2 Istwa 20
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Kèk tan apre sa, moun peyi Moab yo ak moun peyi Amon yo mete ansanm ak moun Mawon yo, yo vin atake Jozafa. 2 Yo vin bay Jozafa nouvèl la, yo di l' konsa: -Men yon gwo lame soti nan peyi Edon lòt bò Lanmè Mouri a vin atake ou. Yo gen tan pran lavil Azason Tama. Azason Tama, se yon lòt non yo te bay lavil Angedi. 3 Yon sèl laperèz pran Jozafa. Li pran desizyon mande Seyè a sa pou l' fè. Li bay lòd pou tout moun nan peyi a fè jèn. 4 Moun soti toupatou nan lavil peyi Jida yo vin lapriyè nan pye Seyè a. 5 Jozafa rete kanpe nan mitan tout pèp peyi Jida a, ansanm ak pèp lavil Jerizalèm lan, devan lakou nèf Tanp Seyè a. 6 Li lapriyè byen fò, li di: -Seyè, Bondye zansèt nou yo, se ou menm ki Bondye nan syèl la. Se ou menm k'ap gouvènen tout nasyon sou latè a. Se nan men ou tout fòs ak tout pouvwa ye. Pesonn pa ka kenbe tèt avè ou. 7 Ou se Bondye nou. Se ou menm ki te mete tout moun ki te rete nan peyi sa a deyò fè plas pou pèp Izrayèl la. Lèfini, ou bay tout pitit Abraram, zanmi ou lan, peyi a pou l' rele yo pa yo pou tout tan. 8 Se isit la yo rete, yo bati yon tanp pou ou. Yo te di 9 nenpòt malè ki ta ka tonbe sou yo pou pini yo: te mèt lagè, te mèt chatiman, te mèt move maladi osinon grangou, y'ap vin kanpe devan ou, devan Tanp sa a, paske se nan Tanp sa a ou ye. Nan tout mizè yo, y'a lapriyè nan pye ou. W'a tande yo, w'a delivre yo. 10 Koulye a, men moun peyi Amon yo, moun peyi Moab yo ak moun peyi Edon yo vin atake nou. Lè zansèt nou yo t'ap soti kite peyi Lejip, ou pa t' kite yo antre nan peyi moun sa yo. Se konsa yo te chankre pou yo pa t' pase lakay yo, yo pa detwi yo. 11 Gade ki jan y'ap fè nou peye sa jòdi a! Men y'ap vin mete nou deyò nan peyi ou te ban nou an! 12 Ou se Bondye nou. Se ou menm ki pou pini yo paske nou pa gen fòs pou n' kanpe devan tout gwo lame sa a k'ap vin atake nou an. Nou pa konn sa pou nou fè! N'ap tann sa ou pral fè pou nou. 13 Tout mesye peyi Jida yo te kanpe la devan kay Seyè a, ansanm ak madanm yo, pitit yo ak pitit pitit yo. 14 Lespri Seyè a desann sou yon moun Levi ki te la nan mitan yo. Li te rele Jaziyèl. Se te yon moun nan branch fanmi Zakari. Zakari sa a te pitit Benaja ki te pitit Jeyèl. Jeyèl te pitit Matanya ki te pitit Asaf. 15 Jaziyèl di konsa: -Louvri zòrèy nou, nou tout moun peyi Jida, moun lavil Jerizalèm ansanm ak ou menm, wa Jozafa. Seyè a voye di nou: Pa dekouraje. Nou pa bezwen pè devan gwo lame sa a. Batay sa a se pa batay pa nou, se batay Bondye menm. 16 Denmen, nou mèt desann al atake yo. Yo pral pase moute sou ti bit flè yo. N'a kontre ak yo nan pwent ravin ki mennen nan dezè bò Jewouyèl la. 17 Nou p'ap bezwen nan goumen menm. N'ap annik pran pozisyon nou. Apre sa, tann. N'ap wè Seyè a ap ban nou gany. Wi, nou menm moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm, nou pa bezwen pè, nou pa bezwen gen kè kase. Denmen, mache pran yo, paske Seyè a ap kanpe la avèk nou. 18 Lè sa a, wa Jozafa mete ajenou, li bese tèt li byen ba devan Seyè a jouk fwon li rive atè. Tout moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo bese tèt yo byen ba devan Seyè a tou pou adore l'. 19 Moun Levi branch fanmi Keyat yo ansanm ak moun Levi branch fanmi Kore yo leve kanpe, yo pran fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, byen fò. 20 Nan denmen maten, byen bonè, pèp la leve, li pati pou dezè Tekoa a. Le yo tapral leve lamach, Jozafa pale ak yo, li di konsa: -Nou menm moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm, koute sa m'ap di nou! Mete konfyans nou nan Seyè a, Bondye nou an! Nou p'ap vole gadjè. Se pou nou kwè sa pwofèt li yo di nou an. N'ap genyen batay la. 21 Apre sa, li fè yon pale ak pèp la. Li fè kèk mizisyen pran mache devan sòlda yo ak rad yo konn mete lè gen gwo fèt seremoni. Yo t'ap mache devan sòlda yo, yo t'ap chante: -Lwanj pou Seyè a! Li p'ap janm sispann renmen nou! 22 Lè yo tanmen chante ak kè kontan pou fè lwanj Seyè a, Seyè a lage yon sèl bouyay nan mitan moun Amon yo, moun Moab yo ak moun mòn Seyi yo ki te vin atake peyi Jida a, yo pèdi batay la. 23 Moun peyi Amon yo ak moun peyi Moab yo atake lame moun mòn Seyi yo, yo detwi yo nèt. Lèfini, yo vire yonn sou lòt nan yon chen manje chen, yonn touye lòt. 24 Lè moun peyi Jida yo rive sou tèt yon ti bit kote yo ka wè tout dezè a, yo voye je yo gade kote lènmi yo ye a, yo wè yo tout te kouche mouri atè a. Pat gen yon moun ki te chape. 