2 Istwa 4
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Salomon fè fè tou yon lotèl kwiv kare kare, ki te mezire trant pye lajè sou trant pye longè ak kenz pye wotè. 2 Li fè fè ankò yon gwo basen an kwiv tou won pou mete dlo. Basen lan te mezire kenz pye lajè ak sèt pye edmi wotè. Le ou mezire wonn li, li ba ou karannsenk pye. 3 Sou tout wonn basen lan sou deyò, te gen de ranje pòtre ki sanble pòtre bèf. Yo te an kwiv, yon ti jan anba rebò a. Te gen dis pòtre pou chak pye edmi. Yo te fè yon sèl kò ak basen lan. Yo te koule yo ansanm. 4 Basen lan te chita sou do douz towo fèt an kwiv. Fas yo bay sou deyò, fas twa bay sou solèy leve, fas twa bay sou bò nò, fas twa bay sou solèy kouche ak fas twa bay sou bò sid. Basen lan menm te chita sou dèyè yo ki te bay sou anndan. 5 Rebò basen lan te gen twa pous epesè. Rebò a te tankou rebò yon tas. Li te fè yon ti vire sou deyò tankou yon flè ki louvri. Basen lan te ka kenbe kenzmil (015.000) galon dlo konsa. 6 Li fè fè dis lòt basen an kwiv. Li mete senk sou bò dwat ak senk sou bò gòch. Se la yo te lave vyann bèt yo te gen pou boule nèt sou lotèl la. Prèt yo menm te sèvi ak dlo ki te nan gwo basen lan pou lave kò yo. 7 Salomon fè fè dis gwo lanp sèt branch an lò, dapre jan pou yo te fè yo a. Li mete yo nan Tanp lan, senk sou bò gòch, senk sou bò dwat. 8 Li fè fè dis tab pou mete nan Tanp lan tou, senk sou bò gòch, senk sou bò dwat. Li fè fè san bòl an lò. 9 Li fè yo bati lakou anndan an pou prèt yo ak gwo lakou a ak tout pòtay li yo. Tout pòtay yo te kouvri ak kwiv. 10 Li fè mete gwo basen lan menm sou bò dwat Tanp lan, nan kwen sidès la. 11 Iram te fè plato pou sann dife, pèl ak kivèt. Se konsa li te fin fè tout travay Salomon te mande l' fè pou Tanp Seyè a. 12 Men sa li te fè: de gwo poto won yo, de blòk won yon ti jan pi gwo pou ale sou tèt poto yo, ak desen ti chenn mare yonn ak lòt ki te kouvri de blòk tèt poto yo, 13 katsan (0400) pòtre grenad ki pou ale sou de ran nan desen ki kouvri blòk won ki sou tèt poto yo, 14 dis kabwa yo, dis basen ki pou ale sou kabwa yo, 15 yon gwo basen tou won pou mete dlo, douz towo pou soutni basen lan, 16 plato pou sann yo, pèl yo ak fouchèt yo. Bòs Iram te fè tout bagay sa yo an kwiv poli pou Tanp Seyè a, dapre lòd li te resevwa nan men wa Salomon. 17 Wa a te fè fonn yo nan moul tè nan fon Jouden an, ant lavil Soukòt ak lavil Zaretan. 18 Te sitèlman gen anpil bagay fèt an kwiv, Salomon pa t' chache konn pèz yo. 19 Salomon fè fè tout mèb an lò yo te bezwen pou Tanp lan: lotèl la, tab pou pen yo mete apa pou Bondye yo, 20 gwo lanp sèt branch yo ak tèt lanp fèt ak bon lò yo ki fèt pou limen devan pyès yo mete apa nèt pou Seyè a, jan pou yo fè l' la, 21 flè yo, lanp yo ak pensèt pou gwo lanp sèt branch yo, 22 kouto yo, gode yo, bòl yo, recho pou pote chabon tou limen yo. Tout bagay sa yo te fèt ak bon jan lò. Batan pòt ki bay sou deyò Tanp lan ak batan pòt ki bay sou pyès ki apa nèt pou Seyè a te kouvri nèt ak lò tou.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
2 Istwa 4:1
2Ch 4:1. Altar of Brass.
1. he made an altar of brass--Steps must have been necessary for ascending so elevated an altar, but the use of these could be no longer forbidden (Ex 20:26) after the introduction of an official costume for the priests (Ex 28:42). It measured thirty-five feet by thirty-five, and in height seventeen and a half feet. The thickness of the metal used for this altar is nowhere given; but supposing it to have been three inches, the whole weight of the metal would not be under two hundred tons [Napier].
2Ch 4:2-5. Molten Sea.
2 Istwa 4:2
2. he made a molten sea--(See on 1Ki 7:23), as in that passage "knops" occur instead of "oxen." It is generally supposed that the rows of ornamental knops were in the form of ox heads.
2 Istwa 4:3
3. Two rows of oxen were cast, when it was cast--The meaning is, that the circular basin and the brazen oxen which supported it were all of one piece, being cast in one and the same mould. There is a difference in the accounts given of the capacity of this basin, for while in 1Ki 7:26 it is said that two thousand baths of water could be contained in it, in this passage no less than three thousand are stated. It has been suggested that there is here a statement not merely of the quantity of water which the basin held, but that also which was necessary to work it, to keep it flowing as a fountain; that which was required to fill both it and its accompaniments. In support of this view, it may be remarked that different words are employed: the one in 1Ki 7:26 rendered contained; the two here rendered, received and held. There was a difference between receiving and holding. When the basin played as a fountain, and all its parts were filled for that purpose, the latter, together with the sea itself, received three thousand baths; but the sea exclusively held only two thousand baths, when its contents were restricted to those of the circular basin. It received and held three thousand baths [Calmet, Fragments].
2Ch 4:6-18. The Ten Lavers, Candlesticks, and Tables.
2 Istwa 4:6
6. ten lavers--(See on 1Ki 7:27). The laver of the tabernacle had probably been destroyed. The ten new ones were placed between the porch and the altar, and while the molten sea was for the priests to cleanse their hands and feet, these were intended for washing the sacrifices.
2 Istwa 4:7
7. ten candlesticks--(See on 1Ki 7:49). The increased number was not only in conformity with the characteristic splendor of the edifice, but also a standing emblem to the Hebrews, that the growing light of the word was necessary to counteract the growing darkness in the world [Lightfoot].
2 Istwa 4:11
11. Huram made--(See on 1Ki 7:40).
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
