2 Samyèl 4
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Lè Ichbochèt, pitit Sayil la, pran nouvèl jan Abnè te mouri lavil Ebwon, kè l' kase nèt. Tout pèp Izrayèl la te tèt anba. 2 Ichbochèt te gen nan lame li a de chèf piyajè ki te rele Bana ak Rekab. Yo te pitit Rimon, yon nonm nan branch fanmi Benjamen an ki te rete lavil Bewòt. Yo te toujou mete nan tèt yo lavil Bewòt se pou branch fanmi Benjamen an li ye, 3 depi lè moun Bewòt yo te kouri kite lavil la pou y' al lavil Gitayim, kote y'ap viv jouk koulye a. 4 Jonatan, pitit Sayil la, te gen yon pitit gason yo te rele Mefibochèt. Li te enfim nan tou de pye l' yo. Li te gen senkan lè Sayil ak Jonatan mouri. Lè nouvèl lanmò yo rive soti lavil Jizreyèl, nouris la pran Mefibochèt, li kouri al kache avè l'. Men, pandan l'ap prese kouri a, pitit la sot tonbe nan men l'. Se konsa li vin enfim nan pye. 5 Rekab ak Bana, pitit gason Rimon, moun lavil Bewòt la, pati pou lakay Ichbochèt. Yo rive vè midi. Lè sa a, Ichbochèt t'ap fè yon ti dòmi pou poze kò l'. 6 Fanm ki t'ap veye bò pòt la t'ap triye ble, men li te kite dòmi pran l'. Se konsa mesye yo fofile kò yo antre nan kay la. 7 Lè yo rive anndan, y' al nan pyès chanm kote Ichbochèt te kouche ap dòmi an, yo touye l'. Lèfini, yo koupe tèt li, yo pran l', yo pati avè l'. Yo pase nwit lan ap mache nan fon Jouden an. 8 Yo pote tèt Ichbochèt bay David lavil Ebwon. Yo di l' konsa: -Men tèt Ichbochèt, pitit Sayil la, moun ki pa t' vle wè ou la, moun ki t'ap chache touye ou la. Jòdi a Seyè a bay monwa chans pou li tire revanj sou Sayil ansanm ak sou rès fanmi li. 9 David reponn yo: -Mwen fè sèman devan Seyè a ki delivre m' nan tout malè, 10 lè moun ki te vin fè m' konnen Sayil te mouri a te kwè se yon bon nouvèl li t'ap pote ban mwen, mwen pran l', mwen fè touye l' lavil Ziklag. Men rekonpans mwen te ba li pou bon nouvèl sa a. 11 Sa pral pi rèd toujou pou nou, bann mechan, ki touye yon inonsan anndan lakay li, nan kabann li. Mwen pral fè nou peye pou touye nou touye l' la, mwen pral fè yo disparèt nou sou latè. 12 David bay sòlda yo lòd epi yo touye Rekab ak Bana. Yo koupe de men ak de pye yo. Y' al pann yo bò rezèvwa dlo Ebwon an. Apre sa, yo pran tèt Ichbochèt, y' al antere l' Ebwon, nan tonm Abnè a.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
2 Samyèl 4:4
2 Samyèl 4:5-6
5-6. Rechab and Baanah went and came about the heat of the day to the house of Ish-bosheth, &c.--It is still a custom in the East to allow their soldiers a certain quantity of corn, together with some pay; and these two captains very naturally went to the palace the day before to fetch wheat, in order to distribute it to the soldiers, that it might be sent to the mill at the accustomed hour in the morning.
2 Samyèl 4:7
7. when they came into the house, he lay on his bed--Rechab and Baanah came in the heat of the day, when they knew that Ish-bosheth, their master, would be resting on his divan; and as it was necessary, for the reason just given, to have the corn the day before it was needed, their coming at that time, though it might be a little earlier than usual, created no suspicion, and attracted no notice [Harmer].
gat them away through the plain--that is, the valley of the Jordan, through which their way lay from Mahanaim to Hebron.
2 Samyèl 4:8
8. They brought the head of Ish-bosheth unto David ... and said, Behold the head of Ish-bosheth--Such bloody trophies of rebels and conspirators have always been acceptable to princes in the East, and the carriers have been liberally rewarded. Ish-bosheth being a usurper, the two assassins thought they were doing a meritorious service to David by removing the only existing obstacle to the union of the two kingdoms.
2Sa 4:10-12. David Causes Them to Be Put to Death.
2 Samyèl 4:12
12. slew them, and cut off their hands and their feet--as the instruments in perpetrating their crime. The exposure of the mutilated remains was intended as not only a punishment of their crime, but also the attestation of David's abhorrence.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
