--depart, deviate from the straight path of rectitude.
Egzòd 23:3
3. countenance--adorn, embellish--thou shalt not varnish the cause even of a poor man to give it a better coloring than it merits.
Egzòd 23:10
10. six years thou shalt sow thy land--intermitting the cultivation of the land every seventh year. But it appears that even then there was a spontaneous produce which the poor were permitted freely to gather for their use, and the beasts driven out fed on the remainder, the owners of fields not being allowed to reap or collect the fruits of the vineyard or oliveyard during the course of this sabbatical year. This was a regulation subservient to many excellent purposes; for, besides inculcating the general lesson of dependence on Providence, and of confidence in His faithfulness to His promise respecting the triple increase on the sixth year (Le 25:20, 21), it gave the Israelites a practical proof that they held their properties of the Lord as His tenants, and must conform to His rules on pain of forfeiting the lease of them.
Egzòd 23:12
12. Six days thou shalt do thy work, and on the seventh day thou shalt rest--This law is repeated [Ex 20:9] lest any might suppose there was a relaxation of its observance during the sabbatical year.
Egzòd 23:13
13. make no mention of the name of other gods, &c.--that is, in common conversation, for a familiar use of them would tend to lessen horror of idolatry.
Egzòd 23:14-18
14-18. Three times ... keep a feast ... in the year--This was the institution of the great religious festivals--"The feast of unleavened bread," or the passover--"the feast of harvest," or pentecost--"the feast of ingathering," or the feast of tabernacles, which was a memorial of the dwelling in booths in the wilderness, and which was observed in the seventh month (Ex 12:2). All the males were enjoined to repair to the tabernacle and afterwards the temple, and the women frequently went. The institution of this national custom was of the greatest importance in many ways: by keeping up a national sense of religion and a public uniformity in worship, by creating a bond of unity, and also by promoting internal commerce among the people. Though the absence of all the males at these three festivals left the country defenseless, a special promise was given of divine protection, and no incursion of enemies was ever permitted to happen on those occasions.
Egzòd 23:19
19. Thou shalt not seethe a kid in his mother's milk--A prohibition against imitating the superstitious rites of the idolaters in Egypt, who, at the end of their harvest, seethed a kid in its mother's milk and sprinkled the broth as a magical charm on their gardens and fields, to render them more productive the following season. [See on De 14:21].
Egzòd 23:20-25
20-25. Behold, I send an Angel before thee, to keep thee in the way--The communication of these laws, made to Moses and by him rehearsed to the people, was concluded by the addition of many animating promises, intermingled with several solemn warnings that lapses into sin and idolatry would not be tolerated or passed with impunity.
Egzòd 23:28
28. I will send hornets before thee, &c. (See on Jos 24:12)--Some instrument of divine judgment, but variously interpreted: as hornets in a literal sense [Bochart]; as a pestilential disease [Rosenmuller]; as a terror of the Lord, an extraordinary dejection [Junius].
Egzòd 23:29-30
29-30. I will not drive ... out ... in one year; lest the land become desolate--Many reasons recommend a gradual extirpation of the former inhabitants of Canaan. But only one is here specified--the danger lest, in the unoccupied grounds, wild beasts should inconveniently multiply; a clear proof that the promised land was more than sufficient to contain the actual population of the Israelites.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
