Deteronòm 13

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Si ta gen nan mitan nou yon pwofèt osinon yon moun ki konn fè vizyon, epi ki ta fè konnen kèk siy osinon kèk gwo bagay pral rive nan mitan nou, 2 si sa li te anonse a rive vre epi li ta vin di nou: Ann al swiv lòt bondye nou poko konnen menm yo! Ann al fè sèvis pou yo! 3 nou pa fèt pou nou koute pawòl pwofèt sa a ap di, ni sa moun ki konn fè vizyon an ap vin rakonte nan zòrèy nou. Paske se Seyè a, Bondye nou an, k'ap sonde nou, l'ap chache konnen si vreman vre nou renmen Seyè a ak tout kè nou, ak tout nanm nou. 4 Se Seyè a, Bondye nou an, pou nou swiv. Se li menm pou nou gen krentif. Se lòd li pou nou swiv. Se sa li di nou pou nou koute. Se li menm pou nou sèvi. Pa janm vire do ba li. 5 Kanta pou pwofèt sa a, osinon moun k'ap fè vizyon an, se pou nou touye yo. Paske y'ap ban nou konsèy pou nou kenbe tèt ak Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip epi ki te wete nou nan esklavaj nou te ye laba a. Se pou nou touye yo, paske y'ap chache fè nou kite chemen Seyè a, Bondye nou an, te mete devan nou pou nou te swiv la. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou. 6 Si yon frè nou, bò papa osinon bò manman, osinon yon pitit gason nou, osinon yonn nan pitit fi nou, osinon madanm k'ap viv nan menm kay avèk nou, osinon ankò yonn nan bon bon zanmi nou ta chache pran tèt nou an kachèt pou fè n' al sèvi lòt bondye, bondye ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen, 7 yonn nan bondye lòt moun k'ap viv ansanm avèk nou sou latè, kit yo toupre nou, kit yo byen lwen nou, 8 pa janm tonbe dakò avèk li. Pa koute sa l'ap di nou. Se pou nou san pitye pou li. Pa chache pwoteje li, pa chache kouvri anyen pou li. 9 Okontrè, se pou nou touye l'. Premye moun ki pou leve men sou li pou touye l' ak koutwòch se va nou menm. Apre sa, n'a kite lòt moun vin ede nou touye l'. 10 N'a kalonnen l' wòch jouk li mouri, paske li te vle fè nou vire do bay Seyè a, Bondye nou an, li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te nan esklavaj la. 11 Lè sa a, tout moun pèp Izrayèl yo va konn sa, y'a pè. Konsa, yo yonn p'ap janm fè yon bagay mal konsa ankò nan mitan pèp la. 12 Si nou vin tande y'ap di nan yonn nan lavil Seyè a ban nou pou nou rete yo, 13 gen kèk moun, kèk vòryen, moun menm ras ak nou ki te pran tèt moun k'ap viv nan lavil sa a pou fè yo al sèvi lòt bondye nou pa janm konnen, 14 se pou nou chache konnen bagay la byen. N'a mennen ti ankèt nou, n'a poze keksyon adwat agoch. Si bri y'ap fè kouri a vre, si nou jwenn prèv yon bagay mal konsa te fèt vre, 15 se pou nou pran nepe nou, se pou nou touye dènye moun ki nan lavil sa a ansanm ak tout bèt yo. Se pou nou detwi lavil la nèt nan dife pou Bondye ansanm ak tou sa ki ladan l'. 16 N'a ranmase tou sa moun yo te genyen nan lavil la, n'a anpile yo sou plas piblik la. N'a mete dife nan lavil la ak tou sa ki ladan l' pou yo sèvi yon ofrann pou Seyè a, Bondye nou an. Se pou lavil la toujou rete yon pil mazi pou li pa janm rebati ankò. 17 Piga nou kenbe pou nou anyen nan bagay nou fèt pou boule pou Seyè a. Se konsa Seyè a va sispann fache sou nou, l'a gen pitye pou nou. Wi, l'a fè pa nou. L'a fè nou peple jan li te pwomèt sa bay zansèt nou yo. 18 Men, se pou nou toujou koute sa Seyè a, Bondye nou an, ap di nou. Se pou nou toujou kenbe tout lòd m'ap ban nou jòdi a. Se pou nou toujou fè sa ki dwat devan Seyè a, Bondye nou an.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Deteronòm 13:1

De 13:1-5. Enticers to Idolatry to Be Put to Death.

1. If there arise among you a prophet--The special counsels which follow arose out of the general precept contained in De 12:32; and the purport of them is, that every attempt to seduce others from the course of duty which that divine standard of faith and worship prescribes must not only be strenuously resisted, but the seducer punished by the law of the land. This is exemplified in three cases of enticement to idolatry.

a prophet--that is, some notable person laying claim to the character and authority of the prophetic office (Nu 12:6; 1Sa 10:6), performing feats of dexterity or power in support of his pretensions, or even predicting events which occurred as he foretold; as, for instance, an eclipse which a knowledge of natural science might enable him to anticipate (or, as Caiaphas, Joh 18:14). Should the aim of such a one be to seduce the people from the worship of the true God, he is an impostor and must be put to death. No prodigy, however wonderful, no human authority, however great, should be allowed to shake their belief in the divine character and truth of a religion so solemnly taught and so awfully attested (compare Ga 1:8). The modern Jews appeal to this passage as justifying their rejection of Jesus Christ. But He possessed all the characteristics of a true prophet, and He was so far from alienating the people from God and His worship that the grand object of His ministry was to lead to a purer, more spiritual and perfect observance of the law.

Deteronòm 13:6

De 13:6-18. Without Regard to Nearness of Relation.

6. If thy brother ... entice thee secretly--This term being applied very loosely in all Eastern countries (Ge 20:13), other expressions are added to intimate that no degree of kindred, however intimate, should be allowed to screen an enticer to idolatry, to conceal his crime, or protect his person. Piety and duty must overcome affection or compassion, and an accusation must be lodged before a magistrate.

Deteronòm 13:9

9. thou shalt surely kill him--not hastily, or in a private manner, but after trial and conviction; and his relative, as informer, was to cast the first stone (see on De 17:2; Ac 7:58). It is manifest that what was done in secret could not be legally proved by a single informer; and hence Jewish writers say that spies were set in some private part of the house, to hear the conversation and watch the conduct of a person suspected of idolatrous tendencies.

Deteronòm 13:12-18

12-18. Certain men, the children of Belial--lawless, designing demagogues (Jud 19:22; 1Sa 1:16; 25:25), who abused their influence to withdraw the inhabitants of the city to idol-worship.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.