2 Samyèl 5
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Tout branch fanmi Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon, yo di l' konsa: -Nou se moun menm ras, menm fanmi avè ou. 2 Depi lontan, menm sou rèy Sayil, se ou menm ki te kòmande lame pèp Izrayèl la kote l' pase. Lèfini ankò, Seyè a te pwomèt se ou menm ki pral gouvènen pèp li a, pèp Izrayèl la, se ou menm ki pral chèf yo. 3 Se konsa tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon. Yo pase yon kontra avè l' devan Seyè a. Yo fè seremoni, yo mete l' wa sou pèp Izrayèl la tou. 4 David te gen trantan lè l' rive wa. Li kòmande pandan karantan. 5 Antan lavil Ebwon, li kòmande moun Jida yo pandan sètan simwa. Lavil Jerizalèm, li kòmande ni moun pèp Izrayèl yo ni moun pèp Jida yo pandan tranntwazan. 6 Apre sa, wa David pati pou lavil Jerizalèm ansanm ak sòlda li yo, li al atake moun Jebis yo ki te rete nan zòn sa a. Moun Jebis yo te konprann David pa ta ka antre pran lavil la. Yo di l' konsa: -Ou p'ap janm ka rive antre nan lavil nou an. Ata moun je pete ak moun enfim ka gen kont fòs pou mete ou deyò. 7 Men, David pran gwo fò ki te sou tèt mòn Siyon an. Se li yo rele lavil David la. 8 Jou sa a, David te di moun pa li yo: -Tout moun ki vle atake moun Jebis yo va pase nan kannal la, y'a tonbe sou bann enfim ak je pete sa yo ki pa vle wè m' yo. Se depi lè sa a yo di moun je pete ak moun enfim pa gen dwa mete pwent pye yo nan Tanp Seyè a. 9 Apre sa, David al rete nan gwo fò a, li rele l' lavil David la. Lèfini, li bati lòt kay fè wonn fò a, depi sou teras la rive bò palè a. 10 Chak jou David t'ap vin pi fò. Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te avè l'. 11 Se konsa, Iram, wa lavil Tir la, delege kèk mesaje bò kot David ak yon chajman bwa sèd. Li voye tou kèk bòs chapant ak bòs mason ki bati yon palè pou David. 12 Lè sa a atò, David wè tout bon vre se Seyè a menm ki te mete l' wa pèp Izrayèl la. Se li menm menm ki te fè tout bagay mache byen pou gouvènman li a, akòz pèp li a, pèp Izrayèl la. 13 Lè David kite lavil Ebwon pou li al lavil Jerizalèm, rive la li pran lòt madanm ak lòt fanm kay ki ba li lòt pitit gason ak lòt pitit fi. 14 Men jan yo te rele pitit David ki te fèt lavil Jerizalèm yo: Chamwa, Chobab, Natan, Salomon, 15 Jibka, Elichwa, Nefèg, Jafya, 16 Elichama, Elyada ak Elifelèt. 17 Lè moun Filisti yo vin konnen yo te mete David wa pèp Izrayèl la, yo tout yo leve pou y' al mete men sou li. Lè David pran nouvèl la, li desann al kache nan yon fò. 18 Moun Filisti yo rive, yo pran tout fon Refayim lan pou yo. 19 David pale ak Seyè a, li mande l': -Eske se pou m' atake moun Filisti yo? Eske w'ap lage yo nan men m'? Seyè a reponn li: -Wi, atake yo. M'ap lage yo nan men ou. 20 David ale Baal Perazim.li bat moun Filisti yo. Lèfini, li di: -Tankou yon lavalas, Seyè a pase, li louvri yon pasaj pou mwen nan mitan lènmi m' yo. Se poutèt sa yo rele kote sa a Baal Perazim. 21 Moun Filisti yo te kouri kite zidòl yo dèyè nan plenn lan. David ak moun pa l' yo pran yo pote ale. 22 Moun Filisti yo tounen nan fon Refayim lan, yo pran tout plenn lan pou yo ankò. 23 David mande Seyè a sa pou l' fè. Seyè a di l': -Pa atake yo pa devan. Pase pa dèyè yo. Pare kò ou pou ou atake yo bò pye gayak yo. 24 Lè w'a tande yon bri tankou bri pye yon moun k'ap mache sou tèt pyebwa yo, w'a fonse sou yo. Paske sa vle di m'ap pran devan ou pou m' bat lame moun Filisti yo. 25 David fè sa Seyè a te mande l' fè a. Li bat moun Filisti yo, li kouri dèyè yo depi Lavil Gebarive lavil Gezè.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
2 Samyèl 5:1-2
2Sa 5:1-5. The Tribes Anoint David King over Israel.
