2 Istwa 29
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Ezekyas te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l' te rele Abija. Se te pitit fi Zakari. 2 Ezekyas te fè sa ki dwat devan Seyè a tankou David, zansèt li a, te fè l'. 3 Ezekyas te gen yon mwa depi li te wa, lè li louvri tout pòt nan Tanp Seyè a. Li fè repare yo. 4 Lèfini, li fè chache tout prèt yo ak moun Levi yo, li reyini yo sou lakou ki bay sou bò solèy leve nan Tanp lan. 5 Li di yo: -Nou menm fanmi Levi yo, koute sa m'ap di nou: mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Seyè a. Mete Tanp Seyè a, Bondye zansèt nou yo, nan kondisyon pou yo ka fè sèvis ladan l' pou li. Wete tout vye bagay yo te mete ladan l' kifè li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a. 6 Zansèt nou yo pa t' kenbe pawòl yo ak Bondye. Yo te fè sa ki mal devan Seyè a, Bondye nou an, yo vire do ba li. Yo pa t' okipe Tanp kote Seyè a rete a ankò. Yo pa gade l' menm! 7 Yo kondannen tout pòt nan Tanp lan, yo kite lanp yo mouri, yo sispann boule lansan, yo sispann boule bèt nan Tanp lan pou Bondye pèp Izrayèl la. 8 Se poutèt sa Seyè a te fache anpil sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm. Tout moun te sezi, tout moun te pè lè yo wè sa ki rive yo, tout moun t'ap pase yo nan betiz, tankou nou wè l' nou menm ak pwòp je nou tou. 9 Yo touye papa nou yo nan lagè. Yo fè madanm ak pitit nou yo prizonye. 10 Se konsa mwen pran desizyon jòdi a pou m' pase yon kontra ak Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou li ka pa janm move sou nou ankò. 11 Koulye a, pitit mwen yo, souke kò nou. Se nou menm Seyè a te chwazi pou toujou kanpe devan l', pou sèvi l', pou fè travay li, pou boule lansan pou li. 12 Men moun Levi ki vin pote tèt yo an premye: Nan branch fanmi Keyat la, se te Makat, pitit Amasayi ak Joèl, pitit Azarya. Nan branch fanmi Merari a, se te Kich, pitit Abdi ak Azarya, pitit Jealelèl. Nan branch fanmi Gèchon an, se te Joak, pitit Zimna ak Edèn, pitit Joak. 13 Nan branch fanmi Elizafan an, se te Chimri ak Jeiyèl. Nan branch fanmi Asaf la, se te Zekaraja ak Matanya. 14 Nan branch fanmi Eyman an, se te Jeiyèl ak Chimeyi. Nan branch fanmi Jedoutoun lan, se te Chemaja ak Ouziyèl. 15 Mesye sa yo reyini tout fanmi yo, yo fè sèvis pou yo ka nan kondisyon sèvi Bondye. Lèfini, yo antre nan Tanp lan pou mete l' nan kondisyon sèvi Bondye, jan wa a te ba yo lòd la, dapre sa ki nan lalwa Seyè a. 16 Prèt yo antre anndan Tanp lan pou mete l' nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Yo pran tout vye bagay yo jwenn ladan l', yo pote yo deyò nan lakou Tanp lan. Moun Levi yo menm ranmase yo nan lakou a, yo al jete yo nan ravin Sedwon an. 17 Yo konmanse travay la premye jou premye mwa a. Sou wit jou, yo te rive anndan kote ki apa pou Bondye nan Tanp lan. Yo travay pandan wit jou ankò. Sou sèzyèm jou mwa a yo te fini nèt ak travay pou mete Tanp lan nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye ankò. 18 Lè yo fini, moun Levi yo ale lakay wa Ezekyas, yo di l': -Monwa, nou fin travay la, nou mete tout kay Seyè a, lotèl pou boule ofrann yo ak tout batri ki mache avè l' yo, tab pou pen yo mete apa pou Seyè a ak tout batri pa l' yo tou, nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. 19 Nou pran tout veso wa Akaz te detounen yo pandan tout tan li te vire do bay Bondye a, nou repare yo, nou mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Koulye a, yo tout devan lotèl Seyè a. 20 Nan denmen maten, byen bonè, wa Ezekyas leve, li reyini tout chèf lavil la, li moute ak yo nan Tanp Seyè a. 21 Yo mennen sèt ti towo, sèt belye mouton, sèt ti mouton, sèt bouk kabrit, yo ofri yo pou peye pou sa fanmi wa a ak tout moun pèp Jida yo te fè ki mal ak pou sa moun te fè ki mal nan Tanp lan. Wa a mande prèt yo, moun fanmi Arawon yo, pou yo touye bèt yo sou lotèl Seyè a. 22 Prèt yo touye towo yo anvan, yo ranmase tout san an nan yon veso, yo al vide l' sou lotèl la. Apre sa, yo touye belye mouton yo, yo al vide san yo sou lotèl la. Apre