2 Samyèl 2

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Apre sa, David mande Seyè a: -Eske se pou m' ale nan yonn nan lavil peyi Jida yo? Seyè a reponn li: -Wi. Se pou ou ale! David mande l': -Kote pou m' ale? Seyè a di l': -Lavil Ebwon. 2 Se konsa, David pran de madanm li yo, Akenoam ki te moun lavil Jizreyèl, ak Abigayèl, vèv Nabal la, ki te moun lavil Kamèl, li pati pou Ebwon. 3 Li mennen moun ki te avè l' yo tou ansanm ak tout fanmi yo. Y' al rete lavil Ebwon ak nan tout ti bouk ki toupre l' yo. 4 Apre sa, moun Jida yo rive lavil Ebwon, yo fè seremoni pou mete David apa pou sèvi wa peyi Jida. David vin pran nouvèl se moun lavil Jabès yo, nan peyi Galarad, ki te antere Sayil. 5 Lè sa a, li voye kèk mesaje di yo konsa: -Se pou Seyè a beni nou, paske nou moutre jan nou pa janm lage Sayil, mèt nou an. Nou antere l'. 6 Mwen mande Seyè a pou li aji byen ak nou tou, pou li pa janm lage nou. Mwen menm pou tèt pa m', m'ap aji byen avèk nou tou poutèt sa nou fè a. 7 Koulye a, pran kouraj! Mete gason nou nou! Sayil, mèt nou an, mouri. Se mwen menm moun Jida yo mete apa pou wa yo. 8 Abnè, pitit gason Nè a, kòmandan lame Sayil la, pran Ichbochèt, pitit gason Sayil la, li mennen l' lavil Manayim, lòt bò larivyè Jouden. 9 Rive la, li nonmen Ichbochèt wa peyi Galarad, peyi Asè, peyi Jizreyèl, peyi Efrayim ak peyi Benjamen, ki vle di wa tout pèp Izrayèl la. 10 Ichbochèt, pitit gason Sayil la, te gen karantan lè yo fè l' wa peyi Izrayèl. Li gouvènen pandan dezan. Men, moun branch fanmi Jida yo te kanpe avèk David. 11 David te wa peyi Jida a pandan sètan sis mwa. Se Ebwon li te rete. 12 Abnè leve ansanm ak moun Ichbochèt yo, yo kite lavil Manayim, y' ale lavil Gabawon. 13 Joab menm, pitit gason Sewouya a, leve ansanm ak sòlda David yo, yo kite lavil Ebwon, yo pati tou. Yo kontre ak moun Abnè yo bò rezèvwa Gabawon an. De lame yo pran pozisyon, yonn chak bò rezèvwa a. 14 Abnè di Joab konsa: -Annou chwazi kèk jenn gason pou yo goumen devan nou la a. Joab reponn: -Dakò! 15 Se konsa, douz gason nan branch fanmi Benjamen an kanpe pou Ichbochèt yon bò, douz gason kanpe pou moun David yo lòt bò. 16 Mesye yo mare goumen. Yonn pran lòt nan tèt epi yonn foure nepe yo nan kò lòt. Se konsa yo tout tonbe ansanm, yo mouri. Se poutèt sa, yo rele kote sa a nan peyi Gabawon an Elkatazourim. 17 Apre sa, yon gwo batay pete. Moun David yo kraze Abnè ansanm ak moun Izrayèl yo. 18 Tou twa pitit gason Sewouya yo te la. Se te Joab, Abichayi ak Asayèl. Asayèl te konn kouri, ou ta di yon ti kabrit mawon. 19 Li pran kouri pye pou pye dèyè Abnè ki t'ap chache chape kò l'. 20 Abnè vire tèt li gade dèyè. Li di: -Se pa ou menm sa, Asayèl? Asayèl reponn li: -Men wi, se mwen. 21 Abnè di l' konsa: -Sispann kouri dèyè m'. Pito ou kouri dèyè yonn nan sòlda yo. Lèfini, w'a pran tou sa li genyen. Men, Asayèl pa t' vle sispann kouri dèyè l'. 22 Yon dezyèm fwa Abnè di l': -Asayèl, m' di ou sispann kouri dèyè m' wi! Pa fòse m' touye ou! Apre sa, ki jan m'a fè pou m' parèt devan Joab, frè ou la? 23 Men, Asayèl pa t' vle sispann kouri dèyè l'. Lè sa a, Abnè ba li yon kou nan vant ak pwent dèyè frenn li an. Frenn lan travèse Asayèl, li soti nan do l'. Asayèl tonbe atè, li mouri frèt. Lè tout moun rive kote li te tonbe a yo rete la. 24 Men Joab ak Abichayi pran kouri pi rèd dèyè Abnè. Solèy tapral kouche lè yo rive sou ti bit mòn Anma a, ki sou bò solèy leve lavil Giyak, sou chemen ki mennen nan dezè Gabawon an. 25 Moun branch fanmi Benjamen yo sanble bò kote Anbè ankò. Yo pran pozisyon pou yo goumen sou tèt yon ti mòn. 26 Abnè rele Joab, li di l' konsa: -Gen lè nou p'ap janm fini ak batay sa a? Ou pa wè sa ap fini mal pou nou tou de? Se frè nou ye. Sa w'ap tann pou ou bay moun ou yo lòd pou yo sispann kouri dèyè nou? 27 Joab reponn li: -Mwen pran Bondye ki vivan an pou temwen. Si ou pa t' pale konsa se denmen maten moun pa m' yo t'ap sispann kouri dèyè ou. 28 Joab fè kònen klewon. Tout moun li yo rete sou sa yo te fè, yo sispann kouri dèyè moun Izrayèl yo. Se konsa batay la fini. 29 Abnè ak moun pa l' yo mache nan fon Jouden an tout lannwit lan. Lèfini, yo janbe lòt bò larivyè Jouden an. Yo travèse tout zòn Bitwon an jouk yo rive lavil Manayim. 30 Joab menm, lè li sispann kouri dèyè Abnè a, li sanble tout lame a. Te gen disnèf sòlda nan moun David yo ki pa t' reponn prezan san konte Asayèl. 31 Patizan David yo te touye twasanswasant (0360) nan patizan Abnè yo, tout nan branch fanmi Benjamen an. 32 Joab ak moun pa l' yo pran kadav Asayèl, y' al antere l' nan tonm fanmi an lavil Betleyèm. Apre sa, yo pase nwit lan ap mache. Solèy t'ap leve lè yo rive Ebwon.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

