Deteronòm 12
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Men lòd ak kòmandman pou nou swiv pandan tout tan nou gen pou nou viv nan peyi Seyè a, Bondye zansèt nou yo, ban nou pou nou rete a. 2 Nan peyi nou pral pran pou nou an, se pou nou kraze tout kote moun yo te konn sèvi bondye yo sou gwo mòn wo yo, sou ti bit mòn yo, anba pyebwa vèt yo. 3 Se pou nou demoli tout lòtèl yo, se pou nou gaye tout pil wòch zidòl yo. Se pou nou rache tout poto Achera yo. Se pou nou boule tout zidòl yo pou moun pa janm chonje yo te konn fè sèvis pou bondye sa yo la ankò. 4 Nou pa fèt pou nou sèvi Seyè a, Bondye nou an, jan moun sa yo te konn sèvi bondye yo. 5 Se Bondye menm ki pral chwazi yon kote pou l' rete nan mitan pèp la, kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a vin jwenn Seyè a, Bondye nou an. 6 Se la n'a pote ofrann pou boule nèt nan dife pou Seyè a ak lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo ak kado nou yo, ofrann nou te pwomèt bay Bondye, ofrann nou leve konsa nou vle fè pou Bondye, premye pitit bèf nou yo, premye pitit kabrit nou yo ak premye pitit mouton nou yo. 7 Se la, devan Seyè a, Bondye nou an, n'a fè fèt, n'a manje ansanm ak tout moun nan fanmi nou yo. Se la n'a fè kè nou kontan chak lè Seyè a va beni nou pou li te fè nou fè bèl rekòt. 8 Lè sa a, nou p'ap gen dwa fè sa n'ap fè koulye a kote chak moun ap fè sa yo pi pito, 9 paske nou poko antre nan peyi Seyè a, Bondye sou an, ap ban nou pou nou rete ak kè poze. 10 Men, yon fwa n'a janbe lòt bò larivyè Jouden an pou n' al rete nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an, l'a pwoteje nou nan mitan tout lènmi k'ap viv nan peyi ki sou fwontyè nou yo, n'a rete nan peyi a ak kè poze. 11 Wi, Seyè a, Bondye nou an, va chwazi yon sèl kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a pote tout ofrann mwen mande nou yo ba li: ofrann bèt pou nou boule nèt nan dife pou Seyè a, lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo, lòt ofrann yo ak tout lòt bèl kado nou te pwomèt pou n' te bay Seyè a. 12 Lè sa a, n'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an, ansanm avèk pitit gason nou yo, pitit fi nou yo, gason ak fanm k'ap travay lakay nou yo ak moun Levi k'ap viv nan mitan nou yo, paske moun Levi yo pa gen ankenn pòsyon tè ki rele yo pa yo menm jan ak nou nan peyi a. 13 Piga nou ofri bèt nou yo pou mwen nenpòt kote nou wè yo te mete apa pou lòt bondye yo. 14 Seyè a pral chwazi yon kote nan pòsyon tè yonn nan branch fanmi nou yo. Se la sèlman n'a ka ofri bèt pou nou boule nèt pou Seyè a, se la n'a fè tou sa li mande pou nou fè a. 15 Men, nou lib pou nou touye bèt chak fwa nou vle manje vyann nenpòt kote nou ye, dapre kantite Seyè a va ban nou. Tout moun, kit sa ki nan kondisyon, kit sa ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, va gen dwa manje vyann sa yo, tankou yo ta manje vyann gazèl ak vyann towo bèf. 16 Men, piga nou janm manje san yo. Se pou nou vide tout san an atè tankou dlo. 17 Nan tout lavil kote nou rete, nou p'ap gen dwa manje ladim ble, ladim diven osinon ladim lwil nou gen pou n' ofri bay Seyè a. Piga nou janm manje anyen nan sa n'ap ofri bay Seyè a: ki vle di premye pitit bèf nou yo, premye pitit kabrit osinon mouton nou yo, ou ankò kado nou ta pwomèt Seyè a pou nou ba li, kado nou leve konsa nou vle fè Seyè a, ni ankenn lòt ofrann nou pote bay Seyè a. 18 Men, se kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi a, se la sèlman n'a manje ofrann yo devan Seyè a, Bondye nou an, ansanm ak pitit gason nou, pitit fi nou, gason ak fanm k'ap travay lakay nou ak moun Levi ki rete nan mitan nou yo. Se la n'a pran nan ofrann nou te pote yo, n'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an. 19 Toutotan n'ap viv nan peyi a, piga nou janm bliye moun Levi yo. 20 Lè Seyè