Deteronòm 24
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Si yon nonm marye ak yon fanm epi rive yon lè fanm lan pa fè l' plezi ankò, paske li dekouvri nan fanm lan yon bagay ki pa byen, l'a ekri yon papye divòs bay fanm lan, epi l'a voye l' tounen lakay papa l'. 2 Apre sa, si fanm lan kite kay papa l', l' al marye ak yon lòt gason, 3 sipoze dezyèm mari a tou ta rive pa vle wè l', epi li ekri yon lèt divòs ba li, epi li voye l' tounen lakay papa l' ankò, osinon sipoze dezyèm mari a ta rive mouri, 4 lè sa a, premye mari a p'ap ka marye avè l' ankò. Se pou li konsidere fanm lan tankou yon moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye. Paske si li marye avè l' apre sa, l'ap fè yon bagay Seyè a pa vle wè. Piga nou rale madichon sou peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou pou rele nou pa nou an. 5 Si yon nonm fèk marye, li pa fèt pou l' al nan lagè, ni yo pa bezwen mande l' fè ankenn travay nan sèvis piblik pandan ennan. Konsa, pandan tan sa a, l'a lib pou l' rete lakay li pou l' fè kè madanm li kontan. 6 Lè n'ap prete yon moun lajan, nou pa gen dwa pran de wòl moulen li yo, pa menm yon sèl ladan yo, pou garanti. Si nou fè sa, se tankou si se te lavi moun lan menm nou te pran pou garanti. 7 Si yo bare yon moun pèp Izrayèl ap kenbe yon moun pèp Izrayèl parèy li pou fè l' tounen esklav li osinon pou l' vann li, se pou yo touye l'. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou. 8 Lè gen yon ka move maladi po, se pou nou sèten yo fè tou sa moun Levi yo mande fè. Se pou nou swiv tout regleman mwen te ba yo sou sa. 9 Pa janm bliye sa Seyè a, Bondye nou an, te fè Miryam, lè nou t'ap soti kite peyi Lejip la. 10 Lè n'ap prete yon moun yon lajan sou garanti, nou pa gen dwa antre lakay li pou n' al pran sa l'ap ban nou pou garanti a. 11 N'a rete deyò, n'a tann li pote garanti a ban nou deyò a. 12 Si se yon nonm ki pòv, pa kite rad li ban nou pou garanti a pase nwit lakay nou. 13 Se pou nou tounen l' ba li lè solèy kouche, pou l' ka mete l' sou li lè l'ap dòmi. L'a genyen nou rekonesans, epi nou menm nou va fè yon bon zèv devan Seyè a, Bondye nou an. 14 Piga nou peze yon pòv malere k'ap travay pou lajan l', li te mèt yon moun pèp Izrayèl parèy nou, li te mèt yon moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a nan yonn nan lavil nou yo. 15 Peye l' lajan l' chak jou, anvan solèy kouche, paske li pòv, li bezwen lajan an pou l' viv. Konsa, li p'ap bezwen rele Seyè a pou nou. Men, si sa rive, se nou menm k'ap antò. 16 Nou pa gen dwa touye yon papa pou krim pitit li fè. Ni nou pa gen dwa touye yon pitit pou krim papa l' te fè. Y'a touye yon moun pou krim li menm li fè. 17 Pa fè ankenn moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou lenjistis. Respekte dwa timoun ki san papa. Pa pran rad yon vèv an garanti pou lajan nou prete l'. 18 Chonje nou menm tou nou te esklav nan peyi Lejip. Se Seyè a menm, Bondye nou an, ki te delivre nou. Se poutèt sa mwen mande nou pou nou swiv regleman sa a. 19 Lè n'ap ranmase rekòt ble nan jaden nou epi nou bliye ranmase kèk grap ki tonbe atè, pa tounen al pran yo. N'a kite yo pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, pou timoun san papa ak fanm ki pèdi mari yo. N'a fè sa pou Seyè a, Bondye nou an, ka beni nou nan tou sa n'ap fè. 20 Lè n'ap keyi grenn oliv, nou pa bezwen pase yon dezyèm fwa pou keyi sa ki te rete yo. N'a kite yo pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, pou timoun san papa ak pou fanm ki pèdi mari yo. 21 Lè nou fin koupe grap rezen nan jaden nou yo, pa tounen yon dezyèm fwa anba chak pye rezen pou repase branch yo. Sa ki va rete a, n'a kite yo pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, pou timoun ki san papa ak pou fanm ki pèdi mari yo. 22 Se pou nou toujou chonje yon lè nou te esklav nan peyi Lejip. Se poutèt sa mwen mande non pou nou swiv lòd mwen ban nou la a.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Deteronòm 24:1-4
De 24:1-22. Of Divorces.
