2 Istwa 30

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Ezekyas voye envite tout moun peyi Jida ak tout moun peyi Izrayèl yo. Li voye lèt bay branch fanmi Efrayim ak branch fanmi Manase yo. Li voye envite yo pou yo vin nan Tanp Seyè a, lavil Jerizalèm, pou yo fete fèt Delivrans lan pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. 2 Wa a te diskite koze a ak chèf li yo ansanm ak tout pèp lavil Jerizalèm lan: yo deside pou yo fete fèt Delivrans lan nan dezyèm mwa a. 3 Yo pa t' ka fè l' lè pou yo te fè l' la pou de rezon. Pou konmanse, pa t' ankò gen kont pret ki te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Lèfini, tout pep la pa t' reyini lavil Jerizalèm. 4 Ni wa a, ni pèp la te dakò se te yon bon lide pou yo te fè l' lè sa a. 5 Se konsa yo pran desizyon voye envitasyon bay tout pèp Izrayèl la, depi lavil Becheba nan sid jouk lavil Dann nan nò, pou yo vini lavil Jerizalèm fete fèt Delivrans lan pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Paske anvan sa, tout moun yo pa t' konn vini nan fèt la jan Lalwa mande l' la. 6 Se konsa yo voye mesaje nan tout peyi Jida a ak nan tout peyi Izrayèl la avèk lèt wa a te siyen ansanm ak chèf li yo. Dapre lòd wa a te bay, men mesaj yo t'ap mache fè konnen: -Nou menm rès pèp Izrayèl la, nou menm ki te chape anba men wa peyi Lasiri yo lè yo te anvayi peyi a, tounen vin jwenn Seyè a, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Izrayèl la, konsa l'a tounen vin jwenn nou tou. 7 Piga nou fè tankou zansèt nou yo ak lòt frè parèy nou yo ki pa t' kenbe pawòl yo ak Seyè a, Bondye yo a. Nou wè jan li te kite yo fini. 8 Pa fè tèt di tankou zansèt nou yo, men soumèt nou devan Seyè a. Vin lavil Jerizalèm nan Tanp Seyè a te mete apa pou li pou toutan an. Sevi Seyè a, Bondye nou an, pou Seyè a pa fache sou nou ankò. 9 Si nou tounen vin jwenn Seyè a, lènmi ki te fè moun menm fanmi ak nou yo ak pitit nou yo prizonye a va gen pitye pou yo, l'a kite yo tounen nan peyi yo. Paske Seyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki gen bon kè, yon Bondye ki gen pitye pou moun. Si nou tounen vin jwenn li, l'a louvri bra l' ban nou. 10 Mesaje yo ale toupatou nan peyi moun Efrayim ak moun Manase yo, yo pase nan tout lavil yo, yo rive jouk nan peyi moun Zabilon yo. Men, moun t'ap ri yo, yo t'ap pase yo nan betiz. 11 Tansèlman, te gen kèk moun nan branch fanmi Asè, nan branch fanmi Manase ak nan branch fanmi Zabilon ki rekonèt fòt yo epi ki moute lavil Jerizalèm. 12 Bondye te manyen kè moun peyi Jida yo tou, yo mete tèt ansanm pou yo fè sa wa a ak lòt chèf yo te mande yo fè, dapre lòd Seyè a te bay. 13 Se konsa, yon pakèt moun sanble lavil Jerizalèm nan dezyèm mwa a, pou yo fete fèt Pen san ledven yo. 14 Yo pran tout lòt lotèl kote yo te konn boule bèt yo ofri yo ak lotèl kote yo boule lansan ki te lavil Jerizalèm yo, yo al voye yo jete nan Fon Sedwon an. 15 Nan katòzyèm jou dezyèm mwa a, yo touye ti mouton Delivrans yo. Prèt yo ak moun Levi ki pa t' nan kondisyon pou fè sèvis pou Seyè a vin wont tèt yo, yo fè sa pou yo fè pou yo ka nan kondisyon pou sèvis Seyè a, lèfini yo antre nan Tanp lan al boule bèt yo ofri nèt pou Seyè a. 16 Yo al pran plas yo nan Tanp lan dapre regleman ki nan lalwa Moyiz, sèvitè Bondye a. Moun Levi yo bay prèt yo san bèt yo pou yo vide sou lotèl la. 17 Te gen anpil moun ki pa t' mete tèt yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a. Kifè yo pa t' kapab touye ti mouton Delivrans pa yo. Konsa, se moun Levi yo ki te fè l' pou yo, lèfini ki te mete yo apa nèt pou Seyè a. 18 Paske pifò moun ki te soti nan branch fanmi Efrayim, nan branch fanmi Manase, nan branch fanmi Isaka ak nan branch fanmi Zabilon yo pa t' fè sèvis pou mete tèt yo nan kondisyon pou sèvi Bondye. Yo te manje manje Delivrans lan yon jan ki pa konfòm ak sa ki ekri nan liv lalwa a. Men, Ezekyas lapriyè Bondye pou yo, li di: -O Seyè, Bondye zansèt nou yo, pou jan ou gen bon kè, tanpri padonnen 19 tout moun sa yo ki soti pou sèvi ou ak tout kè yo, menm si yo pa nan kondisyon pou sèvi ou, pou yo manyen sa yo mete apa pou ou yo. 20 Seyè a tande lapriyè Ezekyas te fè a, li padonnen pèp la. 21 Konsa pandan sèt jou, moun pèp Izrayèl ki te sanble lavil Jerizalèm yo fete fèt Pen san ledven yo avèk anpil kè kontan. Chak jou, prèt yo ak moun Levi yo menm t'ap chante fè lwanj Seyè a, yo t'ap jwe enstriman mizik yo byen fò pou Seyè a. 22 Ezekyas t'ap ankouraje tout moun Levi yo pou jan yo t'ap mennen sèvis Seyè a byen. Pandan sèt jou, tout pèp la t'ap manje manje fèt Delivrans lan, yo fè ofrann pou mande padon, yo t'ap di Seyè a, Bondye zansèt yo a, mèsi. 23 Apre sa, tout pèp la tonbe dakò pou yo pase sèt lòt jou ankò ap fè fèt. Se konsa, yo fete pou sèt lòt jou ankò ak kè kontan. 24 Ezekyas, wa peyi Jida a, te bay mil (01.000) towo bèf ak sètmil (07.000) mouton pou yo bay pèp la manje. Lòt otorite yo menm bò pa yo te bay mil towo bèf ak dimil mouton. Anpil prèt te mete tèt yo nan kondisyon pou sèvis Seyè a. 25 Tout moun te kontan, depi moun peyi Jida yo, prèt yo, moun Levi yo jouk moun ki te soti nan peyi Izrayèl yo ansanm ak moun lòt nasyon ki te tabli ni nan peyi Jida a ni nan peyi Izrayèl la. 26 Se te gwo fèt nan lavil Jerizalèm, paske depi sou rèy Salomon, pitit David, wa pèp Izrayèl la, pa t' janm gen bagay konsa lavil Jerizalèm. 27 Apre sa, prèt yo ak moun Levi yo kanpe, yo mande benediksyon Bondye pou tout pèp la. Lapriyè yo moute rive jouk nan syèl la, kay Bondye a menm, kote Bondye ki apa nèt la rete a. Bondye tande lapriyè yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

