Travay 8
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Sòl menm te dakò pou yo te touye Etyèn. Menm jou sa a, yo kòmanse pèsekite legliz Jerizalèm lan anpil. Tout disip yo gaye kò yo nan peyi Jide ak nan peyi Samari. Se apòt yo sèlman ki te rete Jerizalèm. 2 Kèk moun ki renmen Bondye te antere Etyèn, yo te kriye anpil pou li. 3 Sòl menm te soti pou l' fini ak legliz la. Li mache kay an kay, li trennen tout moun ki kwè yo rache yo met deyò pa fòs, li fè fèmen fanm kou gason nan prizon. 4 Disip ki te gaye nan peyi a t'ap anonse bon nouvèl la toupatou. 5 Se konsa Filip al nan yon lavil peyi Samari. Rive la li tanmen pale sou Kris la bay moun yo. 6 Foul moun yo mete tèt yo ansanm, yo t'ap swiv sa Filip t'ap di yo: yo t'ap koute l', yo t'ap wè mirak li t'ap fè. 7 Move lespri yo t'ap pouse gwo rèl lè Filip t'ap chase yo soti sou anpil moun malad. Li te geri anpil moun paralize ak moun enfim tou. 8 Se konsa te gen yon gwo kontantman nan tout lavil la. 9 Nan lavil sa a te gen yon nonm yo rele Simon. Metye l' se fè maji. Simon sa a te yon sezisman pou tout moun Samari. Li te fè tèt li pase pou yon grannèg. 10 Tout moun, piti kou gran, t'ap swiv tou sa li t'ap fè. Yo t'ap di: Nonm sa a gen pouvwa Bondye, sa yo rele gwo pouvwa a, nan tèt li. 11 Se konsa yo t'ap swiv tou sa li t'ap fè paske depi lontan yo te egare devan maji l' yo. 12 Men, lè Filip anonse bon nouvèl peyi kote Bondye wa a, lè l' fè yo konnen non Jezi Kris la, moun yo kwè pawòl la; fanm kou gason resevwa batèm. 13 Ata Simon te kwè. Li menm tou li te resevwa batèm. Apre sa, li te toujou avèk Filip, li te sezi wè bèl bagay ak mirak li t'ap fè. 14 Apòt yo menm ki te lavil Jerizalèm, lè yo tande moun Samari te asepte pawòl Bondye a, yo voye Pyè ak Jan bò kote yo. 15 Lè Pyè ak Jan rive Samari, yo lapriyè pou moun ki kwè yo pou yo te kapab resevwa Sentespri, 16 paske Sentespri a pa t' ankò desann sou okenn nan yo. Yo te resevwa batèm nan non Seyè Jezi a sèlman. 17 Lè sa a, Pyè ak Jan mete men sou tèt yo, yo resevwa Sentespri. 18 Simon te wè jan moun yo te resevwa Sentespri lè apòt yo mete men sou tèt yo. Li ofri Pye ak Jan lajan. 19 Li di yo: Ban m' pouvwa sa a tou, pou lè m' mete men m' sou tèt yon moun li ka resevwa Sentespri a tou. 20 Men, Pyè di li: Al mouri ansanm ak tout lajan ou lan! Sa Bondye fè kado, ou kwè moun ka achte sa ak lajan? 21 Nan travay sa a, pa gen anyen pou ou; ou pa gen dwa ladan l' paske kè ou pa dwat devan Bondye. 22 Wete move lide sa a nan tèt ou, lapriyè Bondye pou ou wè si la padonnen ou dèske ou te fè lide sa a. 23 Paske mwen wè kè ou anmè kou fyèl, peche fin mare nanm ou. 24 Lè sa a, Simon di Pyè ak Jan konsa: Tanpri souple, lapriyè Bondye pou mwen, pou anyen nan sa nou di a pa rive mwen. 25 Lè Pyè ak Jan fin rann temwayaj sa a, lè yo fin bay mesaj Bondye a, yo tounen lavil Jerizalèm. Sou tout wout la, yo t'ap bay bon nouvèl la nan anpil bouk peyi Samari. 