sa ankò, yo touye ti mouton yo, yo al vide san yo sou lotèl la tou. 23 Lè yo fini, yo mennen bouk kabrit yo te ofri pou peche yo devan wa a ansanm ak lòt moun ki te la yo pou yo mete men yo sou tèt bèt yo. 24 Lè yo fin fè sa, prèt yo touye bouk kabrit yo, yo vide san yo sou lotèl la tankou yon ofrann pou peche yo. Yo ofri yo bay Bondye pou mande padon pou peche tout pèp Izrayèl la, paske wa a te bay lòd pou yo te boule ofrann lan pou tout pèp Izrayèl la. 25 Wa Ezekyas mete moun Levi nan Tanp Seyè a avèk senbal, bandjo ak gita, dapre regleman David, Gad, pwofèt wa a ansanm ak pwofèt Natan te bay, paske tout lòd Seyè a vle bay, se nan bouch pwofèt li yo li toujou mete yo. 26 Moun Levi yo al nan plas yo ak enstriman mizik David yo. Prèt yo te la tou ak twonpèt yo. 27 Ezekyas bay lòd pou yo boule ofrann yo nèt sou lotèl la. Lè yo konmanse seremoni an, pèp la pran chante pou Seyè a, yo t'ap kònen twonpèt anmenmtan yo t'ap jwe lòt enstriman mizik David, wa peyi Izrayèl la. 28 Tout moun ki te la yo mete ajenou, mizisyen yo t'ap chante, yo t'ap kònen twonpèt pandan tout seremoni boule a. 29 Lè yo fin boule ofrann yo sou lotèl la, wa a ak tout moun ki te la yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan Bondye. 30 Apre sa, wa Ezekyas ak lòt chèf yo mande moun Levi yo pou yo chante pou Seyè a chante David ak pwofèt Asaf te ekri pou fè lwanj Seyè a. Se konsa tout moun t'ap chante ak kè kontan, antan yo te ajenou ak tèt yo bese jouk atè. 31 Lè sa a, Ezekyas di pèp la: -Koulye a nou menm ki mete tèt nou apa pou fè sèvis Seyè a, pwoche non! Pote ofrann nou ansanm ak bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Se konsa tout pèp la pote bèt pou yo touye ak lòt ofrann pou di Bondye mèsi. Gen ladan yo ki te ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye paske yo te vle fè l'. 32 Yo mennen swasanndis towo, san belye mouton ak desan (0200) ti mouton pou yo te boule nèt pou Seyè a. 33 Konsa tou, yo ofri sisan (0600) towo, twamil (03.000) mouton pou yo touye pou Bondye. 34 Men prèt yo pa t' anpil, yo pa t' ka kòche tout bèt yo te ofri pou boule nèt yo. Se moun Levi yo, moun menm fanmi ak yo, ki te vin ede yo fin fè travay la, jouk lòt prèt yo te fin mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a, paske moun Levi yo te pi prese mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a pase prèt yo. 35 Lèfini, san konte tout bèt yo te touye pou boule nèt pou Seyè a, prèt yo te gen pou ofri bay Bondye grès lòt bèt yo te touye pou mande Bondye padon ak ofrann diven ki mache ak bèt yo boule nèt pou Seyè a. Se konsa yo konmanse ankò ap fè sèvis pou Bondye nan Tanp lan. 36 Wa Ezekyas ak tout pèp la te kontan deske Bondye te penmèt yo fè tou sa san pèdi twòp tan.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
2 Istwa 29:1
Introduction
Hezekiah's good reign, 2Chr 29:1, 2Chr 29:2. He opens and repairs the doors of the temple, 2Chr 29:3. He assembles and exhorts the priests and Levites, and proposes to renew the covenant with the Lord, 2Chr 29:4-11. They all sanctify themselves and cleanse the temple, 2Chr 29:12-17. They inform the king of their progress, 2Chr 29:18, 2Chr 29:19. He collects the rulers of the people: and they offer abundance of sin-offerings, and burnt-offerings, and worship the Lord, 2Chr 29:20-30. Every part of the Divine service is arranged, and Hezekiah and all the people rejoice, 2Chr 29:31-36.
2 Istwa 29:2-7
Verse 2
He did that which was right - See the note on 2Kgs 18:3.
2 Istwa 29:8-9
Verse 8
He hath delivered them to trouble, to astonishment - He probably refers here chiefly to that dreadful defeat by the Israelites in which a hundred and twenty thousand were slain, and two hundred thousand taken prisoners; see the preceding chapter, 2Chr 28:6-8 (note).
2 Istwa 29:10-15
Verse 10
To make a covenant - To renew the covenant under which the whole people were constantly considered, and of which circumcision was the sign; and the spirit of which was, I will be your God: Ye shall be my people.
