2 Wa 10
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Akab te gen swasanndis pitit gason nan lavil Samari. Jeou ekri yon lèt, li voye yon kopi bay tout chèf ki lavil Samari yo, bay chèf fanmi yo ak bay moun ki reskonsab pitit Akab yo. Men sa li voye di yo: 2 —Mwen konnen se nou menm ki gen reskonsablite tout pitit mèt nou yo, cha lagè li yo, chwal li yo, ranpa lavil la ak tout zam ki ladan l'. Resevwa n'a resevwa lèt sa a, 3 n'a chwazi yonn nan pitit mèt nou an, sa nou wè ki pi bon an, sa ki gen kalite pou sa, n'a mete l' sou fotèy la nan plas papa l'. Lèfini, n'a goumen pou pran defans li. 4 Men mesye yo te pè anpil, yo di: —De wa pa t' ka kenbe tèt ak li. Kote se nou ki pou ta rive fè l'! 5 Se konsa ofisye ki te anchaj palè a, gouvènè lavil la, chèf fanmi yo ak reskonsab pitit wa yo voye di Jeou: —Se sou zòd ou nou ye, n'ap fè tou sa ou di nou fè. Men, nou p'ap mete pesonn wa. W'a fè sa w'a wè ki pi bon. 6 Jeou voye yon dezyèm lèt ba yo, li di yo: —Si nou avè m', si nou vle koute lòd mwen enben, denmen lè konsa, pote tèt pitit Akab yo ban mwen isit lavil Jizreyèl. Swasanndis pitit Akab yo te lakay grannèg lavil Samari ki t'ap elve yo. 7 Lè yo resevwa lèt Jeou a, yo touye swasanndis pitit Akab yo, yo mete tèt yo nan panyen, yo voye yo bay Jeou lavil Jizreyèl. 8 Lè yo vin di Jeou yo te pote tèt pitit wa Akab yo, li bay lòd pou yo fè de pil ak yo bò pòtay lavil la, kite yo la jouk denmen maten. 9 Nan denmen maten li soti, l' ale kanpe bò pòtay la, li di moun ki te la yo: —Se mwen menm ki te fè konplo kont Joram, mèt mwen an, pou m' te touye l'. Nou pa gen anyen pou nou wè nan sa. Men, sa yo, ki moun ki touye yo? 10 Sa vle di Seyè a pa nan pale mete la. Tou sa li te di sou fanmi Akab la te fèt pou rive vre. Se Seyè a menm ki fè tou sa rive jan li te di sa nan bouch Eli, sèvitè l' la. 11 Se konsa Jeou touye tout rès fanmi Akab ki te lavil Jizreyèl, tout grannèg ki t'ap sèvi avè l' li yo, bon zanmi l' yo ak prèt li yo. Li pa kite yonn ladan yo vivan. 12 Apre sa, li pati pou lavil Samari. Sou wout la, lè li rive bò kan gadò mouton yo, 13 li jwenn ak kèk fanmi Okozyas, wa peyi Jida a. Li mande yo: —Ki moun nou ye? Yo reponn li: —Nou se fanmi wa Okozyas. Nou pral di pitit wa a ak pitit larenn lan bonjou. 14 Jeou bay moun ki te avè l' yo lòd sa a: —Pran yo tou vivan! Yo pran yo tou vivan, yo koupe kou yo bò kan gadò mouton yo. Te gen karannde moun antou. Yo pa kite yonn ladan yo vivan. 15 Jeou pati ankò. Sou wout li, li kontre ak Jonadab, pitit gason Rekab la, ki t'ap mache vin jwenn li. Jeou di l' bonjou, epi li di l' konsa: —Ou gen menm lide avè m'? Eske w'ap mache avè m'? Jonadab reponn: —Wi, m'ap mache avè ou. Jeou di li: —Si nou dakò, ban m' lanmen. Jonadab ak Jeou bay lanmen. Jeou ede l' moute sou cha lagè a bò kote l'. 16 Li di l' konsa: —Ann al avè m'. W'a wè jan mwen soti pou m' sèvi Seyè a. Se konsa yo pati ansanm sou cha a. 17 Lè yo rive lavil Samari, Jeou touye dènye rès moun nan fanmi Akab la. Li pa kite yonn ladan yo vivan, dapre pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Eli a. 18 Apre sa, Jeou reyini tout pèp lavil Samari a, li di yo: —Akab te sèvi Baal yon ti kras, mwen menm m'ap sèvi l' plis pase l'. 