Travay 7

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Granprèt la mande Etyèn: Eske se vre? 2 Etyèn reponn: Frè m' yo, grandèt mwen yo, koute. Bondye, ki gen bèl pouvwa a, te parèt devan Abraram, zansèt nou. Lè sa a, li te rete nan peyi Mezopotami, li pa t' ankò vin rete Karan. 3 Bondye di l' konsa: Kite peyi ou la, kite tout fanmi ou yo ladan l'. Ale nan peyi m'a moutre ou la. 4 Se konsa, Abraram kite peyi kaldeyen yo, li al rete Karan. Lè papa Abraram mouri, Bondye fè l' kite Karan vin nan peyi kote n'ap viv koulye a. 5 Lè sa a, Bondye pa t' bay Abraram okenn bitasyon nan peyi a, pa menm yon ti pous tè. Men, Bondye te pwomèt li t'ap ba l' peyi a ki t'ap rete nèt pou li ak pou pitit pitit li yo. Men, lè sa a Abraram pa t' gen pitit. 6 Men sa Bondye te di l': Pitit pitit ou yo gen pou y' al viv nan yon peyi etranje, kote y'ap fè yo tounen esklav, kote y'ap maltrete yo pandan katsanzan (400 an). 7 Men, Bondye di l' ankò: Se mwen menm k'ap peni nasyon ki va pran yo fè esklav la. Apre sa, y'a soti kite peyi etranje sa a, y'a vin sèvi m' isit la. 8 Apre sa, Bondye pase yon kontra ak Abraram, li ba li sikonsizyon an pou sèvi mak kontra a. Se konsa Abraram te sikonsi Izarak, pitit gason l' lan, wit jou apre l' te fèt. Menm jan an tou, Izarak te sikonsi Jakòb, pitit li a. Jakòb menm sikonsi douz pitit li yo, zansèt douz branch fanmi pèp Izrayèl la. 9 Pitit Jakòb yo, zansèt nou yo, fè jalouzi pou Jozèf. Yo vann li tankou yon esklav nan peyi Lejip. Men, Bondye te kanpe la avèk Jozèf. 10 Li delivre l' nan tout malè li. Lè Jozèf parèt devan farawon an, wa peyi Lejip la, Bondye ba l' bon konprann, li fè l' aji yon jan ki fè wa a plezi. Farawon an mete Jozèf chèf pou l' gouvènen tout peyi Lejip la ansanm ak kay wa a tou. 11 Apre sa, vin gen yon grangou nan tout peyi Lejip ak nan peyi Kanaran. Moun t'ap soufri anpil. Zansèt nou yo pa t' jwenn anyen pou yo te manje. 12 Lè Jakòb tande te gen manje nan peyi Lejip, li voye zansèt nou yo la yon premye fwa. 13 Dezyèm fwa y' ale a, Jozèf fè frè l' yo rekonèt li. Se konsa farawon an vin fè konesans ak fanmi Jozèf yo. 14 Jozèf voye chache Jakòb, papa l', ansanm ak tout fanmi li. Lè sa a, yo te swasannkenz moun antou. 15 Jakòb desann nan peyi Lejip. Se la li mouri, li menm ak tout zansèt nou yo. 16 Yo pote kò yo Sichèm, yo antere yo la, nan twou wòch Abraram te achte nan men eritye Emò yo, lavil Sichèm. 17 Lè a t'ap pwoche pou Bondye te kenbe pwomès li te fè Abraram lan. Pèp nou an te vin anpil, chak jou li t'ap vin pi plis toujou nan peyi Lejip la. 18 Yon lòt wa ki pa t' konnen anyen sou Jozèf te pran kòmandman peyi a. 19 Wa sa a twonpe pèp nou an, li maltrete zansèt nou yo: li fòse yo kite tibebe ki fenk fèt yo deyò pou yo mouri. 