2 Samyèl 1

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Apre li te fin kraze moun Amalèk yo, David tounen lavil Ziklag. Lè sa a Sayil te deja mouri. David menm te lavil Ziklag depi de jou. 2 Sou twazyèm jou a, yon nonm rive soti nan kan Sayil la. Rad sou li te chire, li te gen pousyè sou tèt li pou fè wè jan li te nan gwo lapenn. Lè li rive bò kote David, li lage kò l' atè, li bese tèt li byen ba devan li. 3 David mande l': -Kote ou soti? Nonm lan reponn: -Mwen chape kò m' soti nan kan moun Izrayèl yo. 4 David di li: -Manyè di m' sa ki pase. Nonm lan reponn: -Lame pèp Izrayèl la kouri pandan batay la te mare. Gen anpil sòlda ki mouri. Sayil ak Jonatan, pitit gason l' lan, mouri tou. 5 David mande nonm ki te pote nouvèl la: -Ki jan ou fè konnen Sayil ak Jonatan, pitit li a, mouri? 6 Nonm lan reponn: -Mwen t'ap pase konsa sou mòn Gilboa a lè mwen wè Sayil apiye sou frenn li pou l' pa tonbe atè. Cha lagè lènmi yo ak kavalye yo te prèt pou rive sou li. 7 Lè sa a, li voye je l' gade, li wè m', epi li rele m' vini. Mwen reponn li: Men mwen, monwa. 8 Li mande m' ki moun mwen ye. Mwen reponn li se yon moun Amalèk mwen ye. 9 Lè sa a, li mande m' pou m' pwoche bò kote l' pou m' touye l', paske li te santi tèt li ap vire, atout li te gen tout konesans li sou li. 10 Se konsa, mwen pwoche bò kote l', mwen touye l' paske mwen te konnen tonbe li te tonbe li t'ap toujou mouri. Apre sa, mwen pran kouwòn ki te sou tèt li ak braslè ki te nan ponyèt li, mwen pote yo ba ou, mèt. 11 David chire rad ki te sou li sitèlman sa te fè li lapenn. Tout moun ki te la avè l' yo fè menm bagay la tou. 12 Yo kriye, yo pran gwo lapenn pou Sayil, pou Jonatan, pitit li a, pou lame Seyè a ak pou pèp Izrayèl la, paske te gen anpil ladan yo ki te mouri nan lagè a. Yo rete san manje jouk aswè. 13 Apre sa, David mande jenn gason ki te pote nouvèl la: -Ki moun ou ye? Jenn gason an reponn: -Mwen se pitit yonn nan moun Amalèk ki vin rete nan peyi a. 14 David di l' konsa: -Bon. Ki jan ou fè pa t' pè leve men ou sou wa Bondye chwazi a pou ou rive touye l'? 15 David rele yonn nan moun li yo. Li di l' konsa: -Vini non! Touye msye. Nonm lan bay moun Amalèk la yon sèl kou, li touye l' frèt. 16 David menm te di moun Amalèk la: -Se ou menm ki reskonsab sa ki rive ou la a. Se ou menm ki kondannen tèt ou lè ou di ak bouch ou se ou menm ki touye wa Bondye te chwazi a. 17 David pran chante pou plenn lanmò Sayil ak Jonatan, pitit Sayil la. 18 Li bay lòd pou yo moutre chante a bay tout moun Jida yo. Se chante banza yo. Yo jwenn li ekri nan Liv Moun ki mache dwat la. 19 O Izrayèl, tout gwo chèf ou yo mouri sou mòn yo. Yo desann tout vanyan sòlda ou yo. 20 Pa kite nouvèl la rive nan lavil Gad. Pa gaye nouvèl la nan lavil Askalon, pou medam peyi Filisti yo pa fè fèt, pou pitit fi moun sa yo ki pa sèvi Bondye pèp Izrayèl la pa leve danse. 21 Nou menm mòn Giboa yo, se pou nou rete san yon grenn lapli, san yon degout lawouze. Piga jaden janm pouse sou flan mòn nou yo! Paske se la yo trennen nan labou plak fè pwotèj sòlda yo, plak fè pwotèj wa Sayil la ki p'ap janm fwote ak lwil ankò. 22 Jonatan pa t' janm fè bak toutotan li pa tranpe flèch li yo nan san lènmi l' yo. Sayil pa t' janm tounen toutotan li pa t' plonje nepe l' nan vant vanyan sòlda lènmi l' yo. 23 Sayil ak Jonatan, yonn te renmen lòt! Toujou ansanm nan lavi, ansanm ansanm tou nan lanmò! Pi veyatif pase malfini, pi vanyan pase lyon. 24 Medam pèp Izrayèl yo, rele pou Sayil! Li te konn ban nou bèl rad koulè violèt ki koute byen chè, ak bèl bijou an lò pou mete sou nou. 25 Vanyan sòlda yo mouri nan lagè! Jonatan mouri, li blayi atè plat sou ti mòn yo! 26 Mwen gen gwo lapenn pou ou, Jonatan, frè mwen. Jan mwen te renmen ou sa a! Jan ou menm ou te renmen m', se pa pale. Zanmitay sa a te pi bon pou mwen lontan pase renmen ankenn fanm ta ka gen pou mwen! 27 Vanyan sòlda yo mouri! Tout zam lagè yo pa vo anyen koulye a!

