Estè 1
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Vwala se te sou rèy wa Asyeris. Li t'ap gouvènen sanvennsèt (0127) pwovens depi peyi Lend rive peyi Letiopi. 2 Lè sa a, wa a te rete lavil Souz, kapital la, ki te tankou yon sitadèl. 3 Li te gen twazan depi li te wa. Yon jou, li bay yon gwo fèt babako pou tout chèf li yo ak pou tout moun k'ap sèvi avè l' nan gouvènman an. Tout lame peyi Pès ak peyi Medi a te la tou ansanm ak tout gouvènè ak tout gwo zotobre pwovens yo. 4 Pandan sis mwa, wa a t'ap fè yo wè jan palè l' la te rich, jan li te grannèg anpil, ak kantite bèl bagay li te genyen. 5 Apre tout jou sa yo, wa a fè yon gwo fèt pou tout moun, rich kou pòv, ki te rete lavil Souz, kapital la. Pandan sèt jou, li resevwa mesye yo nan lakou jaden palè l' la. 6 Lakou palè a te dekore ak bèl rido koulè blan ak ble. Yo te mare rido yo ak bèl ti kòdon koulè violèt nan bag fèt an ajan moute sou gwo poto fèt an mab. Yo te ranje bèl ti kabann fèt an lò ak an ajan nan tout lakou a. Lakou a te pave ak mab blan, mab wouj, mab nwa, gwo pèl klere, ak bèl pye ble. 7 Yo te sèvi bweson nan gwo gode lò. Chak gode te gen yon fòm apa. Yo te bay diven wa a an kantite, jan wa a te vle l' la. 8 Tout moun t'ap bwè san pesonn pa kontwole bouch yo, paske wa a te bay kanbizye li yo lòd pou chak moun te jwenn mezi yo vle. 9 Larenn Vachti bò pa l' t'ap resevwa medam yo anndan palè wa Asyeris la. 10 Dènye jou fèt la, wa a t'ap bwè, kè l' te kontan. Li fè rele sèt nan nèg konfyans pa l' yo: Se te Mayouman, Bizta, Abona, Bigta, Obagta, Zeta ak Kakas. 11 Li ba yo lòd pou y' al chache larenn Vachti ak tout kouwòn li sou tèt li. Larenn lan te yon bèl fanm. Wa a te vle fè pèp la ak tout chèf li yo wè jan li bèl. 12 Men lè nèg konfyans yo al di larenn Vachti lòd wa a te ba yo a, li derefize vini. Sa te fè wa a fache. Li te move anpil. 13 Se te koutim lan lè sa a chak fwa wa a te gen yon bagay pou l' regle, li toujou pran konsèy nan men moun ki konnen sa ki dwat ak sa lalwa mande. Se konsa, wa a fè chache konseye l' yo pou yo di l' sa pou l' fè. 14 Men konseye ki te pi pre l' yo se te Kachna, Cheta, Admata, Tachich, Meris, Masena ak Mimoukan, sèt gwo chèf ki te soti nan peyi Pès ak nan peyi Medi ki te gen dwa wè wa a lè yo vle. Lèfini, se yo ki te gen premye plas nan gouvènman an. 15 Wa a di yo konsa: -Dapre lalwa, kisa pou m' fè larenn Vachti? Mwen voye nèg konfyans mwen yo al ba li yon lòd, li derefize obeyi m'. 16 Lè sa a Mimoukan pran lapawòl devan wa a ak tout lòt chèf yo, li di konsa: -Se pa sèlman wa a larenn Vachti manke dega. Se tout chèf ak tout gason k'ap viv nan tout peyi ki sou lòd wa a li manke dega. 17 Lè medam yo va konnen sa larenn Vachti fè a, yo tout yo pral pran mari yo pou bòbòy. Y'ap di: Wa Asyeris ki wa Asyeris, li te bay larenn Vachti lòd pou vin bò kote l', larenn lan te derefize! 18 Lè madanm chèf peyi Pès ak peyi Medi yo va konnen sa larenn lan fè la a, se sa ase yo pral pale nan zòrèy mari yo depi jòdi a menm. Lè sa a, toupatou medam yo p'ap respekte mari yo ankò. Mari yo menm pral fè kòlè sou madanm yo. 19 Si wa a dakò, se pou l' fè yon deklarasyon pou l' fè tout moun konnen larenn Vachti pa janm gen dwa parèt devan l' ankò. Li pral chwazi yon lòt madanm pi bon pase l' mete larenn nan plas li. Lèfini, l'a fè ekri lòd sa a nan liv lalwa peyi Pès ak peyi Medi a, pou yo pa janm chanje l'. 20 Y'a pibliye lòd wa a nan tout gwo peyi ou la pou tout moun konnen. Lè sa a, mesye yo te mèt grannèg, yo te mèt ti nèg, madanm yo va gen respè pou yo. 21 Wa a ansanm ak chèf yo te renmen lide Mimoukan te bay la. Se konsa wa a fè sa Mimoukan te di fè a. 22 Li voye mesaj nan tout peyi ki te anba baton kòmandman l' lan. Mesaj la te ekri nan lang chak peyi, jan yo ekri lang lan nan peyi a. Li voye di se pou chak gason chèf lakay yo: Lè yo pale, se fini!