20 Se lè sa a Moyiz te fèt: se te yon bèl pitit devan Bondye. Yo te kenbe l' pandan twa mwa lakay papa li pou ba l' tete. 21 Men, lè yo te lage l' deyò a, pitit fi farawon an te ranmase l': li elve l' tankou pitit pa li. 22 Se konsa Moyiz te vin gen tout konesans moun peyi Lejip yo. Sou jan l' te pale ak sa l' t'ap fè, yo te wè msye te fò anpil. 23 Lè Moyiz vin gen karantan, li fè lide al vizite frè l' yo, moun pèp Izrayèl yo. 24 Lè l' rive, li wè yon moun peyi Lejip ki t'ap maltrete yonn nan frè l' yo, li pran defans nonm yo t'ap maltrete a. Li pran revanj li sou moun peyi Lejip la, li touye li. 25 Li te kwè frè l' yo ta konprann travay Bondye ki te chwazi l' pou delivre yo a. Men, yo pa t' konprann sa. 26 Nan denmen, Moyiz wè de nan moun pèp Izrayèl yo ki t'ap goumen. Li te vle fè yo byen ankò, li di yo: Mezanmi, se frè nou ye. Poukisa yonn ap maltrete lòt konsa? 27 Men, sa ki t'ap maltrete moun pèp Izrayèl parèy li a bay Moyiz yon zòp, li di l' konsa: Kilès ki mete ou la pou ban nou lòd, osinon pou jije nou? 28 Gen lè ou vle touye m' menm jan ou te touye moun peyi Lejip ayè a? 29 Lè Moyiz tande pawòl sa yo, li kouri kite peyi a, li al viv nan peyi Madyan. Antan l' te la, li fè de pitit gason. 30 Karantan apre sa, yon zanj Bondye parèt devan Moyiz nan yon flanm dife ki t'ap boule yon ti touf bwa nan mitan dezè ki bò Mòn Sinayi a. 31 Moyiz te sezi lè l' wè aparisyon sa a. Antan l' t'ap pwoche pou gade l' pi pre, li tande vwa Bondye ki t'ap di: 32 Se mwen menm ki Bondye zansèt ou yo, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb. Moyiz pran tranble sitèlman li te pè. Li pa menm louvri je l' pou l' gade. 33 Lè sa a Bondye di l' ankò: Wete sapat ou, paske kote ou ye a se yon tè ki apa pou Bondye. 34 Mwen wè tray pèp mwen an ap pase nan peyi Lejip, mwen tande jan li ap plenn, mwen desann vin delivre yo. Koulye a, ale non. Se mwen menm k'ap voye ou nan peyi Lejip. 35 Moun pèp Izrayèl yo te voye Moyiz jete lè yo te di: Kilès ki mete ou la pou ban nou lòd osinon pou jije nou? Se menm Moyiz sa a Bondye te voye pou kòmande yo, pou delivre yo avèk konkou zanj ki te parèt nan ti touf bwa a. 36 Se Moyiz ki fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip, avèk tout mirak ak tout bèl bagay li te fè nan peyi a bò lanmè Wouj la ak nan dezè a pandan karantan. 37 Se menm Moyiz sa a ki te di pèp Izrayèl la: Bondye gen pou l' voye yon pwofèt ban nou tankou l' te voye m' lan: se va yonn nan frè nou yo. 38 Se li menm ki te la ak pèp Izrayèl la lè yo te sanble nan gwo dezè a; li te la avèk zansèt nou yo ansanm ak zanj Bondye a ki t'ap pale avè l' sou gwo mòn Sinayi a. Se li menm ki te resevwa pawòl ki bay lavi a nan men Bondye epi ki pase yo ban nou. 39 Men, zansèt nou yo pa t' vle obeyi l'; yo mete l' sou kote, epi yo te anvi tounen Lejip. 