2 Istwa 29:16
Verse 16
And the priests went - The priests and Levites cleansed first the courts both of the priests and of the people. On this labor they spent eight days. Then they cleansed the interior of the temple; but as the Levites had no right to enter the temple, the priests carried all the dirt and rubbish to the porch, whence they were collected by the Levites, carried away, and cast into the brook Kidron; in this work eight days more were occupied, and thus the temple was purified in sixteen days.
2 Istwa 29:17-18
Verse 17
On the first day - "They began on the first day of the first month Nisan." - Targum.
2 Istwa 29:19-20
Verse 19
All the vessels, which King Ahaz - The Targum says, "All the vessels which King Ahaz had polluted and rendered abominable by strange idols, when he reigned in his transgression against the Word of the Lord, we have collected and hidden; and others have we prepared to replace them; and they are now before the Lord."
2 Istwa 29:21-22
Verse 21
They brought seven bullocks, etc. - This was more than the law required; see Lev 4:13, etc. It ordered one calf or ox for the sins of the people, and one he-goat for the sins of the prince; but Hezekiah here offers many more. And the reason appears sufficiently evident: the law speaks only of sins of ignorance; but here were sins of every kind and every die - idolatry, apostasy from the Divine worship, profanation of the temple, etc., etc. The sin-offerings, we are informed, were offered, first for the Kingdom - for the transgressions of the king and his family; secondly, for the Sanctuary, which had been defiled and polluted, and for the priests who had been profane, negligent, and unholy; and, finally, for Judah - for the whole mass of the people, who had been led away into every kind of abomination by the above examples.
2 Istwa 29:23-24
Verse 23
They laid their hands upon them - That is, they confessed their sin; and as they had by their transgression forfeited their lives, they now offer these animals to die as vicarious offerings, their life being taken for the life of their owners.
2 Istwa 29:25-33
Verse 25
With cymbals, with psalteries - Moses had not appointed any musical instruments to be used in the divine worship; there was nothing of the kind under the first tabernacle. The trumpets or horns then used were not for song nor for praise, but as we use bells, i.e., to give notice to the congregation of what they were called to perform, etc. But David did certainly introduce many instruments of music into God's worship, for which we have already seen he was solemnly reproved by the prophet Amos, Amo 6:1-6. Here, however, the author of this book states he had the commandment of the prophet Nathan, and Gad the king's seer; and this is stated to have been the commandment of the Lord by his prophets: but the Syriac and Arabic give this a different turn - "Hezekiah appointed the Levites in the house of the Lord, with instruments of music, and the sound of harps, and with the Hymns of David, and the Hymns of Gad, the king's prophet, and of Nathan, the king's prophet: for David sang the praises of the Lord his God, as from the mouth of the prophets." It was by the hand or commandment of the Lord and his prophets that the Levites should praise the Lord; for so the Hebrew text may be understood: and it was by the order of David that so many instruments of music should be introduced into the Divine service. But were it even evident, which it is not, either from this or any other place in the sacred writings, that instruments of music were prescribed by Divine authority under the law, could this be adduced with any semblance of reason, that they ought to be used in Christian worship? No: the whole spirit, soul, and genius of the Christian religion are against this: and those who know the Church of God best, and what constitutes its genuine spiritual state, know that these things have been introduced as a substitute for the life and power of religion; and that where they prevail most, there is least of the power of Christianity. Away with such portentous baubles from the worship of that infinite Spirit who requires his followers to worship him in spirit and in truth, for to no such worship are those instruments friendly. See the use of the trumpets in the sanctuary, Num 10:2 (note), etc., and the notes there.
2 Istwa 29:34-35
Verse 34
They could not flay all the burnt-offerings - Peace-offerings, and such like, the Levites might flay and dress; but the whole burnt-offerings, that is, those which were entirely consumed on the altar, could be touched only by the priests, unless in a case of necessity, such as is mentioned here.
The Levites were more upright in heart - The priests seem to have been very backward in this good work; the Levites were more ready to help forward this glorious reformation. Why the former should have been so backward is not easy to tell; but it appears to have been the fact. Indeed, it often happens that the higher orders of the priesthood are less concerned for the prosperity of true religion than the lower. Why is this? They are generally too busy about worldly things, or too much satisfied with secular emoluments. A rich priesthood is not favorable either to the spread or depth of religion. Earthly gratifications are often put in the place of Divine influences: it is almost a miracle to see a very rich man deeply interested in behalf either of his own soul, or the souls of others.
2 Istwa 29:36
Verse 36
And Hezekiah rejoiced - Both he and the people rejoiced that God had prepared their hearts to bring about so great a reformation in so short a time; for, it is added, the thing was done suddenly. The king's example and influence were here, under God, the grand spring of all those mighty and effectual movements. What amazing power and influence has God lodged with kings! They can sway a whole empire nearly as they please; and when they declare themselves in behalf of religion, they have the people uniformly on their side. Kings, on this very ground, are no indifferent beings; they must be either a great curse or a great blessing to the people whom they govern.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