a, Bondye nou an, va mete sou tè nou deja genyen an jan li te pwomèt nou sa a, depi nou vle manje vyann, nou mèt manje vyann lè nou vle, kantite nou vle. 21 Lè kote Seyè a chwazi pou yo fè sèvis pou li a twò lwen pou nou ale, n'a gen dwa touye bèf, kabrit ak mouton Seyè a va ban nou, jan mwen te di nou pou nou fè l' la. N'a gen dwa manje vyann lakay nou lè nou vle, kantite nou vle. 22 Tout moun, kit yo nan kondisyon kit yo pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, tout moun va gen dwa manje nan vyann sa a, tankou yo gen dwa manje vyann gazèl ak vyann towo bèf. 23 Tansèlman, piga nou janm manje san an, paske san an se nanm bèt la li ye. Piga nou janm manje vyann lan ansanm ak nanm lan ladan l'. 24 Piga nou janm manje san an. N'a vide l' atè tankou dlo. 25 Si nou pa manje san an, tout bagay va mache byen pou nou ak pou tout ras nou apre nou, paske n'a fè sa ki fè Seyè a plezi. 26 Men, n'a pran tout ofrann nou yo ak tout kado nou te pwomèt bay Seyè a, n'a pote yo kote Seyè a te chwazi a. 27 Se la n'a ofri bèt pou boule nèt pou Seyè a sou lòtèl Seyè a. Se la n'a vide san lòt bèt n'ap ofri sou lòtèl Seyè a, epi se la n'a manje vyann lan tou. 28 Se pou nou swiv pwen pa pwen tou sa m'ap mande nou fè a, se pou nou kenbe tout lòd mwen ban nou pou tout bagay toujou mache byen pou nou ak pou tout ras nou apre nou, paske n'ap fè tou sa ki byen, tou sa ki dwat devan Seyè a, Bondye nou an. 29 Lè Seyè a, Bondye nou an, va fin disparèt nasyon yo sou chemen nou pou nou ka anvayi peyi yo a, lè n'a fin pran peyi a nan men yo pou nou ka rete nou menm ladan l', 30 atansyon pou nou pa kite yo pran tèt nou pou nou fè menm jan ak yo. Apre Seyè a va fin kraze nasyon sa yo devan nou, pa konprann pou n' al swiv move egzanp yo. Pa chache konnen ki bondye yo t'ap sèvi, ni ki jan yo t'ap sèvi yo, lèfini pou nou fè tankou yo. 31 Se pa konsa pou n' aji ak Seyè a, Bondye nou an. Paske, Seyè a pa ka sipòte tout vye sèvis y'ap fè pou bondye sa yo. Yo menm rive pran pwòp pitit gason ak pitit fi yo pou yo boule nan dife pou bondye yo! 32 Se pou nou toujou fè tou sa mwen mande nou fè la a, san nou pa ni mete ni wete anyen ladan yo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Deteronòm 12:1
De 12:1-15. Monuments of Idolatry to Be Destroyed.
1. These are the statutes and judgments, which ye shall observe--Having in the preceding chapter inculcated upon the Israelites the general obligation to fear and love God, Moses here enters into a detail of some special duties they were to practise on their obtaining possession of the promised land.
Deteronòm 12:2
2. Ye shall utterly destroy all the places, wherein the nations which ye shall possess served their gods--This divine command was founded on the tendencies of human nature; for to remove out of sight everything that had been associated with idolatry, that it might never be spoken of and no vestige of it remain, was the only effectual way to keep the Israelites from temptations to it. It is observable that Moses does not make any mention of temples, for such buildings were not in existence at that early period. The "places" chosen as the scene of heathen worship were situated either on the summit of a lofty mountain, or on some artificial mound, or in a grove, planted with particular trees, such as oaks, poplars, and elms (Is 57:5-7; Ho 4:13). The reason for the selection of such sites was both to secure retirement and to direct the attention upward to heaven; and the "place" was nothing else than a consecrated enclosure, or at most, a canopy or screen from the weather.
Deteronòm 12:3
3. And ye shall overthrow their altars--piles of turf or small stones.
and break their pillars--Before the art of sculpture was known, the statues of idols were only rude blocks of colored stones.