40 Yo di Arawon: Fè lòt bondye ki pou mache devan nou, paske nou pa konnen sa ki rive nonm yo rele Moyiz la ki te fè nou soti kite peyi Lejip la. 41 Lè sa a, yo fè yon estati an fòm yon ti towo bèf, epi yo touye bèt ofri bay zidòl la. Yo te kontan pou sa yo te fè ak men yo a. 42 Men, Bondye vire do l' ba yo, li kite yo adore zetwal ki nan syèl la, jan sa te ekri nan Liv pwofèt yo: Nou menm pèp Izrayèl, èske se pou mwen nou te fè ofrann bèt ak lòt sakrifis, pandan karantan nou pase nan gwo dezè a? 43 Non, se pa t' pou mwen. Men, nou redi pote wogatwa zidòl Molòk la, ansanm ak pòtre zetwal Refan, bondye nou an, bann zidòl nou te fè ak men nou pou n' adore! Se poutèt sa, m'ap voye nou jouk lòt bò Babilòn. 44 Nan gwo dezè a, zansèt nou yo te gen yon tant kote yo te fèmen de wòch plat lalwa yo. Yo te fè l' jan Bondye te mande Moyiz pou l' fè l' la, dapre modèl li te moutre Moyiz la. 45 Yo pase tant sa a bay grandèt nou yo ki te vin apre. Grandèt nou yo menm te pote l' avèk yo lè Jozye t'ap mennen yo pou yo pran peyi a nan men pèp Bondye t'ap chase met deyò devan yo. Tant la rete la jouk sou tan David. 46 David te jwenn favè Bondye, li te mande l' pèmisyon pou l' te fè yon kay pou Bondye Jakòb la. 47 Men se Salomon ki te bati kay la pou li. 48 Men, Bondye ki anwo nan syèl la pa rete nan kay moun bati ak men yo. Men sa pwofèt la di: 49 Syèl la se fòtèy kote m' chita a. Se Bondye ki di sa. Tè a se yon ti ban pou m' lonje pye mwen. Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen? Ki kote nou ta ka ban mwen pou m' poze kò m'? 50 Eske se pa mwen ki fè tout bagay sa yo? 51 Ala moun gen tèt di! Tankou moun lòt nasyon yo, nou fèmen kè nou, nou fèmen zòrèy nou bay Bondye, n'ap kenbe tèt ak Sentespri toujou. Nou tankou zansèt nou yo. 52 Kilès nan pwofèt yo zansèt nou yo pa t' pèsekite? Yo te touye tout pwofèt ki te fè konnen davans ki jan Sèvitè Bondye a te gen pou vini. Koulye a, se Sèvitè Bondye a menm nou trayi, se li menm nou touye. 53 Se nou menm ki te resevwa lalwa Moyiz nan men zanj Bondye yo, epi se nou menm ankò ki pa obeyi li. 54 Lè manm Gran Konsèy yo tande pawòl sa yo, yo fin pran chenn, yo manje dan yo sou Etyèn sitèlman yo te an kolè. 55 Men Etyèn, anba pouvwa Sentespri, leve je l' anlè, li gade syèl la. Li wè tout bèl pouvwa Bondye a ansanm ak Jezi kanpe sou bò dwat Bondye. 56 Li di: Gade, men mwen wè syèl la louvri, ak Moun Bondye voye nan lachè a kanpe sou bò dwat Bondye. 57 Moun yo pran rele byen fò, yo bouche zòrèy yo. Epi yo tout tonbe sou li ansanm. 58 Yo trennen l' deyò lavil la. Yo touye l' ak kout wòch. Moun ki t'ap akize Etyèn yo te mete rad yo nan pye yon jenn gason yo te rele Sòl. 59 Pandan yo t'ap voye wòch sou Etyèn, Etyèn menm t'ap lapriyè, li t'ap di: Seyè Jezi, resevwa lespri mwen. 60 Apre sa, li tonbe ajenou, li rele byen fò: Seyè, pa mete peche sa a sou kont yo. Lè l' fin di sa, li mouri.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Travay 7:2-5