2 Istwa 30:1-5

2Ch 30:1-12. Hezekiah Proclaims a Passover.

1-5. Hezekiah sent to all ... Judah ... to come to ... Jerusalem, to keep the passover--This great religious festival had not been regularly observed by the Hebrews in their national capacity for a long time because of the division of the kingdom and the many disorders that had followed that unhappy event. Hezekiah longed extremely to see its observance revived; and the expression of his wishes having received a hearty response from the princes and chief men of his own kingdom, the preparatory steps were taken for a renewed celebration of the national solemnity.

letters also to Ephraim and Manasseh--The names of these leading tribes are used for the whole kingdom of Israel. It was judged impossible, however, that the temple, the priests, and people could be all duly sanctified at the usual time appointed for the anniversary, namely, the fourteenth day of the first month (Nisan). Therefore it was resolved, instead of postponing the feast till another year, to observe it on the fourteenth day of the second month; a liberty which, being in certain circumstances (Nu 9:6-13) granted to individuals, might, it was believed, be allowed to all the people. Hezekiah's proclamation was, of course, authoritative in his own kingdom, but it could not have been made and circulated in all the towns and villages of the neighboring kingdom without the concurrence, or at least the permission, of the Israelitish sovereign. Hoshea, the reigning king, is described as, though evil in some respects, yet more favorably disposed to religious liberty than any of his predecessors since the separation of the kingdom. This is thought to be the meaning of the mitigating clause in his character (2Ki 17:2).