19 Se poutèt sa, fè chache tout pwofèt yo, tout sèvitè Baal yo ak tout prèt li yo, fè yo vin jwenn mwen. Mwen vle pou tout moun la, paske mwen gen pou m' fè yon gwo sèvis pou Baal. Si yon moun pa la l'ap mouri. Men se yon plan Jeou te gen nan tèt li pou l' te touye tout moun k'ap sèvi Baal. 20 Se poutèt sa li bay lòd pou yo fè tout moun konnen yo pral fè yon gwo sèvis pou Baal. Yo fè piblikasyon an. 21 Jeou voye bay nouvèl la nan tout peyi Izrayèl la. Tout moun ki sèvi Baal yo vini. Pa t' gen yonn ki pa t' la. Yo tout antre nan tanp Baal la, yo plenn l' nèt. 22 Jeou rele moun ki te reskonsab rad seremoni yo, li di l' konsa: —Pran rad seremoni bay tout sèvitè Baal yo. Nonm lan mete rad yo deyò, li bay yo chak yonn. 23 Lèfini, Jeou ak Jonadab, pitit Rekab la, rive nan tanp Baal la, li di moun yo: —Se pou nou sèten se renk moun ki sèvi Baal ki la avè nou. Pa kite ankenn moun k'ap sèvi Seyè a nan mitan nou. 24 Tout moun yo antre nan tanp lan pou ofri bèt pou yo touye pou Baal ak bèt pou yo boule pou li. Men, Jeou te mete katreven moun pa l' sou deyò tanp lan. Li te avèti yo, li te di yo: —Si yonn nan nou kite yonn nan moun mwen pral lage nan men nou yo chape, se li menm k'ap mouri nan plas li. 25 Fini Jeou fini boule bèt yo pou Baal, li di gad yo ak kaptenn yo: —Antre, touye yo tout! Pa kite yonn ladan yo chape! Mesye Jeou yo antre ak nepe nan men yo, yo touye tout moun, yo trennen kadav yo met deyò. Lèfini, yo tounen nan pyès kote lotèl la ye nan tanp Baal la. 26 Yo pran poto yo te mete kanpe pou Baal la, yo pote l' deyò, yo boule l'. 27 Yo demoli lotèl Baal la ansanm ak tanp lan. Yo pran tanp lan yo fè l' sèvi latrin jouk jounen jòdi a. 28 Se konsa Jeou fè disparèt sèvis Baal nan peyi Izrayèl la. 29 Men li tonbe nan menm peche ak wa Jewoboram, pitit Nebat la, ki te lakòz pèp Izrayèl fè sa ki mal: li sèvi estati lò an fòm towo bèf ki te lavil Betèl ak lavil Dann. 30 Seyè a di Jeou konsa: —Ou fè fanmi wa Akab la tou sa m' te vle fè yo. Ou byen fèt, ou fè sa ki dwat nan je m'. Se poutèt sa, pitit pitit ou yo pral wa nan peyi Izrayèl la rive sou kat jenerasyon. 31 Men, Jeou pa t' bat kò l' plis pase sa pou l' te mache dapre lalwa Seyè a. Okontrè, li lage kò l' nan fè menm peche ak wa Jewoboram ki te lakòz pèp Izrayèl la fè sa ki mal. 32 Lè sa a, Seyè a konmanse wonyen sou teritwa peyi Izrayèl la. Wa Azayèl atake moun Izrayèl yo toupatou nan peyi a, 33 depi sou bò solèy leve larivyè Jouden jouk lavil Awoyè, anwo ravin Amon an nan sid, ki vle di nan tout peyi Galarad la ak peyi Bazan an kote moun branch fanmi Gad, fanmi Woubenn ak fanmi Manase yo rete. 34 Tout rès istwa Jeou a ansanm ak tou sa li te fè ak kote yo rakonte jan li te vanyan sòlda, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa Izrayèl yo. 35 Lè Jeou mouri, yo antere l' lavil Samari. Se Joakaz, pitit li, ki moute wa nan plas li. 36 Jeou te gouvènen peyi Izrayèl pandan ventwitan nan lavil Samari.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
2 Wa 10:1-4
2Ki 10:1-17. Jehu Causes Seventy of Ahab's Children to Be Beheaded.
1-4. Ahab had seventy sons in Samaria--As it appears (2Ki 10:13), that grandsons are included it is probable that this number comprehended the whole posterity of Ahab. Their being all assembled in that capital might arise from their being left there on the king's departure for Ramoth-gilead, or from their taking refuge in some of the strongholds of that city on the news of Jehu's conspiracy. It may be inferred from the tenor of Jehu's letters that their first intention was to select the fittest of the royal family and set him up as king. Perhaps this challenge of Jehu was designed as a stroke of policy on his part to elicit their views, and to find out whether they were inclined to be pacific or hostile. The bold character of the man, and the rapid success of his conspiracy, terrified the civic authorities of Samaria and Jezreel into submission.