Ac 7:1-60. Defense and Martyrdom of Stephen.

In this long defense Stephen takes a much wider range, and goes less directly into the point raised by his accusers, than we should have expected. His object seems to have been to show (1) that so far from disparaging, he deeply reverenced, and was intimately conversant with, the whole history of the ancient economy; and (2) that in resisting the erection of the Gospel kingdom they were but treading in their fathers' footsteps, the whole history of their nation being little else than one continued misapprehension of God's high designs towards fallen man and rebellion against them.

2-5. The God of glory--A magnificent appellation, fitted at the very outset to rivet the devout attention of his audience; denoting not that visible glory which attended many of the divine manifestations, but the glory of those manifestations themselves, of which this was regarded by every Jew as the fundamental one. It is the glory of absolutely free grace.

appeared unto our father Abraham before he dwelt in Charran, and said, &c.--Though this first call is not expressly recorded in Genesis, it is clearly implied in Ge 15:7 and Ne 9:7; and the Jewish writers speak the same language.

Travay 7:6-8

6-8. four hundred years--using round numbers, as in Ge 15:13, 16 (see on Ga 3:17).

Travay 7:9-16

9-16. the patriarchs, moved with envy, sold Joseph into Egypt, but God was with him--Here Stephen gives his first example of Israel's opposition to God's purposes, in spite of which and by means of which those purposes were accomplished.

Travay 7:17

17. But when--rather, "as."

the time of the promise--that is, for its fulfilment.

the people grew and multiplied in Egypt--For more than two hundred years they amounted to no more than seventy-five souls; how prodigious, then, must have been their multiplication during the latter two centuries, when six hundred thousand men, fit for war, besides women and children, left Egypt!

Travay 7:20-22

20-22. In which time--of deepest depression.

Moses was born--the destined deliverer.

exceeding fair--literally, "fair to God" (Margin), or, perhaps, divinely "fair" (see on He 11:23).

Travay 7:23-27

23-27. In Ac 7:23, 30, 36, the life of Moses is represented as embracing three periods, of forty years each; the Jewish writers say the same; and though this is not expressly stated in the Old Testament, his age at death, one hundred twenty years (De 34:7), agrees with it.

it came into his heart to visit his brethren--his heart yearning with love to them as God's chosen people, and heaving with the consciousness of a divine vocation to set them free.

Travay 7:28-29

28-29. Wilt thou kill me, as thou didst the Egyptian yesterday?--Moses had thought the deed unseen (Ex 2:12), but it now appeared he was mistaken.

Travay 7:30-34

30-34. an angel of the Lord--rather, "the Angel of the Covenant," who immediately calls Himself Jehovah (Compare Ac 7:38).

Travay 7:35-41

35-41. This Moses whom they refused, saying, Who made thee a ruler and a judge, &c.--Here, again, "the stone which the builders refused is made the head of the corner" (Psa 118:22).

Travay 7:42-50

42-50. gave them up--judicially.

as ... written in the book of the prophets--the twelve minor prophets, reckoned as one: the passage is from Am 5:25.

have ye offered to me ... sacrifices?--The answer is, Yes, but as if ye did it not; for "neither did ye offer to Me only, nor always, nor with a perfect and willing heart" [Bengel].

Travay 7:51-53

51-53. Ye stiffnecked ... ye do always resist the Holy Ghost, &c.--It has been thought that symptoms of impatience and irritation in the audience induced Stephen to cut short his historical sketch. But as little farther light could have been thrown upon Israel's obstinacy from subsequent periods of the national history on the testimony of their own Scriptures, we should view this as the summing up, the brief import of the whole Israelitish history--grossness of heart, spiritual deafness, continuous resistance of the Holy Ghost, down to the very council before whom Stephen was pleading.

Travay 7:54-56

54-56. When they heard these things they were cut to the heart, &c.--If they could have answered him, how different would have been their temper of mind!

Travay 7:57-58

57-58. Then they cried out ... and ran upon him with one accord--To men of their mould and in their temper, Stephen's last seraphic words could but bring matters to extremities, though that only revealed the diabolical spirit which they breathed.

Travay 7:59-60

59-60. calling upon God and saying, Lord Jesus, &c.--An unhappy supplement of our translators is the word "God" here; as if, while addressing the Son, he was really calling upon the Father. The sense is perfectly clear without any supplement at all--"calling upon [invoking] and saying, Lord Jesus"; Christ being the Person directly invoked and addressed by name (compare Ac 9:14). Even Grotius, De Wette, Meyer, &c., admit this, adding several other examples of direct prayer to Christ; and Pliny, in his well-known letter to the Emperor Trajan (A.D. 110 or 111), says it was part of the regular Christian service to sing, in alternate strains, a hymn to Christ as God.

Lord Jesus, receive my spirit--In presenting to Jesus the identical prayer which He Himself had on the cross offered to His Father, Stephen renders to his glorified Lord absolute divine worship, in the most sublime form, and at the most solemn moment of his life. In this commitment of his spirit to Jesus, Paul afterwards followed his footsteps with a calm, exultant confidence that with Him it was safe for eternity (2Ti 1:12).

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.