Deteronòm 25
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Lè yon kont pete nan mitan nou, moun ki gen kont yo va ale lajistis pou yo jije ka a. Y'a bay sa ki gen rezon an rezon, sa ki gen tò a tò. 2 Si sa ki gen tò a merite bat, jij la va fè l' kouche plat atè, epi, l'a devan je l', l'a fè yo ba li kantite kou li merite pou sa l' fè a. 3 Nou pa janm gen dwa depase karant kou. Si nou ba li plis, nou ka pini l' twòp. Lè sa a, n'a avili l' devan tout moun. 4 Nou pa bezwen mare bouch bèf la pou enpoze l' manje lè l'ap vire moulen pou kraze ble pou nou. 5 Lè de frè rete ansanm nan menm kay, si yonn ladan yo rive mouri san li pa kite pitit, madan defen an pa ka al marye ak yon moun ki pa nan fanmi an. Se va devwa bòfrè a pou l' al jwenn vèv la pou l' marye ak li. 6 Premye pitit gason madanm lan va fè a va pote non frè ki mouri a pou non l' pa pèdi nan peyi Izrayèl la. 7 Men, si nonm lan pa vle marye ak bèlsè li a, bèlsè a va moute nan tribinal bò pòtay lavil la, epi l'a di chèf fanmi yo: Bòfrè mwen an derefize fè devwa l'. Li pa vle konsève non frè li nan peyi Izrayèl la. Li refize marye avè m', jan lalwa peyi a mande l' fè l' la. 8 Lè sa a, chèf fanmi ki nan lavil la va fè rele nonm lan vin jwenn yo epi y'a pale avè l'. Si li derefize marye avèk bèlsè a, 9 bèlsè a va mache sou li, devan tout chèf fanmi yo, l'a wete yon grenn sapat nan pye nonm lan, l'a krache nan figi l', epi l'a di: -Men sa ki pou rive yon nonm ki refize bay frè li yon pitit. 10 Nan peyi Izrayèl la, y'a rele fanmi nonm sa a: fanmi nonm grenn sapat la. 11 Si pandan de gason nan moun Izrayèl yo ap goumen, madanm yonn nan yo pwoche pou l' sove mari l' anba men lòt k'ap bat li a, epi li lonje men l', li kenbe lòt lan nan pati li, 12 se pou nou san pitye pou li: koupe men l' la pou la. 13 Nou pa gen dwa gen de kalite pwa nan sakit nou pou pran pèz, yonn ki bon, yonn ki pa bon, 14 ni de kalite mezi lakay nou, yonn ki bon ak yonn ki pa bon. 15 N'a toujou sèvi ak bon mezi, san wete san mete. Se konsa n'a ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an. 16 Paske Seyè a pa vle wè moun k'ap fè bagay konsa, moun k'ap fè lenjistis. 17 Pa janm bliye sa Amalèk te fè nou lè nou te sou wout nou ap soti nan peyi Lejip. 18 Yo pa t' gen krentif Bondye. Yo vin kontre nou sou chemen nou. Lè sa a nou te bouke, kò nou te kraze, epi yo pase pa dèyè, yo touye tout moun ki t'ap trennen dèyè yo. 19 Se poutèt sa, lè Seyè a, Bondye nou an, va ban nou lapè ak tout lènmi sa yo ki antoure nou toupatou nan peyi l'ap ban nou pou rele nou pa nou an, se pou nou touye tout moun Amalèk yo pou pesonn sou latè pa janm chonje yo ankò. Pa bliye sa!
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Deteronòm 25:2-3
De 25:1-19. Stripes Must Not Exceed Forty.
2-3. if the wicked man be worthy to be beaten--In judicial sentences, which awarded punishment short of capital, scourging, like the Egyptian bastinado, was the most common form in which they were executed. The Mosaic law, however, introduced two important restrictions; namely: (1) The punishment should be inflicted in presence of the judge instead of being inflicted in private by some heartless official; and (2) The maximum amount of it should be limited to forty stripes, instead of being awarded according to the arbitrary will or passion of the magistrate. The Egyptian, like Turkish and Chinese rulers, often applied the stick till they caused death or lameness for life. Of what the scourge consisted at first we are not informed; but in later times, when the Jews were exceedingly scrupulous in adhering to the letter of the law and, for fear of miscalculation, were desirous of keeping within the prescribed limit, it was formed of three cords, terminating in leathern thongs, and thirteen strokes of this counted as thirty-nine stripes (2Co 11:24).
Deteronòm 25:4
4. Thou shalt not muzzle the ox when he treadeth out the corn--In Judea, as in modern Syria and Egypt, the larger grains were beaten out by the feet of oxen, which, yoked together, day after day trod round the wide open spaces which form the threshing-floors. The animals were allowed freely to pick up a mouthful, when they chose to do so: a wise as well as humane regulation, introduced by the law of Moses (compare 1Co 9:9; 1Ti 5:17, 18).
Deteronòm 25:5-10
5-10. the wife of the dead shall not marry without unto a stranger: her husband's brother ... shall take her to him to wife--This usage existed before the age of Moses (Ge 38:8). But the Mosaic law rendered the custom obligatory (Mt 22:25) on younger brothers, or the nearest kinsman, to marry the widow (Ru 4:4), by associating the natural desire of perpetuating a brother's name with the preservation of property in the Hebrew families and tribes. If the younger brother declined to comply with the law, the widow brought her claim before the authorities of the place at a public assembly (the gate of the city); and he having declared his refusal, she was ordered to loose the thong of his shoe--a sign of degradation--following up that act by spitting on the ground--the strongest expression of ignominy and contempt among Eastern people. The shoe was kept by the magistrate as an evidence of the transaction, and the parties separated.
Deteronòm 25:13-16
13-16. Thou shalt not have ... divers weights--Weights were anciently made of stone and are frequently used still by Eastern shopkeepers and traders, who take them out of the bag and put them in the balance. The man who is not cheated by the trader and his bag of divers weights must be blessed with more acuteness than most of his fellows [Roberts]. (Compare Pr 16:11; 20:10).
Deteronòm 25:17-19
17-19. Remember what Amalek did--This cold-blooded and dastardly atrocity is not narrated in the previous history (Ex 17:14). It was an unprovoked outrage on the laws of nature and humanity, as well as a daring defiance of that God who had so signally shown His favor towards Israel (see on 1 Samuel 15; 27. 8; 30).
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