25 Jozafa ansanm ak lame li a desann al piye tou sa lènmi yo te kite. yo jwenn kantite bèt, pwovizyon, rad ak anpil lòt bagay ki te gen valè. Yo pase twa jou ap ranmase. Men te gen sitelman, yo pa t' ka pran tout pote ale. 26 Sou katriyèm jou a, yo sanble nan fon benediksyon an pou fè lwanj Seyè a pou tou sa li te fè pou yo. Se poutèt sa yo rele fon an Beraka, non ki rete pou li jouk jounen jòdi a. 27 Lèfini, tout moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo ak wa Jozafa alatèt yo tounen lavil Jerizalèm ak gwo kè kontan, paske se Seyè a menm ki te ba yo okazyon fè fèt sou do lènmi yo. 28 Lè yo rive lavil Jerizalèm, yo ale nan Tanp Seyè a, pandan yo t'ap jwe gita, bandjo ak twonpèt. 29 Lè moun lòt nasyon yo vin konnen jan Seyè a te kraze lènmi peyi Jida yo, yo tout te soti pè anpil. 30 Se konsa rèy Jozafa a pase dous, san bri san kont. Bondye te fè tout peyi ki te nan vwazinaj yo viv byen avè l'. 31 Lè Jozafa moute sou fotèy wa peyi Jida a, li te gen trannsenkan sou tèt li. Li pase vennsenkan ap gouvènen lavil Jerizalèm. Manman l' te rele Azouba. Se te pitit fi Chilki. 32 Jozafa te swiv Asa, papa l', pye pou pye nan tou sa li te fè. Li te fè sa ki dwat devan Seyè a. 33 Tansèlman, tanp zidòl yo te la toujou nan peyi a, kifè pèp la pa t'ap sèvi Bondye zansèt yo a ak tout kè yo. 34 Tou sa Jozafa te fè depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa Jeou, pitit Anani an, ki yon pòsyon nan liv Istwa Wa peyi Izrayèl yo. 35 Yon lè, Jozafa, wa peyi Jida a, te pase kontra ak Okozyas, wa peyi Izrayèl la, ki te fè anpil bagay ki te mal devan Seyè a. 36 Yo mete ansanm, yo fè fè anpil gwo batiman nan pò lavil Ezyongebè pou al fè trafik sou lanmè jouk nan peyi Tasis. 37 Men Elyezè, pitit gason Dodava a, moun lavil Marecha, te avèti Jozafa. Li te di l': -Paske ou te mete tèt ou ak Okozyas, Seyè a pral kraze sa ou te bati a. Batiman yo kraze, yo pa janm rive vwayaje pou peyi Tasis.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
2 Istwa 20:1
2Ch 20:1-21. Jehoshaphat, Invaded by the Moabites, Proclaims a Fast.
1. the children of Moab ... Ammon, and with them other beside the Ammonites--supposed to be rather the name of a certain people called Mohammonim or Mehunim (2Ch 26:7), who dwelt in Mount Seir--either a branch of the old Edomite race or a separate tribe who were settled there.
2 Istwa 20:2
2. from beyond the sea on this side Syria--Instead of "Syria," some versions read "Edom," and many able critics prefer this reading, both because the nomad tribes here mentioned were far from Syria, and because express mention is made of Mount Seir, that is, Edom. The meaning then is: this confederate horde was composed of the different tribes that inhabited the far distant regions bordering on the northern and eastern coasts of the Red Sea. Their progress was apparently by the southern point of the Dead Sea, as far as En-gedi, which, more anciently, was called Hazezon-tamar (Ge 14:7). This is the uniform route taken by the Arabs in their marauding expeditions at the present day; and in coming round the southern end of the Dead Sea, they can penetrate along the low-lying Ghor far north, without letting their movements be known to the tribes and villages west of the mountain chain [Robinson]. Thus, anciently, the invading horde in Jehoshaphat's time had marched as far north as En-gedi, before intelligence of their advance was conveyed to the court. En-gedi is recognized in the modern Ainjidy and is situated at a point of the western shore, nearly equidistant from both extremities of the lake [Robinson].
