Estè 2
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Apre sa, lè kolè wa a fin pase, lide wa a te toujou sou sa Vachti te fè a ak sou desizyon li menm li te pran lè sa a. 2 Se konsa, nan moun ki toujou avèk wa a, gen ladan yo ki di l': -Poukisa ou pa mete moun chache pou ou kèk bèl ti jenn fi ki tifi toujou? 3 Nan tout pwovens peyi ou la, wa chwazi kèk enspekte ki va chache dènye bèl ti jenn fi ki poko nan gason. Y'a mennen yo nan kay madanm ou yo, isit la, lavil Souz, kapital la. Wa mete yo sou kont Egayi, domestik konfyans ou ki reskonsab madanm ou yo, pou li ba yo tou sa yo bezwen pou fè kò yo bèl. 4 Lèfini, jenn fi ki va fè ou plezi plis la wa mete l' larenn nan plas Vachti a. Wa a wè se te yon bon lide, li fè sa konsa vre. 5 Lè sa a, nan lavil Souz, kapital peyi a, te gen yon jwif ki te rele Madoche. Se te pitit Jayi, nan branch fanmi Benjamen. Li te soti nan fanmi Kich ak Chimeyi. 6 Lè Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, te pran Jekonya, wa peyi Jida a, ansanm ak lòt prizonye yo nan lavil Jerizalèm pou l' te depòte yo, Madoche te ladan l' tou. 7 Li te gen yon ti kouzin li ki te rele Estè. Men bon non jwif li se te Adasa. Se te yon bèl fi anfòm. Lè papa l' ak manman l' mouri, Madoche te pran l' lakay li, li leve l' tankou pwòp pitit fi li. 8 Apre yo te fin pibliye lòd wa a, yo mache chache anpil jenn fi, yo mennen yo lakay wa a lavil Souz, kapital la. Estè te ladan yo tou. Se konsa li te lakay wa a, sou kont Egayi ki te reskonsab tout madanm wa yo. 9 Estè te fè Egayi plezi anpil. San l' te ale avè l'. Li pa pèdi tan li, li ba li tou sa li te bezwen pou fè kò l' bèl ak manje ki bon pou li. Li chwazi sèt bòn lakay wa a, li bay Estè pou sèvis pa l', epi li mete l' nan pi bon apatman ki te genyen nan kay madanm wa yo. 10 Estè pa t' kite pèsonn konnen moun ki peyi ak ki ras li te ye, paske Madoche te ba li lòd pou l' pa t' di anyen sou sa. 11 Chak jou, Madoche bò pa l' menm t'ap pwonmennen devan lakou kay medam yo pou l' te konnen jan Estè t'ap degaje l', ki jan sa tapral pase pou li. 12 Yo te pran yon lanne nèt pou pare jenn fi yo. Yo pase sis mwa ap pran masaj ak lwil fèt ak lami, sis mwa ak odè ansanm ak krèm fèt pou madan marye. Apre sa, yo mennen jenn fi yo yonn apre lòt al jwenn wa Asyeris. 13 Men ki jan sa te fèt: lè yon jenn fi ap kite kay medam yo pou ale kay wa a, yo ba li tou sa li te vle mete sou li. 14 Se yon jou swa yo toujou mennen l'. Nan maten, yo fè l' ale nan yon lòt kay wa a te genyen pou fanm kay li yo. Yo renmèt li nan men Chagaz ki te reskonsab kay sa a. Jenn fi a pa t' gen pou l' te tounen kay wa a ankò, esepte si wa a te vle. Lè konsa, se wa a ki pou bay non fi li vle a. 15 Jou pou Estè ale kay wa a rive. Estè, pitit fi Abikayil la, kouzin Madoche te pran pou pitit fi li a, leve, li pa mande anyen pase sa Egayi, domestik konfyans wa a ki te reskonsab jenn fi yo, te ba li konsèy mande pou mete sou li. Tout moun tonbe pou Estè lè yo wè l'. 16 Se konsa, Asyeris t'ap mache sou sètan depi li te wa, nan dizyèm mwa, mwa yo rele Tebèt la, lè yo mennen Estè devan wa a lakay li. 17 Wa a tonbe pou Estè plis pase pou tout lòt fanm li te janm konnen. Estè te rive fè wa a plezi plis pase tout lòt jenn fi yo. Wa a renmen l' plis pase lòt yo. Li mete kouwòn li a sou tèt Estè, li nonmen l' larenn nan plas Vachti a. 18 Lèfini, li voye envite tout chèf li yo ak moun pa l' yo, li fè yon gwo resepsyon pou Estè. Li bay yon jou vakans nan tout peyi a nèt. Apre sa, li bay kado adwat agoch jan wa yo konn fè l' la. 19 Pandan tout tan yo t'ap mennen jenn fi yo bay wa a, Madoche te chita bò pòtay palè a. 20 Estè menm pa t' kite pèsonn konnen moun ki peyi ak ki ras li te ye. Madoche te ba li lòd pa di anyen sou sa. Estè te obeyi l' jan li te toujou obeyi l' lè li te timoun lakay li. 21 Antan Madoche te chita bò pòtay la, de domestik konfyans wa a, Bigtan ak Tèrèch, ki t'ap fè pòs devan chanm wa a, fache sou wa a, yo fè konplo pou yo touye l'. 22 Madoche vin konn sa. Li di larenn Estè sa. Larenn Estè menm al di wa a men sa Madoche voye di l'. 23 Yo mennen ankèt, yo jwenn sa Madoche te di a se te vre. Yo pann de mesye yo. Lèfini, wa a bay lòd pou yo ekri koze a nan gwo liv achiv gouvènman yo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Estè 2:1-3
Es 2:1-20. Esther Chosen to Be Queen.