Deteronòm 12:5
5. unto the place which the Lord your God shall choose ... to put his name there ... thou shalt come--They were forbidden to worship either in the impure superstitious manner of the heathen, or in any of the places frequented by them. A particular place for the general rendezvous of all the tribes would be chosen by God Himself; and the choice of one common place for the solemn rites of religion was an act of divine wisdom, for the security of the true religion. It was admirably calculated to prevent the corruption which would otherwise have crept in from their frequenting groves and high hills--to preserve uniformity of worship and keep alive their faith in Him to whom all their sacrifices pointed. The place was successively Mizpeh, Shiloh, and especially Jerusalem. But in all the references made to it by Moses, the name is never mentioned. This studied silence was maintained partly lest the Canaanites within whose territories it lay might have concentrated their forces to frustrate all hopes of obtaining it; partly lest the desire of possessing a place of such importance might have become a cause of strife or rivalry amongst the Hebrew tribes, as about the appointment to the priesthood (Nu 16:1-30).
Deteronòm 12:7
7. there ye shall eat before the Lord--of the things mentioned (De 12:6); but of course, none of the parts assigned to the priests before the Lord--in the place where the sanctuary should be established, and in those parts of the Holy City which the people were at liberty to frequent and inhabit.
Deteronòm 12:12
12. ye shall rejoice before the Lord your God, ye, and your sons, and your daughters, &c.--Hence it appears that, although males only were commanded to appear before God at the annual solemn feasts (Ex 23:17), the women were allowed to accompany them (1Sa 1:3-23).
Deteronòm 12:15
15. Notwithstanding thou mayest kill and eat flesh in all thy gates--Every animal designed for food, whether ox, goat, or lamb, was during the abode in the wilderness ordered to be slain as a peace offering at the door of the tabernacle; its blood to be sprinkled, and its fat burnt upon the altar by the priest. The encampment, being then round about the altar, made this practice, appointed to prevent idolatry, easy and practicable. But on the settlement in the promised land, the obligation to slay at the tabernacle was dispensed with. The people were left at liberty to prepare their meat in their cities or homes.
according to the blessing of the Lord thy God which he hath given thee--The style of living should be accommodated to one's condition and means--profuse and riotous indulgence can never secure the divine blessing.
the unclean and the clean may eat thereof--The unclean here are those who were under some slight defilement, which, without excluding them from society, yet debarred them from eating any of the sacred meats (Le 7:20). They were at liberty freely to partake of common articles of food.
of the roebuck--the gazelle.
and as of the hart--The Syrian deer (Cervus barbatus) is a species between our red and fallow deer, distinguished by the want of a bis-antler, or second branch on the horns, reckoning from below, and for a spotted livery which is effaced only in the third or fourth year.
Deteronòm 12:16
De 12:16-25. Blood Prohibited.
16. ye shall not eat the blood; ye shall pour it upon the earth as water--The prohibition against eating or drinking blood as an unnatural custom accompanied the announcement of the divine grant of animal flesh for food (Ge 9:4), and the prohibition was repeatedly renewed by Moses with reference to the great objects of the law (Le 17:12), the prevention of idolatry, and the consecration of the sacrificial blood to God. In regard, however, to the blood of animals slain for food, it might be shed without ceremony and poured on the ground as a common thing like water--only for the sake of decency, as well as for preventing all risk of idolatry, it was to be covered over with earth (Le 17:13), in opposition to the practice of heathen sportsmen, who left it exposed as an offering to the god of the chase.
Deteronòm 12:22-28
22-28. Even as the roebuck and the hart is eaten, so shalt thou eat them, &c.--Game when procured in the wilderness had not been required to be brought to the door of the tabernacle. The people were now to be as free in the killing of domestic cattle as of wild animals. The permission to hunt and use venison for food was doubtless a great boon to the Israelites, not only in the wilderness, but on their settlement in Canaan, as the mountainous ranges of Lebanon, Carmel, and Gilead, on which deer abounded in vast numbers, would thus furnish them with a plentiful and luxuriant repast.
Deteronòm 12:29-30
29-30. Take heed to thyself that thou be not snared by following them ... saying, How did these nations serve their gods?--The Israelites, influenced by superstitious fear, too often endeavored to propitiate the deities of Canaan. Their Egyptian education had early impressed that bugbear notion of a set of local deities, who expected their dues of all who came to inhabit the country which they honored with their protection, and severely resented the neglect of payment in all newcomers [Warburton]. Taking into consideration the prevalence of this idea among them, we see that against an Egyptian influence was directed the full force of the wholesome caution with which this chapter closes.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