2 Wa 10:5
5. he that was over the house--the governor or chamberlain of the palace.
the bringers-up of the children--Anciently, and still also in many Eastern countries, the principal grandees were charged with the support and education of the royal princes. This involved a heavy expense which they were forced to bear, but for which they endeavored to find some compensation in the advantages of their connection with the court.
2 Wa 10:6
6. take ye the heads of the men, your master's sons--The barbarous practice of a successful usurper slaughtering all who may have claims to the throne, has been frequently exemplified in the ancient and modern histories of the East.
2 Wa 10:8
8. Lay ye them in two heaps at the entering in of the gate, &c.--The exhibition of the heads of enemies is always considered a glorious trophy. Sometimes a pile of heads is erected at the gate of the palace; and a head of peculiarly striking appearance selected to grace the summit of the pyramid.
2 Wa 10:9-11
9-11. said to all the people, Ye be righteous, &c.--A great concourse was assembled to gaze on this novel and ghastly spectacle. The speech which Jehu addressed to the spectators was artfully framed to impress their minds with the idea that so wholesale a massacre was the result of the divine judgments denounced on the house of Ahab; and the effect of it was to prepare the public mind for hearing, without horror, of a similar revolting tragedy which was soon after perpetrated, namely, the extinction of all the influential friends and supporters of the dynasty of Ahab, including those of the royal house of Judah.
2 Wa 10:13-14
13-14. We are the brethren of Ahaziah--that is, not full, but step-brothers, sons of Jehoram by various concubines. Ignorant of the revolution that had taken place, they were travelling to Samaria on a visit to their royal relatives of Israel, when they were seized and put to death, because of the apprehension that they might probably stimulate and strengthen the party that still remained faithful in their allegiance to Ahab's dynasty.
children of the queen--that is, of the queen mother, or regent, Jezebel.
2 Wa 10:15-18
15-18. Jehonadab the son of Rechab--(See 1Ch 2:55). A person who, from his piety and simple primitive manner of life (Jr 35:1-19), was highly esteemed, and possessed great influence in the country. Jehu saw in a moment the advantage that his cause would gain from the friendship and countenance of this venerable man in the eyes of the people, and accordingly paid him the distinguished attention of inviting him to a seat in his chariot.
give me thine hand--not simply to aid him in getting up, but for a far more significant and important purpose--the giving, or rather joining hands, being the recognized mode of striking a league or covenant, as well as of testifying fealty to a new sovereign; accordingly, it is said, "he [Jehonadab] gave him [Jehu] his hand."
2Ki 10:18-29. He Destroys the Worshippers of Baal.
2 Wa 10:19
19. call unto me all the prophets of Baal--The votaries of Baal are here classified under the several titles of prophets, priests, and servants, or worshippers generally. They might be easily convened into one spacious temple, as their number had been greatly diminished both by the influential ministrations of Elijah and Elisha, and also from the late King Joram's neglect and discontinuance of the worship. Jehu's appointment of a solemn sacrifice in honor of Baal, and a summons to all his worshippers to join in its celebration, was a deep-laid plot, which he had resolved upon for their extinction, a measure in perfect harmony with the Mosaic law, and worthy of a constitutional king of Israel. It was done, however, not from religious, but purely political motives, because he believed that the existence and interests of the Baalites were inseparably bound up with the dynasty of Ahab and because he hoped that by their extermination he would secure the attachment of the far larger and more influential party who worshipped God in Israel. Jehonadab's concurrence must have been given in the belief of his being actuated solely by the highest principles of piety and zeal.
2 Wa 10:22
22. Bring forth vestments for all the worshippers of Baal--The priests of Baal were clad, probably, in robes of white byssus while they were engaged in the functions of their office, and these were kept under the care of an officer in a particular wardrobe of Baal's temple. This treacherous massacre, and the means taken to accomplish it, are paralleled by the slaughter of the Janissaries and other terrible tragedies in the modern history of the East.
2 Wa 10:29
29. Howbeit from the sins of Jeroboam ... Jehu departed not from after them--Jehu had no intention of carrying his zeal for the Lord beyond a certain point, and as he considered it impolitic to encourage his subjects to travel to Jerusalem, he re-established the symbolic worship of the calves.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