1-3. After these things, when the wrath of king Ahasuerus was appeased--On recovering from the violent excitement of his revelry and rage, the king was pierced with poignant regret for the unmerited treatment he had given to his beautiful and dignified queen. But, according to the law, which made the word of a Persian king irrevocable, she could not be restored. His counsellors, for their own sake, were solicitous to remove his disquietude, and hastened to recommend the adoption of all suitable means for gratifying their royal master with another consort of equal or superior attractions to those of his divorced queen. In the despotic countries of the East the custom obtains that when an order is sent to a family for a young damsel to repair to the royal palace, the parents, however unwilling, dare not refuse the honor for their daughter; and although they know that when she is once in the royal harem, they will never see her again, they are obliged to yield a silent and passive compliance. On the occasion referred to, a general search was commanded to be made for the greatest beauties throughout the empire, in the hope that, from their ranks, the disconsolate monarch might select one for the honor of succeeding to the royal honors of Vashti. The damsels, on arrival at the palace, were placed under the custody of "Hege, the king's chamberlain, keeper of the women," that is, the chief eunuch, usually a repulsive old man, on whom the court ladies are very dependent, and whose favor they are always desirous to secure.
Estè 2:5
5. Now in Shushan the palace there was a certain Jew--Mordecai held some office about the court. But his "sitting at the king's gate" (Es 2:21) does not necessarily imply that he was in the humble condition of a porter; for, according to an institute of Cyrus, all state officers were required to wait in the outer courts till they were summoned into the presence chamber. He might, therefore, have been a person of some official dignity. This man had an orphan cousin, born during the exile, under his care, who being distinguished by great personal beauty, was one of the young damsels taken into the royal harem on this occasion. She had the good fortune at once to gain the good will of the chief eunuch [Es 2:9]. Her sweet and amiable appearance made her a favorite with all who looked upon her (Es 2:15, last clause). Her Hebrew name (Es 2:7) was Hadassah, that is, "myrtle," which, on her introduction into the royal harem, was changed to Esther, that is, the star Venus, indicating beauty and good fortune [Gesenius].
Estè 2:11
11. Mordecai walked every day before the court of the women's house--The harem is an inviolable sanctuary, and what is transacted within its walls is as much a secret to those without as if they were thousands of miles away. But hints were given him through the eunuchs.
Estè 2:12
12. Now when every maid's turn was come to go in to king Ahasuerus--A whole year was spent in preparation for the intended honor. Considering that this took place in a palace, the long period prescribed, together with the profusion of costly and fragrant cosmetics employed, was probably required by state etiquette.
Estè 2:17
17. the king loved Esther above all the women--The choice fell on Esther, who found favor in the eyes of Ahasuerus. He elevated her to the dignity of chief wife, or queen. The other competitors had apartments assigned them in the royal harem, and were retained in the rank of secondary wives, of whom Oriental princes have a great number.
he set the royal crown upon her head--This consisted only of a purple ribbon, streaked with white, bound round the forehead. The nuptials were celebrated by a magnificent entertainment, and, in honor of the auspicious occasion, "he made a release to the provinces, and gave gifts, according to the state of the king." The dotation of Persian queens consisted in consigning to them the revenue of certain cities, in various parts of the kingdom, for defraying their personal and domestic expenditure. Some of these imposts the king remitted or lessened at this time.
Estè 2:21
Es 2:21-23. Mordecai, Discovering a Treason, Is Recorded in the Chronicles.
21. In those days ... two of the king's chamberlains ... were wroth and sought to lay hand on the king, &c.--This secret conspiracy against the king's life probably arose out of revenge for the divorce of Vashti, in whose interest, and at whose instigation, these eunuchs may have acted. Through the vigilance of Mordecai, whose fidelity, however, passed unnoticed, the design was frustrated, while the conspirators were condemned to be executed and as the matter was recorded in the court annals, it became the occasion afterwards of Mordecai's preferment to the place of power and influence for which, in furtherance of the national interests of the Jews, divine providence intended him.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