1-4. When a man hath taken a wife, and married her, and it come to pass that she find no favour in his eyes--It appears that the practice of divorces was at this early period very prevalent amongst the Israelites, who had in all probability become familiar with it in Egypt [Lane]. The usage, being too deep-rooted to be soon or easily abolished, was tolerated by Moses (Mt 19:8). But it was accompanied under the law with two conditions, which were calculated greatly to prevent the evils incident to the permitted system; namely: (1) The act of divorcement was to be certified on a written document, the preparation of which, with legal formality, would afford time for reflection and repentance; and (2) In the event of the divorced wife being married to another husband, she could not, on the termination of that second marriage, be restored to her first husband, however desirous he might be to receive her.
Deteronòm 24:5
5. When a man hath taken a new wife, he shall not go out to war--This law of exemption was founded on good policy and was favorable to matrimony, as it afforded a full opportunity for the affections of the newly married pair being more firmly rooted, and it diminished or removed occasions for the divorces just mentioned.
Deteronòm 24:6
6. No man shall take the nether or the upper millstone to pledge--The "upper" stone being concave, covers the "nether" like a lid; and it has a small aperture, through which the corn is poured, as well as a handle by which it is turned. The propriety of the law was founded on the custom of grinding corn every morning for daily consumption. If either of the stones, therefore, which composed the handmill was wanting, a person would be deprived of his necessary provision.
Deteronòm 24:7
7. If a man be found stealing any of his brethren--(See Ex 21:16).
Deteronòm 24:8-9
8-9. Take heed in the plague of leprosy--(See Le 13:14).
Deteronòm 24:10-13
10-13. When thou dost lend thy brother anything, thou shalt not go into his house to fetch his pledge--The course recommended was, in kind and considerate regard, to spare the borrower's feelings. In the case of a poor man who had pledged his cloak, it was to be restored before night, as the poor in Eastern countries have commonly no other covering for wrapping themselves in when they go to sleep than the garment they have worn during the day.
Deteronòm 24:14-15
14-15. Thou shalt not oppress an hired servant that is poor and needy--Hired servants in the East are paid at the close of the day; and for a master to defraud the laborer of his hire, or to withhold it wrongfully for a night, might have subjected a poor man with his family to suffering and was therefore an injustice to be avoided (Le 19:13).
Deteronòm 24:16-18
16-18. The fathers shall not be put to death for the children--The rule was addressed for the guidance of magistrates, and it established the equitable principle that none should be responsible for the crimes of others.
Deteronòm 24:19-22
19-22. When thou cuttest down thine harvest in thy field--The grain, pulled up by the roots or cut down with a sickle, was laid in loose sheaves; the fruit of the olive was obtained by striking the branches with long poles; and the grape clusters, severed by a hook, were gathered in the hands of the vintager. Here is a beneficent provision for the poor. Every forgotten sheaf in the harvest-field was to lie; the olive tree was not to be beaten a second time; nor were grapes to be gathered, in order that, in collecting what remained, the hearts of the stranger, the fatherless, and the widow might be gladdened by the bounty of Providence.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