1-2. Then came all the tribes of Israel--a combined deputation of the leading authorities in every tribe. [See on 1Ch 11:1.] David possessed the first and indispensable qualification for the throne; namely, that of being an Israelite (De 17:15). Of his military talent he had furnished ample proof. And the people's desire for his assumption of the government of Israel was further increased by their knowledge of the will and purpose of God, as declared by Samuel (1Sa 16:11-13).
2 Samyèl 5:3
3. King David made a league with them in Hebron before the Lord--(see on 1Sa 10:17). This formal declaration of the constitution was chiefly made at the commencement of a new dynasty, or at the restoration of the royal family after a usurpation (2Ki 11:17), though circumstances sometimes led to its being renewed on the accession of any new sovereign (1Ki 12:4). It seems to have been accompanied by religious solemnities.
2Sa 5:6-12. He Takes Zion from the Jebusites.
2 Samyèl 5:6
6. the king and his men went to Jerusalem unto the Jebusites--The first expedition of David, as king of the whole country, was directed against this place, which had hitherto remained in the hands of the natives. It was strongly fortified and deemed so impregnable that the blind and lame were sent to man the battlements, in derisive mockery of the Hebrew king's attack, and to shout, "David cannot come in hither." To understand the full meaning and force of this insulting taunt, it is necessary to bear in mind the depth and steepness of the valley of Gihon, and the lofty walls of the ancient Canaanitish fortress.
2 Samyèl 5:7
7. the stronghold of Zion--Whether Zion be the southwestern hill commonly so-called, or the peak now level on the north of the temple mount, it is the towering height which catches the eye from every quarter--"the hill fort," "the rocky hold" of Jerusalem.
2 Samyèl 5:8
8. Whosoever getteth up to the gutter--This is thought by some to mean a subterranean passage; by others a spout through which water was poured upon the fire which the besiegers often applied to the woodwork at the gateways, and by the projections of which a skilful climber might make his ascent good; a third class render the words, "whosoever dasheth them against the precipice" (1Ch 11:6).
2 Samyèl 5:9
9. David dwelt in the fort, &c.--Having taken it by storm, he changed its name to "the city of David," to signify the importance of the conquest, and to perpetuate the memory of the event.
David built round about from Millo and inward--probably a row of stone bastions placed on the northern side of Mount Zion, and built by David to secure himself on that side from the Jebusites, who still lived in the lower part of the city. The house of Millo was perhaps the principal corner tower of that fortified wall.
2 Samyèl 5:11-12
11-12. Hiram ... sent carpenters, and masons--The influx of Tyrian architects and mechanics affords a clear evidence of the low state to which, through the disorders of long-continued war, the better class of artisans had declined in Israel.
2Sa 5:13-16. Eleven Sons Born to Him.
2 Samyèl 5:13
13. David took him more concubines and wives--In this conduct David transgressed an express law, which forbade the king of Israel to multiply wives unto himself (De 17:17).
2Sa 5:17-25. He Smites the Philistines.
2 Samyèl 5:17
17. when the Philistines heard that they had anointed David king over Israel--During the civil war between the house of Saul and David, those restless neighbors had remained quiet spectators of the contest. But now, jealous of David, they resolved to attack him before his government was fully established.
2 Samyèl 5:18
18. valley of Rephaim--that is, "of giants," a broad and fertile plain, which descends gradually from the central mountains towards the northwest. It was the route by which they marched against Jerusalem. The "hold" to which David went down "was some fortified place where he might oppose the progress of the invaders," and where he signally defeated them.
2 Samyèl 5:21
21. there they left their images--probably their "lares" or household deities, which they had brought into the field to fight for them. They were burnt as ordained by law (De 7:5).
2 Samyèl 5:22
22. the Philistines came up yet again--The next year they renewed their hostile attempt with a larger force, but God manifestly interposed in David's favor.
2 Samyèl 5:24
24. the sound of a going in the tops of the mulberry trees--now generally thought not to be mulberry trees, but some other tree, most probably the poplar, which delights in moist situations, and the leaves of which are rustled by the slightest movement of the air [Royle].
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