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

2 Samyèl 1:1

THE SECOND BOOK OF SAMUEL, OTHERWISE CALLED THE SECOND BOOK OF THE KINGS.

Commentary by Robert Jamieson

2Sa 1:1-16. An Amalekite Brings Tidings of Saul's Death.

1. David had abode two days in Ziklag--Though greatly reduced by the Amalekite incendiaries, that town was not so completely sacked and destroyed, but David and his six hundred followers, with their families, could still find some accommodation.

2 Samyèl 1:2-12

2-12. a man came out of the camp from Saul--As the narrative of Saul's death, given in the last chapter, is inspired, it must be considered the true account, and the Amalekite's story a fiction of his own, invented to ingratiate himself with David, the presumptive successor to the throne. David's question, "How went the matter?" evinces the deep interest he took in the war, an interest that sprang from feelings of high and generous patriotism, not from views of ambition. The Amalekite, however, judging him to be actuated by a selfish principle, fabricated a story improbable and inconsistent, which he thought would procure him a reward. Having probably witnessed the suicidal act of Saul, he thought of turning it to his own account, and suffered the penalty of his grievously mistaken calculation (compare 2Sa 1:9 with 1Sa 31:4, 5).

2 Samyèl 1:13-15

13-15. David said unto the young man ... Whence art thou?--The man had at the outset stated who he was. But the question was now formally and judicially put. The punishment inflicted on the Amalekite may seem too severe, but the respect paid to kings in the West must not be regarded as the standard for that which the East may think due to royal station. David's reverence for Saul, as the Lord's anointed, was in his mind a principle on which he had faithfully acted on several occasions of great temptation. In present circumstances it was especially important that his principle should be publicly known; and to free himself from the imputation of being in any way accessory to the execrable crime of regicide was the part of a righteous judge, no less than of a good politician.

2Sa 1:17-27. David Laments Saul and Jonathan.

2 Samyèl 1:17-18

17-18. David lamented with this lamentation--It has always been customary for Eastern people, on the death of great kings and warriors, to celebrate their qualities and deeds in funeral songs. This inimitable pathetic elegy is supposed by many writers to have become a national war song, and to have been taught to the young Israelites under the name of "The Bow," in conformity with the practice of Hebrew and many classical writers in giving titles to their songs from the principal theme (Psa 22:1; 56:1; 60:1; 80:1; 100:1). Although the words "the use of" are a supplement by our translators, they may be rightly introduced, for the natural sense of this parenthetical verse is, that David took immediate measures for instructing the people in the knowledge and practice of archery, their great inferiority to the enemy in this military arm having been the main cause of the late national disaster.

2 Samyèl 1:19

19. The beauty of Israel is slain upon thy high places--literally, "the gazelle" or "antelope of Israel." In Eastern countries, that animal is the chosen type of beauty and symmetrical elegance of form.

how are the mighty fallen!--This forms the chorus.

2 Samyèl 1:21

21. let there be no dew, neither let there be rain--To be deprived of the genial atmospheric influences which, in those anciently cultivated hills, seem to have reared plenty of first-fruits in the corn harvests, was specified as the greatest calamity the lacerated feelings of the poet could imagine. The curse seems still to lie upon them; for the mountains of Gilboa are naked and sterile.

the shield of the mighty is vilely cast away--To cast away the shield was counted a national disgrace. Yet, on that fatal battle of Gilboa, many of the Jewish soldiers, who had displayed unflinching valor in former battles, forgetful of their own reputation and their country's honor, threw away their shields and fled from the field. This dishonorable and cowardly conduct is alluded to with exquisitely touching pathos.

2 Samyèl 1:24-27

24-27. Ye daughters of Israel, weep over Saul, who clothed you in scarlet, with other delights, &c.--The fondness for dress, which anciently distinguished Oriental women, is their characteristic still. It appears in their love of bright, gay, and divers colors, in profuse display of ornaments, and in various other forms. The inmost depths of the poet's feeling are stirred, and his amiable disposition appears in the strong desire to celebrate the good qualities of Saul, as well as Jonathan. But the praises of the latter form the burden of the poem, which begins and ends with that excellent prince.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.