2 Samyèl 2:1-4

2Sa 2:1-7. David, by God's Direction, Goes Up to Hebron, and Is Made King over Judah.

1-4. David inquired of the Lord--By Urim (1Sa 23:6, 9; 30:7, 8). He knew his destination, but he knew also that the providence of God would pave the way. Therefore he would take no step in such a crisis of his own and the nation's history, without asking and obtaining the divine direction. He was told to go into Judah, and fix his headquarters in Hebron, whither he accordingly repaired with his now considerable force. There his interests were very powerful; for he was not only within his own tribe, and near chiefs with whom he had been long in friendly relations (see on 1Sa 30:26), but Hebron was the capital and center of Judah, and one of the Levitical cities; the inhabitants of which were strongly attached to him, both from sympathy with his cause ever since the massacre at Nob, and from the prospect of realizing in his person their promised pre-eminence among the tribes. The princes of Judah, therefore, offered him the crown over their tribe, and it was accepted. More could not, with prudence, be done in the circumstances of the country (1Ch 11:3).

2 Samyèl 2:5-7

5-7. David sent messengers unto the men of Jabesh-gilead--There can be no doubt that this message of thanks for their bold and dangerous enterprise in rescuing the bodies of Saul and his sons was an expression of David's personal and genuine feeling of satisfaction. At the same time, it was a stroke of sound and timely policy. In this view the announcement of his royal power in Judah, accompanied by the pledge of his protection of the men of Jabesh-gilead, should they be exposed to danger for their adventure at Beth-shan, would bear an important significance in all parts of the country and hold out an assurance that he would render them the same timely and energetic succor that Saul had done at the beginning of his reign.

2Sa 2:8-17. Abner Makes Ish-bosheth King over Israel.

2 Samyèl 2:8-17

8-17. Abner the son of Ner, captain of Saul's host took Ish-bosheth--Here was the establishment of a rival kingdom, which, however, would probably have had no existence but for Abner.

Ish-bosheth--or "Esh-baal" (1Ch 8:33; 9:39). The Hebrews usually changed names ending with Baal into Bosheth ("shame") (compare Jud 9:53 with 2Sa 11:21). This prince was so called from his imbecility.

Abner--was first cousin of Saul, commander of the forces, and held in high respect throughout the country. Loyalty to the house of his late master was mixed up with opposition to David and views of personal ambition in his originating this factious movement. He, too, was alive to the importance of securing the eastern tribes; so, taking Ish-bosheth across the Jordan, he proclaimed him king at Mahanaim, a town on the north bank of the Jabbok, hallowed in patriarchal times by the divine presence (Ge 32:2). There he rallied the tribes around the standard of the unfortunate son of Saul.

2 Samyèl 2:19-32

19-32. Asahel pursued after Abner--To gain the general's armor was deemed the grandest trophy. Asahel, ambitious of securing Abner's, had outstripped all other pursuers, and was fast gaining on the retreating commander. Abner, conscious of possessing more physical power, and unwilling that there should be "blood" between himself and Joab, Asahel's brother, twice urged him to desist. The impetuous young soldier being deaf to the generous remonstrance, the veteran raised the pointed butt of his lance, as the modern Arabs do when pursued, and, with a sudden back thrust, transfixed him on the spot, so that he fell, and lay weltering in his blood. But Joab and Abishai continued the pursuit by another route till sunset. On reaching a rising ground, and receiving a fresh reinforcement of some Benjamites, Abner rallied his scattered troops and earnestly appealed to Joab's better feelings to stop the further effusion of blood, which, if continued, would lead to more serious consequences--a destructive civil war. Joab, while upbraiding his opponent as the sole cause of the fray, felt the force of the appeal and led off his men; while Abner probably dreading a renewal of the attack when Joab should learn his brother's fate, and vow fierce revenge, endeavored, by a forced march, to cross the Jordan that night. On David's side the loss was only nineteen men, besides Asahel. But of Ish-bosheth's party there fell three hundred and sixty. This skirmish is exactly similar to the battles of the Homeric warriors, among whom, in the flight of one, the pursuit by another, and the dialogue held between them, there is vividly represented the style of ancient warfare.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.