2 Istwa 30:6

6. the posts--that is, runners, or royal messengers, who were taken from the king's bodyguard (2Ch 23:1, 2). Each, well mounted, had a certain number of miles to traverse. Having performed his course, he was relieved by another, who had to scour an equal extent of ground; so that, as the government messengers were despatched in all directions, public edicts were speedily diffused throughout the country. The proclamation of Hezekiah was followed by a verbal address from himself, piously urging the duty, and setting forth the advantages, of a return to the pure faith and institutions which God had delivered to their ancestors through Moses.

the remnant of you, that are escaped out of the hand of the kings of Assyria--This implies that several expeditions against Israel had already been made by Assyrian invaders--by Pul (2Ki 15:19), but none of the people were then removed; at a later period by Tiglath-pileser, when it appears that numbers among the tribes east of Jordan (1Ch 5:26), and afterwards in the northern parts of Israel (2Ki 15:20), were carried into foreign exile. The invasion of Shalmaneser cannot be alluded to, as it did not take place till the sixth year of Hezekiah's reign (2Ki 17:6; 18:9-12).

2 Istwa 30:10-12

10-12. the posts passed from city to city--It is not surprising that after so long a discontinuance of the sacred festival, this attempt to revive it should, in some quarters, have excited ridicule and opposition. Accordingly, among the tribes of Ephraim, Manasseh, and Zebulun, Hezekiah's messengers met with open insults and ill usage. Many, however, in these very districts, as well as throughout the kingdom of the ten tribes, generally complied with the invitation; while, in the kingdom of Judah, there was one unanimous feeling of high expectation and pious delight. The concourse that repaired to Jerusalem on the occasion was very great, and the occasion was ever after regarded as one of the greatest passovers that had ever been celebrated.

2Ch 30:13-27. The Assembly Destroys the Altars of Idolatry.

2 Istwa 30:14

14. they arose and took away the altars that were in Jerusalem--As a necessary preparation for the right observance of the approaching solemnity, the removal of the altars, which Ahaz had erected in the city, was resolved upon (2Ch 28:24); for, as the people of God, the Hebrews were bound to extirpate all traces of idolatry; and it was a happy sign and pledge of the influence of the Spirit pervading the minds of the people when they voluntarily undertook this important preliminary work.

2 Istwa 30:15

15. the priests and the Levites were ashamed--Though the Levites are associated in this statement, the priests were principally referred to; those of them who had been dilatory or negligent in sanctifying themselves (2Ch 29:34) were put to the blush and stimulated to their duty by the greater alacrity and zeal of the people.

2 Istwa 30:16-18

16-18. the priests sprinkled the blood, which they received of the hand of the Levites--This was a deviation from the established rules and practices in presenting the offerings of the temple. The reason was, that many present on the occasion having not sanctified themselves, the Levites slaughtered the paschal victims (see on 2Ch 35:5) for everyone that was unclean. At other times the heads of families killed the lambs themselves, the priests receiving the blood from their hands and presenting it on the altar. Multitudes of the Israelites, especially from certain tribes (2Ch 30:18), were in this unsanctified state, and yet they ate the passover--an exceptional feature and one opposed to the law (Nu 9:6); but this exception was allowed in answer to Hezekiah's prayer (2Ch 30:18-20).

2 Istwa 30:20

20. the Lord ... healed the people--We imagine the whole affair to have been the following: In consequence of their transgressions they had cause to fear disease and even death (Le 15:31). Hezekiah prayed for the nation, which was on the point of being diseased, and might therefore be regarded as sick already [Bertheau].

2 Istwa 30:21-24

21-24. the children of Israel ... kept the feast--The time appointed by the law for the continuance of the feast was seven days [Ex 12:15; 13:6; Le 23:6]; but in consequence of its having been allowed to fall so long into desuetude, they doubled the period of celebration and kept it fourteen days with unabated satisfaction and joy. Materials for the additional sacrificial meals were supplied by the munificence of the king and the princes.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.