26 Yon zanj Bondye pale ak Filip, li di li: Leve non! Al nan direksyon sid, sou wout ki soti lavil Jerizalèm pou desann Gaza a. (Wout sa a, moun pa fasil pase sou li ankò.) 27 Filip leve, li pati. Antan l' sou wout la, yon nonm parèt devan l'; se te yon moun peyi Letiopi, yon nèg konfyans. Li te yon gwo chèf nan peyi Letiopi. Se li menm ki te reskonsab tout richès Kandas, larenn peyi a. Li te moute lavil Jerizalèm pou adore Bondye. 28 Antan li t'ap tounen nan peyi l', li te chita nan cha li, li t'ap li nan liv pwofèt Ezayi a. 29 Sentespri di Filip konsa: Leve pye ou, rive toupre cha a. 30 Filip kouri ale bò cha a, li tande moun peyi Letiopi a ki t'ap li nan liv pwofèt Ezayi a. Li mande li: Eske ou konprann sa w'ap li la a? 31 Nonm lan reponn li: Ki jan pou m' fè konprann si m' pa jwenn moun pou esplike mwen? Epi li mande Filip pou l' moute nan cha a, vin chita bò kote li. 32 Men pasaj li t'ap li nan liv la: Li te tankou yon mouton yo t'ap mennen labatwa. Li te tankou yon ti mouton ki pa janm rele lè y'ap taye lenn sou do li. Li pa janm louvri bouch li di anyen. 33 Yo te desann li ba anpil, yo refize fè l' jistis. Pesonn p'ap nonmen non pitit pitit li. Paske, lavi l' sou latè fini nèt. 34 Chèf peyi Letiopi a mande Filip: Di m' non, ki moun pwofèt la ap pale konsa: tèt pa l' osinon yon lòt moun? 35 Filip pran pale: li kòmanse avèk pasaj li t'ap li nan liv la, li fè l' konnen bon nouvèl ki pale sou Jezi a. 36 Antan yo prale konsa, yo rive yon kote ki te gen dlo. Lè sa a, nonm peyi Letiopi a di li: Bon, men dlo. Kisa ki pou anpeche m' resevwa batèm? 37 Filip di li: Si ou kwè ak tout kè ou, ou ka resevwa batèm. Nonm lan reponn li: Mwen kwè Jezikri se Pitit Bondye a. 38 Apre sa, li fè yo rete cha a. Filip desann nan dlo a ansanm ak gwo chèf la. Filip batize li. 39 Lè yo soti nan dlo a, Lespri Bondye fè Filip disparèt, gwo chèf la pa janm wè l' ankò. Men, li kontinye chemen l' ak kè kontan. 40 Filip menm rete konsa li wè li lavil Azòt. Apre sa, li pran mache. Nan tout ti bouk kote l' pase, li anonse bon nouvèl la jouk li rive lavil Sezare.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Travay 8:1
Ac 8:1-4. Persecution Continued, in Which Saul Takes a Prominent Part--How Overruled for Good.
1. Saul was consenting unto his death--The word expresses hearty approval.
they were all scattered abroad--all the leading Christians, particularly the preachers, agreeably to their Lord's injunctions (Mt 10:23), though many doubtless remained, and others (as appears by Ac 9:26-30) soon returned.
except the apostles--who remained, not certainly as being less exposed to danger, but, at whatever risk, to watch over the infant cause where it was most needful to cherish it.
Travay 8:2
2. and devout men--pious Jews, probably, impressed with admiration for Stephen and secretly inclined to Christianity, but not yet openly declared.
Travay 8:3
Travay 8:4
4. they that were scattered abroad went everywhere preaching--Though solemnly enjoined to do this (Lu 24:47; Ac 1:8), they would probably have lingered at Jerusalem, but for this besom of persecution which swept them out. How often has the rage of Christ's enemies thus "turned out rather unto the furtherance of the Gospel" (see Php 1:12, 13).
Travay 8:5
Ac 8:5-25. Success of Philip's Preaching in Samaria--Case of Simon Magus.