2 Istwa 20:3-4
3-4. Jehoshaphat ... proclaimed a fast throughout all Judah--Alarmed by the intelligence and conscious of his total inability to repel this host of invaders, Jehoshaphat felt his only refuge was at the horns of the altar. He resolved to employ the aid of his God, and, in conformity with this resolution, he summoned all his subjects to observe a solemn fast at the sanctuary. It was customary with the Hebrew kings to proclaim fasts in perilous circumstances, either in a city, a district, or throughout the entire kingdom, according to the greatness of the emergency. On this occasion, it was a universal fast, which extended to infants (2Ch 20:13; see also Joe 2:15, 16; Jon 3:7).
2 Istwa 20:5-13
5-13. Jehoshaphat stood ... in the house of the Lord, before the new court--that is, the great or outer court (2Ch 4:9) called the new court, probably from having been at that time enlarged or beautified.
2 Istwa 20:14-18
14-18. Then upon Jahaziel ... came the Spirit of the Lord--This prophet is not elsewhere mentioned, but his claim to the inspiration of a prophetic spirit was verified by the calm and distinct announcement he gave, both of the manner and the completeness of the deliverance he predicted.
2 Istwa 20:19
19. the Levites ... stood up to praise the Lord--doubtless by the king's command. Their anthem was sung with such a joyful acclaim as showed that they universally regarded the victory as already obtained.
2 Istwa 20:20-21
20-21. as they went forth, Jehoshaphat stood ... Hear me, O Judah, and ye inhabitants of Jerusalem--probably in the gate of Jerusalem, the place of general rendezvous; and as the people were on the eve of setting out, he exhorted them to repose implicit trust in the Lord and His prophet, not to be timid or desponding at sight of the enemy, but to remain firm in the confident assurance of a miraculous deliverance, without their striking a single stroke.
2 Istwa 20:22
22. when they began to sing and to praise the Lord set ambushments against the children of Ammon, Moab, and Mount Seir--Some think that this was done by angels in human form, whose sudden appearance diffused an uncontrollable panic. Others entertain the more probable opinion that, in the camp of this vast horde, composed of different tribes, jealousies and animosities had sprung up, which led to widespread dissensions and fierce feuds, in which they drew the sword against each other. The consequence was, that as the mutual strife commenced when the Hebrew procession set out from Jerusalem, the work of destruction was completed before Jehoshaphat and his people arrived at the battlefield. Thus easy is it for God to make the wrath of man to praise Him, to confound the counsels of His enemies and employ their own passions in defeating the machinations they have devised for the overthrow of His Church and people.
2 Istwa 20:24-26
24-26. when Judah came toward the watchtower in the wilderness--Most probably the conical hill, Jebel Fereidis, or Frank Mountain, from the summit of which they obtained the first view of the scene of slaughter. Jehoshaphat and his people found the field strewed with dead bodies, so that they had not to fight at all, but rather to take possession of an immense booty, the collection of which occupied three days. On the fourth they set out on their return to Jerusalem in the same order and joyful mood as they came. The place where they mustered previous to departure was, from their public thanksgiving service, called, "The Valley of Berachah" ("benediction"), now Wady Bereikut.
2Ch 20:31-37. His Reign.
2 Istwa 20:31
31. Jehoshaphat reigned over Judah--(See 2Ch 24:1).
2 Istwa 20:32
32. walked in the way of Asa his father, and departed not from it--He was more steadfast and consistently religious (compare 2Ch 15:18).
2 Istwa 20:33
33. the high places were not taken away--Those on which idolatry was practised were entirely destroyed (2Ch 17:6); but those where the people, notwithstanding the erection of the temple, continued to worship the true God, prudence required to be slowly and gradually abolished, in deference to popular prejudice.
2 Istwa 20:35-37
35-37. after this did Jehoshaphat ... join himself with Ahaziah ... to make ships--A combined fleet was built at Ezion-geber, the destination of which was to voyage to Tartessus, but it was wrecked. Jehoshaphat's motive for entering into this partnership was to secure a free passage through Israel, for the vessels were to be conveyed across the Isthmus of Suez, and to sail to the west of Europe from one of the ports of Palestine on the Mediterranean. Eliezer, a prophet, denounced this unholy alliance, and foretold, as divine judgment, the total wreck of the whole fleet. The consequence was, that although Jehoshaphat broke off--in obedience to the divine will--his league with Ahaziah, he formed a new scheme of a merchant fleet, and Ahaziah wished to be admitted a partner [1Ki 22:48]. The proposal of the Israelitish king was respectfully declined [1Ki 22:49]. The destination of this new fleet was to Ophir, because the Israelitish seaports were not accessible to him for the Tartessus trade; but the ships, when just off the docks, were wrecked in the rocky creek of Ezion-geber.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