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Estè 1:1
THE BOOK OF ESTHER
Commentary by Robert Jamieson
Es 1:1-22. Ahasuerus Makes Royal Feasts.
1. Ahasuerus--It is now generally agreed among learned men that the Ahasuerus mentioned in this episode is the Xerxes who figures in Grecian history.
Estè 1:3
3. made a feast unto all his princes and his servants--Banquets on so grand a scale, and extending over so great a period, have been frequently provided by the luxurious monarchs of Eastern countries, both in ancient and modern times. The early portion of this festive season, however, seems to have been dedicated to amusement, particularly an exhibition of the magnificence and treasures of the court, and it was closed by a special feast of seven days' continuance, given within the gardens of the royal palace. The ancient palace of Susa has been recently disinterred from an incumbent mass of earth and ruins; and in that palace, which is, beyond all doubt, the actual edifice referred to in this passage, there is a great hall of marble pillars. "The position of the great colonnade corresponds with the account here given. It stands on an elevation in the center of the mound, the remainder of which we may well imagine to have been occupied, after the Persian fashion, with a garden and fountains. Thus the colonnade would represent the 'court of the garden of the king's palace' with its 'pillars of marble.' I am even inclined to believe the expression, 'Shushan the palace,' applies especially to this portion of the existing ruins, in contradistinction to the citadel and the city of Shushan" [Loftus, Chaldaea and Susiana].
Estè 1:6
6. Where were white, green, and blue hangings, &c.--The fashion, in the houses of the great, on festive occasions, was to decorate the chambers from the middle of the wall downward with damask or velvet hangings of variegated colors suspended on hooks, or taken down at pleasure.
the beds were of gold and silver--that is, the couches on which, according to Oriental fashion, the guests reclined, and which were either formed entirely of gold and silver or inlaid with ornaments of those costly metals, stood on an elevated floor of parti-colored marble.
Estè 1:7
Estè 1:9
9. Also Vashti the queen made a feast for the women--The celebration was double; for, as according to the Oriental fashion, the sexes do not intermingle in society, the court ladies were entertained in a separate apartment by the queen.
Estè 1:10-12
10-12. On the seventh day, when the heart of the king was merry with wine--As the feast days advanced, the drinking was more freely indulged in, so that the close was usually marked by great excesses of revelry.
he commanded ... the seven chamberlains--These were the eunuchs who had charge of the royal harem. The refusal of Vashti to obey an order which required her to make an indecent exposure of herself before a company of drunken revellers, was becoming both the modesty of her sex and her rank as queen; for, according to Persian customs, the queen, even more than the wives of other men, was secluded from the public gaze. Had not the king's blood been heated with wine, or his reason overpowered by force of offended pride, he would have perceived that his own honor, as well as hers, was consulted by her dignified conduct.
Estè 1:13-19
13-19. Then the king said to the wise men--These were probably the magi, without whose advice as to the proper time of doing a thing the Persian kings never did take any step whatever; and the persons named in Es 1:14 were the "seven counsellors" (compare Ezr 7:14) who formed the state ministry. The combined wisdom of all, it seems, was enlisted to consult with the king what course should be taken after so unprecedented an occurrence as Vashti's disobedience of the royal summons. It is scarcely possible for us to imagine the astonishment produced by such a refusal in a country and a court where the will of the sovereign was absolute. The assembled grandees were petrified with horror at the daring affront. Alarm for the consequences that might ensue to each of them in his own household next seized on their minds; and the sounds of bacchanalian revelry were hushed into deep and anxious consultation what punishment to inflict on the refractory queen. But a purpose was to be served by the flattery of the king and the enslavement of all women. The counsellors were too intoxicated or obsequious to oppose the courtly advice of Memucan was unanimously resolved, with a wise regard to the public interests of the nation, that the punishment of Vashti could be nothing short of degradation from her royal dignity. The doom was accordingly pronounced and made known in all parts of the empire.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