5. Then Philip--not the apostle of that name, as was by some of the Fathers supposed; for besides that the apostles remained at Jerusalem, they would in that case have had no occasion to send a deputation of their own number to lay their hands on the baptized disciples [Grotius]. It was the deacon of that name, who comes next after Stephen in the catalogue of the seven, probably as being the next most prominent. The persecution may have been directed especially against Stephen's colleagues [Meyer].
the city of Samaria--or "a city of Samaria"; but the former seems more likely. "It furnished the bridge between Jerusalem and the world" [Baumgarten].
Travay 8:6-8
6-8. the people with one accord gave heed to ... Philip--the way being prepared perhaps by the fruits of our Lord's sojourn, as He Himself seems to intimate (see on Joh 4:31-38). But "we may mark the providence of God in sending a Grecian, or a Hellenistic Jew, to a people who from national antipathy would have been unlikely to attend to a native of Judea" [Webster and Wilkinson].
Travay 8:9-13
9-13. used sorcery--magical arts.
some great one ... the great power of God--a sort of incarnation of divinity.
Travay 8:14-17
14-17. the apostles ... sent Peter and John--showing that they regarded Peter as no more than their own equal.
Travay 8:18-24
18-24. offered them money--Hence the term simony, to denote trafficking in sacred things, but chiefly the purchase of ecclesiastical offices.
Travay 8:25
25. and they--Peter and John.
when they had ... preached--in the city where Philip's labors had been so richly blessed.
returned ... and preached ... in many villages of the Samaritans--embracing the opportunity of their journey back to Jerusalem to fulfil their Lord's commission to the whole region of Samaria (Ac 1:8).
Ac 8:26-40. The Ethiopian Eunuch.
"With this narrative of the progress of the Gospel among the Samaritans is connected another which points to the diffusion of the doctrine of the Cross among the remotest nations. The simplicity of the chamberlain of Meroe forms a remarkable contrast with the craft of the magician just described" [Olshausen].
Travay 8:26-28
26-28. the angel of the Lord--rather, "an angel."
go ... south, the way that goeth down from Jerusalem to Gaza--There was such a road, across Mount Hebron, which Philip might take without going to Jerusalem (as Von Raumer's'S Palæstina shows).
which is desert--that is, the way; not Gaza itself, which was the southernmost city of Palestine, in the territory of the ancient Philistines. To go from a city, where his hands had been full of work, so far away on a desert road, could not but be staggering to the faith of Philip, especially as he was kept in ignorance of the object of the journey. But like Paul, he "was not disobedient to the heavenly vision"; and like Abram, "he went out not knowing whither he went" (Ac 26:19; He 11:8).
Travay 8:29-31
Travay 8:32-33
32-33. The place ... was this, He was led as a sheep, &c.--One cannot but wonder that this, of all predictions of Messiah's sufferings in the Old Testament the most striking, should have been that which the eunuch was reading before Philip joined him. He could hardly miss to have heard at Jerusalem of the sufferings and death of Jesus, and of the existence of a continually increasing party who acknowledged Him to be the Messiah. But his question to Philip, whether the prophet in this passage meant himself or some other man, clearly shows that he had not the least idea of any connection between this prediction and those facts.
Travay 8:34-38
34-38. And the eunuch answered, I pray thee, &c.--The respect with which he here addresses Philip was prompted by his reverence for one whom he perceived to be his superior in divine things; his own worldly position sinking before this.
Travay 8:39-40
39-40. the Spirit of the Lord caught away Philip--To deny [as Meyer, Olshausen, Bloomfield] the miraculous nature of Philip's disappearance, is vain. It stands out on the face of the words, as just a repetition of what we read of the ancient prophets, in 1Ki 18:12; 2Ki 2:16. And the same word (as Bengel remarks) is employed to express a similar idea in 2Co 12:2, 4; 1Th 4:17.
the eunuch saw him no more--nor, perhaps, for very joy, cared to see him [Bengel].
and he went on his way rejoicing--He had found Christ, and the key to the Scriptures; his soul was set free, and his discipleship sealed; he had lost his teacher, but gained what was infinitely better: He felt himself a new man, and "his joy was full." Tradition says he was the first preacher of the Gospel in Ethiopia; and how, indeed, could he choose but "tell what the Lord had done for his soul?" Yet there is no certainty as to any historical connection between his labors and the introduction of Christianity into that country.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
